Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 48

Ann gade lavni “dwat devan” nou

Ann gade lavni “dwat devan” nou

“Se pou je w gade dwat devan, wi, se pou w fikse je w dwat devan w.” — PWO. 4:25.

KANTIK 77 Yon limyè ki klere nan yon monn fènwa

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki jan nou ka suiv konsèy nou jwenn nan Pwovèb 4:25 lan? Bay yon egzanp.

ANNOU reflechi sou egzanp ki vin annapre yo. Yon sè ki granmoun ap panse ak bon moman li te viv lè l te jèn. Menm lè lavi a pi difisil pou li jodi a, li kontinye fè tout sa l kapab pou Jewova (1 Kor. 15:58). Se chak jou l ap imajine li menm k ap viv nan monn nouvo Bondye pwomèt la ansanm ak moun pa l yo. Yon lòt sè sonje gen yon kwayan parèy li ki te fè l yon bagay ki fè l mal, men li chwazi bliye sa (Kol. 3:13). Yon frè sonje peche li te fè nan tan lontan, men kounye a li deside fè tout sa l kapab pou l ret fidèl ak Jewova. — Sòm 51:10.

2 Nan ki sans twa kretyen sa yo sanble? Yo tout sonje sa k te pase, men yo pa ret ap reflechi sou sa. Okontrè, yo gade lavni “dwat devan” yo. — Li Pwovèb 4:25.

3. Poukisa nou bezwen gade lavni “dwat devan” nou?

3 Poukisa li enpòtan pou nou gade lavni “dwat devan” nou? Menm jan yon moun pa ka mache nan yon liy dwat si l toujou ap vire gad dèyè, nou pa ka kontinye nan sèvis n ap bay Jewova a si nou toujou ap reflechi sou sa k te pase nan lavi nou. — Lik 9:62.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nan atik sa a, nou pral wè twa pyèj ki ka fè nou ret ap reflechi sou sa k fin pase *: 1) lè nou gen nostalji, 2) lè nou ret fache pou yon bagay yo te fè nou, e 3) lè nou santi nou koupab depase limit pou yon bagay nou te fè. Nan chak sitiyasyon, nou pral wè ki jan prensip nan Bib la ka ede nou pou n pa ret ap reflechi sou “bagay ki dèyè yo”, men pou n lanse dèyè “bagay ki devan yo”. — Flp. 3:13.

SE YON PYÈJ LÈ NOU GEN NOSTALJI

Ki sa k ka anpeche n gade lavni dwat devan n? (Gade paragraf 5, 9, 13.) *

5. Kont ki pyèj Eklezyas 7:10 avèti nou?

5 Li Eklezyas 7:10. Remake vèsè sa a pa di li pa bon pou nou mande: “Poukisa tan lontan te bon?” Bon souvni yo se kado Jewova ban nou. Okontrè, men sa nou li nan vèsè a: “Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’” Nou kapab di, se yon pyèj lè n ap konpare sitiyasyon nou te viv nan tan lontan ak sitiyasyon nou jodi a epi nou panse bagay yo pi mal jodi a. Men ki jan yon lòt tradiksyon Labib tradui vèsè sa a: “Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv kounye a. Moun ki gen bon konprann pap mande bagay konsa.”

Ki peche Izrayelit yo te fè apre yo te fin kite peyi Ejip? (Gade paragraf 6.)

6. Poukisa li pa saj pou nou ret ap panse lavi nou te pi bon anvan? Bay yon egzanp.

6 Poukisa li pa saj pou nou ret ap panse lavi nou te pi bon anvan? Lè nou gen nostalji, sa ka fè nou sonje sèlman bon bagay ki te rive nan lavi nou epi nou bliye move bagay yo. Ann pran egzanp Izrayelit yo nan tan lontan. Apre yo te fin kite peyi Ejip, yo pa t pran tan pou yo bliye jan lavi a te di pou yo. Okontrè yo te ret ap reflechi sou bon manje yo te konn manje. Men sa yo te di: “Se pa ti sonje nou sonje pwason nou te konn manje pou granmesi nan peyi Ejip, ansanm ak konkonm, melon, powo, zonyon ak lay!” ​(Nonb 11:5). Men èske se te “pou granmesi” vre yo te jwenn manje sa yo? Non. Izrayelit yo te peye sa chè. Yo te konn maltrete yo anpil lè yo te esklav nan peyi Ejip (Egz. 1:13, 14; 3:6-9). Epoutan, pi devan yo te bliye mizè yo te konn ap pase yo e yo te sonje tan lontan. Yo te chwazi ret konsantre sou lè bagay yo te swadizan bon, olye yo te konsantre sou bon bagay Jewova te fèk sot fè pou yo. Konpòtman yo te genyen an pa t fè Jewova plezi. — Nonb 11:10.

7. Ki sa k te ede yon sè pou l evite gen nostalji ki se yon pyèj?

7 Ki jan nou ka evite gen nostalji ki se yon pyèj? Ann pran egzanp yon sè ki te kòmanse travay nan Betèl Bwouklin an 1945. Kèk ane apre, li te marye ak yon lòt Betelit, e yo te fè plizyè ane ap sèvi nan Betèl. Nan mitan ane 1970 yo, mari l te vin malad. Sè a di, lè mari l rann li kont li pa lwen mouri, mari l ba l kèk bon konsèy pou ede l fè fas ak sitiyasyon ki t ap tann li lè l vin vèv. Men sa mari l te di l: “Nou te gen kè kontan nan maryaj nou. Pa gen anpil moun ki jwenn sa.” Men ankourajman l te ba l tou: “Pa ret ap reflechi sou sa k fin pase, byenke w pap bliye bon bagay nou te fè ansanm yo. Tank tan ap pase, w ap vin gen mwens lapenn. Pinga w dekouraje twòp epi pou w ap plenyen sò w. Se pou w kontan dèske nou te pase bon moman sa yo ap sèvi Jewova ansanm. [...] Bon souvni yo se kado Bondye ban nou.” Èske w pa twouve se te yon bon konsèy?

8. Ki byenfè sè nou an te jwenn lefètke li pa t ret ap reflechi sou sa k fin pase?

8 Sè nou an te suiv konsèy mari l te ba l la. Li te kontinye sèvi Jewova fidèlman jiskaske l mouri lè l te gen 92 an. Men sa l te di kèk ane anvan: “Lè m ap reflechi sou 63 an m fè ap sèvi Jewova aplentan, mwen ka di mwen vrèman satisfè ak lavi m.” Sa k fè sa? Men sa l esplike: “Sa k vrèman bay lavi a yon sans, se bèl fanmi nou fòme antanke kretyen an ak esperans nou genyen pou n viv ansanm ak frè n ak sè n yo sou tè a k ap vin yon paradi, pandan n ap sèvi Jewova, Gran Kreyatè nou an, sèl vrè Dye a, pandan tout letènite. *” Ala yon bèl egzanp sè sa a bay lefètke li t ap gade lavni dwat devan l!

SE YON PYÈJ LÈ NOU RET FACHE

9. Jan sa parèt nan Levitik 19:18, ki lè nou ka twouve l pi difisil pou nou padone yon moun ki te fè nou fache?

9 Li Levitik 19:18. Souvan, nou konn twouve l difisil pou nou padone yon moun ki te fè nou fache si moun ki te mal aji ak nou an se yon kwayan parèy nou, yon bon zanmi oswa yon fanmi nou. Pa egzanp, gen yon sè ki gen yon kwayan parèy li ki te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li vòlè kòb li. Annapre, sè ki te akize lòt sè a te mande l padon, men sè yo te lage fo akizasyon sou do l la te fache anpil e l pa t ka sispann panse ak sa k te pase a. Èske w te deja santi w konsa? Menmsi nou pa t viv yon sitiyasyon menm jan an, petèt pifò nan nou konn santi nou fache e nou konn panse nou pap janm ka padone yon moun ki te mal aji ak nou.

10. Ki sa k ka ede nou lè nou ret fache pou yon bagay yo te fè nou?

10 Ki sa k ka ede nou lè nou ret fache pou yon bagay yo te fè nou? Toudabò, nou bezwen sonje Jewova wè tout bagay. Li byen konnen tout difikilte nou jwenn, san wete enjistis n ap sibi (Ebre 4:13). Sa fè Jewova mal lè n ap soufri (Eza. 63:9). Jewova pwomèt yon lè l ap repare tout mal nou sibi akoz enjistis yo fè nou. — Rev. 21:3, 4.

11. Ki jan sa bon pou nou lè nou padone moun pou sa yo te fè nou?

11 Li bon pou n sonje tou, lè nou padone moun pou sa yo te fè nou, sa bon pou nou. Se sa sè yo te lage fo akizasyon sou do l la te vin konprann. Rive yon lè, li te padone sè ki te akize l la. Li te vin wè lè nou padone lòt moun, Jewova padone nou tou (Mat. 6:14). Li te konnen sa lòt sè a te fè l la pa t bon, men li te chwazi bliye sa. Konsa, sè nou an te vin gen plis kè kontan e li te kapab konsantre sou sèvis l ap bay Jewova a.

SE YON PYÈJ LÈ N SANTI N KOUPAB DEPASE LIMIT

12. Ki sa nou aprann nan 1 Jan 3:19, 20?

12 Li 1 Jan 3:19, 20. Pafwa, nou tout konn santi nou koupab. Pa egzanp, gen moun ki konn santi yo koupab akoz yon seri bagay yo te fè anvan yo te aprann laverite. Gen lòt ki santi yo koupab akoz peche yo fè apre yo fin batize. Plizyè moun konn nan sitiyasyon sa yo (Wom. 3:23). Nòmalman, nou vle fè sa ki dwat. Men, “nou tout nou bite tanzantan”. (Jak 3:2; Wom. 7:21-23.) Se vre nou pa renmen santi nou koupab, men sa ka bon pou nou. Sa k fè sa? Paske, lè nou santi nou koupab, sa ka ede nou pou nou fè chanjman nan lavi nou e pou n pran detèminasyon pou n pa refè menm erè yo. — Ebre 12:12, 13.

13. Poukisa nou bezwen evite santi nou koupab depase limit?

13 Yon lòt bò, li posib pou nou santi nou koupab depase limit, sa vle di pou nou kontinye santi nou koupab menm apre nou fin repanti e Jewova montre li padone nou. Lè nou santi nou koupab konsa, sa ka yon danje pou nou (Sòm 31:10; 38:3, 4). Nan ki sans? Ann pran egzanp yon sè ki t ap lite ak santiman kòmkwa li koupab akoz peche li te fè. Men sa l di: “Mwen te santi sa pa itil anyen pou m travay di nan sèvis Jewova a, paske, sanble kèlkeswa sa m fè, m pap sove.” Anpil nan nou ka santi nou menm jan ak sè sa a. Li enpòtan anpil pou nou evite santi nou koupab depase limit, paske se yon pyèj. Dayè, jis reflechi sou jan sa t ap fè Satan kontan si nou ta bay vag, alòske Jewova pa ban nou vag! — Konpare ak 2 Korentyen 2:5-7, 11.

14. Ki jan nou ka sèten Jewova toujou renmen nou?

14 Aktout sa, nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Ki jan m kapab sèten Jewova toujou renmen m?’ Nan yon sans, lè nou poze kesyon sa a, nou tou reponn li. Men sa Toudegad te di sa gen plizyè dizèn ane: “Nou [ka] wè nou bite e nou tonbe plizyè fwa akoz kèk move abitid nou genyen ki anrasinen byen fon lakay nou anvan nou te kòmanse sèvi Bondye. [...] Pa pèdi espwa. Pa kouri di ou fè peche ki pa gen padon an. Se egzakteman rezònman sa a Satan ta renmen w fè. Lefètke w santi w tris e w fache ak tèt ou, se prèv ki montre ou pa t rive twò lwen. Pa janm sispann sipliye Bondye avèk imilite e avèk senserite pou mande l padon, pou l pirifye w e pou l ede w. Al kote l tankou yon timoun k al kot papa l lè l gen pwoblèm, menmsi w al kote l plizyè fwa pou menm pwoblèm nan. Jewova ap dispoze ede w paske li gen favè san parèy lakay li. *

15-16. Ki jan kèk moun santi yo lè yo rann yo kont Jewova toujou renmen yo?

15 Anpil sèvitè Jewova jwenn konsolasyon lè yo rann yo kont Jewova toujou renmen yo. Pa egzanp, sa gen kèk ane, gen yon frè ki te li yon eksperyans ki te parèt nan seri atik “Labib chanje lavi moun” nan ki te touche l anpil. Nan atik la, gen yon sè ki te admèt li te difisil pou l kwè Jewova renmen l akoz move bagay li te fè nan lavi l. Li te kontinye lite ak santiman sa yo aktout li te gen plizyè ane depi l batize. Men, lè l te medite sou ranson an, li te kòmanse wè bagay yo yon lòt jan *.

16 Ki jan eksperyans sè a te ede frè a? Men sa frè a te ekri: “Lè m te jèn, m te esklav pònografi e l te difisil anpil pou m te kite move abitid sa a. Pa gen twò lontan, m te retonbe nan sitiyasyon sa a. Mwen te chèche èd ansyen yo e m te reyisi venk pwoblèm nan. Ansyen yo te ban m asirans Bondye renmen m e l vle ede m. Aktout sa, pafwa, m toujou santi m pa gen valè nan je Bondye. Se kòmsi m santi Jewova pa ka renmen m. Lefètke m te li eksperyans [sè sa a], sa te vrèman ede m. Kounye a mwen rann mwen kont, lè m panse Bondye pa ka padone m, se kòmsi m ta di sakrifis Pitit li a twò piti pou l kouvri peche m. Mwen dekoupe paj ki gen atik sa a pou m ka li l e pou m medite sou li nenpòt lè m ta santi m pa gen valè nan je Jewova.”

17. Ki jan apot Pòl te evite pyèj ki te ka fè l santi li koupab depase limit?

17 Eksperyans konsa fè nou sonje apot Pòl. Anvan l te vin kretyen, li te fè yon pakèt peche grav. Pòl te sonje sa l te fè yo, men li pa t ret ap reflechi sou sa (1 Tim. 1:12-15). Li te konsidere ranson an kòm yon kado Bondye ba li pèsonèlman (Gal. 2:20). Konsa, Pòl te evite pyèj ki te ka fè l santi li koupab depase limit, e li te konsantre sou bay Jewova sa l genyen ki pi bon an.

ANN KONSANTRE SOU LAVNI!

Ann pran detèminasyon pou n konsantre sou lavni. (Gade paragraf 18-19.) *

18. Ki sa nou aprann nan atik sa a?

18 Ki sa nou aprann apre nou fin egzamine pyèj nou sot wè nan atik sa a? 1) Bon souvni yo se yon kado Jewova ban nou. Men, kèlkeswa jan lavi nou te bèl anvan sa, lavi nou pral gen nan monn nouvo a ap pi bèl toujou. 2) Lòt moun ka fè nou fache, men, lè nou chwazi padone n ap kapab konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. 3) Lè nou santi nou koupab depase limit, sa ka anpeche nou sèvi Jewova ak kè kontan. Donk, menm jan ak Pòl, nou bezwen kwè Jewova padone nou.

19. Ki jan nou fè konnen nan monn nouvo a nou pap sonje okenn bagay ki te fè nou tris?

19 Nou gen esperans pou nou viv pou toutan. Nan monn nouvo a, nou pap sonje okenn bagay ki te fè nou tris. Men sa Bib la di konsènan monn nouvo a: “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo.” ​(Eza. 65:17). Imajine sa: Gen kèk nan nou ki vin granmoun nan sèvis Jewova, men, nan monn nouvo a, n ap vin jèn ankò (Jòb 33:25). Kidonk, annou pran detèminasyon pou n pa ret ap reflechi sou sa k fin pase. Okontrè, annou konsantre sou monn nouvo a e annou fè tout sa n kapab depi kounye a pou nou la!

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

^ § 5 Li ka bon pou nou sonje pase nou. Men, nou pa vle tèlman ret ap reflechi sou pase nou pou sa ta fè nou sispann fè tout sa nou kapab pou Jewova kounye a oswa pou nou ta bliye bèl pwomès li fè nou yo. Nan atik sa a, nou pral wè twa pyèj ki ka fè nou ret ap reflechi sou sa k fin pase. Nou pral egzamine prensip ki nan Bib la ak egzanp kèk moun nan epòk nou an ki ka ede nou pou n pa pran nan okenn nan pyèj sa yo.

^ § 4 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a, “ret ap reflechi sou sa k fin pase” vle di toujou ap panse ak sa ki te pase nan lavi nou. Sa gen ladan l, kontinye pale sou sa, reviv moman sa yo, oswa panse lavi nou te pi bon anvan.

^ § 14 Gade Toudegad 15 jen 1954, paj 185 (fransè).

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè nou gen nostalji, lè nou ret fache pou yon bagay yo te fè nou e lè nou santi nou koupab depase limit pou yon bagay nou te fè, se tankou yon chay byen lou n ap trennen dèyè nou e sa anpeche nou kontinye mache sou wout lavi a.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè nou elimine santiman sa yo ki tankou chay lou, nou santi nou soulaje, nou kontan e nou vin repran fòs. Konsa n ap kapab gade dwat devan.