Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Onésime ak Géraldine

Jewova rekonpanse sèvitè l ki tounen nan peyi yo

Jewova rekonpanse sèvitè l ki tounen nan peyi yo

GEN anpil frè ak sè ki te kite peyi yo pou y al chèche fè plis kòb nan lòt peyi e ki retounen nan peyi yo. Piske yo renmen Jewova e yo renmen pwochen yo, yo deside al viv kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan (Mat. 22:37-39). Ki sakrifis yo te fè e ki benediksyon yo jwenn? Pou nou jwenn repons lan, ann pale de Kamewoun, yon peyi ann Afrik delwès.

“BON KOTE POU MOUN ‘FÈ LAPÈCH’”

An 1998, gen yon frè ki rele Onésime ki te kite Kamewoun, peyi kote l fèt la, pou l al viv nan lòt peyi. Li te fè 14 an nan peyi etranje. Yon jou, pandan l te nan reyinyon, li te tande yon egzanp sou travay predikasyon an. Men sa oratè a te di: “Si de zanmi ap fè lapèch men yo pa menm kote, e youn pran plis pwason pase lòt, èske zanmi ki pa pran anpil pwason an pap deplase pou l al fè lapèch kote ki gen plis pwason an?”

Egzanp sa a te fè Onésime panse retounen Kamewoun, kote ki gen anpil moun ki ta renmen etidye Labib, pou ede pwoklamatè nan zòn nan. Men, Onésime te enkyè. Li t ap mande tèt li èske li t ap ka adapte l nan peyi l, apre l te fin fè tout ane sa yo ap viv nan peyi etranje? Pou l te ka wè si l t ap ka pran desizyon sa a, li t al pase sis mwa Kamewoun. Epi, an 2012, li te retounen al viv Kamewoun.

Men sa Onésime fè konnen: “Mwen te oblije adapte m ak chalè a e ak fason moun yo viv. Nan Sal Wayòm nan, mwen te oblije aprann chita sou ban ankò, e ban yo te di.” Men sa l te di pandan l t ap souri: “Plis mwen te konsantre sou reyinyon yo, se plis mwen te sispann panse ak bon chèz konfòtab ki te gen nan Sal Wayòm mwen te konn ale yo.”

An 2013, Onésime te marye ak Géraldine, ki te retounen Kamewoun apre l te fin pase nevan ap viv nan peyi Lafrans. Ki jan Jewova te rekonpanse yo poutèt yo te bay volonte l premye plas nan lavi yo? Men sa Onésime di: “Nou te asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ansanm e nou t al sèvi nan Betèl. Nan ane ki sot pase a, gen 20 etidyan Labib nan kongregasyon nou ki te batize. Kounye a, mwen santi mwen bon kote pou moun ‘fè lapèch’ la.” ​(Mak 1:17, 18). Men sa Géraldine ajoute: “Mwen jwenn plis benediksyon pase sa m te panse.”

FÈ DISIP BAY KÈ KONTAN

Judith ak Sam-Castel

Judith t al viv Ozetazini, men li te vle fè plis pou Jewova. Men sa l fè konnen: “Lè m al vizite fanmi m Kamewoun, chak fwa m ap kite yo mwen kriye, paske mwen oblije kite plizyè moun m te kòmanse etidye Labib avèk yo.” Men, Judith te yon ti jan renka pou l retounen al viv Kamewoun. Li t ap touche anpil kòb nan travay li, e sa te pèmèt li pran swen papa l ki te malad ki t ap viv Kamewoun. Sepandan, Judith te met konfyans li nan Jewova e li te retounen nan peyi l. Li admèt li te sonje kèk avantaj li te jwenn lè l t ap viv nan peyi etranje. Li te priye Jewova pou l ede l adapte l, e li te jwenn ankourajman nan men yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li.

Men sa Judith di lè l ap reflechi sou desizyon l te pran an: “Nan twazan, mwen te kontan ede kat moun pou yo batize.” Judith te vin pyonye espesyal. Jodi a, li menm ak mari l, Sam-Castel, nan sèvis sikonskripsyon. Men, e papa Judith? Judith ak moun nan fanmi l te rive jwenn yon lopital nan yon lòt peyi ki te dispoze peye pou operasyon papa l te gen pou l fè. Erezman operasyon an te reyisi.

JEWOVA TE PRAN SWEN YO

Caroline ak Victor

Gen yon frè ki rele Victor ki t al viv nan peyi Kanada. Apre l fin li yon atik Toudegad ki t ap pale sou fè gwo etid, sa te fè l reflechi sou sitiyasyon l. Li te kite inivèsite a pou l al aprann yon bagay ki pran mwens tan nan yon lekòl pwofesyonèl. Men sa l di: “Sa te pèmèt mwen jwenn yon travay pi vit, e mwen te rive fè sa m te toujou vle fè a, anpalan de pran sèvis pyonye.” Annapre, Victor te marye ak Caroline e yo t al vizite Kamewoun. Pandan yo t ap vizite biwo filyal la, yo te jwenn ankourajman pou yo egzamine posiblite pou yo vin sèvi nan peyi Kamewoun. Men sa Victor di: “Nou pa t wè poukisa pou n ta di non. E kòm nou t ap mennen yon vi senp, nou te kapab aksepte envitasyon an.” Malgre Caroline te gen kèk pwoblèm sante, yo te deside fè deplasman an.

Victor ak Caroline te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan pou yo ede tout moun yo jwenn ki enterese nan Bib la. Pandan yon tan, yo te viv ak ekonomi yo te genyen. Apre sa, yo t al fè kèk mwa ap travay nan peyi Kanada, e sa te pèmèt yo retounen Kamewoun pou yo te kontinye sèvi kòm pyonye. Ki benediksyon yo te jwenn? Yo t al nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, yo te sèvi kòm pyonye espesyal, e kounye a, yo se sèvitè nan konstriksyon. Men sa Victor di: “Lefètke nou te kite vi konfòtab nou t ap mennen an, nou te konte sou Jewova, e li te pran swen nou.”

NOU KONTAN LÈ NOU EDE MOUN VWE JEWOVA LAVI YO

Stéphanie ak Alain

An 2002, Alain, ki t ap etidye nan yon inivèsite nan peyi Almay, te li feyè ki gen tit Jeunes gens, qu’allez-vous faire de votre vie? Sa l te li yo te ankouraje l fikse lòt objektif. An 2006, li t al nan Lekòl fòmasyon ministeryèl, e apre sa, yo te voye l Kamewoun, peyi kote l te fèt la.

Pandan Alain Kamewoun, li te jwenn yon travay ki pa t pran tout tan l. Annapre, li te vin jwenn yon travay ki peye pi byen, men, li t ap mande tèt li si l t ap gen ase tan pou l preche epi anseye jan l te konn fè sa anvan. Donk, lè yo te mande l pou l al sèvi kòm pyonye espesyal, li te aksepte san ezite. Patwon Alain an te ofri l plis kòb, men, Alain te kenbe desizyon l te pran an. Annapre, Alain te marye ak Stéphanie, ki te fè plizyè ane ap viv an Frans. Ki pwoblèm Stéphanie te jwenn lè l t al viv Kamewoun?

Men sa Stéphanie di: “Mwen te vin gen plizyè ti pwoblèm sante ak alèji. Men, m te degaje m pou m jwenn tretman regilyèman e m te jwenn soulajman.” Jewova te rekonpanse mari ak madanm sa a pou andirans yo. Men sa Alain fè konnen: “Lè n t al preche nan yon zòn andeyò ki rele Kate, nou te jwenn plizyè moun ki te vle etidye Labib. Annapre, nou te kontinye fè etid yo nan telefòn. De nan etidyan sa yo te batize e te vin gen yon ti gwoup pwoklamatè nan zòn nan.” Men sa Stéphanie ajoute: “Se pa ti kè kontan sa bay lè nou ede moun vwe Jewova lavi yo! Pandan n ap preche isit la, nou viv sa plizyè fwa.” Jodi a, Alain ak Stéphanie nan sèvis sikonskripsyon.

“NOU TE FÈ EGZAKTEMAN SA N TE DWE FÈ”

Léonce ak Gisèle

Gisèle te batize pandan l t ap etidye medsin ann Itali. Mari ak madanm ki te etidye Labib avè l la te pyonye e yo t ap mennen yon vi senp. Sa te gen gwo efè sou Gisèle, e sa te fè l anvi fè plis nan travay predikasyon an. Konsa, Gisèle te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan lè l te prèske fin etidye medsin.

Gisèle te vle retounen Kamewoun pou l ka fè plis pou Jewova. Men, li te gen kèk enkyetid. Men sa l di: “Mwen t ap oblije remèt rezidans yo te ban m pou m viv nan peyi Itali a e m t ap oblije kite zanmi ak fanmi mwen genyen k ap viv Itali yo.” Aktout sa, an me 2016, Gisèle te retounen al viv Kamewoun. Kèk tan apre, li te marye ak Léonce, e biwo filyal Kamewoun nan te mande yo pou y al preche Ayòs, yon vil ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.

Ki jan lavi a te ye nan vil Ayòs? Men sa Gisèle fè konnen: “Souvan, nou konn pase plizyè semèn san kouran, e nou konn pa ka chaje telefòn nou. Anpil fwa, telefòn yo pa mache. Mwen te aprann kuit manje sou dife bwa, e nou te konn al chèche dlo nan nuit sou bourèt ak flach nan men nou lè pa gen anpil moun nan sous la.” Ki jan mari ak madanm sa a te degaje yo? Men sa Gisèle di: “Jewova te ede nou grasa lespri li. Mwen menm ak mari m, youn te ede lòt. E fanmi nou ak zanmi nou te konn ankouraje nou, e pafwa yo te konn ban n ti kòb.”

Èske Gisèle kontan dèske l te retounen nan peyi l? Men sa l di: “Wi! Pa gen okenn dout nan sa. Okòmansman te gen difikilte e n te santi n dekouraje. Men, yonfwa mwen menm ak mari m te rive rezoud pwoblèm sa yo, nou te santi nou te fè egzakteman sa n te dwe fè. Nou fè Jewova konfyans e nou santi nou vin pi pwòch avè l.” Léonce ak Gisèle t al nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, e kounye a, yo pyonye espesyal tanporè.

Menm jan ak pechè pwason ki pa pè travay nan move kondisyon pou yo ka pran anpil pwason, moun ki chwazi retounen nan peyi yo fè sakrifis pou yo ede moun ki sensè ki byen reyaji lè yo tande mesaj Wayòm nan. Se sèten Jewova pap bliye pwoklamatè sa yo k ap travay di, paske yo demontre lanmou pou non l (Ney. 5:19; Ebre 6:10). Si w ap viv nan peyi etranje e yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan nan peyi w, èske w ka retounen? Si w fè sa, Jewova ap rekonpanse w. — Pwo. 10:22.