Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 47

Èske lafwa w ap djanm?

Èske lafwa w ap djanm?

“Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa.” — JAN 14:1.

KANTIK 119 Nou dwe gen lafwa

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki kesyon nou ka poze tèt nou?

 ÈSKE pafwa ou konn santi w pè lè w ap panse ak yon seri evènman ki gen pou rive, tankou destriksyon fo relijyon, atak Gòg ki sot nan peyi Magòg, ak lagè Amagedon? Èske w janm mande tèt ou: ‘Èske m ap kapab rete fidèl lè evènman terib sa yo rive?’ Si w konn poze tèt ou kesyon sa yo, pawòl Jezi te di nou jwenn nan vèsè atik la baze sou li a ap itil ou anpil. Jezi te di disip li yo: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa.” (Jan 14:1). Si lafwa nou djanm, l ap ede nou rete kalm san nou pa pè demen.

2. Ki jan nou ka fè lafwa nou vin djanm, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Fason nou aji kounye a lè lafwa nou ap pase anba eprèv ap ede n konnen sa n bezwen travay lakay nou pou lafwa nou vin pi solid pou n ka andire eprèv n ap gen pou n jwenn pi devan. Chak fwa nou andire yon eprèv, lafwa nou vin pi djanm, e sa ap ede n pou n fè fas ak lòt eprèv. Nan atik sa a, nou pral wè kat sitiyasyon disip Jezi yo te viv ki te montre yo te bezwen gen plis lafwa. Apre sa, nou pral wè ki jan nou ka fè fas ak sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon sa yo, e ki jan sa ka prepare nou pou lavni.

NOU BEZWEN GEN LAFWA BONDYE AP BAN NOU SA NOU BEZWEN POU N VIV

Afè nou ka pa bon, men lafwa nou ap ede n ret konsantre sou Wayòm nan. (Gade paragraf 3-6.)

3. Selon Matye 6:30, 33, ki sa Jezi te fè konnen aklè konsènan lafwa?

3 Li nòmal pou yon chèf fanmi vle bay madanm li ak pitit li manje, rad ak yon kote pou yo rete. Sa pa toujou fasil nan tan sa yo ki difisil. Gen kèk ka kote kwayan parèy nou pèdi travay yo, e yo pa ka jwenn yon lòt malgre yo fè anpil efò. Gen lòt ki pa t aksepte pran yon travay paske travay sa a pa apwopriye pou kretyen. Nan tout sitiyasyon sa yo, nou bezwen gen konviksyon Jewova ap fè n jwenn sa nou bezwen pou fanmi nou. Jezi te fè disip li yo konnen sa aklè nan Diskou li te bay sou mòn nan. (Li Matye 6:30, 33.) Lè nou gen bonjan konviksyon Jewova pap abandone nou, n ap ka konsantre n sou bagay ki pi enpòtan an, anpalan de Wayòm nan. Lè nou wè jan Jewova ap ede nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv, n ap vin pi pwòch avè l e lafwa nou ap vin pi solid.

4-5. Ki sa k te ede yon fanmi lè yo t ap enkyete yo pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv?

4 Ann wè ki jan yon fanmi nan peyi Venezyela ki t ap enkyete yo pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv te wè jan Jewova te ede yo. Yon lè, Miguel Castro ak fanmi l te gen ase kòb pou yo viv, paske yo te konn travay yon tè yo te genyen. Annapre, te gen yon seri mesye ak zam ki fè pati yon gang ki te pran tè yo a, epi yo te mete yo deyò. Men sa Miguel di: “Kounye a, gen yon moun ki pèmèt nou travay yon ti moso tè, e se sa nou rekòlte ki pèmèt nou viv. Chak jou m leve, mwen mande Jewova pou l fè n jwenn sa n bezwen pou jounen an.” Lavi a difisil pou fanmi sa a, men, yo gen konfyans, Papa nou an ki renmen nou, kapab ba yo sa yo bezwen pou yo viv chak jou. Fanmi sa a kontinye asiste reyinyon yo, e yo patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Yo bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo, e Jewova fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.

5 Pandan moman difisil sa a, Miguel ak Yurai, madanm li, te toujou reflechi sou fason Jewova pran swen yo. Pafwa, Jewova te sèvi ak frè ak sè yo pou ede yo jwenn kèk nan bagay yo te bezwen, oswa yo te konn ede Miguel jwenn yon travay. Gen lòt lè, Jewova te konn sèvi ak frè yo nan biwo filyal la pou fè yo jwenn kèk nan bagay yo te bezwen pou yo viv. Jewova pa t janm lage yo. Konsa, lafwa fanmi sa a te vin pi solid. Men sa Yoselin, pi gran pitit fi yo a, di apre l te fin fè konnen fason Jewova te ede yo yon lè: “Sa vrèman ankourajan pou n wè jan Jewova ap ede nou. Mwen konsidere Jewova kòm yon zanmi m ka toujou konte sou li.” Men sa l di apre sa: “Eprèv fanmi nou te viv yo prepare n pou lòt eprèv ki pi rèd nou pral jwenn pi devan.”

6. Ki jan w ka ranfòse lafwa w lè afè w pa bon?

6 Èske afè w pa bon? Si se ka pa w, se sèten sa pa fasil. Men, menmsi bagay yo pa fasil pou ou, ou ka pwofite sitiyasyon sa a pou w ranfòse lafwa w. Priye Jewova, li pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 6:25-34 yo epi medite sou yo. Reflechi sou eksperyans kèk frè ak sè fè jodi a ki montre Jewova pran swen moun ki ret okipe nan sèvis y ap ba li a (1 Kor. 15:58). Si w fè sa, w ap vin gen konviksyon Papa w ki nan syèl la ap ede w menm jan l te ede moun ki te nan menm sitiyasyon avè w. Li konnen sa w bezwen, e li konnen ki jan pou l fè w jwenn li tou. Lè w wè jan Jewova ap ede w nan lavi w, sa ap fè w vin gen plis lafwa, e sa ap prepare w pou lòt eprèv ki pi difisil w ap gen pou jwenn pi devan. — Aba. 3:17, 18.

NOU BEZWEN LAFWA POU N ANDIRE EPRÈV KI TANKOU “GWO TANPÈT”

Lè n gen yon lafwa ki solid, sa ka ede n fè fas ak nenpòt gwo tanpèt, kit se yon tanpèt toutbon oswa yon pwoblèm ki tankou yon tanpèt. (Gade paragraf 7-11.)

7. Selon Matye 8:23-26, ki jan “yon gwo tanpèt” te teste lafwa disip yo?

7 Lè Jezi ak disip li yo te pran nan yon tanpèt sou lanmè, Jezi te sèvi ak evènman sa a pou l ede yo konprann ki sa yo bezwen fè pou yo vin gen plis lafwa. (Li Matye 8:23-26.) Tanpèt la te tèlman fò, lanm lanmè te kòmanse plen bato a. Men, Jezi li menm t ap dòmi byen trankil. Disip yo ki te pè anpil te leve Seyè a e yo te mande l pou l sove yo. Li te di yo avèk jantiyès: “Poukisa nou pè konsa? Ki jan nou fè manke lafwa konsa?” Disip yo ki te pè te dwe rann yo kont Jewova te kapab pwoteje Jezi ak moun ki te ansanm avè l yo san pwoblèm pou anyen mal pa t rive yo. Èske n wè ki leson nou kapab aprann nan sa? Lè lafwa nou solid, sa kapab ede n andire kèlkeswa “gwo tanpèt” oswa nenpòt gwo pwoblèm ki ta sanble ak yon tanpèt.

8-9. Ki jan lafwa Anel te pase anba eprèv, e ki jan sa te ede l?

8 Ann wè ki jan lafwa yon sè selibatè k ap viv Pòtoriko ki rele Anel te vin pi solid apre l te fin fè fas ak yon sitiyasyon difisil. Li te viv “yon tanpèt” toutbon. Eprèv li a te kòmanse nan ane 2017, lè siklòn Maria te kraze kay li. Akoz tanpèt la, li te pèdi travay li. Men sa Anel di: “Pandan moman difisil sa yo, mwen te pè anpil. Men, mwen te aprann met konfyans mwen nan Jewova grasa lapriyè, e m pa t kite tètchaje anpeche m fè sa m te gen pou m fè.”

9 Anel te fè konnen yon lòt bagay ki te ede l se lefètke l te dispoze obeyi. Men sa l di: “Piske m te suiv enstriksyon òganizasyon Jewova a te bay yo, sa te ede m rete kalm. Mwen te wè men Jewova ki t ap ede m pa mwayen ankourajman frè ak sè yo te ban mwen ak nan fason yo te ede m jwenn sa m te bezwen pou m viv.” Men sa l di apre sa: “Jewova te fè m jwenn plis pase sa m te bezwen, e sa te ranfòse lafwa m anpil.”

10. Ki sa w ka fè si w ap fè fas ak yon sitiyasyon ki tankou “yon gwo tanpèt”?

10 Èske w ap viv yon sitiyasyon nan lavi w ki tankou “yon gwo tanpèt”? Petèt w ap soufri akoz yon katastwòf natirèl. Oswa se ka yon sitiyasyon ki sanble ak yon tanpèt, tankou yon gwo pwoblèm sante ki fè w dekouraje anpil e w pa fin konn sa pou w fè. Pafwa, ou ka ap enkyete w, men, pa kite tètchaje fè w pa met konfyans ou nan Jewova. Pwoche bò kote l lè w priye l ak tout kè w. Chèche ranfòse lafwa w lè w medite sou moman Jewova te ede w (Sòm 77:11, 12). Ou kapab gen asirans li pap janm abandone w, l ap toujou ede w.

11. Poukisa nou ta dwe pran detèminasyon pou nou obeyi moun ki alatèt yo?

11 Ki lòt bagay ki kapab ede w andire eprèv? Jan Anel te di sa, se obeyisans. Aprann fè moun Jewova ak Jezi chwazi pou pran latèt yo konfyans, paske Jewova ak Jezi fè yo konfyans. Pafwa, frè yo nome pou pran latèt yo ka bay yon enstriksyon ki pa fè sans pou nou. Men, Jewova beni moun ki obeyi. Pawòl li a ak eksperyans sèvitè fidèl li yo fè aprann nou obeyisans sove lavi moun (Egz. 14:1-4; 2 Kwo. 20:17). Nou bezwen medite sou egzanp sa yo. Lè nou fè sa, n ap vin gen plis detèminasyon pou nou obeyi dispozisyon òganizasyon an pran depi kounye a e alavni (Ebre 13:17). Konsa, ou pap gen okenn rezon pou w pè gwo tribilasyon an ki gen pou vini talè konsa. — Pwo. 3:25.

NOU BEZWEN LAFWA POU N ANDIRE ENJISTIS

Lè nou kontinye priye Jewova, lafwa nou ap vin pi solid. (Gade paragraf 12.)

12. Jan nou wè sa nan Lik 18:1-8, lè nou gen lafwa, ki jan sa ka ede nou andire enjistis?

12 Jezi te konnen disip li yo t ap gen pou yo sibi enjistis, e sa t ap pase lafwa yo anba eprèv. Se sa k fè, li te bay yon egzanp nou jwenn nan liv Lik la pou l te ede yo andire eprèv sa yo. Jezi te rakonte istwa yon vèv ki pa t sispann sipliye yon jij ki enjis pou jij la te fè l jwenn jistis. Vèv la te sèten si l te kole nan kò jij la, finalman li t ap ede l. E vrèmanvre, jij la te fè l jwenn jistis. Ki leson nou ka aprann? Jewova pa enjis. Men sa Jezi te di: “E Bondye menm, èske li pap fè moun li chwazi yo k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis?” (Li Lik 18:1-8.) E men sa Jezi te di apre sa: “Lè Pitit lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn moun sou tè a ki gen lafwa sa a?” Lè n ap sibi enjistis, nou bezwen montre nou gen yon lafwa solid menm jan ak vèv la, lè nou demontre pasyans ak pèseverans. Yon lafwa konsa ap ban nou asirans Jewova ap ede nou kanmenm. Epitou, nou bezwen gen konfyans nan pouvwa lapriyè genyen. Pafwa, Jewova kapab reponn priyè nou yo fason nou pa t atann.

13. Ki jan lapriyè te ede yon fanmi ki te sibi enjistis?

13 Ann pran egzanp yon sè ki rele Vero k ap viv nan Repiblik demokratik Kongo. Vero ak mari l ki pa kwayan ansanm ak pitit fi yo ki gen 15 an te oblije kouri kite bouk kote yo t ap viv la lè yon gwoup sòlda te vin fè yon atak nan zòn nan. Pandan fanmi an te sou wout, yo te rive sou yon barikad. Sòlda yo te kanpe yo e yo te menase yo y ap touye yo. Lè Vero te pran kriye, pitit fi l la te eseye kalme l, li te priye byen fò e li te site non Jewova plizyè fwa nan priyè a. Lè l te fin priye, kòmandan an te mande l: “Matmwazèl, kiyès ki montre w priye?” Li te reponn: “Se manman m ki montre m priye, li te sèvi ak Matye 6:9-13 pou l fè sa.” Kòmandan an te di: “Matmwazèl, ou menm ak paran w mèt ale, e se pou Jewova, Bondye w la, pwoteje w!”

14. Ki sa k ka pase lafwa nou anba eprèv, e ki sa k ap ede nou andire?

14 Eksperyans konsa aprann nou pou nou pa janm bliye jan lapriyè enpòtan. Men, ki sa w bezwen fè si w pa jwenn repons priyè w yo byen vit oswa w pa wè repons yo aklè? Menm jan ak vèv nan egzanp Jezi te bay la, ou bezwen kontinye priye, toutpandan w gen konfyans Bondye nou an pap abandone w, l ap reponn priyè w la nan moman pou l reponn li e l ap fè sa yon fason oswa yon lòt. Kontinye sipliye Jewova pou l ba w lespri sen (Flp. 4:13). Sonje talè konsa, Jewova ap tèlman beni w, w ap bliye tout sa ki te fè w soufri. Lè w ret fidèl pandan w ap andire eprèv grasa èd Jewova, w ap jwenn fòs pou w andire eprèv k ap tann ou pi devan. — 1 Pyè 1:6, 7.

NOU BEZWEN GEN LAFWA POU N KONTINYE ANDIRE MALGRE DIFIKILTE

15. Jan sa parèt nan Matye 17:19, 20, ki difikilte disip Jezi yo te jwenn?

15 Jezi te fè disip li yo konnen lafwa t ap ede yo fè fas ak difikilte. (Li Matye 17:19, 20.) Yon lè, disip li yo pa t ka chase yon demon, byenke yo te fè sa nan lòt okazyon. Poukisa yo pa t rive fè sa? Jezi te di yo yo te bezwen gen plis lafwa. Li te fè yo konnen si yo gen ase lafwa, yo t ap ka fè fas ak difikilte ki tankou gwo mòn! Jodi a, nou menm tou nou ka ap fè fas ak yon seri pwoblèm ki parèt twòp pou nou.

Lafwa nou ap ede n ret okipe nan sèvis n ap bay Jewova a, menmsi nou ta tris anpil. (Gade paragraf 16.)

16. Ki jan lafwa te ede Geydi andire lè yo te touye mari l?

16 Ann pran egzanp Geydi, yon sè k ap viv nan peyi Gwatemala. Yo te touye Edi, mari l, pandan yo t ap sot nan reyinyon pou y al lakay yo. Ki jan lafwa Geydi te ede l fè fas ak gwo tristès sa a? Men sa l di: “Lapriyè te ede m lage chay mwen sou Jewova. Sa te fè m santi m anpè. Mwen wè jan Jewova ap sèvi ak fanmi m ak zanmi m yo nan kongregasyon an pou pran swen m e pou ede m. Lefètke m ret okipe nan sèvis Jewova a, mwen soufri mwens, e sa ede m pou m viv yon jou alafwa san m pa enkyete m twòp pou demen. Eksperyans sa a fè m wè, kèlkeswa eprèv mwen ta jwenn alavni, m ap ka fè fas avè l grasa èd Jewova, Jezi ak òganizasyon an.”

17. Ki sa nou kapab fè lè nou jwenn pwoblèm ki parèt twòp pou nou?

17 Èske w nan lapenn akoz yon moun pa w ki mouri? Pran tan pou w ranfòse lafwa w nan rezirèksyon an lè w li istwa yon seri moun nan Bib la Bondye te resisite. Èske w nan lapenn akoz ou gen yon moun nan fanmi w ki eskominye? Fè rechèch pou w ka konvenk tèt ou fason Bondye bay disiplin nan toujou pi bon. Kèlkeswa pwoblèm ou genyen, sèvi avè l kòm yon okazyon w genyen pou w fòtifye lafwa w. Di Jewova egzakteman ki jan w santi w. Pa met kò w apa, okontrè, rete pwòch frè w ak sè w yo (Pwo. 18:1). Patisipe nan aktivite k ap ede w andire, menmsi se ak dlo nan je ou oblije fè sa (Sòm 126:5, 6). Kontinye al nan reyinyon, kontinye preche epi li Labib. Ret konsantre sou gwo benediksyon Jewova pwomèt l ap ba ou alavni. Lè w wè jan Jewova ede w, w ap vin gen plis lafwa nan li.

“BAN NOU PLIS LAFWA”

18. Si w remake lafwa w pa fin djanm, ki sa w ka fè?

18 Si w te deja fè fas ak yon eprèv oswa w ap fè fas ak yon eprèv kounye a, e w rann ou kont lafwa w pa fin djanm, pa dekouraje. Konsidere sa kòm yon okazyon pou w fòtifye lafwa w. Mande menm bagay ak apot Jezi yo ki te di: “Ban nou plis lafwa.” (Lik 17:5). Epitou, reflechi ak egzanp nou sot egzamine nan atik sa a. Menm jan ak Miguel ak Yurai, sonje tout lè Jewova te ede w yo. Menm jan ak pitit fi Vero a ak Anel, priye Jewova ak tout kè w, sitou lè w gen yon gwo pwoblèm. E menm jan ak Geydi, se pou w rekonèt Jewova ka sèvi ak zanmi w oswa fanmi w pou l ba w èd ou bezwen. Lè w kite Jewova ede w pou w andire eprèv ou jwenn kounye a, w ap vin gen plis konviksyon l ap ede w pou w andire nenpòt eprèv ou ka jwenn alavni.

19. Ki asirans Jezi te genyen, e ki asirans ou kapab genyen?

19 Jezi te ede disip li yo wè ki kote yo manke lafwa, men, li pa t janm gen dout yo t ap rive andire eprèv yo t ap gen pou yo jwenn alavni yo avèk èd Jewova (Jan 14:1; 16:33). Li te gen asirans t ap gen yon gwo foul moun ki t ap pase gwo tribilasyon an vivan paske lafwa yo solid (Rev. 7:9, 14). Èske w ap pami moun sa yo? Grasa favè san parèy Jewova, w ap pami moun sa yo si w pwofite tout okazyon w jwenn depi kounye a pou w vin gen lafwa e pou w ranfòse lafwa w! — Ebre 10:39.

KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”

^ § 5 Se pa ti tann n ap tann pou sistèm sa a fini! Men, pafwa, nou ka ap mande tèt nou si lafwa nou ap toujou djanm lè sa a. Nan atik sa a, nou pral wè kèk egzanp ak kèk leson ki kapab ede nou fòtifye lafwa nou.