Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

Ann kontinye demontre lanmou fidèl youn pou lòt

Ann kontinye demontre lanmou fidèl youn pou lòt

“Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd.” — ZAK. 7:9.

KANTIK 107 Modèl lanmou Bondye bay la

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki bonjan rezon nou genyen pou n demontre lanmou fidèl youn pou lòt?

 NOU gen bonjan rezon pou n demontre lanmou fidèl youn pou lòt. Ki rezon konsa? Remake ki jan yon seri pwovèb nan Bib la reponn kesyon sa a: “Pinga w janm sispann montre w gen lanmou e ou fidèl. [...] Konsa, w ap vin gen bon konprann e w ap jwenn favè nan men Bondye ak lèzòm.” “Lè yon moun gen yon lanmou ki fidèl, se tèt li l fè byen.” “Moun k ap chèche fè sa ki dwat e k ap chèche lanmou ki fidèl [...] ap jwenn lavi.” — Pwo. 3:3, 4; 11:17, nòt; 21:21.

2 Pwovèb sa yo bay twa rezon ki fè nou dwe demontre lanmou fidèl. Premyèman, lè n demontre lanmou fidèl, nou vin gen anpil valè nan je Bondye. Dezyèmman, lè n demontre lanmou fidèl, sa bon pou nou. Pa egzanp, nou vin gen bon zanmi. Twazyèmman, lè n demontre lanmou fidèl, n ap jwenn benediksyon alavni, san wete lavi ki pap janm fini an. Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n obeyi rapèl Jewova fè a ki di: “Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd.” — Zak. 7:9.

3. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral reponn kat kesyon. Pou kiyès nou dwe demontre lanmou fidèl? Ki sa n ka aprann nan liv Rit la anrapò ak demontre lanmou fidèl? Ki jan nou ka demontre lanmou fidèl jodi a? Ki bon bagay moun ki demontre lanmou fidèl yo ap jwenn?

POU KIYÈS NOU DWE DEMONTRE LANMOU FIDÈL?

4. Ki jan n ka imite Jewova anrapò ak demontre lanmou fidèl? (Mak 10:29, 30).

4 Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, Jewova demontre lanmou fidèl pou moun ki renmen l e k ap sèvi l yo sèlman (Dàn. 9:4). Nou vle “imite Bondye, antanke pitit li renmen”. (Efe. 5:1.) Donk, nou ta renmen gen lanmou fidèl pou frè n ak sè n yo, sa vle di pou n ret atache ak yo. — Li Mak 10:29, 30.

5-6. Bay yon egzanp ki montre sa fidelite vle di.

5 Se sèten n ap dakò plis nou konprann sa lanmou fidèl ye, se plis n ap ka demontre l pou frè n ak sè n yo. Pou n pi byen konprann sa lanmou fidèl ye, ann wè ki rapò li gen ak fidelite, sa vle di fason moun konsidere mo sa a. Ann pran yon egzanp.

 6 Jodi a, nou ka di yon moun ki fè plizyè ane ap travay pou yon konpayi se yon anplwaye ki fidèl. Epoutan, pandan tout ane li fè ap travay pou konpayi a, li gendwa pa janm rankontre okenn nan direktè yo. Li ka pa toujou dakò ak fason konpayi a fonksyone, li ka pa renmen konpayi a, men, li kontan gen yon travay k ap peye l. L ap kontinye travay pou konpayi a jiskaske l pran retrèt li, sof si l ta jwenn yon pi bon djòb yon lòt kote.

7-8. a) Ki sa k pouse yon moun demontre lanmou fidèl? b) Poukisa nou pral egzamine kèk vèsè nan liv Rit la? 

7 Jan nou sot wè sa nan  paragraf 6 la, diferans ki gen ant fidelite ak lanmou fidèl se rezon ki pouse yon moun demontre kalite sa a. Bib la pale de sèvitè Bondye ki te demontre lanmou fidèl, ki sa k te pouse yo fè sa? Se kè yo ki te pouse yo, men se pa paske yo te fòse yo. Ann pran egzanp David. Kè l te pouse l demontre lanmou fidèl pou Jonatan, bon zanmi l lan, menm lè papa Jonatan te vle touye David. Plizyè ane apre lanmò Jonatan, David te kontinye demontre lanmou fidèl pou Mefibochèt, pitit Jonatan. — 1 Sam. 20:9, 14, 15; 2 Sam. 4:4; 8:15; 9:1, 6, 7.

8 Nou ka aprann anpil bagay sou lanmou fidèl lè nou egzamine kèk vèsè nan liv Rit la, yon liv ki nan Bib la. Ki leson nou ka aprann anrapò ak lanmou fidèl nan egzanp kèk moun liv sa a pale de yo? Ki jan nou ka aplike leson sa yo nan kongregasyon nou? *

KI SA N KA APRANN NAN LIV RIT LA ANRAPÒ AK DEMONTRE LANMOU FIDÈL?

9. Poukisa Nawomi te panse Jewova kont li?

9 Nan liv Rit la, nou jwenn istwa Nawomi ak Rit, bèlfi l, ansanm ak istwa yon mesye ki te gen lakrentif pou Bondye ki te rele Bowaz ki te fanmi mari Nawomi. Akoz yon gwo grangou ki te gen ann Izrayèl, Nawomi, mari Nawomi ak de pitit gason yo te genyen yo t al viv Mowab. Pandan yo Mowab, mari Nawomi mouri. De pitit gason l yo te vin marye, men, malerezman yo te mouri tou (Rit 1:3-5; 2:1). Malè sa yo te fè Nawomi vin pi dekouraje toujou. Li te vin tèlman dekouraje, li te panse Jewova te kont li. Men sa l te di: “Jewova vire kont mwen.” “Toupisan an fè lavi a vin anmè anpil pou mwen.” Li te di tou: “Se Jewova ki kont mwen, se Toupisan an ki lage m nan pwoblèm.” — Rit 1:13, 20, 21.

10. Ki jan Jewova te reyaji apre Nawomi te fin di yon seri pawòl dwòl?

10 Ki jan Jewova te reyaji apre Nawomi te fin di pawòl sa yo? Li pa t vire do bay dam sa a ki t ap sèvi l ki te dekouraje. Okontrè, li te montre l konprann li. Jewova konprann, “lè yon moun ki gen sajès anba presyon, sa ka fè l pèdi tèt li”. (Ekl. 7:7.) Aktout sa, Nawomi te bezwen èd pou l te ka konprann Jewova pa t abandone l. Ki jan Bondye te ede l (1 Sam. 2:8)? Li te pouse Rit demontre lanmou fidèl pou Nawomi. Piske Rit te renmen bèlmè l, li te dispoze ede l pou l pa t dekouraje nèt e pou l te ka sonje Jewova toujou renmen l. Ki sa nou aprann nan egzanp Rit?

11. Poukisa anpil frè ak sè ki gen bon kè fè tout sa yo kapab pou yo ede moun ki tris oswa ki dekouraje?

11 Lanmou fidèl pouse nou ede moun ki tris oswa ki dekouraje. Menm jan Rit te ret atache ak Nawomi, anpil frè ak sè ki gen bon kè jodi a kontinye ede moun nan kongregasyon an ki tris oswa ki dekouraje. Yo renmen frè ak sè yo e yo dispoze fè tout sa yo kapab pou ede yo (Pwo. 12:25, nòt; 24:10). Yo aji ann amoni ak ankourajman apot Pòl te bay la ki di: “Pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun.” — 1 Tes. 5:14.

Nou kapab ede yon frè oswa yon sè ki dekouraje lè nou koute l. (Gade paragraf 12.)

12. Byen souvan, ki pi bon fason pou n ede yon frè oswa yon sè ki dekouraje?

12 Souvan, pi bon fason ou ka ede yon frè oswa yon sè ki dekouraje, se lè w koute l ak lè w fè l konnen ou renmen l. Lè w pran ka youn nan ti mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou li, li apresye sa (Sòm 41:1). Pwovèb 19:17 di: “Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.”

Rit ret ansanm ak Nawomi, bèlmè l, alòske Òpa retounen nan peyi Mowab. Rit di Nawomi: “Kote w ale se la m prale.” (Gade paragraf 13.)

13. Ki diferans ki gen ant fason Rit te aji ak fason Òpa te aji, e ki jan Rit te demontre lanmou fidèl? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

13 Nou vin pi byen konprann ki sa lanmou fidèl ye lè nou egzamine sa k te rive Nawomi apre lanmò mari l ak de pitit gason l yo. Lè Nawomi te aprann “Jewova voye je gade pèp Li a, piske li fè yo jwenn manje”, li te deside retounen lakay li (Rit 1:6). Toule de bèlfi l yo te kòmanse fè wout la avè l. Men, pandan yo sou wout, pandan twa fwa Nawomi te ankouraje medam yo pou yo retounen Mowab. Ki sa k te rive? Men sa nou li: “Òpa bo bèlmè l, epi l ale. Men, Rit li menm rete ansanm ak bèlmè l.” (Rit 1:7-14). Òpa te fè sa Nawomi te mande l la, li te retounen Mowab. Men, Rit li menm te fè yon lòt bagay. Li menm tou li te lib pou l te retounen. Men, piske li te gen lanmou fidèl pou bèlmè l ki te nan nesesite, li te deside ret ansanm avè l pou l ede l (Rit 1:16, 17). Rit te chwazi ret ansanm ak Nawomi paske l te vle, men se pa paske li te oblije fè sa. Desizyon Rit te pran an te montre li gen vrè lanmou fidèl la. Ki leson nou aprann nan istwa sa a?

14. a) Jodi a, ki sa anpil frè ak sè ki gen lanmou chwazi fè? b) Selon Ebre 13:16, ki sakrifis ki fè Bondye plezi?

14 Lanmou fidèl pouse nou fè plis pase sa yo mande nou. Menm jan ak nan tan lontan, jodi a, anpil nan frè n ak sè n yo chwazi demontre lanmou fidèl pou kwayan parèy yo, e gen nan yo yo pa menm konnen. Pa egzanp, lè yo aprann gen yon katastwòf natirèl ki fèt, menm kote a, yo chèche konnen ki jan yo kapab bay èd pa yo. Lè yon moun nan kongregasyon an nan gwo pwoblèm, yo chèche konn sa moun nan bezwen byen vit e yo ede l. Menm jan ak kretyen nan vil Masedwàn nan premye syèk la, yo fè plis pase sa yo mande yo. Yo fè anpil sakrifis, yo bay “plis pase sa yo [...] kapab” pou ede frè yo ki nan nesesite (2 Kor. 8:3). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè yo demontre lanmou fidèl fason sa a! — Li Ebre 13:16.

KI JAN NOU KA DEMONTRE LANMOU FIDÈL JODI A?

15-16. Jis nan ki pwen Rit te ensiste?

15 Nou kapab aprann anpil bèl leson lè nou egzamine fason Rit te ede Nawomi. Ann wè kèk nan yo.

16 Kontinye ensiste. Lè Rit te vle al Jida ansanm ak Nawomi, bèlmè l, okòmansman Nawomi pa t dakò. Men, Rit te kontinye ensiste. Ki sa k te vin pase? “Lè Nawomi wè jan Rit ensiste pou l al avè l, li sispann mande l retounen lakay li.” — Rit 1:15-18.

17. Ki sa k ap ede n pou n pa annik bay vag?

17 Leson pou nou: Sa mande pasyans pou n ede moun ki dekouraje, men nou dwe kontinye fè efò pou n ede yo. Yon sè ki bezwen èd ka pa aksepte èd nou ofri l *. Men, lanmou fidèl nou genyen ap pouse n fè tout sa n kapab pou n kontinye chèche ede l (Gal. 6:2). Nou espere finalman l ap dakò pou n ede l e l ap kite nou konsole l.

18. Ki sa k dwe te fè Rit mal?

18 Pa pran sa mal. Lè Nawomi ak Rit te rive Betleyèm, Nawomi te rankontre ak ansyen vwazin li yo. Men sa l te di yo: “Mwen te chaje lè m t aprale, men, Jewova fè m tounen de men vid.” (Rit 1:21). Imajine jan Rit dwe te santi l lè l te tande Nawomi di pawòl sa yo! Li te fè tout sa l kapab pou l ede Nawomi. Li te kriye ansanm avèl l, li te konsole l, e li te fè plizyè jou ap mache avè l. Aktout sa, Nawomi te di: “Jewova fè m tounen de men vid.” Byenke Rit te fè tout sa l kapab pou l te ede Nawomi nan moman sa a, pawòl Nawomi te di yo te montre li pa t rive wè tout efò Rit t ap fè pou ede l. Sa dwe te fè Rit mal! Epoutan, li te ret ansanm ak Nawomi.

19. Ki sa k ap ede n kontinye chèche ede yon moun ki tris oswa ki dekouraje?

19 Leson pou nou: Jodi a, yon sè ki tris oswa ki dekouraje ka di yon bagay ki fè nou mal, malgre tout sa n fè pou n ede l. Men, nou fè efò pou n pa pran sa mal. Nou kontinye chèche ede sè nou an ki nan bezwen, e nou mande Jewova pou l ede n jwenn yon fason pou n konsole sè nou an. — Pwo. 17:17.

Jodi a, ki jan ansyen yo kapab imite Bowaz? (Gade paragraf 20-21.)

20. Ki sa k te bay Rit fòs li te bezwen pou l pa t dekouraje?

20 Ankouraje yon moun lè w wè l bezwen sa. Rit te demontre lanmou fidèl pou Nawomi, men kounye a se Rit ki te vin bezwen ankourajman. Jewova te pouse Bowaz ankouraje l. Men sa Bowaz te di Rit: “Mwen swete pou Jewova beni w pou sa w fè a, pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ba w yon gwo rekonpans, piske w vin chèche pwoteksyon anba zèl li.” Pawòl ankourajan sa yo te touche kè Rit anpil. Se sa k fè li te di Bowaz: “Ou pale avè m yon fason ki ankouraje m.” (Rit 2:12, 13). Pawòl Bowaz te di Rit nan bon moman te bay Rit fòs li te bezwen pou l pa t dekouraje.

21. Jan sa parèt nan Ezayi 32:1, 2, ki sa ansyen yo ki gen sousi pou moun ap fè?

21 Leson pou nou: Pafwa moun ki demontre lanmou fidèl pou lòt moun konn bezwen ankourajman tou. Bowaz te felisite Rit lè l te remake jan Rit te aji byen ak Nawomi. Menm jan an tou jodi a, ansyen yo felisite frè ak sè yo nan kongregasyon an lè yo wè jan yo dispoze ede lòt moun. Lè ansyen yo felisite frè ak sè yo ak tout kè yo nan bon moman, sa ap ba yo fòs yo bezwen pou yo kontinye kenbe. — Li Ezayi 32:1, 2.

KI BYENFÈ MOUN KI DEMONTRE LANMOU FIDÈL YO JWENN?

22-23. Ki jan Nawomi te vin wè bagay yo, e sa k te fè sa? (Sòm 136:23, 26).

22 Yon ti tan annapre, Bowaz te bay Rit ak Nawomi yon bon valè manje (Rit 2:14-18). Ki jan Nawomi te reyaji lè l te wè sa? Men sa l te di: “Mwen swete li jwenn benediksyon nan men Jewova ki pa janm sispann montre lanmou ki fidèl ni pou moun ki vivan ni pou moun ki mouri!” (Rit 2:20a). Nawomi te vin wè bagay yo yon lòt jan! Anvan sa, piske l t ap soufri, li te di: “Se Jewova ki kont mwen.” Kounye a, men sa l di ak kè kontan: “Jewova [...] pa janm sispann montre lanmou ki fidèl.” Ki sa k dwe te fè Nawomi vin wè bagay yo yon lòt jan?

23 Finalman, Nawomi te kòmanse konprann Jewova pa t janm lage l. Jewova te sèvi ak Rit pou l te ba l èd li te bezwen lè l t ap tounen Jida (Rit 1:16). Nawomi te vin konprann tou Jewova pa t abandone l lè Bowaz, youn nan “moun ki [te] gen dwa pou [...] rachte” yo de a, te pran bonjan dispozisyon pou ede yo * (Rit 2:19, 20b). Li dwe te di tèt li: ‘Kounye a, m konprann Jewova pa t janm lage m. Li te toujou avè m!’ (Li Sòm 136:23, 26.) Se pa ti rekonesans Nawomi dwe te genyen lefètke Rit ak Bowaz pa t lage l! Nou ka imajine ki jan yo toule twa te kontan anpil pou jan tout bagay te pase.

24. Poukisa nou vle kontinye demontre lanmou fidèl pou frè n ak sè n yo?

24 Ki sa nou aprann nan liv Rit la sou lanmou fidèl? Lanmou fidèl ap ede n pou n pa annik vag sou frè ak sè ki tris oswa ki dekouraje. Li pouse n fè sakrifis tou pou n kapab ede yo. Ansyen yo bezwen bay moun ki demontre lanmou fidèl pou lòt moun bonjan ankourajman nan moman yo bezwen sa. Lè n wè jan moun ki te bezwen èd rejwenn fòs pou yo kontinye sèvi Jewova, nou santi n kontan anpil (Tra. 20:35). Men, ki pi gwo rezon nou genyen pou n kontinye demontre lanmou fidèl? Se paske nou vle imite Jewova, ki gen “anpil lanmou fidèl”, e nou vle fè l plezi. — Egz. 34:6; Sòm 33:22.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

^ § 5 Jewova vle nou demontre lanmou fidèl pou frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Nou ka pi byen konprann ki sa lanmou fidèl ye lè nou chèche konprann fason kèk sèvitè Bondye nan tan lontan te demontre kalite sa a. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa nou ka aprann nan egzanp Rit, Nawomi ak Bowaz.

^ § 8 Pou w pi byen konprann leson ki nan atik sa a, nou ankouraje w li Rit chapit 1 ak chapit 2.

^ § 17 Piske n ap egzamine egzanp Nawomi, nou pale de sè ki nan bezwen. Men, leson ki nan atik sa a valab pou frè yo tou.

^ § 23 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou wòl Bowaz antanke moun ki te gen dwa pou l rachte lòt moun, gade atik ki gen tit “Imitez leur foi — ‘Une excellente femme’” ki parèt nan Toudegad 1ye oktòb 2012, paj 20.