Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen t ap chèche bay lavi m yon sans

Mwen t ap chèche bay lavi m yon sans

PANDAN mwen te nan vye bato m nan nan mitan lanmè Meditèrane, se pa ti sezi mwen te sezi wè tout dlo ki t ap antre nan yon twou ki te nan bato a! Epi, te vin gen yon tanpèt. Mwen te kòmanse pè, e m te priye pou premye fwa depi plizyè ane. Ki jan m te fè nan sitiyasyon sa a? Kite m rakonte nou sa k te pase.

Lè m te gen setan, fanmi m avè m t ap viv nan peyi Brezil.

Mwen fèt Peyiba nan ane 1948. Nan ane ki te vin annapre a, fanmi m t al viv Sawo Polo, nan peyi Brezil. Paran m te renmen legliz anpil, e tout fanmi an te konn li Labib regilyèman apre nou te fin soupe. An 1959, nou te deplase ankò, men fwa sa a nou t al viv Ozetazini, e nou te abite Masachousèt.

Papa m te travay di pou l pran swen fanmi nou ki te gen uit moun ladan l. Li te konn fè divès kalite travay. Li te travay kòm demachè, li te travay nan konstriksyon wout e li te travay pou yon konpayi avyon ki fè vwayaj entènasyonal. Se pa ti kontan fanmi an te kontan lè papa m te jwenn travay nan konpayi sa a paske sa te pèmèt nou vwayaje anpil!

Lè m te nan segondè, mwen te konn mande tèt mwen: ‘Ki sa m ap fè lè m vin gran?’ Kèk nan zanmi m yo te chwazi al nan inivèsite, e kèk lòt t al nan lame. Men mwen menm, mwen pa t nan zafè lame a menm paske m pa t janm renmen fè kont, alewè pou m ta al nan goumen. Mwen te deside al nan inivèsite pou m pa t al nan lame. Men, tout sa m te vle se te ede moun, paske m te panse sa t ap bay lavi m yon vrè sans.

LÈ M TE NAN INIVÈSITE

Mwen te fè plizyè ane ap chèche sans lavi a.

Nan inivèsite a, mwen te enterese nan antwopoloji, paske m te vle konnen ki kote lavi soti. Yo te anseye nou evolisyon e yo te vle nou kwè se laverite. Men, gen kèk esplikasyon ki pa t fin fè sans pou mwen e ki te mande pou m kwè san m pa konprann, sa ki pa ann amoni ak lasyans.

Nan kou m te suiv yo, yo pa t anseye nou bonjan prensip moral. Okontrè, yo te aprann nou pou n fè nenpòt bagay pou nou reyisi. Mwen te renmen al nan fèt e m te konn pran dwòg. Sa te fè kè m kontan, men, se te pou yon ti tan sèlman. Mwen te konn ap mande tèt mwen: ‘Èske se sa ki vrè sans lavi a?’

Nan menm epòk sa a, mwen t al viv Boston e m t al nan yon inivèsite nan vil la. Pou m te ka peye inivèsite a, mwen te fè yon ti djòb pandan vakans, e se la mwen te rankontre Temwen Jewova yo pou premye fwa. Gen yon kòlèg travay mwen ki te pale avè m sou pwofesi “sèt tan” yo nou jwenn nan Dànyèl chapit 4 e l te fè m konnen n ap viv nan tan lafen an (Dàn. 4:13-17). Tousuit, mwen te rann mwen kont si m kontinye konvèsasyon sa yo e m pran sa oserye, mwen t ap oblije chanje fason m t ap viv. Se sa k fè mwen te fè tout sa m kapab pou m mawon misye.

Nan inivèsite a, mwen te pran yon seri kou ki t ap prepare m pou m al sèvi kòm volontè ann Amerik disid. Mwen te panse lè m fè bon aksyon pou m ede lòt moun ki bezwen èd, sa t ap bay lavi m yon sans. Men, mwen te rann mwen kont sa m te panse a se pa t sa. Se sa k fè mwen te kite inivèsitè a apre sis mwa.

MWEN TE KONTINYE CHÈCHE BAY LAVI M YON SANS NAN PEYI KI BYEN LWEN

An me 1970, mwen t al viv Amstèdam, nan Peyiba, kote m te travay pou menm konpayi avyon papa m te travay pou li a. Travay sa a te pèmèt mwen vwayaje anpil. Mwen te vizite plizyè peyi ann Afrik, ann Amerik, ann Ewòp ak ann Azi. Byen vit mwen te rann mwen kont kèlkeswa peyi mwen te vizite, yo tout te gen gwo pwoblèm e yo youn pa t sanble jwenn solisyon pou pwoblèm sa yo. Piske m te toujou vle fè yon bagay enpòtan nan lavi m, mwen te deside retounen Ozetazini e m t al etidye nan menm inivèsite a nan Boston.

Sepandan, lè m te retounen nan inivèsite a, mwen pa t pran tan pou m te rann mwen kont mwen te toujou pa jwenn repons pou kesyon mwen t ap poze sou lavi a. Kòm mwen pa t konn sa pou m fè, mwen t al mande pwofesè antwopoloji a konsèy. Mwen te sezi lè l te di m: “Poukisa w pa annik kite inivèsite a?” Mwen pa t kite l di m sa de fwa. Donk, mwen te kite inivèsite a pou toutbon.

Kòm mwen te toujou santi lavi m pa gen sans, mwen te deside fè pati yon gwoup ki te rejte fason moun yo viv nan sosyete a e ki te sanble ap ankouraje lapè ak lanmou. Mwen menm ak kèk zanmi te vwayaje sot Etazini e nou te rive Akapoulko, nan peyi Meksik. Nou te viv ansanm ak ipi yo ki te sanble pa gen okenn pwoblèm. Men, lè m t ap viv ansanm avèk yo, mwen pa t pran tan pou m te vin wè fason y ap viv la pa gen sans e yo pa gen vrè kè kontan an. Okontrè, mwen te wè anpil nan yo pa t onèt e yo pa t fidèl.

M TE KONTINYE CHÈCHE BAY LAVI M YON SANS LÈ M TE NAN YON BATO A VWAL

Mwen menm ki ansanm ak yon zanmi m, mwen t ap chèche jwenn yon zile ki tankou yon paradi.

Pandan tan sa a, mwen te vin ap panse ak yon bagay mwen te vle fè lè m te timoun. Mwen te vle vwayaje sou lanmè, pa antanke maren, men, antanke kapitèn. Sèl fason mwen t ap ka fè sa se si m ta vin gen pwòp bato pa m. Piske mwen te gen yon zanmi ki rele Tom ki te vle fè menm bagay avè m, nou te deside vwayaje sou lanmè toupatou nan monn nan. Mwen te vle jwenn yon zile ki tankou yon paradi nan yon zòn twopikal kote m pa t ap gen pou m suiv yon seri règ ki gen nan sosyete a.

Mwen menm ak Tom t al yon kote ki rele Arenys de Mar, toupre Baselòn, nan peyi Espay. Lè nou te rive, nou te achte yon bato a vwal ki te mezire 9,4 mèt ki te rele Llygra. Nou te kòmanse repare ti bato a pou n te ka pran lanmè san pwoblèm. Piske nou pa t prese pou n rive kote n te vle ale a, nou te retire motè a e nou te itilize espas kote l te ye a pou n te met plis dlo pou n bwè. Pou n te ka dirije bato a nan ti waf yo, nou te gen de zaviwon ki te mezire 5 mèt longè. Finalman, nou te fè vwal pou n al sou zile Sechèl nan oseyan Endyen. Objektif nou se te pase bò kot lwès Afrik ak kap Bònesperans, ann Afrik disid. Nou te sèvi ak zetwal yo, ak kèk kat, kèk liv ak yon aparèy byen senp pou n te jwenn bon direksyon an. Mwen te sezi wè jan nou te rive konn egzakteman ki kote n ye.

Nou pa t pran tan pou n te vin rann nou kont vye bato bwa sa a pa t ap ka vwayaje sou gwo lanmè. Te gen anviwon sis galon dlo ki t ap antre ladan l chak inèdtan. Jan m te di sa nan kòmansman atik la, lè te vin gen yon tanpèt, mwen te vin pè, e m te priye Bondye pou premye fwa depi plizyè ane. Mwen te pwomèt li, si nou pa mouri, m ap chèche konnen l. Tanpèt la te vin kalme, e m te kenbe pwomès mwen.

Pandan m te sou lanmè a, mwen te kòmanse li Labib. Imajine mwen menm ki chita nan mitan lanmè Meditèrane, sèl sa m te ka wè se divès kalite pwason k ap vòltije toutotou m, dofen ak dènye pwent lanmè a. Nan aswè, mwen te konn kontan wè galaksi Lavwa Lakte, e m te vin gen plis konviksyon gen yon Bondye ki enterese nan lèzòm.

Apre nou te fin pase kèk semèn sou lanmè, nou te kochte nan waf Alikante, ann Espay, e nou te met bato nou an pou vann pou n te ka achte youn ki pi bon. Nou pa t sezi wè jan li pa t fasil pou n te jwenn yon moun pou achte yon vye bato a vwal ki pa t gen motè e ki te koule! Yon lòt bò, se te yon bon moman pou m li Bib la.

Plis mwen te li Bib la se plis mwen te wè se yon liv ki kapab ede m viv ak kè kontan. Mwen te sezi wè jan Bib la pale klè sou fason pou yon moun mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral, e m t ap mande tèt mwen poukisa anpil moun, san wete mwen menm, konsidere tèt yo kòm kretyen, alòske yo pa suiv sa l di.

Mwen te pran detèminasyon pou m fè gwo efò pou m met lòd nan lavi m, se sa k fè mwen te sispann pran dwòg. Mwen te panse dwe gen moun ki suiv prensip moral ki nan Bib la e m te vle rankontre moun sa yo. Sa fè dezyèm fwa mwen te priye Bondye, m te mande l ede m jwenn moun sa yo.

MWEN T AP CHÈCHE VRÈ RELIJYON AN

Sa te parèt lojik pou m te egzamine relijyon yo youn apre lòt jiskaske m te jwenn vrè relijyon an. Pandan m t ap mache nan lari Alikante, mwen te wè plizyè lokal kote gen relijyon ki reyini. Men, piske pifò te gen imaj, li te fasil pou m wè se pa t vrè relijyon an.

Yon dimanch aprèmidi, pandan m te sou yon ti mòn ki bay sou waf la, mwen t ap li Jak 2:1-5, ki fè konnen nou pa dwe nan patipri ak yon moun paske l rich. Pandan m t ap retounen nan bato nou an, mwen te pase bò kot yon lokal kote yo t ap fè yon reyinyon ki te gen yon ansèy anlè pòt la ki te ekri: “Sal Wayòm Temwen Jewova.”

Mwen te di tèt mwen: ‘Kite m teste moun sa yo pou m wè ki jan y ap resevwa m.’ Donk, mwen te antre nan Sal Wayòm nan pye atè, ak bab nan figi m, ak yon djin chire sou mwen. Frè ki te akeyi m nan te mete m chita toupre yon dam aje ki te byen janti ki te ede m jwenn vèsè oratè a te site yo. Apre reyinyon an, se pa ti sezi m te sezi wè jan tout moun ki te vin salye m yo te janti. Te gen yon mesye ki te envite m lakay li pou n pale plis sou Bib la, men, kòm m potko fin li Bib la, mwen te di l: “M a fè w konnen lè m pare.” Pandan tan sa a, mwen te kontinye asiste tout reyinyon yo.

Plizyè semèn annapre, mwen t al lakay mesye a e l te reponn kesyon m te gen sou Bib la. Yon semèn apre, li te ban m yon valiz ki chaje ak bon rad. Li te fè m konnen mèt rad sa yo nan prizon paske l t ap obeyi lòd Bib la bay pou nou renmen youn lòt e pou n pa aprann fè lagè ankò (Eza. 2:4; Jan 13:34, 35). Lè sa a mwen te vin gen asirans mwen te jwenn sa m t ap chèche a: yon seri moun k ap aplike sa Bib la di aklè sou fason pou moun mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral. Mwen pa t gen objektif pou m te chèche yon zile ki tankou yon paradi ankò, men pou m te etidye Labib pou m te ka konprann li pi byen. Donk, mwen te retounen Peyiba.

MWEN T AP CHÈCHE YON TRAVAY

Mwen te pran kat jou pou m te rive nan vil Gwoningenn nan Peyiba. Lè m te rive, mwen te bezwen jwenn yon travay pou m pran swen tèt mwen. Mwen t al chèche travay nan yon chòp kote yo fè travay chapant. Fòmilè yo te ban m ranpli a te gen yon kesyon ki mande nan ki relijyon m ye. Mwen te ekri: “Temwen Jewova.” Lè mèt chòp la li fòmilè a, m te ka wè jan figi l te vin chanje. Li te di: “M a rele w.” Men l pa t janm fè sa.

Nan yon lòt chòp chapant, m te mande mèt chòp la si l pa bezwen moun pou ede l. Li te mande m si m gen diplòm ak lèt referans. M te fè l konnen mwen te konn fè reparasyon sou yon bato bwa. M te sezi lè l te di: “Ou kapab kòmanse aprèmidi a, men ak yon sèl kondisyon. Mwen pa vle w bay okenn pwoblèm nan chòp mwen an paske m se Temwen Jewova e m ap suiv prensip ki nan Bib la.” M te gade l tou sezi e m te reponn li: “Mwen menm tou m se Temwen Jewova!” Piske cheve m te long e m te gen bab, li te di: “Ebyen m ap etidye Labib avè w.” Mwen te byen kontan di l wi. Mwen te vin konprann poukisa mèt lòt chòp la pa t janm rele m. Se Jewova ki t ap reponn priyè m (Sòm 37:4). Mwen te fè ennan ap travay nan chòp frè sa a. Pandan tan sa a, li te etidye Labib avè m, e m te batize an janvye 1974.

FINALMAN LAVI M TE VIN GEN YON SANS!

Yon mwa annapre, mwen te kòmanse yon nouvo karyè, mwen te pran sèvis pyonye, e sa te fè m kontan anpil. Nan mwa ki te vin annapre a, m t al viv Amstèdam pou m te ka ede yon nouvo gwoup nan lang espayòl. Mwen te vrèman kontan fè etid ak moun ki pale espayòl ak pòtigè. An me 1975, mwen te jwenn privilèj pou m al sèvi kòm pyonye espesyal.

Yon jou, gen yon sè pyonye espesyal ki rele Ineke ki te vin nan reyinyon nou an ki te fèt ann espayòl pou l te fè n fè konesans ak etidyan l ki sot nan peyi Bolivi. Mwen menm ak Ineke, nou te deside ekri youn lòt pou youn te ka aprann konn lòt, e nou te vin wè nou gen menm objektif. Nou te marye an 1976 e nou te kontinye sèvi kòm pyonye espesyal jis nan ane 1982, lè yo te envite nou nan 73yèm klas Lekòl Galaad. Nou te sezi anpil e nou te vrèman kontan lè yo te voye nou ann Afrik delès, kote nou te fè senkan ap sèvi nan Monbasa, nan peyi Kenya. An 1987, yo te voye nou al sèvi Tanzani, kote yo te leve entèdiksyon sou travay predikasyon an. Nou te fè 26 an la anvan nou te retounen Kenya.

Mwen menm ak madanm mwen te vrèman kontan ede moun ann Afrik delès yo aprann verite ki nan Bib la.

Lefètke n ap ede moun ki gen imilite aprann verite ki nan Bib la, sa bay lavi nou sans toutbon. Pa egzanp, premye etidyan m te gen nan Monbasa se te yon mesye m te rankontre pandan m t ap bay temwayaj an piblik. Apre m te fin ba l de peryodik, li te di: “Si m fin li yo, ki sa pou m fè apre sa?” Semèn apre a, nou te kòmanse etidye Bib la nan liv Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis ki te fèk parèt nan lang swayili. Ennan annapre, li te batize e li te vin pyonye pèmanan. Depi lè sa a, li menm ak madanm li te rive ede anviwon 100 moun vwe Jewova lavi yo epi batize.

Mwen menm ak Ineke wè jan Jewova ede sèvitè l yo gen yon lavi ki gen anpil sans.

Lè m te fèk konprann sans lavi a, mwen te santi m menm jan ak komèsan ki t ap vwayaje ki te rive jwenn yon bèl grenn pèl e ki pa t vle pèdi l (Mat. 13:45, 46). M te vle sèvi ak lavi m pou m ede lòt moun jwenn vrè sans lavi a. Mwen menm ak madanm mwen, m renmen anpil la, rive wè jan Jewova ede pèp li a mennen yon vi ki gen anpil sans.