Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 46

Nou menm ki fèk marye, bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi n

Nou menm ki fèk marye, bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi n

“Jewova se fòs mwen [...]. Mwen fè l konfyans ak tout kè m.” — SÒM 28:7.

KANTIK 131 “Sa Bondye met anba menm jouk”

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Poukisa moun ki fèk marye yo dwe met konfyans yo nan Jewova? (Sòm 37:3, 4). b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?

 ÈSKE W pral marye, oswa èske w fèk marye? Si repons lan se wi, se sèten ou vrèman anvi viv ansanm ak moun ou renmen anpil la. Se vre maryaj gen difikilte pa l, e w ap gen pou w pran yon seri desizyon enpòtan. Fason w pral reyaji devan difikilte sa yo ak fason w pral pran desizyon ap montre si w ap gen kè kontan pi devan nan maryaj ou. Si w konte sou Jewova, w ap pran bon desizyon, maryaj ou ap solid, e w ap gen plis kè kontan. Men, si w pa suiv konsèy Bondye bay, se sèten w ap jwenn anpil pwoblèm k ap gen move efè sou maryaj ou, e w pap gen kè kontan. — Li Sòm 37:3, 4.

2 Byenke atik sa a se pou moun ki fèk marye, l ap pale sou difikilte tout moun ki marye kapab jwenn. L ap montre sa nou ka aprann nan egzanp kèk gason ak fi ki te fidèl Bib la pale de yo. Egzanp sa yo nou jwenn nan Bib la aprann nou yon seri leson nou ka aplike nan divès aspè nan lavi nou, e menm nan maryaj nou. Epitou, nou pral wè sa nou ka aprann nan eksperyans kèk mari ak madanm fè jodi a.

KI DIFIKILTE MOUN KI FÈK MARYE YO KA JWENN?

Ki desizyon moun ki fèk marye yo ka pran ki ka anpeche yo fè plis nan sèvis y ap bay Jewova a? (Gade paragraf 3-4.)

3-4. Ki difikilte moun ki fèk marye yo ka jwenn?

3 Gen moun ki ka ankouraje de moun ki fèk marye pou yo mennen yon vi ki swadizan nòmal. Pa egzanp, paran yo ak lòt moun nan fanmi yo ka ap ba yo presyon pou yo fè pitit tousuit. Oubyen zanmi ki gen bon entansyon ak lòt moun nan fanmi moun sa yo ka ankouraje yo pou yo achte kay e pou yo plen l ak bèl bagay.

4 Si de moun ki fèk marye pa fè atansyon, yo ka pran yon seri desizyon ki ka fè yo vin chaje ak dèt. Epitou, ni mari a ni madanm nan pral oblije fè anpil tan ap travay pou yo ka peye dèt sa yo. Yo ka tèlman ap travay, yo pa gen ase tan pou yo fè etid pèsonèl, adorasyon an fanmi ak travay predikasyon an. Yo ka pa menm al nan reyinyon pou yo fè siplemantè pou yo ka fè plis kòb oswa pou yo pa pèdi travay yo. Si yo ta fè sa, yo t ap pèdi yon seri bèl okazyon pou yo fè plis nan sèvis Jewova a.

5. Ki sa w aprann nan egzanp Klaus ak Marisa?

5 Gen anpil egzanp ki montre, si sa ki pi enpòtan nan lavi nou se chèche gen byen materyèl, nou pap gen kè kontan. Ann wè ki sa yon mari ak madanm ki rele Klaus ak Marisa te aprann nan sans sa a *. Lè yo te fèk marye, yo toule de t ap travay aplentan pou yo te fè plis lajan pou yo te ka viv alèz. Men, yo pa t vrèman gen kè kontan. Men sa Klaus admèt: “Nou te gen plis pase sa nou te bezwen pou n viv, men, nou pa t gen okenn objektif pou n fè plis pou Jewova. Pou m onèt, lavi n te konplike e n te gen anpil strès.” Petèt, ou menm tou, ou remake lè w toujou ap chèche gen byen materyèl ou pa satisfè. Si se ka pa w, pa dekouraje. Ann egzamine kèk bèl egzanp lòt moun bay ki kapab ede w nan sans sa a. Toudabò, ann wè ki sa mari yo ka aprann nan egzanp wa Jozafa.

FÈ JEWOVA KONFYANS, MENM JAN AK WA JOZAFA

6. Ki jan wa Jozafa te suiv konsèy ki nan Pwovèb 3:5, 6 la lè l te vin nan gwo pwoblèm?

6 Ou menm mari, èske pafwa ou konn santi w gen twòp responsablite? Si w konn santi sa, egzanp wa Jozafa kapab ede w. Antanke wa, Jozafa te responsab tout yon nasyon! Ki jan l te ranpli gwo responsablite sa a? Jozafa te fè sa l kapab pou l pwoteje moun ki te anba otorite l yo. Li te bati kote ki byen pwoteje nan vil Jida yo e li te met yon gwo lame sou pye ki te gen plis pase 1 160 000 sòlda (2 Kwo. 17:12-19). Annapre, Jozafa te vin nan gwo pwoblèm. Gen yon gwo lame ki te gen desandan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun nan zòn ki gen mòn nan Seyi yo ki te menase li menm ak fanmi l ak pèp li a (2 Kwo. 20:1, 2). Ki sa Jozafa te fè? Li te mande Jewova pou l ba l èd ak fòs. Sa l te fè a te ann amoni ak konsèy saj nou jwenn nan Pwovèb 3:5, 6. (Li vèsè yo.) Priyè Jozafa te fè avèk imilite, jan nou wè sa nan 2 Kwonik 20:5-12, montre jis nan ki pwen li te met konfyans li nan Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou. Ki jan Jewova te reponn priyè Jozafa a?

7. Ki jan Jewova te reponn priyè Jozafa a?

7 Jewova te sèvi ak yon Levit ki te rele Jayazyèl pou l te pale ak Jozafa. Men sa Jewova te di: “Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou.” ​(2 Kwo. 20:13-17). Nòmalman, se pa konsa lagè konn fèt! Men, se pa yon senp moun ki te bay enstriksyon sa yo, se Jewova ki te bay yo. Jozafa te met tout konfyans li nan Bondye l la, e li te fè sa Jewova te mande l fè yo. Lè li menm ak pèp li a te soti pou y al fè fas ak ènmi an, se pa t sòlda ki te pi fò yo li te met devan, men, se te yon seri chantè ki pa t gen zam nan men yo. Jewova te kenbe pwomès li te fè Jozafa a, Li te pot laviktwa sou lame ènmi an. — 2 Kwo. 20:18-23.

Moun ki fèk marye yo ka bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo lè yo priye l e lè yo etidye Pawòl li a. (Gade paragraf 8-10.)

8. Ki sa mari yo ka aprann nan egzanp Jozafa?

8 Nou menm mari, nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozafa. Nou gen responsablite pou n pran swen fanmi nou, se sa k fè nou travay di pou n pwoteje yo e pou n pran swen yo. Lè w ap fè fas ak pwoblèm, ou ka santi w kapab rezoud yo poukont ou. Men, veye pou w pa konte sou pwòp fòs ou. Okontrè, lè w ap priye poukont ou, mande Jewova pou l ede w, apre sa, priye ansanm ak madanm ou ak tout kè w. Chèche direksyon Jewova lè w etidye Bib la ak piblikasyon òganizasyon Bondye a pibliye yo, epi aplike konsèy ou jwenn yo. Gen moun ki ka pa dakò ak desizyon w pran ki baze sou Bib la. E yo ka menm di ou aji tankou moun sòt. Yo ka di lajan ak tout sa lajan ka achte se pi bon fason pou w pwoteje fanmi w. Men, sonje egzanp Jozafa. Li te met konfyans li nan Jewova e li te montre sa nan aksyon l. Jewova pa t abandone mesye sa a ki te fidèl, e li pap abandone w (Sòm 37:28; Ebre 13:5). Ki sa moun ki marye yo ka fè pou yo sèten y ap gen kè kontan nan lavi yo?

BAY JEWOVA PREMYE PLAS NAN LAVI W, MENM JAN AK EZAYI AK MADANM LI

9. Ki sa nou kapab di konsènan pwofèt Ezayi ak madanm li?

9 Pwofèt Ezayi ak madanm li te bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo. Ezayi te yon pwofèt, e sanble madanm li te gen pwòp travay pa l pou l fè kòm pwofèt tou, piske yo te rele l “dam ki pwofèt la”. (Eza. 8:1-4.) Antanke mari ak madanm, li klè Ezayi ak madanm li te bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi yo. Ala yon bèl egzanp pou moun ki marye yo jodi a!

10. Lè moun ki marye yo etidye pwofesi ki nan Bib la, ki jan sa ka ede yo pran detèminasyon pou yo fè tout sa yo kapab pou Jewova?

10 Jodi a, moun ki marye yo kapab bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo lè yo fè tout sa yo kapab nan sèvis li. Yo kapab chèche vin gen plis konfyans nan Jewova lè yo etidye pwofesi yo ansanm, e lè yo chèche wè fason pwofesi sa yo toujou reyalize * (Tit 1:2). Yo kapab reflechi sou fason yo ka patisipe nan akonplisman yon seri pwofesi ki nan Bib la. Pa egzanp, yo ka patisipe nan akonplisman pwofesi Jezi te bay konsènan bon nouvèl la yo t ap gen pou preche sou tout tè a anvan lafen an rive (Mat. 24:14). Plis yon mari ak madanm gen konviksyon pwofesi ki nan Bib la ap reyalize, se plis y ap vin gen detèminasyon pou yo fè tout sa yo kapab pou Jewova.

BAY WAYÒM NAN PREMYE PLAS NAN LAVI W, MENM JAN AK PRISIL AK AKILA

11. Ki sa Prisil ak Akila te rive fè, e poukisa?

11 Moun ki fèk marye yo ka aprann nan egzanp Prisil ak Akila, yon mari ak madam ki te Juif ki t ap viv nan vil Wòm. Yo te tande bon nouvèl konsènan Jezi a e yo te vin kretyen. Pa gen dout, yo te renmen fason yo t ap viv la, men, lavi yo te vin chanje sanzatann lè anperè Klod te bay lòd pou tout Juif kite vil Wòm. Reflechi sou sa sa te vle di pou Akila ak Prisil. Yo te oblije kite yon zòn yo te byen konnen, yo t al viv nan yon lòt kay, e yo te rekòmanse biznis tant yo a yon lòt kote. Èske chanjman sa yo ki te vin fèt nan lavi yo te anpeche yo bay Wayòm nan premye plas? Sandout ou konn repons kesyon sa a. Lè Akila ak Prisil t al viv nan vil Korent, yo te ede kongregasyon ki te nan zòn sa a, e yo te kolabore ak apot Pòl pou fòtifye frè yo. Annapre, yo t al viv nan lòt vil kote yo te bezwen plis moun pou preche (Tra. 18:18-21; Wom. 16:3-5). Yo dwe te gen anpil aktivite pou yo fè, e se sèten yo te satisfè ak lavi yo t ap mennen an!

12. Poukisa de moun ki marye dwe chèche gen objektif nan sèvis y ap bay Jewova a?

12 Jodi a moun ki marye yo kapab bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo, menm jan ak Prisil ak Akila. Pi bon lè pou yo pale sou objektif yo nan lavi a se lè yo renmen. Lè de moun ki marye pran desizyon ansanm e yo fè efò pou yo reyalize objektif yo genyen nan sèvis Jewova a, sa ba yo plis posiblite pou yo wè Jewova k ap ede yo nan lavi yo (Ekl. 4:9, 12). Ann pran egzanp Russell ak Elizabeth. Men sa Russell di: “Lè nou te renmen, nou te pale klè sou sa nou te vle fè pou Jewova.” Elizabeth di: “Nou te pale sou sa, dekwa pou lè nou t ap gen pou n pran desizyon pi devan, nou te ka sèten chwa nou fè yo pa t ap anpeche n reyalize objektif sa yo.” Sitiyasyon Russell ak Elizabeth te pèmèt yo al viv Mikwonezi pou yo t al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè.

Moun ki fèk marye yo ka bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo lè yo fikse yon seri objektif nan sèvis li. (Gade paragraf 13.)

13. Selon Sòm 28:7, ki sa k ap rive lè n met konfyans nou nan Jewova?

13 Gen anpil mari ak madanm ki suiv egzanp Russell ak Elizabeth. Yo chwazi viv yon fason ki senp pou yo ka fè tout sa yo kapab nan travay preche ak anseye a. Lè de moun ki marye chèche gen bonjan objektif nan sèvis Jewova a e yo fè efò pou yo reyalize objektif sa yo, y ap jwenn bon rezilta. Epitou, y ap wè jan Jewova gen sousi pou yo, y ap vin gen plis konfyans nan li, e y ap gen kè kontan toutbon. — Li Sòm 28:7.

FÈ PWOMÈS JEWOVA YO KONFYANS, MENM JAN AK APOT PYÈ AK MADANM LI

14. Ki jan apot Pyè ak madanm li te montre yo kwè nan pwomès Jewova fè ki nan Matye 6:25, 31-34?

14 Moun ki marye yo ka aprann anpil bagay tou nan egzanp apot Pyè ak madanm li. Soti anviwon sis mwa rive ennan apre apot Pyè te fin rankontre Jezi pou premye fwa, li te gen pou l pran yon desizyon enpòtan. Se lapèch Pyè te konn fè pou l viv. Donk, lè Jezi te envite l pou l vin suiv li nèt, li te oblije panse ak fanmi l (Lik 5:1-11). Pyè te chwazi akonpaye Jezi nan travay predikasyon an. Li te fè bon chwa a! E nou gen bonjan rezon pou n kwè madanm Pyè te soutni desizyon l te pran yo. Bib la fè konnen, apre Jezi fin resisite, gende lè madanm Pyè te konn akonpaye Pyè (1 Kor. 9:5). Pa gen dout, egzanp madanm Pyè te bay antanke kretyen te fè Pyè alèz pou l bay mari ak madanm ki kretyen yo konsèy, jan nou wè sa nan Bib la (1 Pyè 3:1-7). Li klè, ni Pyè, ni madanm li te kwè nan pwomès Jewova fè pou l pran swen yo si yo bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo. — Li Matye 6:25, 31-34.

15. Ki sa w aprann nan eksperyans Tiago ak Esther te fè?

15 Si w gen kèk ane depi w marye, ki sa k ap ede w pou w kontinye anvi fè plis nan sèvis Jewova a? Youn nan bagay k ap ede w, se lè w aprann nan eksperyans lòt moun ki marye. Pa egzanp, ou kapab li seri atik ki gen tit “Yo te ofri tèt yo volontèman”. Atik sa yo te fè Tiago ak Esther, yon mari ak madanm nan peyi Brezil, vin pi anvi al sèvi kote ki gen plis bezwen. Men sa Tiago esplike: “Pandan nou t ap li yon seri eksperyans sou fason Jewova te ede sèvitè l nan epòk nou an, nou menm tou, nou te vle wè men Jewova k ap gide n e k ap ede n.” Rive yon lè, yo t al viv Paragwe, e depi 2014, y ap sèvi nan tèritwa ki gen moun ki pale pòtigè. Men sa Esther di: “Nou toule de renmen pawòl ki nan Efezyen 3:20 yo anpil. Pandan plizyè fwa, nou wè pawòl sa yo reyalize nan sèvis n ap bay Jewova a.” Nan lèt sa a Pòl te ekri kretyen nan vil Efèz yo, li te pwomèt Jewova ap fè pi plis pase sa nou mande. Se toutan pwomès sa a ap reyalize!

Moun ki fèk marye yo ka bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo lè yo chèche konsèy nan men moun ki gen matirite. (Gade paragraf 16.)

16. Nan men kiyès jèn ki marye yo ka chèche konsèy lè y ap reflechi pou yo wè si y ap ka reyalize objektif yo gen nan lavi yo?

16 Jodi a, jèn ki marye yo kapab jwenn byenfè nan eksperyans lòt moun ki te aprann konte sou Jewova. Gen kèk mari ak madanm ki te pase plizyè dizèn ane nan sèvis aplentan. Sa w panse si w ta mande yo konsèy pou w wè si w ap ka reyalize objektif ou genyen yo? Se yon lòt fason w ap montre ou met konfyans ou nan Jewova (Pwo. 22:17, 19). Ansyen yo tou ka ede jèn ki marye yo pou yo fikse yon seri objektif nan sèvis Bondye a e pou yo chèche reyalize yo.

17. Ki jan sa te pase pou Klaus ak Marisa, e ki sa nou ka aprann nan eksperyans yo?

17 Pafwa, sa nou vle fè nan sèvis nou pou Jewova ka pa toujou fèt jan nou te panse a. Ann pran egzanp Klaus ak Marisa, nou te pale de yo pi wo a. Apre twazan maryaj, yo te kite kay yo e yo t al sèvi kòm volontè nan konstriksyon ki t ap fèt nan biwo filyal peyi Fenlann nan. Men, yo te vin aprann yo pa t ap pèmèt yo rete plis pase sis mwa. Okòmansman, sa te fè yo tris. Men, yon ti tan apre sa, yo te envite yo pou y al suiv yon kou ki t ap fèt nan lang arab. Kounye a, yo kontan lefètke y ap sèvi nan yon lòt peyi nan yon tèritwa ki gen moun ki pale arab. Lè Marisa ap reflechi ak sa k te pase a, li di: “Mwen te pè fè yon bagay mwen pa t janm fè anvan, e m te bezwen met konfyans mwen nan Jewova nèt. Mwen te wè jan Jewova te toujou ede n fason nou pa t atann. Eksperyans sa a te fè m vin gen plis konfyans nan Jewova.” Jan egzanp nou sot wè la a montre sa, ou kapab gen asirans Jewova ap toujou rekonpanse w si w met konfyans ou nan li nèt.

18. Ki sa moun ki marye yo kapab fè pou yo kontinye met konfyans yo nan Jewova?

18 Maryaj se yon kado Jewova bay (Mat. 19:5, 6). Li vle moun ki marye yo jwi kado sa a (Pwo. 5:18). Nou menm jèn ki fèk marye, reflechi sou sa n ap fè ak lavi n. Èske n ap fè tout sa n kapab pou n montre Jewova nou apresye kado li ban nou yo? Priye Jewova, epi egzamine Pawòl li a pou w jwenn prensip ou kapab aplike nan sitiyasyon pa w. Apre sa, suiv konsèy Jewova ba w yo. Ou mèt gen asirans, w ap gen kè kontan nan lavi w e w ap jwenn satisfaksyon si w bay sèvis Jewova a premye plas nan maryaj ou!

KANTIK 132 Kounye a, nou fè yon sèl

^ § 5 Gen desizyon nou pran ki ka fè n pa gen ase tan ak ase fòs nou bezwen pou n sèvi Jewova. Moun ki fèk marye yo, sitou, gen pou yo pran desizyon ki kapab gen efè sou tout vi yo. Atik sa a pral ede yo pran bon desizyon k ap fè yo gen kè kontan ak satisfaksyon nan lavi yo.

^ § 5 Gen kèk non yo chanje.