Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske Madoche te egziste toutbonvre?

TE GEN yon Juif ki te rele Madoche ki jwe yon wòl enpòtan nan evènman Bib la rapòte nan liv Estè a. Se te yon Juif ki te ann egzil ki t ap travay nan palè wa peyi Pès la. Istwa sa a te pase nan kòmansman senkyèm syèk anvan epòk nou an, “nan epòk [wa] Asyeris”. (Jodi a, pifò moun kwè se wa sa a ki Zèsès 1ye.) Madoche te kraze yon konplo yo te fè pou asasinen wa a. Piske wa a te gen rekonesans pou sa Madoche te fè a, li te fè yo onore Madoche devan tout moun. Annapre, apre lanmò Aman, ki te ènmi Madoche ak lòt Juif yo, wa a te met Madoche premye minis. Piske Madoche te premye minis, li te bay yon dekrè ki te delivre Juif ki t ap viv nan wayòm peyi Pès la anba gwo masak yo t apral fè sou yo. — Estè 1:1; 2:5, 21-23; 8:1, 2; 9:16.

Gen kèk istoryen nan kòmansman 20yèm syèk la ki te fè konnen istwa ki nan liv Estè a se yon lejann e Madoche pa t janm egziste. Sepandan, an 1941, gen akeyològ ki ta sanble jwenn prèv ki montre sa Bib la di konsènan Madoche a se laverite. Ki sa yo te jwenn?

Gen yon seri moun k ap fè rechèch ki jwenn yon moso ajil ki gen non yon mesye ki rele Madouka (an kreyòl Madoche) ekri sou li. Li te travay kòm administratè nan vil Souz, petèt li te yon kontab. Lè yo te fè dekouvèt sa a, Arthur Ungnad, ki te yon espè nan istwa peyi Lès yo, te fè konnen, moso ajil yo te jwenn nan, “se te sèl dokiman, apa Bib la, kote yo pale de Madoche”.

Depi lè Ungnad te bay rapò sa a, gen espesyalis ki tradui plizyè milye lòt tèks moun peyi Pès yo te ekri. Pami tèks sa yo, te gen yon seri tablèt yo te jwenn nan dekonm vil Pèsepolis. Yo te jwenn yo kote yo te konn met trezò yo, toupre miray vil la. Tablèt sa yo la depi sou rèy Zèsès 1ye. Yo ekri nan lang moun Elam yo e yo gen plizyè non nou jwenn nan liv Estè a. a

Non Madoche (Madouka), jan l parèt nan ekriti moun peyi Pès yo.

Plizyè nan tablèt yo te jwenn nan vil Pèsepolis yo gen non Madouka ki te sèvi kòm sekretè wa a, nan palè a ki te nan vil Souz, sou rèy Zèsès 1ye. Youn nan tablèt yo fè konnen Madouka te yon tradiktè. Enfòmasyon sa a tonbe daplon ak sa Bib la di konsènan Madoche. Li te yon otorite ki t ap sèvi nan palè wa Asyeris (Zèsès 1ye) e li te pale omwen de lang. Madoche te toujou konn chita nan pòtay palè wa a nan vil Souz (Estè 2:19, 21; 3:3). Pòtay palè sa a te tankou yon gwo bilding, e se la moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a te konn travay.

Gen anpil bagay enteresan ki montre Madouka yo pale de li nan tablèt yo ak Madoche yo pale de li nan Bib la sanble se menm moun nan. Yo te viv nan menm epòk ak nan menm zòn, yo toule de te nan gwo pozisyon e yo te travay menm kote. Tout enfòmasyon sa yo sanble montre Madoche liv Estè a pale de li a ak Madouka se te menm moun nan.

a An 1992, pwofesè Edwin Masao Yamauchi te ekri yon atik ki gen dis non ki nan tèks yo te jwenn nan vil Pèsepolis yo, e non sa yo nan liv Estè a tou.