Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 47

Ann pa kite anyen separe n ak Jewova

Ann pa kite anyen separe n ak Jewova

“Mwen gen konfyans nan ou, o Jewova.” — SÒM 31:14.

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki jan n fè konnen Jewova vle vin pwòch avè n?

 JEWOVA mande n vin pwòch avè l (Jak 4:8). Li vle vin Bondye nou, Papa nou epi Zanmi nou. Li reponn priyè nou yo epi li ede n lè n nan sitiyasyon difisil. Epi li sèvi ak òganizasyon l lan pou l anseye n e pou l pwoteje n. Men, ki sa n dwe fè pou nou pwoche bò kote Jewova?

2. Ki jan n ka pwoche bò kote Jewova?

2 Nou kapab pwoche bò kote Jewova lè n priye l, lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo. Lè n fè sa, nou vin renmen l anpil e nou vin gen anpil rekonesans pou sa l fè pou nou. Nou vle obeyi l e n vle fè louwanj pou li paske li vrèman merite sa (Rev. 4:11). Plis nou vin konnen Jewova, se plis n ap fè ni li menm ni òganizasyon l mete pou ede nou an konfyans.

3. Ki jan Dyab la ap eseye fè n kite Jewova, men, ki sa k ap ede n pou n pa janm vire do bay Bondye nou an ak òganizasyon l lan? (Sòm 31:13, 14).

3 Sepandan, Dyab la ap eseye fè n kite Jewova, sitou lè n ap fè fas ak pwoblèm. Ki jan l fè sa? Tikras pa tikras, li eseye fè n sispann fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans. Men, nou kapab reziste devan atak li yo. Lè lafwa n solid e nou gen yon konfyans total nan Jewova, nou pap vire do bay Bondye nou an ak òganizasyon l lan. — Li Sòm 31:13, 14.

4. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

4 Nan atik sa a, nou pral wè twa sitiyasyon nou ka jwenn nan monn nan ki kapab fè n sispann fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans. Ki jan pwoblèm sa yo ta ka fè n kite Jewova? E ki sa n ka fè pou n reziste devan atak Satan yo?

LÈ N JWENN PWOBLÈM

5. Ki jan pwoblèm ka fè n sispann met konfyans nou nan Jewova ak nan òganizasyon l lan?

5 Pafwa, nou konn jwenn pwoblèm, tankou opozisyon nan fanmi nou oswa nou pèdi travay nou. Ki jan pwoblèm sa yo ta ka fè n sispann fè òganizasyon Jewova a konfyans epi kite Jewova? Lè nou gen anpil tan depi n ap andire pwoblèm, nou ka santi nou sanzespwa e sa ka fè n dekouraje. Satan pwofite okazyon sa yo pou l eseye fè n panse Jewova pa renmen n. Dyab la vle nou panse se Jewova ak òganizasyon l lan ki lakòz n ap soufri. Gen yon bagay menm jan an ki te rive kèk nan Izrayelit yo nan peyi Ejip. Okòmansman, yo te kwè se Jewova ki te chwazi Moyiz ak Arawon pou delivre yo anba esklavaj (Egz. 4:29-31). Men, annapre, lè Farawon te fè bagay yo vin rèd pou yo, yo te lage chay la sou do Moyiz ak Arawon, yo te di yo: “Nou fè Farawon ak sèvitè l yo pa vle wè nou, e nou mete yon epe nan men yo pou yo touye nou.” ​(Egz. 5:19-21). Yo te akize sèvitè fidèl Bondye yo. Se pa ti tris sa te tris! Si w gen lontan depi w ap andire pwoblèm, ki jan w ka kontinye met konfyans ou nan Jewova ak nan òganizasyon l lan?

6. Ki sa n aprann nan egzanp pwofèt Abakouk sou fason pou n fè fas ak pwoblèm? (Abakouk 3:17-19).

6 Vide kè w bay Jewova, epi tann li ede w. Pwofèt Abakouk te jwenn anpil pwoblèm. Yon lè, sanble l te gen dout Jewova gen sousi pou li. Se sa k fè li te fè Jewova konnen sa l santi lè l t ap priye l. Li te di: “O Jewova, konbyen tan pou m fè ap rele w pou m mande w sekou anvan w tande m? [...] Poukisa w tolere moun k ap toupizi lòt moun?” ​(Aba. 1:2, 3). Jewova te reponn priyè sèvitè fidèl li a te fè ak tout kè l (Aba. 2:2, 3). Apre Abakouk te fin medite sou sa Jewova te fè pou l sove pèp li a, li te vin gen kè kontan ankò. Li te vin gen konviksyon Jewova gen sousi pou li e l t ap kapab ede l andire nenpòt eprèv. (Li Abakouk 3:17-19.) Ki leson nou aprann? Lè w jwenn pwoblèm, priye Jewova pou w di l jan w santi w. Epi, tann li ede w. Lè w fè sa, ou kapab gen konfyans Jewova ap ba w fòs ou bezwen pou w andire. E lè w santi l ap ede w, w ap vin gen plis lafwa nan li.

7. Ki sa yon moun nan fanmi Shirley te chèche fè l kwè, e ki sa k te ede l pou l pa t sispann gen lafwa nan Jewova?

7 Kontinye fè tout sa k ede w ret pwòch ak Jewova. Se sa k te ede Shirley, yon sè nan Papwazi Nouvèl Gine, lè l te gen pwoblèm b. Fanmi Shirley te pòv, e pafwa, li pa t fasil pou yo te jwenn manje pou yo manje. Gen yon moun nan fanmi l ki t ap chèche fè l sispann met konfyans li nan Jewova. Moun nan te di: “Te kwè w di lespri sen Bondye ap ede w, kot èd la? Fanmi an toujou pòv. W ap gaspiye tan w nan preche.” Men sa Shirley fè konnen: “M te mande tèt mwen: ‘Èske Bondye gen sousi pou nou oswa l pa gen sousi pou nou?’ Donk, m te priye Jewova tousuit pou m di l tout sa k nan panse m. Mwen te kontinye li Labib ak piblikasyon nou yo, e m te kontinye preche epi asiste reyinyon yo.” Sa pa t pran tan pou l te konprann Jewova t ap voye je sou fanmi l. Fanmi l pa t nan grangou, e yo te gen kè kontan. Shirley di: “Mwen te santi Jewova t ap reponn priyè m.” ​(1 Tim. 6:6-8). Si w kontinye fè tout sa k ede w gen bon relasyon ak Jewova, ou menm tou ou pap kite dout oswa pwoblèm fè w sispann sèvi l.

LÈ KÈK NAN FRÈ KI ALATÈT YO AP SIBI MOVE TRETMAN

8. Ki sa k ka rive kèk frè ki alatèt nan òganizasyon Jewova a?

8 Ènmi nou yo sèvi ak medya ak rezo sosyal pou gaye manti sou frè ki alatèt nan òganizasyon Jewova a oswa pou fè moun gen dout sou yo (Sòm 31:13). Gen kèk frè yo arete e yo akize kòmkwa yo se kriminèl. Kretyen yo nan premye syèk la te fè fas ak yon sitiyasyon menm jan an lè yon seri moun te lage fo akizasyon sou do apot Pòl e yo te fè arete l. Ki jan kretyen yo te reyaji?

9. Ki jan kèk kretyen te reyaji lè apot Pòl te nan prizon?

9 Kèk kretyen nan premye syèk la te sispann ede apot Pòl lè yo te mete l nan prizon nan vil Wòm (2 Tim. 1:8, 15). Poukisa yo te aji konsa? Èske yo te wont apot Pòl paske moun te konsidere l kòm yon kriminèl (2 Tim. 2:8, 9)? Oswa, èske yo te kraponnen paske yo te pè pou yo pa t pèsekite yo tou? Kèlkeswa rezon yo te genyen an, imajine jan apot Pòl dwe te santi l. Li te andire anpil pwoblèm e l te menm riske lavi l pou yo (Tra. 20:18-21; 2 Kor. 1:8). Nou pa ta dwe janm vin menm jan ak moun sa yo ki te abandone Pòl nan moman li te bezwen èd! Ki sa nou bezwen sonje lè y ap pèsekite frè ki alatèt yo?

10. Ki sa n dwe sonje lè y ap pèsekite frè ki alatèt yo?

10 Nou bezwen sonje poukisa y ap pèsekite nou e kiyès ki lakòz sa. Men sa 2 Timote 3:12 di: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” Donk, nou pa ta dwe sezi dèske Satan vize frè ki alatèt yo nan atak l ap fè yo. Entansyon l se fè frè sa yo sispann ret fidèl ak Jewova epi fè nou kraponnen. — 1 Pyè 5:8.

Pandan Pòl te nan prizon, Onezifò te met kouraj sou li pou l ede l. Jodi a, frè n ak sè n yo ede kwayan parèy yo ki nan prizon yo, jan nou wè sa nan foto a ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon. (Gade paragraf 11-12.)

11. Ki sa n aprann nan egzanp Onezifò? (2 Timote 1:16-18).

11 Kontinye soutni frè ki alatèt yo, epi ret atache ak yo. (Li 2 Timote 1:16-18.) Te gen yon kretyen nan premye syèk la ki te rele Onezifò ki pa t abandone Pòl lè l te nan prizon. “Li pa t wont poutèt [Pòl] te nan chenn.” Okontrè, Onezifò te chèche Pòl, e lè l te jwenn li, li te fè tout sa l kapab pou l te ede l jwenn sa l te bezwen. Onezifò te riske lavi l pou l te fè sa. Ki leson nou aprann? Nou pa dwe kite lakrentif pou moun fè n kraponnen oswa fè n pa ede frè n y ap pèsekite yo. Okontrè, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n ede yo (Pwo. 17:17). Yo bezwen lanmou nou ak èd nou.

12. Ki sa n aprann nan egzanp frè n ak sè n yo nan peyi Larisi?

12 Ann wè ki jan frè n ak sè n yo nan peyi Larisi ede kwayan parèy yo yo renmen anpil ki nan prizon yo. Lè y ap jije kèk nan yo, anpil frè ak sè vin nan tribinal la pou ankouraje yo. Ki leson nou aprann? Lè yo bay manti sou frè ki alatèt yo, lè yo arete yo oswa yo pèsekite yo, nou pa dwe pè. Nou bezwen priye pou yo, ede moun nan fanmi yo, epi chèche wè lòt bagay nou ka fè pou n ede yo. — Tra. 12:5; 2 Kor. 1:10, 11.

LÈ Y AP PASE N NAN RIZIB

13. Lè y ap pase n nan rizib, ki jan sa ka fè n sispann fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans tikras pa tikras?

13 Yon seri moun ki pap sèvi Jewova, tankou moun nan fanmi n, kòlèg travay nou oubyen kamarad lekòl nou ka pase n nan rizib poutèt n ap preche oswa poutèt n ap suiv prensip moral wo nivo Jewova yo (1 Pyè 4:4). Yo ka di: “M pa gen pwoblèm avè w, men relijyon w lan twò di e l pase mòd.” Gen moun ki ka kritike nou pou fason n aji ak moun ki eskominye yo, yo ka di: “Ki jan n fè di n renmen moun?” Pawòl konsa ka fè n vin gen dout. E n ka kòmanse ap mande tèt nou: ‘Èske Jewova pa twò egzijan avè m? Èske òganizasyon l lan pa twò di?’ Si w ap fè fas ak yon sitiyasyon konsa, ki jan w ka ret pwòch ak Jewova e ak òganizasyon l lan?

Jòb te refize kwè nan manti swadizan zanmi l yo ki t ap pase l nan rizib t ap bay. Okontrè, li te detèmine pou l ret fidèl ak Jewova. (Gade paragraf 14.)

14. Ki jan n ta dwe aji lè moun ap pase n nan rizib poutèt n ap suiv prensip Jewova yo? (Sòm 119:50-52).

14 Ann pran detèminasyon pou n kontinye soutni prensip Jewova yo. Jòb se te yon moun ki te soutni prensip Jewova yo malgre yo te pase l nan rizib poutèt sa. Youn nan swadizan zanmi Jòb yo te menm chèche fè l kwè kit l ap suiv prensip Bondye yo kit li pap suiv yo, Bondye pa bay sa regle anyen pou li (Jòb 4:17, 18; 22:3) Men, Jòb te refize kwè nan manti sa yo. Li te konnen prensip Jewova tabli anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal se prensip ki dwat e l te pran detèminasyon pou l soutni yo. Li pa t kite lòt moun fè l sispann ret fidèl ak Jewova (Jòb 27:5, 6). Ki leson nou aprann? Pa kite moun k ap pase n nan rizib fè n gen dout sou prensip Jewova yo. Reflechi sou eksperyans pa w. Èske w pa toujou remake prensip Jewova yo bon e yo nan avantaj ou? Pran detèminasyon pou w toujou ret nan òganizasyon k ap soutni prensip sa yo. Konsa, kèlkeswa kantite fwa moun pase w nan rizib, ou pap janm kite sa fè w sispann sèvi Jewova. — Li Sòm 119:50-52.

15. Poukisa yo te pase Brizit nan rizib?

15 Ann pran egzanp Brizit, yon sè k ap viv nan peyi End. Moun nan fanmi l te pase l nan rizib paske l t ap sèvi Jewova. Yon ti tan apre batèm li an 1997, mari l ki pa t Temwen te pèdi travay li. Donk, mari a te deside pou Brizit avè l ansanm ak pitit fi yo genyen yo t al viv lakay paran l, ki t ap viv nan yon lòt vil. Men, Brizit t apral jwenn pi gwo pwoblèm toujou. Piske mari l pa t ap travay, li te oblije fè yon travay ki te pran tout tan l pou l te ka ede fanmi l. Mete sou sa, kongregasyon ki te pi pre a te nan yon distans anviwon 350 kilomèt parapò ak kote l te abite a. Malerezman, fanmi mari l te opoze avè l paske l t ap sèvi Jewova. Sitiyasyon an te vin tèlman grav, Brizit ak fanmi l te oblije deplase al viv yon lòt kote. Epi, bridsoukou, mari l te vin mouri. Annapre, youn nan pitit fi l yo te mouri ak kansè lè l te gen 12 an sèlman. Sa k te pi rèd la, moun nan fanmi Brizit te akize l kòmkwa se fòt li si tout bagay sa yo rive. Yo te di si l pa t Temwen Jewova tout malè sa yo pa t ap rive. Malgre sa, Brizit te kontinye met konfyans li nan Jewova e l te ret atache ak òganizasyon L lan.

16. Ki jan Jewova te beni Brizit poutèt li te ret atache avè l e ak òganizasyon l lan?

16 Etandone Brizit t ap viv byen lwen kongregasyon an, gen yon siveyan sikonskripsyon ki te ankouraje l pou l preche nan zòn lakay li epi pou l fè reyinyon lakay li. Okòmansman, li te santi sa twòp pou li. Men, li te suiv konsèy frè a te ba li a. Li te preche lòt moun bon nouvèl la, li te fè reyinyon lakay li e l te toujou fè adorasyon an fanmi ak pitit fi l yo. Ki rezilta sa te bay? Brizit te kòmanse fè etid ak anpil moun e kèk nan etidyan l yo te batize. An 2005, li te vin pyonye pèmanan. Lefètke l te met konfyans li nan Jewova e l te ret fidèl ak òganizasyon l lan, sa te bay bon rezilta. Pitit fi l yo ap sèvi Jewova fidèlman, e kounye a gen de kongregasyon nan zòn sa a! Brizit gen konviksyon Jewova te ba l fòs pou l te fè fas ak pwoblèm li te genyen yo e pou l te andire lè fanmi l t ap pase l nan rizib.

ANN RET FIDÈL AK JEWOVA E AK ÒGANIZASYON L LAN

17. Ki detèminasyon nou bezwen pran?

17 Satan vle fè n kwè Jewova pap ede n lè n gen pwoblèm, e l vle fè n kwè tou, lè n ret nan òganizasyon Jewova a, lavi a ap vin pi difisil pou nou. Satan vle fè n kraponnen lè y ap bay manti sou frè ki alatèt yo, lè y ap pèsekite yo oswa lè yo mete yo nan prizon. E lè moun ap pase n nan rizib, li vle sèvi ak sa pou l chèche fè n sispann fè prensip Jewova yo ak òganizasyon L lan konfyans. Sepandan, nou byen konn taktik malveyan l yo e nou pa kite l twonpe nou (2 Kor. 2:11). Ann pran detèminasyon pou n pa kwè nan manti Satan yo e pou n ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan. Sonje Jewova pap janm abandone w (Sòm 28:7). Kidonk, pa kite anyen separe w ak Jewova! — Wom. 8:35-39.

18. Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

18 Nan atik sa a, nou sot wè yon seri difikilte nou ka jwenn nan monn nan. Men, difikilte nou jwenn anndan òganizasyon an kapab fè l difisil tou pou n fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans. Ki sa k ka ede n fè fas ak difikilte sa yo? Nou pral pale sou sa nan atik ki vin apre a.

KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”

a Pou n andire avèk fidelite nan dènye jou sa yo, nou dwe kontinye met konfyans nou nan Jewova ak nan òganizasyon l lan. Dyab la eseye sèvi ak eprèv nou jwenn yo pou l fè n pèdi konfyans sa a. Nan atik sa a, nou pral wè twa sitiyasyon Dyab la itilize e ki sa nou kapab fè pou n ret fidèl ak Jewova ak òganizasyon l lan.

b Gen kèk non yo chanje.