Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

Fason Jewova ede n nan travay fè disip la

Fason Jewova ede n nan travay fè disip la

“Y ap konnen san mank te gen yon pwofèt [...] nan mitan yo.” — EZE. 2:5.

KANTIK 67 “Preche Pawòl la”

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa n ka atann, e ki asirans nou kapab genyen?

 NOU mèt atann n ap jwenn opozisyon lè n ap preche. Opozisyon sa a ka vin pi rèd toujou alavni (Dàn. 11:44; 2 Tim. 3:12; Rev. 16:21). Aktout sa, nou kapab gen asirans Jewova ap ban nou èd nou bezwen an. Sa k fè sa? Jewova toujou ede sèvitè l yo pou yo fè travay li ba yo fè, kèlkeswa jan travay sa a difisil. Pa egzanp, ann egzamine kèk evènman ki te rive nan lavi pwofèt Ezekyèl ki t ap preche Juif ki te ann egzil Babilòn yo.

2. Ki sa Jewova te di konsènan moun Ezekyèl te gen pou l preche yo, e ki sa n pral wè nan atik sa a? (Ezekyèl 2:3-6).

2 Ki kalite moun Ezekyèl te gen pou l preche? Jewova te fè konnen moun sa yo “rebèl” e yo gen “kè di”. Yo te tankou gwo pikan ki kapab fè moun mal anpil e yo te yon danje menm jan ak eskòpyon. Se sa k fè, Jewova pa t sispann di Ezekyèl: “Pinga w pè!” ​(Li Ezekyèl 2:3-6.) Ezekyèl te kapab fè travay li te gen pou l fè a paske 1) se Jewova ki te voye l, 2) lespri Bondye te ba l fòs, e 3) pawòl Bondye te di l yo te fè lafwa l vin pi djanm. Nan ki sans Ezekyèl te jwenn èd twa fason sa yo? E ki jan sa kapab ede n tou jodi a?

JEWOVA TE VOYE EZEKYÈL

3. Ki pawòl ki dwe te bay Ezekyèl fòs, e ki jan Jewova te ba l asirans l ap ede l?

3 Jewova te di Ezekyèl: “M ap voye w.” ​(Eze. 2:3, 4). Pawòl sa yo dwe te bay Ezekyèl fòs. Sa k fè sa? Sandout li te sonje Jewova te di Moyiz ak Ezayi prèske menm pawòl sa yo lè l te chwazi yo kòm pwofèt (Egz. 3:10; Eza. 6:8). Ezekyèl te konnen tou fason Jewova te ede de pwofèt sa yo pou yo te fè travay difisil yo te genyen yo. Donk, lè Jewova te di Ezekyèl pandan de fwa: “M ap voye w”, pwofèt la te gen bonjan rezon pou l kwè Jewova t ap ede l. Epitou, men deklarasyon nou jwenn nan liv Ezekyèl la plizyè fwa: “Jewova pale avè m, li di m.” ​(Eze. 3:16). Anplis de sa, deklarasyon ki di: “Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m” nan parèt plizyè fwa (Eze. 6:1). Pa gen dout, Ezekyèl te gen konviksyon se Jewova ki te voye l. Mete sou sa, lefètke Ezekyèl te pitit yon prèt, sandout papa l te aprann li Jewova te toujou bay pwofèt Li yo asirans l ap ede yo. Pa egzanp, Jewova te di ni Izarak, ni Jakòb, ni Jeremi: “Mwen avè w.” — Jen. 26:24; 28:15; Jer. 1:8.

4. Ki pawòl ankourajan ki dwe te bay Ezekyèl fòs?

4 Ki jan pifò Izrayelit t ap reyaji devan mesaj Ezekyèl te gen pou l preche a? Men sa Jewova te di: “Pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w, paske yo pa vle koute m.” ​(Eze. 3:7). Lefètke pèp la pa t vle tande Ezekyèl, se Jewova yo pa t vle tande. Pawòl sa yo te bay Ezekyèl asirans se pa paske li pa t byen fè travay li antanke pwofèt ki fè pèp la pa t vle tande l. Jewova te bay Ezekyèl asirans tou, lè jijman li te anonse yo rive, pèp la t ap “konnen [...] te gen yon pwofèt [...] nan mitan yo”. (Eze. 2:5; 33:33.) Sandout, pawòl ankourajan sa yo te bay Ezekyèl fòs li te bezwen pou l te preche.

JEWOVA VOYE NOU JODI A

Menm jan ak Ezekyèl, moun ka meprize n e yo ka opoze avè n, men nou konnen Jewova avè n. (Gade paragraf 5-6.)

5. Selon Ezayi 44:8, ki kote n ap jwenn fòs?

5 Nou menm tou nou jwenn fòs lefètke nou konnen se Jewova ki voye n. Li onore nou lefètke li rele nou “Temwen” l (Eza. 43:10). Se yon gwo privilèj nou genyen! Menm jan Jewova te di Ezekyèl: “Pinga w pè”, Jewova di nou: “Nou pa bezwen tranble.” Sa k fè pa gen okenn rezon pou n pè moun ki opoze ak nou yo? Menm jan ak Ezekyèl, se Jewova ki voye n e l ap ede n. — Li Ezayi 44:8.

6. a) Ki jan Jewova ban nou asirans l ap ede n? b) Ki sa ki konsole n e ki ban n fòs?

6 Jewova ban nou asirans l ap ede n. Pa egzanp, anvan Jewova te di: “Nou se temwen m”, li te di: “Lè w ap janbe dlo, m ap avè w. Lè w ap travèse rivyè, dlo pap kouvri w. Lè w ap mache nan dife, ou pap boule, e flanm dife pap kankannen w.” ​(Eza. 43:2). Pandan n ap patisipe nan travay fè disip la, pafwa, nou konn jwenn difikilte ki tankou gwo dlo e nou konn jwenn eprèv ki tankou dife. Malgre sa, grasa èd Jewova, nou kontinye preche (Eza. 41:13). Menm jan ak epòk Ezekyèl la, jodi a, pifò moun pa vle tande mesaj la. Nou dwe sonje, se pa paske moun yo pa vle koute ki vle di nou pa byen fè travay nou antanke Temwen Bondye. Lefètke nou konnen Jewova kontan lè n kontinye preche mesaj li a, sa konsole n e sa ban n fòs. Men sa apot Pòl te di: “Yo chak ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo.” ​(1 Kor. 3:8; 4:1, 2). Men sa yon sè ki gen lontan depi l pyonye di: “Mwen kontan dèske m konnen Jewova rekonpanse n pou efò nou fè.”

LESPRI BONDYE TE BAY EZEKYÈL FÒS LI TE BEZWEN

Ezekyèl k ap fè yon vizyon kote l wè cha Jewova a ki nan syèl la, e sa fè l gen plis konviksyon Jewova ap ede l fè sèvis li ba l fè a. (Gade paragraf 7.)

7. Lè Ezekyèl te reflechi sou vizyon l te fè a, ki efè sa dwe te gen sou li? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

7 Ezekyèl te wè jan lespri Bondye pisan. Nan yon vizyon li te fè, li te wè lespri sen k ap aji sou yon seri zanj ki gen pisans e sou yon seri wou men wotè ki nan yon cha ki nan syèl la (Eze. 1:20, 21). Ki jan Ezekyèl te reyaji? Li te ekri sa k te rive a. Men sa l te ekri: “Lè m te wè l, mwen te tonbe fas atè.” Ezekyèl te tèlman sezi, li te tonbe atè (Eze. 1:28). Annapre, lè Ezekyèl te reflechi sou vizyon estrawòdinè sa a, sa dwe te fè l gen plis konviksyon li kapab fè sèvis li grasa èd lespri Bondye.

8-9. a) Ki sa k te rive Ezekyèl lè Jewova te ba l lòd pou l “kanpe” a? b) Ki jan Jewova te bay Ezekyèl plis fòs pou l te preche nan tèritwa l la ki te difisil?

8 Men lòd Jewova te bay Ezekyèl: “Pitit lòm, kanpe sou de pye w pou m ka pale avè w.” Lòd sa a, ansanm ak lespri Bondye, te bay Ezekyèl fòs li te bezwen pou l te leve atè a. Men sa Ezekyèl te ekri: “Lespri Bondye antre nan mwen epi li fè m kanpe sou de pye m.” ​(Eze. 2:1, 2). Annapre, pandan tout tan Ezekyèl t ap fè sèvis li, “pisans” Bondye, sa vle di lespri sen Bondye, t ap gide l (Eze. 3:22; 8:1; 33:22; 37:1; 40:1). Lespri Bondye te bay Ezekyèl fòs pou l te fè travay yo te ba l fè a, sa vle di, pou l te preche “yon bann moun” nan tèritwa l la ki te gen “tèt di [e] ki pa [t] vle chanje”. (Eze. 3:7.) Men sa Jewova te di Ezekyèl: “M ap ba w fòs pou w kanpe tennfas devan yo menm jan yo menm yo kontinye ap fè tèt di avè m. Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, mwen fè l vin pi di pase wòch silèks. Pinga w pè yo, ni pinga w pè figi yo.” ​(Eze. 3:8, 9). Anfèt, se kòmsi Jewova te di Ezekyèl: ‘Pa kite moun tèt di sa yo fè w dekouraje. M ap ba w fòs.’

9 Apre sa, lespri Bondye te pran Ezekyèl li ale avè l nan tèritwa li t apral preche a. Men sa Ezekyèl te ekri: “Pisans Jewova te poze sou mwen avèk fòs.” Sa te pran yon semèn pou pwofèt la te rive konprann mesaj li te gen pou l preche a pou l te kapab preche mesaj sa a avèk konviksyon (Eze. 3:14, 15). Annapre, Jewova te fè l ale nan yon vale kote “lespri Bondye [te] antre nan” li (Eze. 3:23, 24). Ezekyèl te pare pou l kòmanse sèvis li.

LESPRI BONDYE BAN NOU FÒS NOU BEZWEN JODI A

Menm jan ak Ezekyèl, ki sa k ede n nan travay fè disip la jodi a? (Gade paragraf 10.)

10. Ki èd nou bezwen pou n kontinye preche, e poukisa?

10 Ki èd nou bezwen pou n ka fè travay predikasyon an? Pou n reponn kesyon sa a, ann fè yon ti reflechi sou sa k te rive Ezekyèl. Anvan l te kòmanse preche, lespri Bondye te ba l fòs li te bezwen. Menm jan ak Ezekyèl, jodi a, se sèlman grasa èd lespri Bondye nou kapab fè travay predikasyon an. Poukisa? Paske Satan ap fè lagè kont nou pou l ka bloke n nan travay predikasyon an (Rev. 12:17). Anpil moun panse, Satan tèlman pisan, nou pap ka pot laviktwa sou li. Men, pa mwayen travay predikasyon an, nou pot laviktwa sou li (Rev. 12:9-11)! Nan ki sans? Lè n ap preche, nou montre nou pa pè menas Satan ap fè yo. Chak fwa nou preche, Satan pèdi yon batay. Donk, ki sa nou vin konprann lefètke n kontinye preche malgre opozisyon? Nou vin konprann Jewova ban nou fòs pa mwayen lespri sen e l kontan travay n ap fè a. — Mat. 5:10-12; 1 Pyè 4:14.

11. Ki sa lespri Bondye ap fè pou nou, e ki jan n ka kontinye jwenn li?

11 Ki lòt bagay nou vin konprann lefètke n konnen Jewova te bay Ezekyèl fòs li te bezwen pou l preche? Lespri Bondye ka ban n fòs nou bezwen pou n ka fè fas ak nenpòt difikilte nou ka jwenn nan travay predikasyon an (2 Kor. 4:7-9). Donk, ki sa n ka fè pou n ka sèten Bondye ap kontinye ban nou lespri l? Nou bezwen kontinye priye Jewova pou l ban nou lespri l toutpandan n gen konfyans l ap tande priyè nou. Men sa Jezi te anseye disip li yo: “Kontinye mande, [...] kontinye chèche, [...] kontinye frape.” Konsa, Jewova “ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. — Lik 11:9, 13; Tra. 1:14; 2:4.

PAWÒL BONDYE TE DI YO TE FÈ LAFWA EZEKYÈL VIN PI DJANM

12. Selon Ezekyèl 2:9–3:3, ki kote woulo a te soti e ki sa l te gen ladan l?

12 Nonsèlman lespri Bondye te bay Ezekyèl fòs, men tou, pawòl Bondye te di yo te fè lafwa l vin pi djanm. Nan yon vizyon, Ezekyèl te wè yon men ki kenbe yon woulo. (Li Ezekyèl 2:9–3:3.) Ki kote woulo a te soti? Ki sa l te gen ladan l? Ki jan l te fè lafwa Ezekyèl vin pi djanm? Woulo a te sot nan twòn Bondye a. Sanble, Jewova te sèvi ak youn nan kat zanj Ezekyèl te wè anvan yo pou l te ba l woulo a (Eze. 1:8; 10:7, 20). Woulo a te gen pawòl Bondye, yon mesaj jijman byen long Ezekyèl te gen pou l bay moun rebèl ki te ann egzil yo (Eze. 2:7). Mesaj sa a te ekri sou toule de bò woulo a, devan kou dèyè.

13. Ki sa Jewova te di Ezekyèl pou l fè ak woulo a, e sa k fè woulo a te dous?

13 Jewova te di pwofèt li a pou l manje woulo a, e pou l “plen vant [li] ak li”. Ezekyèl te obeyi, li te manje woulo a nèt. Ki sa pati sa a nan vizyon an te vle di? Ezekyèl te bezwen byen konprann mesaj li t ap gen pou l preche a. Li te dwe kwè nan mesaj li te gen pou l anonse a, konsa sa t ap ankouraje l preche. Epi, gen yon bagay Ezekyèl pa t atann ki te rive. Li te vin rann li kont woulo a “te dous [...] tankou siwo myèl”. (Eze. 3:3.) Ki sa k te fè sa? Pou Ezekyèl, privilèj pou l reprezante Jewova a se te yon eksperyans ki te dous oswa ki te enteresan (Sòm 19:8-11). Li te gen rekonesans dèske Jewova te itilize l kòm pwofèt li.

14. Ki sa k te ede Ezekyèl pare pou l fè travay li?

14 Annapre, Jewova te di Ezekyèl: “Se pou w koute tout sa m di w yo e se pou w kenbe yo nan kè w.” ​(Eze. 3:10). Lè Jewova te bay Ezekyèl lòd sa a, li te di l pou l sonje pawòl ki ekri nan woulo a e pou l medite sou yo. Lè Ezekyèl te fè sa, lafwa l te vin pi djanm. Epitou, woulo a te gen yon mesaj pisan pou Ezekyèl te bay pèp la (Eze. 3:11). Lefètke Ezekyèl te gen mesaj Bondye a nan kè l ak sou lang li, li te pare pou l fè travay li. — Konpare ak Sòm 19:14.

PAWÒL BONDYE DI YO FÈ LAFWA N VIN PI DJANM JODI A

15. Pou nou pèsevere nan travay fè disip la, ki sa n bezwen ‘kenbe nan kè n’?

15 Pou n pèsevere nan travay fè disip la, nou menm tou nou bezwen kontinye kite pawòl Bondye di yo fè lafwa n vin pi djanm. Nou bezwen “kenbe” tout sa Jewova di nou ‘nan kè nou’. Jodi a, Jewova pale avèk nou pa mwayen Labib, Pawòl li te fè ekri a. Ki jan n kapab sèten Pawòl Bondye a kontinye gide panse nou, santiman nou, epi pouse n aji?

16. Ki sa n ka fè pou n pi byen konprann Pawòl Bondye a?

16 Lè nou manje e nou fè dijesyon, nou vin gen plis fòs. Se menm jan an tou, lè n etidye Pawòl Bondye a e n medite sou sa n li yo, lafwa n vin pi djanm. Nou bezwen sonje leson nou aprann anrapò ak woulo a. Jewova vle nou “plen vant [nou] ak” Pawòl li a, sa vle di, pou n byen konprann li. Nou kapab fè sa lè n priye, nou li Pawòl Bondye a e n medite sou sa n li yo. Toudabò nou priye pou n prepare kè n pou n resevwa panse Bondye. Lèfini, nou li yon pasaj nan Bib la. Apre sa, nou pran yon ti poz pou n medite, pou n byen reflechi sou sa nou sot li a. Ki rezilta n ap jwenn lè n fè sa? Plis nou medite, se plis n ap konprann Pawòl Bondye a e lafwa nou ap vin pi djanm.

17. Poukisa l vrèman enpòtan pou n medite sou sa nou li nan Bib la?

17 Poukisa li enpòtan anpil pou n li Bib la e pou n medite sou sa n li yo? Lè n fè sa, sa ap ban n fòs nou bezwen pou n preche mesaj Wayòm nan kounye a e pou n preche mesaj jijman an ki pral frape fò nou ka gen pou n bay talè konsa. Epitou, lè n medite sou bèl kalite Jewova genyen yo, n ap vin gen pi bon relasyon avè l. Konsa, n ap gen yon bagay ki vrèman dous oswa ki enteresan, anpalan de lapè ak kè kontan. — Sòm 119:103.

NOU JWENN FÒS POU N ANDIRE

18. Ki sa moun nan tèritwa nou yo pral oblije rekonèt, e poukisa?

18 Ezekyèl te yon pwofèt, men nou menm, nou pa pwofèt. Sepandan, nou pran detèminasyon pou n kontinye bay mesaj Jewova te fè ekri nan Pawòl li a jiskaske l di travay predikasyon an fini. Lè jou jijman an rive, moun nan tèritwa nou yo pap ka di yo pa t avèti yo oswa Bondye te ba yo vag (Eze. 3:19; 18:23). Okontrè, y ap oblije rekonèt se Bondye ki te fè nou preche mesaj nou t ap preche a.

19. Ki sa k ap ban n fòs pou n patisipe nan travay fè disip la?

19 Ki sa k ap ban n fòs pou n kontinye patisipe nan travay fè disip la? Twa bagay ki te ede Ezekyèl yo, se yo menm k ap ban nou fòs tou. Nou kontinye preche paske nou konnen se Jewova ki voye nou, lespri sen ap ede nou e nou jwenn fòs nan Pawòl Bondye a. Grasa èd Jewova, nou jwenn fòs pou n patisipe nan travay fè disip la e pou n andire “jiska lafen”. — Mat. 24:13.

KANTIK 65 Kontinye pwogrese!

a Nan atik sa a, nou pral wè twa bagay ki te ede pwofèt Ezekyèl fè travay predikasyon li te gen pou l fè a. Lè n reflechi sou jan Jewova te ede pwofèt li a, sa ap fè n gen plis asirans Jewova ap ede n nan travay fè disip la.