Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 46

Fason Jewova ede n pou n andire ak kè kontan

Fason Jewova ede n pou n andire ak kè kontan

“Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè, l ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd.” — EZA. 30:18.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. a) Ki kesyon nou pral egzamine? b) Ki sa k montre Jewova vrèman vle ede n?

 JEWOVA kapab ede n fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan lavi n e pou n jwenn kè kontan nan sèvis sakre n ap ba li a. Ki sa l fè pou l ede n? Epitou, ki jan n kapab pi byen pwofite èd sa a li ban nou an? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a. Sepandan, anvan n egzamine repons yo, ann egzamine kesyon ki vin annapre a: Èske Jewova vle ede n toutbon?

2 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te itilize yon mo ki kapab ede n jwenn repons kesyon sa a. Men sa l te ekri: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” ​(Ebre 13:6). Gen yon liv ki fè kòmantè sou Bib la ki fè konnen mo “èd” la nan vèsè sa a fè referans ak yon moun ki kouri al ede yon moun k ap mande pote l sekou. Imajine Jewova k ap kouri al delivre yon moun ki nan yon sitiyasyon difisil. Se sèten w ap dakò esplikasyon sa a montre jis nan ki pwen Jewova vrèman vle ede n. Lè Jewova ap ede n, nou kapab andire eprèv nou jwenn yo ak kè kontan.

3. Bay twa fason Jewova ede n pou n andire eprèv nou yo ak kè kontan.

3 Ki fason konsa Jewova ede n pou n andire eprèv nou yo ak kè kontan? Pou n reponn kesyon sa a, n ap fè yon ti pale sou liv Ezayi a. Poukisa? Anpil nan pwofesi Jewova te fè pwofèt Ezayi ekri yo gen rapò ak sèvitè L yo jodi a. Anplis de sa, byen souvan, lè pwofèt Ezayi ap pale konsènan Jewova, li itilize yon seri ekspresyon nou kapab konprann byen fasil. Ann pran egzanp Ezayi chapit 30. Nan chapit sa a, Ezayi sèvi ak yon seri pawòl ki kreye bèl imaj nan lespri nou pou l esplike jan Jewova ede n antanke pèp li. Li fè konnen Jewova ede n 1) lè l koute priyè n yo avèk anpil atansyon e lè l reponn yo, 2) lè l gide nou, e 3) lè l ban n benediksyon kounye a e alavni. Nou pral wè twa fason sa yo Jewova ede n.

JEWOVA KOUTE NOU

4. a) Ki sa Jewova te di konsènan Juif nan epòk Ezayi yo, e finalman, ki sa l te fè pou yo? b) Ki espwa Jewova te bay moun ki fidèl yo? (Ezayi 30:18, 19).

4 Nan kòmansman Ezayi chapit 30 lan, Jewova pale de Juif yo antanke “pitit ki gen tèt di” ki “mete peche sou peche”. Men sa Jewova di ankò: “Pèp sa a se yon pèp ki rebèl, [...] ki pa vle tande lwa Jewova bay.” ​(Eza. 30:1, 9). Piske pèp la pa t vle koute Jewova, Ezayi te fè konnen Jewova t apral kite malè rive yo (Eza. 30:5, 17; Jer. 25:8-11). E vrèmanvre, yo te mennen yo ann egzil nan peyi Babilòn. Men, te gen kèk nan Juif sa yo ki te fidèl, e Ezayi te gen yon mesaj pou yo ki t ap ba yo espwa. Li te fè yo konnen yon jou Jewova t ap rekòmanse fè yo favè ankò. (Li Ezayi 30:18, 19.) E se egzakteman sa k te rive. Jewova te libere yo anba men Babilónyen yo, men, sa te pran plizyè ane anvan l te fè sa. Ekspresyon “Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè” a montre t ap gen kèk tan ki pase anvan Jewova delivre Izrayelit ki te fidèl yo. Vrèmanvre, Izrayelit yo te fè 70 an ann egzil nan peyi Babilòn anvan kèk nan yo te retounen Jerizalèm (Eza. 10:21; Jer. 29:10). Lè Izrayelit yo te prizonye nan Babilòn yo te kriye paske yo te tris anpil, men lè yo te retounen nan peyi yo, yo te kriye paske yo te kontan anpil.

5. Ki asirans Ezayi 30:19 ban nou?

5 Jodi a, nou kapab jwenn konsolasyon nan pawòl ki vin annapre a. Men sa l di: “W ap annik rele pou w mande sekou, Bondye ap vin ede w kanmenm.” ​(Eza. 30:19). Ezayi ban nou asirans Jewova ap koute n avèk anpil atansyon lè n ap rele l pou mande l sekou, e l ap aji byen vit pou l reponn priyè nou yo. Men sa Ezayi di ankò: “L ap annik tande rèl ou, l ap reponn ou.” Pawòl ankourajan sa yo fè n sonje Papa nou an vrèman vle ede moun k ap mande l pou l ede yo. Piske nou konn sa, sa ede n andire ak kè kontan.

6. Ki jan pawòl Ezayi yo montre Jewova koute priyè chak sèvitè l?

6 Ki sa vèsè sa a aprann nou ankò anrapò ak priyè nou yo? Jewova koute priyè nou chak avèk anpil atansyon. Sa k fè n kapab di sa? Menmsi nan chapit 30 lan se ak tout nasyon an Jewova t ap pale, nan vèsè 19 la, Jewova itilize pwonon “ou” a, tankou l t ap pale ak yon sèl moun. Men sa Ezayi ekri: “Ou pap kriye menm”, “Bondye ap vin ede w kanmenm”, “l ap reponn ou”. Piske Jewova se yon Papa ki renmen pitit li, lè yon pitit gason l oswa yon pitit fi l dekouraje, li pa di l: “Ou ta dwe djanm menm jan ak frè w la oswa ak sè w la.” Okontrè, li gen sousi pou nou chak e li pran san l pou l koute priyè nou chak. — Sòm 116:1; Eza. 57:15.

Ki sa Ezayi te vle di lè l te di: “Pa kite [Jewova] an repo”? (Gade paragraf 7.)

7. Ki jan Ezayi ak Jezi montre jan l enpòtan pou n kontinye priye?

7 Lè nou priye Bondye nou an konsènan yon bagay k ap trakase nou, pou kòmanse, li ka ban n fòs pou n fè fas ak sitiyasyon an. E si eprèv la pa sispann tousuit jan n te swete a, nou ka bezwen kontinye mande Jewova fòs pou n andire. E Jewova mande n pou n fè sa. Se sa pawòl Ezayi yo vle fè konprann, lè l di: “Pa kite [Jewova] an repo.” ​(Eza. 62:7). Ki sa pawòl sa yo vle di? Nou dwe tèlman priye Jewova, se kòmsi, nou pa kite l pran repo. Pawòl Ezayi yo fè n sonje yon egzanp Jezi te bay konsènan lapriyè nou jwenn nan Lik 11:8-10, 13. Pawòl Jezi di yo ankouraje n pou n “kole nan kò” Jewova e pou n “kontinye mande” l lespri sen. Epitou, nou kapab sipliye Jewova pou l ede n pou n pran bon desizyon.

JEWOVA AP GIDE NOU

8. Nan tan lontan, ki jan pawòl nou jwenn nan Ezayi 30:20, 21 yo te reyalize?

8 Li Ezayi 30:20, 21. Lè lame Babilòn nan te ansèkle Jerizalèm pandan ennan edmi, pèp la te tèlman ap soufri, yo te vin abitye ak soufrans. Selon vèsè 20 ak vèsè 21, Jewova te pwomèt Juif yo si yo te repanti e yo te chanje fason yo t ap aji, li t ap delivre yo. Ezayi te pale de Jewova antanke “Gran Pwofesè” yo a, e l te pwomèt pèp la Jewova t ap montre yo fason pou yo adore L jan L vle a. Pawòl sa yo te reyalize lè Juif yo te libere anba men Babilónyen yo. Jewova te montre l se yon Gran Pwofesè pou pèp li a, e grasa enstriksyon l te ba yo, yo te rive met vrè adorasyon an sou pye ankò. Se pa ti kontan nou kontan lefètke Jewova se Gran Pwofesè nou jodi a!

9. Bay youn nan fason Jewova ban n enstriksyon jodi a.

9 Nan vèsè sa yo, Ezayi konpare n ak elèv Jewova itilize de fason pou l anseye yo. Premyèman, men sa Ezayi te di: “N ap wè [Gran Pwofesè nou an] ak pwòp je nou.” Nan egzanp sa a, yo montre pwofesè a kanpe devan elèv li yo. Se yon onè pou nou lefètke Jewova ap anseye nou jodi a. Ki jan l fè sa? Li fè sa pa mwayen òganizasyon l lan. Nou gen òganizasyon Jewova a anpil rekonesans pou enstriksyon klè li ban nou yo! Enstriksyon nou resevwa nan reyinyon yo, nan kongrè, epitou pa mwayen piblikasyon yo, pwogram Tele JW, ak anpil lòt mwayen ankò ede n andire ak kè kontan lè n jwenn difikilte.

10. Nan ki sans nou tande “yon vwa dèyè nou”?

10 Ezayi pale konsènan yon dezyèm fason Jewova anseye nou. Men sa l di: “N ap tande yon vwa dèyè nou.” Pwofèt la dekri Jewova antanke yon pwofesè k ap suiv elèv li yo toutpandan l ap mache dèyè yo, e l ap di yo ki kote pou yo fè pou l gide yo. Jodi a, nou tande vwa Bondye dèyè nou. Ki jan? Depi byen lontan, Bondye te fè ekri pawòl li yo nan Bib la. Donk, lè nou li Bib la, se kòmsi n ap tande vwa Bondye dèyè nou. — Eza. 51:4.

11. Ki sa n bezwen fè pou n andire ak kè kontan, e poukisa?

11 Ki jan nou ka byen pwofite enstriksyon Jewova bay pa mwayen òganizasyon l lan e pa mwayen Pawòl li a? N ap remake Ezayi te di de bagay. Premyèman, li te di: “Men chemen an.” Dezyèmman, li te di: “Mache ladan l.” ​(Eza. 30:21). Konnen “chemen an” se youn. Men, nou bezwen “mache ladan l” tou. Nou aprann sa Jewova vle nou fè pa mwayen Pawòl li a ak fason òganizasyon l lan ede n konprann li. Nou aprann tou fason pou n aplike sa n aprann yo. Pou n andire ak kè kontan nan sèvis n ap bay Jewova a, nou bezwen fè toule de bagay sa yo. Se sèlman lè n fè sa n ap kapab gen asirans Jewova ap rekonpanse nou.

JEWOVA BENI NOU

12. Selon Ezayi 30:23-26, ki jan Jewova te beni pèp li a?

12 Li Ezayi 30:23-26. Ki jan pwofesi sa a te reyalize pou Juif yo ki te retounen nan peyi Izrayèl apre yo te fin soti anba jouk Babilónyen yo? Jewova te ba yo anpil bagay ki te ede yo pou yo viv e pou yo te kontinye sèvi l. Jewova te beni pèp li a, li te fè yo jwenn anpil manje. Men, sa k pi enpòtan an, li te fè yo jwenn tout sa yo te bezwen pou yo te ka ret pwòch avè l e pou yo te rekòmanse adore l fason ki fè l plezi a. Se premye fwa nan epòk sa a pèp Bondye a te resevwa tout benediksyon sa yo. Jan vèsè 26 la montre sa, Jewova te ede pèp li a anpil pou yo te ka konprann Pawòl li a (Eza. 60:2). Benediksyon Jewova te bay sèvitè l yo te ede yo kontinye sèvi l ak kè kontan e li te ba yo fòs yo te bezwen “paske kè yo [te] bon”. — Eza. 65:14.

13. Ki jan pwofesi ki gen rapò ak retabli yo t ap retabli vrè adorasyon an ap reyalize nan epòk nou an?

13 Èske pwofesi ki gen rapò ak retabli yo t ap retabli vrè adorasyon an konsène nou jodi a? Pa gen dout nan sa! Nan ki sans li konsène nou? Depi 1919 epòk nou an, plizyè milyon moun soti anba jouk Gwo Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon nan monn nan. Jewova mennen yo yon kote ki pi bon lontan pase Peyi l te pwomèt pèp Izrayèl la. Li mennen yo nan yon paradi espirityèl (Eza. 51:3; 66:8). Ki sa paradi espirityèl sa a ye?

14. Ki sa paradi espirityèl la ye, e kiyès k ap viv ladan l jodi a? (Gade Pi byen konprann kèk ekspresyon.)

14 Depi 1919 epòk nou an, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap viv nan yon paradi espirityèl b. Tank tan ap pase, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de “lòt mouton” yo, vin antre nan paradi espirityèl sa a tou e y ap jwi pakèt benediksyon Jewova bay. — Jan 10:16; Eza. 25:6; 65:13.

15. Ki kote paradi espirityèl la ye?

15 Ki kote paradi espirityèl la ye jodi a? Jewova gen moun k ap adore l toupatou sou tè a. Donk, paradi espirityèl yo ladan l lan toupatou sou tè a tou. Se sa k fè, jodi a, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, nou kapab nan paradi espirityèl la, depi nou kontinye soutni vrè adorasyon an.

Ki sa nou chak ka fè pou paradi espirityèl la kapab bèl? (Gade paragraf 16-17.)

16. Ki sa k ap ede n kontinye wè jan paradi espirityèl la bèl?

16 Pou n kontinye ret nan paradi espirityèl la, youn nan bagay nou dwe fè se kontinye montre nou gen anpil rekonesans pou kongregasyon yo ki toupatou sou tè a. Ki jan n kapab fè sa? Se lè n konsantre sou bèl kalite frè n ak sè n yo genyen olye n konsantre sou enpèfeksyon yo genyen (Jan 17:20, 21). Poukisa sa enpòtan? Ann pran yon egzanp. Nan yon bèl forè, nou atann n ap jwenn divès kalite pyebwa. Menm jan an tou, paradi espirityèl la ki nan kongregasyon yo jodi a gen divès kalite moun ladan l nou kapab konpare ak pyebwa (Eza. 44:4; 61:3). Nou bezwen veye pou n ret konsantre sou forè a ki bèl anpil olye n konsantre sou ti defo chak pyebwa ki toupre n yo genyen. Nou pap kite enpèfeksyon nou genyen oswa enpèfeksyon lòt moun nan kongregasyon an genyen fè n pa wè bèl tèt ansanm ki gen nan kongregasyon yo toupatou sou tè a.

17. Ki sa nou chak ka fè pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an?

17 Ki sa nou chak kapab fè pou ka toujou gen tèt ansanm nan kongregasyon an? Nou bezwen renmen fè lapè (Mat. 5:9; Wom. 12:18). Chak fwa nou chèche viv anpè ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an, nou fè paradi espirityèl la vin pi bèl. Nou sonje se Jewova ki rale chak moun ki nan paradi espirityèl la pou yo vin nan vrè adorasyon an (Jan 6:44). Imajine jan Jewova dwe kontan lè l wè tout efò n ap fè pou kontinye gen lapè ak tèt ansanm nan mitan moun li konsidere ki gen anpil valè pou li yo, anpalan de sèvitè l yo! — Eza. 26:3; Aje 2:7.

18. Sou ki sa n dwe medite souvan, e poukisa?

18 Antanke sèvitè Bondye, li ban nou anpil bon bagay. Ki sa n ka fè pou n ka byen pwofite yo? Nou bezwen pran tan pou n byen reflechi sou sa n etidye nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Etid ak meditasyon konsa ap ede n vin gen yon seri kalite antanke kretyen k ap ankouraje n demontre ‘lanmou pou frè n ak sè n yo’ ak “gwo afeksyon [...] youn pou lòt” nan kongregasyon an (Wom. 12:10). Lè n medite sou benediksyon nou jwenn kounye a, nou vin gen pi bon relasyon ak Jewova. E lè n medite sou bon bagay Jewova pwomèt li pral ban nou alavni yo, n ap kontinye kenbe esperans pou n sèvi l pou toutan an byen klè nan lespri n. Tout bagay sa yo ap ede n sèvi Jewova ak kè kontan depi kounye a.

NOU DETÈMINE POU N ANDIRE

19. a) Selon Ezayi 30:18, ki asirans nou kapab genyen? b) Ki sa k ap ede n andire ak kè kontan?

19 Jewova “ap leve kanpe” pou nou lè l met fen nan monn sa a ki chaje ak mechanste (Eza. 30:18). Nou gen konviksyon Jewova se “yon Dye ki gen jistis lakay li” e li pap kite monn Satan an fè yon jou anplis (Eza. 25:9). Avèk pasyans, n ap tann jou Jewova pral delivre nou an. Pandan n ap tann jou sa a rive, nou pran detèminasyon pou n kontinye bay privilèj nou genyen pou n priye a anpil valè, pou n etidye e pou n aplike Pawòl Bondye a, epi pou n medite sou benediksyon nou resevwa yo. Lè n fè sa, Jewova ap ede n pou n andire ak kè kontan nan adorasyon n ap ba li a.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

a Nan atik sa a, nou pral wè twa fason Jewova ede sèvitè l yo pou yo andire pwoblèm yo jwenn nan lavi yo ak kè kontan. Nou pral egzamine Ezayi chapit 30 pou n aprann plis bagay toujou sou fason sa yo Jewova ede n. Pandan n ap egzamine chapit sa a, yon lòt fwa ankò, nou pral wè jan l enpòtan pou n priye Jewova, pou n etidye Pawòl li a e pou n medite sou benediksyon nou jwenn depi kounye a ak lòt benediksyon nou gen pou n jwenn pi devan.

b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nou nan “paradi espirityèl” la lè n adore Jewova nan tèt ansanm. Nan paradi sa a, Jewova anseye nou tout sa n bezwen konnen, konsa, nou pa pran nan manti okenn relijyon ap bay e nou gen anpil aktivite pou n fè ki bay satisfaksyon nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan. Nou gen yon relasyon sere ak Jewova, e nou viv anpè ak frè n ak sè n yo ki renmen nou e ki ede n andire ak kè kontan lè n jwenn pwoblèm nan lavi a. Nou antre nan paradi espirityèl la lè n kòmanse adore Jewova fason ki fè l plezi a e lè n fè tout sa n kapab pou n imite l.