Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“Mwen te vle travay pou Jewova”

“Mwen te vle travay pou Jewova”

APRE nou te fin di yon ti gwoup moun nou te vizite toupre vilaj Granbori ki jis anndan forè Sirinam nan orevwa, nou te desann flèv Tapanawoni an nan yon kannòt. Apre sa, pandan n t ap pase kote dlo a t ap koule byen vit, elis motè a frape nan yon wòch. Menm kote a, nen kannòt la plonje nan flèv la e nou te plonje anba dlo. Kè m te bat fò anpil. Byenke m te gen plizyè ane depi m t ap vwayaje nan kannòt sou flèv la pandan m te siveyan sikonskripsyon, m pa t konn naje!

Anvan m rakonte sa k te pase annapre, kite m di n ki jan m te fè antre nan sèvis aplentan.

Mwen fèt Kiraso, yon bèl zile nan Karayib la, an 1942. Papa m te moun Sirinam. Men, li te vin viv sou zile a pou l te ka jwenn travay. Kèk ane anvan m fèt, li te youn nan premye Temwen Jewova ki te batize nan Kiraso a. Li te konn etidye Labib ansanm ak nou menm pitit li yo chak semèn, menm lè n pa t toujou sou sa. Lè m te gen 14 an, papa m te mennen fanmi an al viv Sirinam, pou l te ka pran swen manman l ki te granmoun.

MWEN TE GEN BON ZANMI KI TE EDE M

Pandan m Sirinam, mwen te vin fè zanmi ak yon seri jèn nan kongregasyon an ki te chofe nan sèvis Jewova a. Yo te yon ti kras pi gran pase m e yo te pyonye pèmanan. Lè yo te konn ap rakonte eksperyans yo te fè nan travay predikasyon an, mwen te ka wè jan yo te kontan. Apre reyinyon yo, mwen menm ak zanmi m yo te konn pale sou yon seri sijè ki gen rapò ak Bib la. Pafwa, nou te konn fè sa pandan n chita deyò a ap gade zetwal yo. Zanmi sa yo te ede m pou m wè sa m te vle fè ak lavi m: Mwen te vle travay pou Jewova. Donk, mwen te batize lè m te gen 16 an. Annapre, lè m te gen 18 an, mwen te vin pyonye pèmanan.

MWEN TE APRANN ANPIL LESON ENPÒTAN

Lè m te pyonye nan Paramaribo.

Mwen te aprann anpil leson antanke pyonye, e leson sa yo ede m pandan tout tan m genyen nan sèvis aplentan. Pa egzanp, youn nan premye leson m te aprann, se te enpòtans pou m bay lòt moun fòmasyon. Lè m te kòmanse sèvis pyonye, gen yon misyonè ki te rele Willem van Seijl ki te ban m fòmasyon b. Li te montre m ki jan pou m fè yon seri travay nan kongregasyon an. Nan epòk sa a, mwen pa t rann mwen kont jis nan ki pwen m te bezwen fòmasyon. Nan ane ki te vin annapre a, yo te nome m pyonye espesyal. Apre sa, m te kòmanse pran latèt nan yon seri ti gwoup ki pa t pre youn lòt ki te byen fon nan forè Sirinam nan. Se pa ti rekonesans mwen genyen pou fòmasyon frè yo te ban mwen nan bon moman! Depi lè sa a, mwen fè efò pou m suiv egzanp yo, mwen pran tan pou m bay lòt moun fòmasyon tou.

Yon dezyèm leson mwen te aprann, se avantaj sa genyen lè yon moun mennen yon vi senp e l byen òganize. Nan kòmansman chak mwa, mwen menm ak patnè m nan, ki te pyonye espesyal tou, te konn chèche konnen ki manje e ki materyèl n ap bezwen chak semèn. Apre sa, youn nan nou te konn fè yon vwayaj byen long pou n al nan kapital la pou n t al achte sa n te bezwen. Nou te dwe byen sèvi ak kòb yo te konn ban nou pou depans nou te konn fè chak mwa, epi al dousman ak pwovizyon n te genyen yo pou yo te kapab fè tout mwa a. Si n ta vin bezwen yon bagay pandan n nan forè a, li t ap difisil pou n jwenn yon moun pou ede n. Mwen panse lefètke m te aprann mennen yon vi senp pandan m te jèn e m te byen òganize, sa te ede m ret konsantre sou travay Jewova a pandan tout vi m.

Yon twazyèm leson mwen te aprann, se bon rezilta sa bay lè n anseye moun yo nan lang manman yo. Depi m piti, mwen konn pale neyèlandè, anglè, papyamento, ak sranantongo (yo rele l sranan tou), yon lang tout moun peyi Sirinam pale. Men, nan forè a, mwen te wè moun yo te pi dispoze tande bon nouvèl la lè n te preche yo nan lang manman yo. Li te difisil pou m pale kèk nan lang sa yo, pa egzanp, saramakan, ki gen yon ton monte desann. Mwen te fè anpil efò, men m te kontan fè sa. Tank ane yo t ap pase, mwen te rive anseye plis moun laverite, paske m te kapab pale nan lang manman yo.

Se sèten mwen te fè kèk move eksperyans. Pa egzanp, yon lè, mwen te vle mande yon etidyan Labib ki pale saramakan ki jan l ye, paske l te gen vant fè mal. Men an reyalite, mwen te mande l èske l ansent. Mwen pa bezwen di nou, li pa t apresye sa ditou. Malgre m te konn fè erè konsa, mwen te toujou fè efò pou m pale ak moun yo nan lang manman yo pandan m te nan asiyasyon m.

MWEN TE AKSEPTE PLIS RESPONSABLITE

An 1970, mwen te vin siveyan sikonskripsyon. Pandan ane sa a, mwen te pase yon dyapozitiv ki te gen tit “Vizit nan Syèj mondyal Temwen Jewova yo” pou anpil gwoup izole nan forè a. Pou n te rive jwenn moun yo, mwen menm ak yon gwoup frè te konn vwayaje sou flèv ki pase nan forè a, nan yon kannòt an bwa ki byen long. Nan kannòt nou an, nou te konn met yon dèlko, yon tank gaz, kèk lanp, ak ekipman pou n pase dyapozitiv la. Lè n te rive, nou te konn pot tout ekipman sa yo kote n t ap pase pwogram nan. Sa m plis sonje nan vwayaj sa yo, se jan moun nan zòn izole yo te renmen pwogram sa yo anpil. Se pa ti kontan m te kontan ede lòt moun aprann konn Jewova ak pati òganizasyon l lan ki sou tè a. Benediksyon m te jwenn yo te plis pase nenpòt sakrifis mwen te fè pandan m ap fè travay Jewova a.

MWEN TE TRESE YON KÒD KI GEN TWA BRANCH

Mwen menm ak Ethel te marye an septanm 1971.

Byenke m te ka wè avantaj mwen te jwenn nan sèvis mwen antanke selibatè, m te toujou santi m bezwen yon moun pou m fè vi m. Donk, mwen te kòmanse priye pou m sitou jwenn yon madanm ki t ap kontan andire ansanm avè m nan sèvis aplentan nan forè a, yon sèvis ki pa t fasil. Anviwon ennan annapre, mwen te kòmanse file Ethel, yon pyonye espesyal ki te dispoze travay di pou Jewova, menm lè sa pa t fasil pou li. Depi Ethel te toupiti, li te renmen apot Pòl anpil, e li te vle fè tout sa l kapab nan travay fè disip la menm jan ak apot Pòl. Nou te marye an septanm 1971, e nou te kòmanse travay sikonskripsyon an ansanm.

Pandan Ethel t ap grandi, fanmi l pa t gen gwo mwayen. Sa te pèmèt li byen adapte l ak travay sikonskripsyon an nan forè a. Pa egzanp, lè n t ap prepare pou n vizite kongregasyon ki byen fon nan forè a, nou pa t konn pot anpil bagay. Nou te konn lave rad nou nan rivyè e n te konn benyen nan rivyè. Epitou, nou te konn manje nenpòt sa frè yo te ban nou, igwàn, pirana oswa nenpòt lòt bèt yo te konn chase nan forè a oswa yo te konn kenbe nan rivyè yo. Lè pa t gen asyèt nou te konn manje nan fèy bannann. Lè pa t gen kiyè, nou te konn manje ak dwèt nou. Mwen menm ak Ethel santi sakrifis nou fè ansanm pandan n ap sèvi Jewova fè n vin yon kòd ki trese an twa (Ekl. 4:12). Nou pap boukante eksperyans sa yo pou anyen!

Se lè n t ap retounen sot nan yon vwayaj nan yon zòn izole ki nan forè a, nou te fè eksperyans mwen rakonte pi wo a. Lè kannòt la te rive nan zòn kote dlo a t ap koule byen vit, li te antre anba dlo a, men li te remonte tousuit. Erezman nou te gen jilè sovtaj sou nou e n pa t tonbe nan dlo. Men, kannòt nou te ladan l lan te plen dlo. Nou te jete sa n te gen nan chodyè nou yo nan rivyè a, epi nou te sèvi ak chodyè sa yo pou n te retire dlo nan kannòt la.

Piske nou te pèdi manje nou yo, nou te kòmanse peche pandan n t ap desann flèv la. Men, nou pa t rive pran anyen. Se sa k fè nou te priye Jewova e nou te mande l pou l ban nou manje pou jounen an. Tousuit apre n fin priye, youn nan frè yo te voye yon liy e l te pran yon gwo pwason ki te ase pou nou senk lan te manje jou swa sa a, e nou te satisfè.

MARI, PAPA, AK SIVEYAN SIKONSKRIPSYON

Apre mwen menm ak Ethel fin fè senkan nan travay sikonskripsyon an ansanm, nou te resevwa yon benediksyon nou pa t atann: nou t apral vin paran. Mwen te kontan aprann nouvèl la, menm lè mwen pa t fin sèten sa demen t ap pote. Mwen menm ak Ethel te vrèman vle ret nan sèvis aplentan si sa t ap posib. An 1976, Ethniël, pitit gason nou an te fèt. Giovanni, dezyèm pitit gason nou an, te fèt dezan edmi annapre.

Pandan m t ap asiste yon batèm ki te fèt nan flèv Tapanawoni, toupre Godo Wolo nan lès Sirinam, an 1983.

Piske te gen anpil bezwen nan peyi Sirinam nan epòk sa a, biwo filyal la te pèmèt mwen kontinye sèvi antanke siveyan sikonskripsyon toutpandan nou t ap leve pitit nou yo. Lè pitit gason nou yo te piti, yo te voye m nan sikonskripsyon ki pa t gen anpil kongregasyon. Nòmalman, sa te pèmèt mwen fè kèk semèn chak mwa ap sèvi antanke siveyan sikonskripsyon, epi m te konn pase rès mwa a antanke pyonye nan kongregasyon kote yo te voye nou an. Ethel ak ti mesye n yo te konn vin avè m lè m t ap vizite kongregasyon ki te toupre lakay nou yo. Sepandan, m te konn vwayaje poukont mwen lè m t ap vizite kongregasyon ki nan forè a e lè m t ap òganize asanble nan forè a.

Nan travay sikonskripsyon an, mwen te konn vwayaje nan kannòt souvan pou m t al vizite kongregasyon ki nan zòn izole.

M te oblije byen òganize tout afè m pou m te ka byen fè travay mwen. Mwen te asire m nou fè etid familyal nou chak semèn. Lè m te konn al vizite kongregasyon ki nan forè a, Ethel te konn fè etid familyal la ak ti mesye nou yo lakay. Depi sa te posib, fanmi an te konn fè tout bagay ansanm. Epitou, mwen menm ak Ethel te konn pran bon detant ak tigason nou yo, menmsi se te jwe kèk jwèt oswa fè yon ti pwomnad. Byen souvan, mwen te konn ret byen ta nan nuit ap prepare aktivite ki te gen rapò ak sèvis mwen. Ethel li menm, antanke yon madanm ki kapab, te konn leve bonè jan Pwovèb 31:15 di sa, pou fanmi an te ka fè tèks pou jounen an e pou n te ka manje ansanm anvan pitit gason n yo t al lekòl. Se pa ti rekonesans mwen genyen lefètke m gen yon madanm ki dispoze fè sakrifis, ki toujou ede m pou m fè travay Jewova ban m fè a!

Antanke paran, nou te fè anpil efò pou n ede tigason nou yo renmen Jewova e pou yo renmen travay fè disip la. Nou te vle pou pitit gason n yo chwazi sèvis aplentan kòm karyè. Nou pa t vle yo fè sa paske se sa n te vle pou yo, men paske se sa yo menm yo te chwazi. Nou te toujou fè yo konnen jan sèvis aplentan kapab ede yo gen kè kontan. Se vre nou te konn gen pwoblèm, men, nou te montre yo ki jan Jewova te ede nou antanke fanmi e ki jan l te beni nou. Epitou, nou te veye pou pitit gason n yo fè zanmi ak Temwen ki te bay Jewova premye plas nan lavi yo.

Jewova te ban n tout sa n bezwen pandan n t ap leve pitit nou yo. Men mwen menm, mwen te toujou eseye fè sa m kapab. Eksperyans mwen te fè nan forè a antanke pyonye espesyal selibatè te aprann mwen pou m chèche konnen davans sa nou t ap bezwen pou n viv. Men, pafwa, menm lè n te fè tout sa n te kapab, nou pa t rive gen tout sa n te bezwen. Nan moman sa yo, mwen gen konviksyon Jewova te ede nou. Pa egzanp, nan fen ane 1980 yo ak nan kòmansman ane 1990 yo, te gen yon gwo deblozay nan peyi Sirinam. Pandan ane sa yo, pafwa, li te difisil pou n jwenn bagay ki pi senp yo. Aktout sa, Jewova te pran swen nou. — Mat. 6:32.

LÈ M AP REFLECHI SOU LAVI M

Sot agoch al adwat: Mwen menm ak madanm mwen, Ethel.

Ethniël, pi gran pitit gason n nan, ak madanm li, Natalie.

Giovanni, pitit gason nou, ak madanm li, Christal.

Jewova te toujou pran swen nou pandan tout vi n, e li ede n pou n gen anpil kè kontan ak satisfaksyon. Pitit nou yo se yon gwo benediksyon pou nou e se yon privilèj pou n te leve yo e pou n te ede yo pou yo sèvi Jewova. Nou kontan anpil lefètke yo chwazi fè karyè nan sèvis aplentan tou. Ethniël ak Giovanni te gradye nan lekòl ki rele kounye a Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, e y ap sèvi nan filyal Sirinam nan ansanm ak madanm yo.

Mwen menm ak Ethel fin granmoun kounye a, men, nou toujou okipe nan travay Jewova a antanke pyonye espesyal. Anfèt, nou tèlman okipe, mwen poko jwenn tan pou m aprann naje. Men, mwen pa regrèt anyen. Lè m ap reflechi sou lavi m, franchman, mwen santi desizyon m te pran lè m te jèn pou m fè karyè nan sèvis aplentan an, se youn nan pi bon desizyon m te ka pran.

b N ap jwenn byografi Willem van Seijl, ki gen tit “La réalité a dépassé mes attentes”, nan Reveye n! 8 oktòb 1999.