Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 48

Rete nan bonsans ou lè l difisil pou w ret fidèl

Rete nan bonsans ou lè l difisil pou w ret fidèl

“Rete nan bonsans ou nan tout bagay.” — 2 TIM. 4:5.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa rete nan bonsans nou vle di? (2 Timote 4:5).

 LÈ N AP fè fas ak sitiyasyon ki kontrarye n, li kapab difisil pou n ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan. Ki sa k ap ede n fè fas ak sitiyasyon sa yo? Nou bezwen rete nan bonsans nou epi ret je klè, toutpandan nou kontinye kenbe fèm nan lafwa. (Li 2 Timote 4:5.) Nou rete nan bonsans nou lè n rete kalm, nou byen reflechi e nou fè efò pou n wè bagay yo jan Jewova wè yo. Lè n fè sa, n ap rive kontwole panse nou.

2. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Nan atik anvan an, nou te wè twa sitiyasyon nou ka jwenn nan monn nan. Nan atik sa a, nou pral wè twa sitiyasyon nou ka jwenn anndan kongregasyon an ki ka fè l difisil pou n ret fidèl ak Jewova. Sitiyasyon tankou 1) lè n santi yon frè oswa yon sè mal aji avè n, 2) lè n resevwa disiplin, e 3) lè l difisil pou n adapte n ak chanjman ki fèt nan òganizasyon an. Ki jan n ka rete nan bonsans nou epi ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan lè n ap fè fas ak sitiyasyon konsa?

LÈ N SANTI YON FRÈ OSWA YON SÈ MAL AJI AVÈ N

3. Ki jan n ta ka reyaji si n santi yon kwayan parèy nou mal aji avè n?

3 Èske sa deja rive ou santi yon kwayan parèy ou mal aji avè w, petèt yon moun ki gen responsablite, pa egzanp yon ansyen? Sandout se pa espre frè a te fè (Wom. 3:23; Jak 3:2). Men, sa l te fè a ka fè w kontrarye. Ou ka pa ka dòmi afòs w ap panse ak sa. Ou ka menm ap mande tèt ou: ‘Si yon frè ka aji konsa, èske òganizasyon sa a se òganizasyon Bondye a vre?’ Se egzakteman konsa Satan vle w panse (2 Kor. 2:11). Lè n reflechi konsa, sa ka fè n sispann sèvi Jewova epi kite òganizasyon l lan. Si n santi yon frè oswa yon sè mal aji avè n, ki jan n ka rete nan bonsans nou epi evite gen move panse?

4. Ki jan Jozèf te rete nan bonsans li lè yo te mal aji avè l, e ki leson nou ka aprann nan egzanp li? (Jenèz 50:19-21).

4 Nou pa dwe gen rankin. Lè Jozèf te nan adolesans li, gran frè l yo te mal aji avè l. Yo te rayi l, e kèk nan yo te menm vle touye l (Jen. 37:4, 18-22). Finalman, yo te vann li kòm esklav. Sa te fè Jozèf jwenn gwo eprèv pandan anviwon 13 an. Jozèf te ka ap mande tèt li èske Jewova renmen l vre. Li te ka ap mande tèt li tou èske Jewova pa t abandone l nan moman li te bezwen l ede l. Men, Jozèf pa t gen rankin. Okontrè, li te rete kalm, sa ki te ede l rete nan bonsans li. Lè l te jwenn okazyon pou l te fè frè l yo peye sa yo te fè a, li pa t fè sa, li te montre l renmen yo e l te padone yo (Jen. 45:4, 5). Jozèf te aji konsa paske l te byen reflechi. Olye l te konsantre sou pwoblèm li yo, li te wè sa k te pi enpòtan an, anpalan de objektif Jewova. (Li Jenèz 50:19-21.) Ki leson nou aprann? Si yo mal aji avè n, nou pa bezwen fache kont Jewova oswa nou pa bezwen ap mande tèt nou si Jewova abandone nou. Okontrè, reflechi sou fason l ap ede w pou w andire eprèv la. Anplis de sa, lè lòt moun mal aji avè w, fè efò pou w pa ret konsantre sou enpèfeksyon yo, montre w renmen yo. — 1 Pyè 4:8.

5. Ki jan Miqueas te rete nan bonsans li lè l te santi yo te mal aji avè l?

5 Ann pran egzanp yon ansyen ann Amerik disid ki rele Miqueas b. Li sonje yon lè, li te santi kèk ansyen te mal aji avè l. Li te di: “Se premye fwa m te santi m strese konsa. Sa te boulvèse m. Mwen pa t ka dòmi nan nuit, e mwen te kriye paske m te santi m pa t konn sa pou m fè.” Aktout sa, Miqueas te rete nan bonsans li e l te fè efò pou l kontwole santiman l. Li te konn priye Jewova souvan, e l te konn mande l pou l ba l lespri sen ak fòs pou l andire. Epitou, li te chèche jwenn enfòmasyon nan piblikasyon nou yo ki te kapab ede l. Ki leson nou aprann? Si w santi yon frè oswa yon sè mal aji avè w, rete kalm epi fè efò pou w metrize kèlkeswa move santiman w ta ka genyen. Ou ka pa konn sa k fè moun nan pale oswa aji konsa. Donk, priye Jewova pou w mande l ede w konprann rezon ki fè moun nan pale oswa aji avè w konsa. Lè w fè sa, sa ka ede w pou w pa panse se espre frè a oswa sè a te fè lè l te mal aji avè w la, e sa ka ede w pou w padone l (Pwo. 19:11). Sonje, Jewova konn sitiyasyon w e l ap ba w fòs ou bezwen pou w andire. — 2 Kwo. 16:9; Ekl. 5:8.

LÈ N RESEVWA DISIPLIN

6. Poukisa l enpòtan pou n konprann se paske Jewova renmen n ki fè l ban nou disiplin? (Ebre 12:5, 6, 11).

6 Lè n resevwa disiplin, sa ka fè n santi n tris anpil. Men, si n ap panse sèlman ak jan sa fè n santi n tris, nou ka kòmanse panse nou pa merite disiplin nan oswa l twò di. Konsa, nou ka pa rive konprann yon bagay ki enpòtan anpil: se paske Jewova renmen n ki fè l ban nou disiplin. (Li Ebre 12:5, 6, 11.) Si n ret ap panse ak jan disiplin nan fè n mal, nou ka bay Satan okazyon pou l atake n. Li ta renmen nou pa aksepte disiplin nan, e sa k pi mal la, pou n sispann sèvi Jewova epi kite kongregasyon an tikras pa tikras. Si w resevwa disiplin, ki sa w ka fè pou w rete nan bonsans ou?

Piske Pyè te gen imilite, li te aksepte konsèy ak disiplin, sa ki te fè l vin pi itil Jewova. (Gade paragraf 7.)

7. a) Jan nou wè nan foto a, ki jan Jewova te itilize Pyè apre Pyè te fin aksepte disiplin? b) Ki sa n aprann nan egzanp Pyè?

7 Aksepte disiplin, epi fè chanjman ki nesesè yo. Jezi te korije Pyè devan lòt apot yo plizyè fwa (Mak 8:33; Lik 22:31-34). Pyè dwe te santi l wont anpil! Sepandan, li te ret fidèl ak Jezi. Li te aksepte disiplin e l te fè efò pou l pa t refè menm erè yo ankò. Se sa k fè Jewova te rekonpanse Pyè poutèt li te fidèl e li te ba l yon seri gwo responsablite nan kongregasyon an (Jan 21:15-17; Tra. 10:24-33; 1 Pyè 1:1). Ki sa n ka aprann nan egzanp Pyè? Lè n pa ret ap panse ak jan n santi n wont lè n resevwa disiplin, nou aksepte yo korije n e n fè chanjman ki nesesè yo, sa bon ni pou nou ni pou lòt moun. Konsa, nou vin pi itil Jewova e nou vin pi itil frè n ak sè n yo.

8-9. Ki jan Bernardo te santi l apre l te fin resevwa disiplin, men, ki sa k te ede l chanje fason l panse?

8 Ann wè sa k te rive Bernardo, yon frè nan peyi Mozanbik. Li te diskalifye antanke ansyen. Ki jan Bernardo te santi l okòmansman? Men sa l di: “Mwen te vekse paske m pa t renmen disiplin m te resevwa a.” Li t ap bay tèt li pwoblèm pou jan frè ak sè yo nan kongregasyon an t apral wè l. Men sa l admèt: “Sa te pran kèk mwa pou m te aksepte sitiyasyon an e pou m te rekòmanse fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans.” Ki sa k te ede Bernardo chanje atitid li te genyen an?

9 Bernardo te chanje fason l panse. Men sa l esplike: “Lè m te ansyen, mwen te konn sèvi ak Ebre 12:7 pou m ede lòt moun byen wè disiplin Jewova bay. Donk, mwen te vin ap mande tèt mwen: ‘Kiyès ki bezwen aplike vèsè sa a?’ Se tout sèvitè Jewova yo, sa vle di m ladan l tou.” Annapre, Bernardo te fè plis efò pou l te vin gen konfyans nan Jewova ak nan òganizasyon l lan ankò. Li te li Bib la pi souvan e l te pase plis tan ap medite sou sa l li yo. Byenke l pa t fin konn kòman frè ak sè yo t ap wè l, li te konn patisipe ansanm ak yo nan travay fè disip la e li te konn patisipe nan reyinyon kongregasyon an. Rive yon lè, Bernardo te vin ansyen ankò. Si w te resevwa disiplin menm jan ak Bernardo, fè efò pou w pa ret ap panse ak jan sa fè w wont, aksepte konsèy yo ba w, epi fè chanjman ki nesesè yo c (Pwo. 8:33; 22:4). Si w fè sa, ou kapab gen asirans Jewova ap rekonpanse w poutèt ou ret fidèl avè l e ak òganizasyon l lan.

LÈ L DIFISIL POU N ADAPTE N AK CHANJMAN KI FÈT NAN ÒGANIZASYON AN

10. Ki chanjman ki te fèt ki te ka fè l difisil pou kèk mesye pami Izrayelit yo ret fidèl?

10 Lè gen chanjman ki fèt nan òganizasyon an, sa ka fè l difisil pou n ret fidèl. Si n pa veye, nou ka menm kite sa fè n sispann sèvi Jewova. Pa egzanp, reflechi sou jan yon chanjman ki te fèt sou Lwa Moyiz la te ka gen efè sou kèk Izrayelit. Anvan te vin gen Lalwa, chèf fanmi yo te konn fè yon seri travay se prèt ki ta dwe fè yo. Yo te konn konstwi lotèl e yo te konn ofri Jewova sakrifis pou fanmi yo (Jen. 8:20, 21; 12:7; 26:25; 35:1, 6, 7; Jòb 1:5). Men, lè te vin gen Lalwa, chèf fanmi yo te oblije sispann fè travay sa yo. Jewova te chwazi moun ki te sot nan fanmi Arawon pou sèvi kòm prèt e pou ofri sakrifis. Depi lè sa a, si yon chèf fanmi ki pa t yon desandan Arawon ta fè yon travay se yon prèt ki te dwe fè l, yo te ka touye l d (Lev. 17:3-6, 8, 9). Èske chanjman sa a se petèt youn nan rezon ki te fè Kore, Datan, Abiram ak 250 chèf yo fè rebèl ak Moyiz ak Arawon (Nonb 16:1-3)? Nou pa fin sèten. Men, nou konnen Kore ak mesye ki te ansanm avè l yo pa t ret fidèl ak Jewova. Ki sa n ka fè si gen chanjman ki fèt nan òganizasyon an, e sa fè l difisil pou n ret fidèl?

Lè yo te vin bay desandan Keyat yo yon lòt travay, yo te dakò sèvi antanke chantè, antanke moun k ap veye pòtay, oswa antanke responsab depo. (Gade paragraf 11.)

11. Ki sa n aprann nan egzanp kèk Levit ki te desandan Keyat?

11 Ann aksepte tout chanjman ki fèt nan òganizasyon an. Pandan desandan Keyat yo te nan dezè a, yo te konn fè yon travay ki vrèman espesyal. Chak fwa Izrayelit yo te leve kan, kèk nan desandan Keyat yo te konn pote lach alyans lan devan tout pèp la (Nonb 3:29, 31; 10:33; Joz. 3:2-4). Se te yon gwo privilèj! Men, bagay yo te vin chanje lè Izrayelit yo te abite nan Peyi Bondye te pwomèt la. Yo pa t bezwen deplase lach la souvan ankò. Donk, nan moman Salomon te wa, gen kèk desandan Keyat travay yo se te chante, gen kèk lòt travay yo se te veye pòtay yo, e gen lòt ki te responsab depo yo (1 Kwo. 6:31-33; 26:1, 24). Pa gen okenn kote ki montre desandan Keyat yo te konn plenyen oswa yo te egzije pou yo ba yo yon travay ki pi enpòtan paske yo te konn fè yon travay espesyal. Ki leson nou aprann? Nou bezwen aksepte chanjman òganizasyon Jewova a fè yo ak tout kè nou, san wete nenpòt chanjman ki gen rapò ak travay yo ban n fè. Chèche gen kè kontan nan kèlkeswa travay yo ban nou fè. Sonje, se pa travay n ap fè a ki fè n gen valè. Obeyisans nou gen plis valè lontan pou Jewova pase kèlkeswa travay yo ban nou fè. — 1 Sam. 15:22.

12. Ki jan Zaina te santi l lè l pa t nan Betèl ankò?

12 Ann pran egzanp Zaina, yon sè nan Mwayenn Oryan, ki te pèdi yon privilèj li te renmen anpil. Yo te voye l al sèvi nan yon tèritwa apre l te fin fè plis pase 23 an nan Betèl. Li te di: “Chanjman sa a te yon gwo chòk pou mwen. Mwen te santi m pa t itil anyen. E m pa t sispann mande tèt mwen: ‘Ki sa m te fè ki pa t bon?’” Malerezman, te gen kèk frè ak sè nan kongregasyon an ki te fè l gen plis lapenn toujou, lè yo te di l: “Si w te bon konsa, òganizasyon an pa t ap kite w ale.” Pandan kèk tan, sa te tèlman fè Zaina mal, li te konn kriye chak swa. Men, li di: “M pa t janm kite sa fè m gen dout sou òganizasyon an oswa sou lanmou Jewova.” Ki jan Zaina te rive rete nan bonsans li?

13. Ki sa Zaina te fè pou l te rive konbat santiman l te genyen ki t ap boulvèse l yo?

13 Zaina te rive fè fas ak santiman l te genyen ki t ap boulvèse l yo. Ki sa k te ede l? Li te li yon seri atik nan piblikasyon nou yo ki te gen rapò ak sitiyasyon l lan. Atik ki gen tit “Vous pouvez vaincre le découragement!”, ki parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2001 an, te ede l anpil. Atik sa a esplike ki jan Mak, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te rive fè fas ak yon santiman menm jan an lè yo te chanje l travay. Men sa Zaina di: “Egzanp Mak se egzakteman sa m te bezwen pou m te sispann santi m dekouraje.” Epitou, Zaina te ret pwòch ak zanmi l yo. Li pa t met kò l apa, ni l pa t ret ap plenyen sò l. Li te vin sonje se lespri sen k ap gide desizyon òganizasyon Jewova a pran yo e frè ki alatèt yo gen anpil sousi pou li. Men, li te rann li kont tou sa k pi enpòtan pou òganizasyon Jewova a se pou travay Jewova a fèt.

14. Ki chanjman ki te fèt nan òganizasyon an ki pa t fasil pou Vlado, e ki sa k te ede l adapte l?

14 Vlado, yon ansyen ki gen 73 an k ap viv nan peyi Sloveni, te gen pwoblèm lè kongregasyon l lan te vin fè yon sèl ak yon lòt kongregasyon e lè Sal Wayòm li te konn asiste reyinyon an te fèmen. Men sa l di: “M pa t konprann poukisa yo te fèmen yon bèl Sal Wayòm konsa. Sa te fè m mal paske nou te fèk fin repare Sal la. Mwen se yon bòs chapant, e se mwen ki te fè kèk nan nouvo mèb yo. Epitou, chanjman ki te fèt yo te mande pou pwoklamatè ki granmoun yo adapte yo, men, sa pa t fasil.” Ki sa k te ede Vlado aksepte chanjman sa yo? Men sa l di: “Lè n fè efò pou n adapte n ak chanjman òganizasyon Jewova a fè, sa toujou pote benediksyon. Sa prepare n pou pi gwo chanjman ki gen pou fèt pi devan.” Èske w ap fè efò pou w adapte w lefètke kongregasyon w lan fè yon sèl ak yon lòt kongregasyon oswa paske yo chanje w travay? Ou mèt gen asirans Jewova konprann jan w santi w. Lè w aksepte chanjman sa yo e w ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l ap itilize a, se sèten l ap beni w. — Sòm 18:25.

ANN RETE NAN BONSANS NOU NAN TOUT BAGAY

15. Ki jan n ka rete nan bonsans nou lè n jwenn difikilte nan kongregasyon an?

15 Tank lafen an ap pwoche, nou ka atann n ap jwenn difikilte anndan kongregasyon an. Difikilte sa yo ka fè l pa fasil pou n ret fidèl ak Jewova. Se sa k fè nou dwe rete nan bonsans nou. Si w santi yon frè oswa yon sè mal aji avè w, pa kite sa fè w ret fache. Si w resevwa disiplin, pa ret ap panse ak jan sa fè w wont, aksepte konsèy ou jwenn, epi fè chanjman ki nesesè yo. Epitou, lè gen chanjman ki fèt nan òganizasyon Jewova a ki konsène w pèsonèlman, aksepte yo ak tout kè w e fè sa yo mande w fè a.

16. Ki jan w ka kontinye fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans?

16 Ou kapab kontinye fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans lè l difisil pou w ret fidèl. Men, pou w fè sa, ou bezwen rete nan bonsans ou, sa vle di rete kalm, byen reflechi, epi chèche wè bagay yo menm jan ak Jewova. Pran detèminasyon pou w egzamine egzanp yon seri moun Bib la pale de yo ki te rive fè fas ak sitiyasyon menm jan an, epi medite sou egzanp yo. Priye Jewova pou w mande l ede w. Epi, pa janm pran distans ou ak kongregasyon an. Konsa, kèlkeswa sa k rive, Satan pap kapab fè w kite Jewova oswa òganizasyon L lan. — Jak 4:7.

KANTIK 126 Ret je klè, vin djanm, kenbe fèm

a Li ka pa fasil pou n ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan, sitou lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil anndan kongregasyon an. Nan atik sa a, nou pral wè twa nan sitiyasyon sa yo e ki sa n ka fè pou n ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan.

b Gen kèk non yo chanje.

c Ou ka jwenn plis konsèy k ap itil ou nan atik ki gen tit “Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?” ki parèt nan Toudegad 15 out 2009, paj 30.

d Selon Lalwa, chèf fanmi ki te vle touye yon bèt pou yo manje te dwe mennen bèt la nan tabènak la. Se sèlman chèf fanmi ki t ap viv twò lwen tabènak la ki pa t oblije fè sa. — Det. 12:21.