Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Chèche yon bon kote pou w etidye

Chèche yon bon kote pou w etidye

Èske w ta renmen pi byen pwofite lè w ap fè etid pèsonèl ou? Konsèy nou pral bay la yo kapab ede w pi byen konsantre lè w ap etidye:

  • Chwazi yon bon kote. Si posib, chèche jwenn yon kote ki pwòp e ki byen klere pou w kapab wè sa w ap li a. Ou kapab chita devan yon biwo oswa yon tab, oubyen ou ka chwazi yon kote deyò kay la, yon kote w ap santi w alèz.

  • Chèche yon kote pou w ret poukont ou. Jezi te chwazi priye “byen bonè nan maten”, “nan yon zòn ki izole”. (Mak 1:35.) Si l pa posib pou w poukont ou nèt, ou kapab fè moun nan fanmi w oswa moun nan kay la konnen lè w chwazi pou w etidye a epi mande yo pou yo pa deranje w nan moman sa a.

  • Ret konsantre. Evite bagay ki kapab fè w distrè. Si w ap sèvi ak yon telefòn oswa yon tablèt pou w etidye, mete l sou mòd silans oswa sou mòd avyon pou anyen pa deranje w. Si pandan w ap etidye a ou sonje gen yon bagay ou bezwen fè, pran yon ti nòt pou w ka sonje fè l apre w fin etidye. Si w kòmanse santi w pa ka konsantre ankò, pran yon ti poz pou w fè yon ti mache oswa pou w detire kò w.