Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 44

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

Fason n ka andire enjistis yo fè nou

Fason n ka andire enjistis yo fè nou

“Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen.”WOM. 12:21.

PWEN KLE

Sa w ka fè si yo fè w enjistis ak fason w ka aji pou w pa vin gen plis pwoblèm.

1-2. Ki fason nou tout ka sibi enjistis?

 JEZI te bay egzanp yon vèv ki te kontinye ap mande yon jij pou l fè l jwenn jistis. Pa gen dout, anpil nan disip Jezi yo te kapab konprann istwa sa a paske, byen souvan, anpil moun te konn sibi enjistis nan epòk yo a (Lik 18:​1-5). Nou menm tou nou kapab konprann jan vèv la te santi l paske nou tout konn sibi enjistis.

2 Jodi a, anpil moun nan monn nan gen prejije, yo pa janti e yo ava, se sa k fè n pa sezi lè yo mal aji avè n (Ekl. 5:8). Men, nou ka pa t ap atann se yon frè oswa yon sè ki mal aji avè n. Epoutan, sa ka rive. Nòmalman, frè n ak sè n yo pa menm jan ak moun ki opoze avè n yo e yo pa ta renmen mal aji avè n. Sepandan, yo pa pafè. Nou kapab aprann anpil bagay nan fason Jezi te reyaji lè yon seri moun mechan ki te opoze avè l te fè l enjistis. Si n ka demontre pasyans lè moun ki opoze avè n fè n enjistis, nou bezwen gen plis pasyans toujou ak frè n ak sè n yo! Ki jan Jewova santi l lè frè n ak sè n yo oswa lòt moun mal aji avè n? Èske l bay sa enpòtans?

3. Ki jan n fè konnen sa fè Jewova mal lè yo fè n enjistis?

3 Jewova vle yo byen aji avè n e li konnen lè lòt moun mal aji avè n. “Jewova renmen jistis.” (Sòm 37:28). Jezi ban nou asirans Jewova ap “fè [n] jwenn jistis byen vit” lè moman an rive (Lik 18:​7, 8). Talè konsa, li pral retire tout sa k ap fè n soufri ak tout kalite enjistis. — Sòm 72:​1, 2.

4. Ki jan Jewova ede n jodi a?

4 Pandan n ap tann moman kote pap gen enjistis ankò, Jewova ede n lè yo fè n enjistis (2 Pyè 3:13). Li aprann nou fason pou n aji lè yo fè n enjistis pou n pa gen plis pwoblèm. Jewova ban nou egzanp Pitit Gason l lan pou montre nou pi bon fason n ka aji lè yo fè n enjistis. Li ban n bonjan konsèy sou sa n ka fè lè yo mal aji avè n.

VEYE SOU FASON W REYAJI LÈ YO FÈ W ENJISTIS

5. Poukisa n bezwen veye sou fason n reyaji lè yo fè n enjistis?

5 Lè yo fè n enjistis, sa ka fè n mal anpil e sa ka ban n pwoblèm (Ekl. 7:7). Gen kèk sèvitè fidèl Jewova, tankou Jòb ak Abakouk, ki te santi yo konsa (Jòb 6:​2, 3; Aba. 1:​1-3). Li nòmal pou n santi n konsa, men n bezwen veye pou n pa mal aji.

6. Ki sa egzanp Absalon aprann nou? (Gade foto a tou.)

6 Lè yo fè n enjistis, petèt nou ka eseye tire revanj. Sepandan, si n aji konsa, nou ka fè sitiyasyon an vin pi mal toujou. Ann pran egzanp Absalon, pitit gason wa David. Li te fache anpil lè Amnon, frè l bò kot papa, te vyole Tama, sè l la. Selon Lwa Moyiz la, Amnon te dwe mouri pou sa l te fè a (Lev. 20:17). Se pa t yon move bagay lefètke Absalon te fache, men li pa t gen dwa touye Amnon. — 2 Sam. 13:​20-23, 28, 29.

Absalon te vin an kòlè akoz enjistis yo te fè Tama, sè l la. (Gade paragraf 6.)


7. Lè youn nan moun ki te ekri sòm yo te wè enjistis ki t ap fèt, ki jan l te reyaji okòmansman?

7 Lè moun ki mal aji sanble pa jwenn pinisyon, nou ka ap mande tèt nou èske sa vrèman itil pou n fè sa ki dwat. Ann wè sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di lè l te wè mechan yo t ap eksplwate moun ki jis yo e sanble zafè yo t ap byen mache. Men sa l te di: “Moun sa yo mechan, tout bagay toujou fasil pou yo.” (Sòm 73:12). Li te tèlman kontrarye akoz enjistis li te wè k ap fèt, li te panse sa pa itil anyen pou l sèvi Jewova. Men sa l te di: “Lè m te chèche konprann bagay sa a, sa te ban m anpil pwoblèm.” (Sòm 73:​14, 16). Anfèt, men sa l te fè konnen: “Kanta pou mwen, mwen te prèske kite bon chemen an, pye m te prèske glise.” (Sòm 73:2). Gen yon bagay menm jan an ki te rive yon frè ki rele Alberto a.

8. Ki jan yon frè te santi l lè yo te fè l enjistis?

8 Yo te akize Alberto kòmkwa li t ap vòlè lajan kongregasyon an. Se sa k fè li te pèdi privilèj li te genyen e l te pèdi respè plizyè frè ak sè nan kongregasyon an ki te aprann sa k te pase a. Men sa Alberto di: “Mwen te fache anpil, e m te vekse.” Li te kite sa aji sou relasyon l ak Jewova, e l te menm vin inaktif pandan senkan. Eksperyans sa a montre sa k ka rive si nou vin fache anpil akoz yon enjistis yo fè nou.

IMITE FASON JEZI TE REYAJI LÈ YO TE FÈ L ENJISTIS

9. Ki enjistis Jezi te andire? (Gade foto a tou.)

9 Jezi ban nou yon bèl egzanp sou fason pou n aji lè yo fè n enjistis. Anpil moun te mal aji avè l, kit se fanmi l, kit se lòt moun. Fanmi l yo pa t kwè nan li e yo te akize l kòmkwa li te pèdi tèt li. Chèf relijye yo te akize l kòmkwa li t ap kolabore ak demon yo. Sòlda women yo te pase l nan rizib, yo te maltrete l e yo te menm touye l (Mak 3:​21, 22; 14:55; 15:​16-20, 35-37). Sepandan, Jezi te andire tout enjistis sa yo ak lòt enjistis ankò e l pa t janm mal reyaji. Ki sa n ka aprann nan egzanp li?

Jezi ban nou yon bèl egzanp sou fason pou n andire enjistis yo fè n. (Gade paragraf 9-10.)


10. Ki jan Jezi te reyaji lè yo te fè l enjistis? (1 Pyè 2:​21-23).

10 Li 1 Pyè 2:​21-23 b. Jezi kite yon bèl egzanp pou nou sou fason pou n reyaji lè yo fè n enjistis. Li te konnen lè pou l pa di anyen ak lè pou l pale (Mat. 26:​62-64). Li pa t reponn tout fo akizasyon yo te lage sou do l (Mat. 11:19). Lè l te deside pale, li pa t joure moun ki t ap pèsekite l yo oswa li pa t fè yo menas. Li te demontre metriz paske li te “remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la”. Jezi te konnen se fason Jewova wè bagay yo ki pi enpòtan. Li te gen konfyans Jewova t ap retire tout enjistis nan bon moman.

11. Bay kèk fason n ka kontwole sa n ap di. (Gade foto yo tou.)

11 Menm jan ak Jezi, nou kapab kontwole sa n ap di lè yo mal aji avè n. Gen enjistis yo fè n ki pa twò grav, e nou kapab annik pase sou yo. Oubyen, nou ka chwazi pa di anyen paske, si n di yon bagay, sa ka lakòz plis pwoblèm (Ekl. 3:7; Jak 1:​19, 20). Gen lòt moman, nou ka bezwen pale lè n wè yo mal aji avè n oswa lè n bezwen defann laverite (Tra. 6:​1, 2). Si n oblije pale, nou dwe chèche fè tout sa n kapab pou n pale kalm e pou n fè sa avèk respè. — 1 Pyè 3:15. c

Lè yo fè n enjistis, nou kapab suiv egzanp Jezi lè n byen chwazi ki lè pou n pale ak fason pou n fè sa. (Gade paragraf 11-12.)


12. Ki jan n ka remèt tèt nou nan men “Sila a ki jije avèk jistis la”?

12 Nou kapab suiv egzanp Jezi tou lè n remèt tèt nou nan men “Sila a ki jije avèk jistis la”. Lè lòt moun mal jije nou oswa yo mal aji avè n, nou gen konfyans Jewova byen konn sitiyasyon an. Lè n gen konfyans nan Jewova, sa kapab ede n andire lè yo mal aji avè n, paske nou konnen rive yon lè Jewova pral korije bagay yo. Si nou fè Jewova konfyans e nou tann li pou l rezoud pwoblèm yo, nou pap ret an kòlè oswa nou pap rayi moun. Lè nou ret an kòlè sa kapab fè nou mal aji, nou kapab pèdi jwa nou, e n ka pèdi relasyon nou ak Jewova. — Sòm 37:8.

13. Si w twouve l difisil pou w andire enjistis yo fè w, ki asirans ou kapab genyen?

13 Nòmalman, nou pap janm ka suiv egzanp Jezi yon fason ki pafè. Pafwa, nou ka fè oswa di yon seri bagay nou regrèt annapre (Jak 3:2). Gen kèk enjistis yo fè nou ki ka fè n soufri e ki ka fè n gen pwoblèm pandan tout rès vi nou. Si w nan yon sitiyasyon konsa, ou mèt gen asirans Jewova konnen sa w ap andire. Epi, Jezi konnen jan w santi w, paske li menm tou yo te fè l enjistis (Ebre 4:​15, 16). Anplis Jewova ban nou Jezi kòm yon bèl egzanp, li ban nou bonjan konsèy k ap ede n fè fas ak enjistis. Ann egzamine de vèsè nan liv Women an ki kapab ede n.

“KITE KÒLÈ BONDYE AJI”

14. Ki jan n ka suiv konsèy apot Pòl te bay ki nan Women 12:19 la?

14 Li Women 12:19. Nou suiv konsèy apot Pòl bay la, lè n kite Jewova fè n jwenn jistis nan moman l chwazi a ak nan fason l deside a. Apre yo te fin mal aji ak yon frè ki rele John, men sa l te di: “Mwen te bezwen kontwole kòlè m pou m pa t fè anyen ki mal. Men, sa pa t fasil. Women 12:19 te ede m pou m tann Jewova.”

15. Poukisa li pi bon pou n tann Jewova rezoud yon pwoblèm?

15 Lè n kite Jewova rezoud yon pwoblèm, sa nan avantaj nou. Lè n aji konsa, nou evite difikilte ak strès nou ta ka jwenn nan chèche rezoud pwoblèm nan poukont nou. Jewova ofri nou pou l ede n. Se kòmsi l di nou: ‘Kite sa nan men m, m ap regle sa.’ Si n aksepte pwomès Jewova fè nou lè l di: “Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè”, nou kapab kite bagay yo nan men Jewova, piske nou gen konfyans l ap fè sa k pi bon an. Se sa k te ede John nou te pale de li pi wo a. Men sa l te di: “Si m ka annik tann Jewova, l ap rezoud pwoblèm nan pi byen lontan pase m.”

“KONTINYE POT LAVIKTWA SOU SA KI MAL LÈ W FÈ SA KI BYEN”

16-17. Ki jan lapriyè kapab ede n “kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè [n] fè sa ki byen”? (Women 12:21).

16 Li Women 12:21. Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo “kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè [yo] fè sa ki byen”. Men sa Jezi te di nan Diskou li te fè sou mòn nan: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” (Mat. 5:44). Se egzakteman sa l te fè. Petèt nou konn reflechi ak soufrans Jezi te andire lè sòlda women yo te kloure l sou yon poto. Jezi te soufri anpil e yo te fè l gwo enjistis. Nou pa ka vrèman konprann jan l te soufri.

17 Jezi te toujou renmen Papa l e l te rete fidèl avè L, menm lè l t ap soufri anpil. Olye l te mande malediksyon pou sòlda sa yo, men sa l te di nan yon priyè: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” (Lik 23:34). Lè n priye pou moun ki mal aji avè n, sa kapab ede n rete kalm, sa ka fè kòlè nou bese, e sa ka menm ede n chanje fason n wè moun sa yo.

18. Ki jan lapriyè te ede Alberto ak John andire enjistis yo te fè yo?

18 Lefètke de frè nou te pale de yo nan kòmansman atik la te priye Jewova, sa te ede yo andire enjistis yo te fè yo. Men sa Alberto di: “Mwen te priye pou frè ki te mal aji avè m yo. Mwen te mande Jewova plizyè fwa pou l ede m pa gade enjistis yo te fè m nan.” Nou byen kontan Alberto rekòmanse sèvi Jewova fidèlman. Men sa John di: “Mwen te priye plizyè fwa pou frè ki te mal aji avè m nan. Priyè sa yo te ede m pou m pa fache ak frè m nan e pou m te sispann jije l. E lefètke m te priye Jewova, sa te ede m rete kalm.”

19. Ki sa n dwe kontinye fè jiskaske monn sa a detwi? (1 Pyè 3:​8, 9).

19 Nou pa konnen ki enjistis yo ka fè nou anvan monn sa a detwi. Kèlkeswa sa n ta gen pou n andire, ann pa janm sispann priye Jewova pou l ede n. Epitou, ann imite fason Jezi te aji lè yo te mal aji avè l e ann kontinye aplike prensip ki nan Bib la. Si n fè sa, nou kapab sèten Jewova ap beni nou. — Li 1 Pyè 3:​8, 9.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

a Gen kèk non yo chanje.

b Nan chapit 2 ak chapit 3 premye lèt apot Pyè te ekri a, li pale konsènan sitiyasyon kote yon seri kretyen ki te esklav nan premye syèk la te sibi move tretman anba men mèt yo ki te mechan, e li pale tou konsènan sitiyasyon kote te gen mari ki pa kwayan ki te maltrete madanm yo. — 1 Pyè 2:​18-20; 3:​1-6, 8, 9.

c Gade videyo ki gen tit Fason lanmou fè moun gen vrè lapè a ki sou jw.org.