Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 47

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

Frè n yo, èske n ap chèche vin ansyen?

Frè n yo, èske n ap chèche vin ansyen?

“Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen.”1 TIM. 3:1.

PWEN KLE

Kèk nan kondisyon Bib la bay sou sa yon frè dwe fè pou l vin ansyen.

1-2. Ki “bèl travay” yon ansyen fè?

 SI W gen kèk tan depi w sèvitè ministeryèl, petèt w ap chèche kalifye pou w vin ansyen. Èske w ta renmen fè “bèl travay” sa a? — 1 Tim. 3:1.

2 Ki travay yon ansyen fè? Li pran devan nan travay predikasyon an, li travay di antanke bèje e li anseye, epi li ankouraje kongregasyon an nan pawòl li ak nan egzanp li bay. Bib la gen rezon rele ansyen yo k ap travay di “gason kòm kado”. — Efe. 4:8.

3. Ki jan yon frè kapab kalifye pou l vin ansyen? (1 Timote 3:​1-7; Tit 1:​5-9).

3 Ki jan w ka vin kalifye pou w vin ansyen? Kondisyon pou yon frè kalifye pou l vin ansyen se pa menm kondisyon pou yon moun kalifye pou l jwenn yon travay. Byen souvan nan monn nan, depi yon patwon jwenn sa l ap chèche nan yon anplwaye, moun sa a ka jwenn djòb la. Yon lòt bò, si w ta renmen vin ansyen, sa mande plis pase konn preche byen oswa anseye byen. Ou bezwen ranpli kondisyon Bib la bay pou yon frè vin ansyen, jan sa parèt nan 1 Timote 3:​1-7 ak Tit 1:​5-9. (Li vèsè yo.) Atik sa a ap montre sa ansyen yo bezwen fè nan twa domèn enpòtan: yo dwe chèche gen bon repitasyon ni nan kongregasyon an ni nan lavi y ap mennen chak jou, yo dwe bay bon egzanp antanke chèf fanmi, e yo dwe dispoze sèvi kongregasyon an.

CHÈCHE GEN BON REPITASYON

4. Sa sa vle di pou w “san repwòch”?

4 Pou w kalifye pou w vin ansyen, ou dwe “san repwòch”, sa vle di ou dwe gen yon bon repitasyon nan kongregasyon an e pèsonn pa ta dwe gen rezon di ou fè yon bagay ki mal. Epitou, “moun ki deyò yo ta dwe bay bon temwayaj sou” ou. Moun ki pap sèvi Jewova ka kritike kwayans ou, men yo pa ta dwe jwenn okenn rezon pou yo di ou pa serye oswa ou pa gen bon konduit (Dàn. 6:​4, 5). Mande tèt ou: ‘Èske m gen bon repitasyon ni nan kongregasyon an, ni nan lavi m ap mennen chak jou?’

5. Ki jan w ka montre ou “renmen sa ki byen”?

5 Si w “renmen sa ki byen”, w ap chèche sa ki bon lakay lòt moun e w ap felisite yo pou bèl kalite yo genyen. Epitou, w ap kontan fè byen pou lòt moun e w ap menm fè plis pase sa y ap atann pou w fè (1 Tes. 2:8). Poukisa li enpòtan anpil pou ansyen yo gen kalite sa a? Paske yo pase anpil tan ap ede frè ak sè yo ak nan travay yo gen pou yo fè pou kongregasyon an (1 Pyè 5:​1-3). Aktout sa, kè kontan yo jwenn nan ede lòt moun, pi plis lontan pase nenpòt sakrifis yo fè. — Tra. 20:35.

6. Bay kèk fason ou kapab montre ou “renmen akeyi moun”. (Ebre 13:​2, 16; Gade foto a tou.)

6 Ou montre w “renmen akeyi moun” lè w fè byen pou lòt moun, san wete moun ki pa zanmi pwòch ou (1 Pyè 4:9). Gen yon liv ki fè kòmantè sou Bib la ki fè konnen yon moun ki renmen akeyi moun se yon moun ki janti, menm ak moun li pa konnen, e ki kontan akeyi moun lakay li. Mande tèt ou: ‘Èske m se yon moun ki renmen akeyi moun ki vin nan reyinyon nan kongregasyon an?’ (Li Ebre 13:​2, 16.) Yon frè ki renmen akeyi moun fè tout sa l kapab pou l byen akeyi moun ki vin vizite kongregasyon an, sa gen ladan l moun ki pa gen gwo mwayen yo ak moun k ap travay di nan sèvis Jewova, tankou siveyan sikonskripsyon yo ak frè ki vin bay diskou yo. — Jen. 18:​2-8; Pwo. 3:27; Lik 14:​13, 14; Tra. 16:15; Wom. 12:13.

Yon mari ak madanm ki renmen akeyi moun k ap akeyi yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li. (Gade paragraf 6.)


7. Ki jan yon ansyen ka montre li ‘pa renmen lajan’?

7 Ou “pa dwe renmen lajan”. Sa vle di bagay materyèl pa dwe gen twòp enpòtans pou ou. Kit ou rich, kit ou pòv, ou bezwen met enterè Wayòm nan an premye nan tout aspè nan lavi w (Mat. 6:33). Ou bezwen sèvi ak tan w, fòs ou ak sa w genyen pou w adore Jewova, pou w pran swen fanmi w e pou w sèvi kongregasyon an (Mat. 6:24; 1 Jan 2:​15-17). Mande tèt ou: ‘Ki jan m konsidere lajan? Èske m kontante m ak bagay ki nesesè yo? Oubyen, èske m konsantre sou fè lajan ak sou chèche gen plis bagay materyèl?’ — 1 Tim. 6:​6, 17-19.

8. Bay kèk fason w montre ou “modere nan tout bagay” e w “gen metriz”.

8 Si w “modere nan tout bagay” e w “gen metriz”, w ap montre w rezonab nan tout aspè nan lavi w. Sa gen ladan l evite fè eksè nan manje, nan bwè, veye pou w pa egzajere nan fason w abiye ak nan fason w fè cheve w, epi byen chwazi detant w ap pran. Ou pap imite move fason moun nan monn nan ap viv (Lik 21:34; Jak 4:4). W ap rete kalm, menm lè lòt moun pwovoke w. Ou ‘pa yon bwasonyè’, oswa w pa yon moun ki bwè twòp, menm lè w pa sou. Mande tèt ou: ‘Èske fason m ap viv montre mwen modere nan tout bagay e m gen metriz?’

9. Sa sa vle di pou w “gen bonsans” e pou w “gen lòd”?

9 Si w “gen bonsans”, w ap byen egzamine yon seri sitiyasyon sou baz prensip ki nan Bib la. Ou bezwen byen egzamine prensip sa yo, e sa ap ede w pi byen konprann pou w ka pran bon desizyon. Ou pap kouri pran desizyon san reflechi. Okontrè, w ap asire w ou gen tout enfòmasyon ki nesesè yo (Pwo. 18:13). Konsa, w ap ka pran desizyon ki rezonab e ki ann amoni ak fason Jewova panse. Si w “gen lòd”, ou se yon moun ki òganize e ki respekte lè. Yo konnen w kòm yon moun yo ka fè konfyans e ki suiv enstriksyon w resevwa. Kalite sa yo ap ede w gen bon repitasyon. Kounye a, ann wè kèk kalite Bib la di yon ansyen dwe genyen pou l bay bon egzanp antanke chèf fanmi.

BAY BON EGZANP ANTANKE CHÈF FANMI

10. Ki jan yon frè ka “dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk”?

10 Si w se yon mari e w ta renmen kalifye pou w vin ansyen, fanmi w dwe bay bon egzanp. Se sa k fè w bezwen “dirije pwòp kay [ou] yon fason ki kòrèk”. Sa vle di ou bezwen pran swen fanmi w avèk lanmou epi pran bon desizyon pou fanmi an. Sa gen ladan l, fè adorasyon an fanmi, asire w tout moun nan fanmi w asiste reyinyon yo, epi ede yo bay tout yo menm nan travay predikasyon an. Poukisa sa enpòtan konsa? Men rezònman apot Pòl te fè: “Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?” — 1 Tim. 3:5.

11-12. Poukisa pitit yon frè dwe gen bon konduit pou frè a kalifye pou l vin ansyen? (Gade foto a tou.)

11 Si w se yon papa e w gen pitit ki minè, ou dwe kenbe “pitit [ou] nan soumisyon ak nan diyite”. Ou bezwen anseye yo epi ba yo fòmasyon avèk lanmou. Natirèlman, ou vle pou pitit ou gen kè kontan, pou y ap ri e pou y ap jwe menm jan ak tout timoun. Men tou, ou bezwen anseye yo pou yo obeyi w, pou yo respekte lòt moun e pou yo gen bon konpòtman. Epitou, ou dwe fè tout sa w kapab pou w ede pitit ou vin gen bon relasyon ak Jewova, pou yo suiv prensip ki nan Bib la e pou yo fè pwogrè pou yo batize.

12 “Pitit [ou dwe] gen lafwa e yo pa [dwe] gen repitasyon moun ki lage kò yo nan debòch, ni yo pa [dwe] rebèl.” Si yon timoun k ap sèvi Jewova fè yon peche grav, ki efè sa kapab genyen sou papa l? Si papa l te fè neglijans, li pa t ba l fòmasyon e l pa t disipline l, sa ka fè papa a pa kalifye pou l sèvi kòm ansyen. — Gade Toudegad 15 oktòb 1996, paj 21, paragraf 6-7 (fransè).

Chèf fanmi yo bay pitit yo fòmasyon lè yo ede yo patisipe nan plizyè aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a. (Gade paragraf 11.)


BYEN PRAN SWEN KONGREGASYON AN

13. Ki jan w ka montre w “rezonab” e w ‘pa gen tèt di’?

13 Frè ki gen bèl kalite antanke kretyen yo se yon benediksyon pou kongregasyon an. Yon frè ki “rezonab” ap fè efò pou gen lapè. Si w vle yo konnen w kòm yon moun ki rezonab, koute lòt moun e chèche konnen sa yo panse. Nan reyinyon ansyen yo ap fè, si pifò nan yo dakò pran yon desizyon ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la, èske w t ap dispoze soutni desizyon yo pran an, menm lè se pa desizyon sa a ou t ap pran? Ou “pa dwe gen tèt di”, sa vle di ou pap ensiste pou yo fè bagay yo jan w vle a. Ou konnen l enpòtan pou w koute sa lòt moun panse tou (Jen. 13:​8, 9; Pwo. 15:22). Ou “pa dwe renmen fè kont” oswa ou “pa dwe [...] renmen fè kòlè”. Sa vle di ou pa manke lòt moun dega, ni w pa nan fè diskisyon ak moun. Okontrè, ou janti ak yo. Antanke yon moun “ki renmen lapè”, ou fè efò pou w fè lapè, menm nan sitiyasyon ki pa fasil (Jak 3:​17, 18). Fason w pale kapab kalme lòt moun, menm moun ki pa dakò ak kwayans ou. — Jij 8:​1-3; Pwo. 20:3; 25:15; Mat. 5:​23, 24.

14. Sa sa vle di “li pa dwe [...] fèk konvèti” e l dwe “fidèl”?

14 Yon frè ki kalifye pou l vin ansyen se pa “yon moun ki fèk konvèti”. Menm lè w pa oblije gen anpil ane depi w batize, ou bezwen tan pou w vin gen matirite antanke kretyen. Anvan yo nome w ansyen, ou dwe montre ou gen imilite menm jan ak Jezi, e w dispoze tann Jewova pou l ba w plis responsablite nan kongregasyon an (Mat. 20:23; Flp. 2:​5-8). Ou kapab montre w “fidèl” lè w ret atache ak Jewova e ak prensip li yo ki jis, e lè w suiv direksyon li bay pa mwayen òganizasyon l lan. — 1 Tim. 4:15.

15. Èske yon ansyen dwe yon gwo oratè? Esplike.

15 Bib la fè konnen aklè siveyan yo dwe gen “kapasite pou [yo] anseye”. Èske sa vle di ou dwe yon gwo oratè? Non! Gen anpil ansyen kalifye, menm lè se pa yo ki bay pi bèl diskou, ki anseye byen nan travay fè disip la ak nan vizit pastoral. (Konpare ak 1 Korentyen 12:​28, 29 e ak Efezyen 4:11.) Aktout sa, ou bezwen toujou kontinye fè efò pou w vin yon pi bon anseyan. Ki sa k ka ede w fè pwogrè?

16. Ki jan w ka vin yon pi bon anseyan? (Gade foto a tou.)

16 “Rete kole sou pawòl ki fidèl la.” Pou w vin yon pi bon anseyan, asire w sa w ap di lè w ap anseye ak konsèy w ap bay yo baze sou Pawòl Bondye a. Pou w rive fè sa, ou bezwen byen etidye Bib la ak piblikasyon nou yo (Pwo. 15:28; 16:23). Toutpandan w ap etidye, chèche wè fason ou ka byen aplike prensip ki nan Bib la. E lè w ap anseye, fè anpil efò pou w touche kè moun k ap koute w yo. Ou kapab vin yon pi bon anseyan si w mande ansyen ki gen eksperyans yo konsèy e w aplike konsèy sa yo (1 Tim. 5:17). Ansyen yo bezwen ‘kapab ankouraje’ frè ak sè yo. Sepandan, pafwa ansyen yo dwe ba yo konsèy oswa menm “reprimande” yo. Nan kèlkeswa sitiyasyon an, ansyen yo dwe toujou aji avèk bonte. Si w janti e w gen lanmou, epi w baze ansèyman w ap bay sou Pawòl Bondye a, w ap yon bon anseyan paske w ap imite Jezi, Gran Anseyan an. — Mat. 11:​28-30; 2 Tim. 2:24.

Yon sèvitè ministeryèl pwofite èd yon ansyen ki gen eksperyans pou l aprann fason pou l sèvi ak Bib la pou l ankouraje lòt moun. Yon lòt bò, sèvitè ministeryèl la ap repete diskou li pral bay nan kongregasyon an devan yon glas. (Gade paragraf 16.)


KONTINYE FÈ PWOGRÈ

17. a) Ki sa k ka ede sèvitè ministeryèl yo kontinye fè pwogrè? b) Ki sa ansyen yo bezwen sonje lè y ap egzamine pou yo wè si yon frè ka sèvi kòm ansyen? (Gade kare ki gen tit “ Nou bezwen rezonab lè n ap egzamine pou n wè si yon frè ka sèvi kòm ansyen”.)

17 Gen kèk sèvitè ministeryèl, apre yo fin wè kondisyon Bib la bay pou yon moun vin ansyen, ki ka panse yo pap janm vin kalifye. Men, sonje, ni Jewova, ni òganizasyon l lan pa atann pou w demontre kalite sa yo yon fason ki pafè (1 Pyè 2:21). E se lespri sen Jewova ki gen anpil fòs k ap ede w pou w vin kalifye (Flp. 2:13). Èske gen yon kalite ou ta renmen amelyore? Priye Jewova sou sa. Fè rechèch sou kalite sa a, epi mande youn nan ansyen yo ede w wè fason w ka amelyore.

18. Ki sa tout sèvitè ministeryèl jwenn ankourajman pou yo fè?

18 Nou ankouraje tout frè yo, san wete frè ki deja ap sèvi kòm ansyen yo, pou yo kontinye chèche gen kalite nou sot wè nan atik sa a (Flp. 3:16). Èske w se yon sèvitè ministeryèl? Kontinye fè pwogrè! Mande Jewova pou l ba w fòmasyon pou w ka vin pi itil li e pou w vin pi itil kongregasyon an (Eza. 64:8). Nou swete pou Jewova beni efò w ap fè pou w kalifye pou w vin ansyen.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite