Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 46

KANTIK 49 Annou fè kè Jewova kontan

Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?

Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.”TRA. 20:35.

PWEN KLE

Pou ankouraje frè ki batize yo gen anvi pou yo vin sèvitè ministeryèl e pou yo chèche vin kalifye pou sa.

1. Ki jan apot Pòl te konsidere sèvitè ministeryèl yo?

 SÈVITÈ ministeryèl yo ap fè yon travay ki enpòtan anpil nan kongregasyon yo. Pa gen dout, apot Pòl te bay frè fidèl sa yo valè. Pa egzanp, lè l t ap ekri kretyen nan vil Filip yo, nonsèlman li te salye ansyen yo, men li te salye sèvitè ministeryèl yo tou. — Flp. 1:1.

2. Ki jan yon frè ki rele Luis konsidere travay li antanke sèvitè ministeryèl?

2 Anpil frè ki batize, kit yo jèn, kit yo granmoun, kontan anpil lè yo vin sèvitè ministeryèl. Pa egzanp, gen yon frè ki rele David a ki te gen 18 an lè yo te nome l sèvitè ministeryèl. Yon lòt bò, yon frè ki rele Luis te vin sèvitè ministeryèl nan kòmansman senkantèn li. Li te fè konnen fason anpil frè santi yo lè yo vin sèvitè ministeryèl. Men sa l te di: “Mwen santi se yon gwo privilèj pou m vin sèvitè ministeryèl, sitou lè m ap panse ak jan frè ak sè nan kongregasyon an montre yo renmen m!”

3. Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Si w se yon frè ki batize e w poko sèvitè ministeryèl, èske w ta ka chèche gen objektif sa a? Ki sa k ka pouse w chèche vin sèvitè ministeryèl? E ki kalite Bib la di ou bezwen genyen pou w vin sèvitè ministeryèl? Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon sa yo. Men toudabò, ann pale sou wòl yon sèvitè ministeryèl.

KI WÒL YON SÈVITÈ MINISTERYÈL?

4. Ki wòl yon sèvitè ministeryèl ? (Gade foto a tou.)

4 Yon sèvitè ministeryèl se yon frè batize lespri sen nome pou ede ansyen yo fè anpil travay enpòtan nan kongregasyon an. Gen kèk sèvitè ministeryèl ki veye pou pwoklamatè yo jwenn ase tèritwa pou yo preche e yo veye pou yo jwenn ase piblikasyon pou travay predikasyon an. Gen lòt ki ede pran swen Sal Wayòm nan epi kenbe l an bon eta. Sèvitè ministeryèl yo tou ede nan sèvis odyo/videyo pandan reyinyon kongregasyon an. Anpil nan travay sèvitè ministeryèl yo fè vrèman enpòtan. Sepandan, sa k pi enpòtan an, sèvitè ministeryèl se yon seri frè ki renmen Jewova e ki fè efò pou yo suiv prensip li yo. Epitou, yo renmen frè ak sè yo anpil (Mat. 22:​37-39). Ki jan yon frè ki batize kapab chèche vin sèvitè ministeryèl?

Sèvitè ministeryèl k ap bay tout yo menm pou sèvi lòt moun, konsa yo imite Jezi. (Gade paragraf 4.)


5. Ki jan yon frè ka vin kalifye pou l vin sèvitè ministeryèl?

5 Bib la montre ki kalite yon frè bezwen genyen pou l vin sèvitè ministeryèl (1 Tim. 3:​8-10, 12, 13). Ou kapab chèche gen privilèj sa a lè w etidye kalite Bib la montre sèvitè ministeryèl yo bezwen genyen epi lè w fè efò pou w chèche genyen yo. Men toudabò, ou bezwen byen reflechi sou rezon ki fè w ta renmen vin sèvitè ministeryèl.

POUKISA W VLE VIN SÈVITÈ MINISTERYÈL?

6. Ki sa k dwe motive w pou w fè nenpòt travay pou ede frè w ak sè w yo? (Matye 20:28; Gade foto a tou.)

6 Jezi Kris, pi bèl egzanp nou an, renmen Papa l e l renmen lèzòm. Se lanmou sa a ki te pouse l travay di epi fè yon seri travay moun pa bay valè. (Li Matye 20:28; Jan 13:​5, 14, 15.) Si se lanmou ki motive w, Jewova ap beni w e l ap ede w pou w reyalize objektif ou genyen pou w kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl. — 1 Kor. 16:14; 1 Pyè 5:5.

Grasa egzanp Jezi te bay, li te anseye apot li yo pou yo sèvi lòt moun avèk imilite olye pou y ap chèche gwo pozisyon. (Gade paragraf 6.)


7. Poukisa l pa bon pou yon frè ap chèche vin sèvitè ministeryèl pou l ka jwenn louwanj?

7 Moun yo nan monn nan bay moun k ap atire atansyon sou tèt yo anpil valè. Se pa konsa sa ye nan òganizasyon Jewova a. Yon frè ki renmen moun menm jan ak Jezi pap chèche domine sou lòt moun oswa parèt yon moun enpòtan. Si yo ta bay yon moun ki vle parèt gen plis enpòtans privilèj nan kongregasyon an, petèt gen travay moun pa bay valè ki bezwen fèt nan kongregasyon an li pa t ap vle fè. Li te ka wè travay sa yo pa sanble l (Jan 10:12). Jewova pap beni efò okenn moun fè si se ògèy oswa anbisyon ki pouse moun sa a fè efò sa yo. — 1 Kor. 10:​24, 33; 13:​4, 5.

8. Ki konsèy Jezi te bay apot li yo?

8 Pafwa, menm pi bon zanmi Jezi yo t ap chèche jwenn privilèj nan move entansyon. Ann wè sa apot Jak ak apot Jan te fè. Yo te mande Jezi pou l ba yo plas espesyal nan Wayòm li an. Jezi pa t felisite yo pou sa. Okontrè, men sa l te di toule 12 apot yo: “Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe vin esklav nou tout.” (Mak 10:​35-37, 43, 44). Frè k ap chèche vin kalifye nan objektif pou yo sèvi lòt moun ap ede kongregasyon an divès fason. — 1 Tes. 2:8.

KI SA K KA FÈ W PI ANVI SÈVI FRÈ W AK SÈ W YO?

9. Ki jan w ka vin gen plis anvi pou w kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl?

9 Pa gen dout, ou renmen Jewova e w vle sèvi lòt moun. Aktout sa, ou ka pa anvi fè travay sèvitè ministeryèl yo ap fè a. Ki jan w ka vin gen plis anvi pou w sèvi lòt moun? Li ta bon pou w reflechi ak kè kontan w ka jwenn lè w sèvi frè w ak sè w yo? Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35). Jezi te bay egzanp nan domèn sa a. Li te jwenn anpil kè kontan nan sèvi lòt moun. Ou menm tou ou kapab jwenn kè kontan sa a.

10. Ki jan Jezi te montre li te kontan sèvi lòt moun? (Mak 6:​31-34).

10 Ann pran yon egzanp sou fason Jezi te montre l kontan sèvi lòt moun. (Li Mak 6:​31-34.) Yon jou, Jezi ak apot li yo te fatige.Yo te sou wout pou y al yon kote apa pou yo pran yon ti repo. Men, te gen yon foul moun ki te pran devan yo paske yo te vle Jezi anseye yo. Li te ka di yo non. Dayè, li menm ak apot li yo “pa t menm jwenn tan pou yo manje”. Oswa, Jezi te ka voye moun yo ale apre l te fin anseye yo kèk bagay. Men, lefètke l te gen lanmou, li te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. Epi, li te kontinye anseye yo jiskaske “li [te] fin ta”. (Mak 6:35.) Li pa t fè sa paske l te oblije, men paske “li [te] vin gen pitye pou yo”. Li te vle anseye yo paske l te renmen yo. Jezi te jwenn anpil kè kontan nan sèvi lòt moun.

11. Ki jan Jezi te ede moun ki t ap koute l yo? (Gade foto a tou.)

11 Lè Jezi te sèvi foul moun yo, li te fè plis pase anseye yo. Li te ba yo sa ye te bezwen tou. Li te fè mirak pou l te ba yo manje e l te bay disip li yo distribye manje a (Mak 6:41). Lè Jezi te fè sa, se montre li t ap montre disip li yo fason pou yo sèvi lòt moun. Li te montre yo tou kalite sèvis sa yo, tankou sa sèvitè ministeryèl yo ap fè yo, se bagay ki enpòtan. Imajine jan apot yo te kontan lè yo t ap distribye manje Jezi te fè mirak pou l bay moun yo jiskaske “tout moun [te] manje vant plen”! (Mak 6:42.) Nòmalman, se pa t nan okazyon sa a sèlman Jezi te met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Li te pase tout vi l sou tè a ap sèvi moun (Mat. 4:23; 8:16). Jezi te jwenn kè kontan ak satisfaksyon nan anseye lòt moun e nan ede yo avèk imilite. Se sèten, ou menm tou w ap jwenn anpil kè kontan si w dispoze sèvi lòt moun antanke sèvitè ministeryèl.

Piske n renmen Jewova e nou vle sèvi lòt moun, n ap dispoze fè nenpòt sa yo ban n fè nan kongregasyon an. (Gade paragraf 11.) b


12. Poukisa okenn frè pa ta dwe panse li pa gen kapasite pou l ede kongregasyon an?

12 Si w santi w pa gen anpil kapasite, pa dekouraje. Sandout, ou gen kalite ki kapab itil kongregasyon an. Reflechi ak sa Pòl te di nan 1 Korentyen 12:​12-30 epi priye Jewova pou w mande l ede w wè fason w ka aplike pawòl sa yo. Pawòl Pòl yo montre aklè ou menm ak lòt sèvitè Jewova yo gen kalite ki kapab itil kongregasyon an. Si w pa kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl kounye a paske gen kèk bagay ou bezwen amelyore, pa dekouraje. Okontrè, eseye fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova a e fè efò pou w ede frè w ak sè w yo. Se sèten ansyen yo ap panse avè w e y ap ba w fè travay ou ka fè. — Wom. 12:​4-8.

13. Ki lòt moun pifò kondisyon Bib la bay pou yon moun sèvi nan kongregasyon an ap itil?

13 Reflechi ak yon lòt rezon ankò ki fè w bezwen chèche kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl: Se tout kretyen ki bezwen respekte pifò kondisyon Bib la bay pou yon frè vin sèvitè ministeryèl. Anfèt, tout kretyen bezwen chèche vin pwòch ak Jewova, yo bezwen chèche gen kè kontan lè yo bay, e yo bezwen bay bèl egzanp nan lavi yo antanke kretyen. Ki sa sitou yon frè kapab fè pou l vin sèvitè ministeryèl?

SA W KA FÈ POU W VIN SÈVITÈ MINISTERYÈL

14. Sa sa vle di pou w “serye”? (1 Timote 3:​8-10, 12).

14 Kounye a, ann egzamine kèk nan kondisyon nou jwenn nan 1 Timote 3:​8-10, 12. (Li vèsè yo.) Yon sèvitè ministeryèl dwe “serye”. Lè y ap tradui mo yo met “serye” pou li a, yo ka mete “merite respè” oswa “merite onè” pou li tou. Sa pa vle di antanke sèvitè ministeryèl ou pa dwe janm ri oswa w pa dwe janm bay blag (Ekl. 3:​1, 4). Sepandan, ou bezwen pran tout responsablite ou genyen oserye. Si yo konnen w se yon moun yo ka konte sou ou, kongregasyon an ap respekte w. 

15. Sa sa vle di pou w pa “gen de lang” e pou w pa “chèche jwenn avantaj nan move kondisyon”?

15 Ou “pa dwe gen de lang”, sa vle di ou dwe sensè, ou dwe onèt e yo dwe kapab fè w konfyans. Lè w di w ap fè yon bagay, ou fè l, e w pa chèche twonpe moun (Pwo. 3:32). Ou “pa dwe ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon”, sa vle di ou serye nan kesyon biznis ak nan fason w jere lajan. Ou pa ta dwe pwofite bon relasyon w gen ak frè w ak sè w yo pou w fè lajan.

16. a) Sa sa vle di pou w pa “lage kò [w] nan bwè anpil bwason ki gen alkòl”? b) Sa sa vle di pou w gen “yon konsyans ki klè”?

16 Ou “pa dwe lage kò [w] nan bwè anpil bwason ki gen alkòl”, sa vle di ou pa dwe bwè twòp alkòl oswa yo pa dwe konnen w kòm yon moun ki bwè anpil. Ou dwe gen “yon konsyans ki klè”, sa vle di ou dwe viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Byenke w pa pafè, lefètke w gen bon relasyon ak Bondye, sa fè w gen lapè.

17. Ki jan yon frè ka montre li se yon moun yo ka fè konfyans pandan y ap ‘teste l pou wè si l kapab’? (1 Timote 3:10; gade foto a tou.)

17 “Se pou yo teste [w] anvan pou wè si [w] kapab”, sa vle di ou bezwen montre yo kapab konfye w yon seri responsablite. Donk, lè ansyen yo ba w fè yon travay, pran san w pou w byen suiv enstriksyon yo ba w ak direksyon òganizasyon an bay. Asire w ou konprann travay yo ba w fè a e fè l nan lè w dwe fè l la. Lè w byen fè chak travay yo ba w fè, frè ak sè nan kongregasyon an ap wè sa e y ap apresye bonjan pwogrè w ap fè. Nou menm ansyen, asire nou nou bay frè ki batize yo fòmasyon. (Li 1 Timote 3:10.) Èske gen frè batize nan kongregasyon w lan ki nan kòmansman adolesans yo oswa ki pi jèn? Èske yo gen yon bon pwogram etid pèsonèl e yo byen prepare reyinyon yo? Èske yo fè kòmantè regilyèman nan reyinyon e èske yo patisipe nan travay predikasyon an? Si yo fè sa, ba yo travay ki apwopriye pou laj yo ak sitiyasyon yo. Lè sa a, n ap ka “teste [jèn frè sa yo] anvan pou wè si yo kapab”. Konsa, nan fen adolesans yo, petèt y ap kapab vin kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl.

Ansyen yo kapab “teste” frè ki batize yo “anvan pou wè si yo kapab” lè yo ba yo travay pou yo fè. (Gade paragraf 17.)


18. Sa sa vle di pou w “pa gen akizasyon sou do” w?

18 Ou “pa [dwe] gen akizasyon sou do [w]”, sa vle di okenn moun pa dwe gen rezon pou l di ou fè yon bagay ki grav. Nòmalman, yo ka akize yon kretyen kòmkwa li fè yon bagay ki mal. Yo te lage fo akizasyon sou Jezi, e l te fè konnen yo t ap fè disip li yo menm bagay la tou (Jan 15:20). Sepandan, si w kontinye gen bon konduit menm jan ak Jezi, w ap gen yon bon repitasyon nan kongregasyon an. — Mat. 11:19.

19. Sa sa vle di pou w “gen yon sèl madanm”?

19 Ou dwe “gen yon sèl madanm”. Si w marye, ou dwe kontinye suiv prensip Jewova te tabli depi okòmansman pou maryaj, sa vle di yon gason pou yon fi (Mat. 19:​3-9). Yon kretyen pa dwe janm fè imoralite seksyèl (Ebre 13:4). Men, sa mande plis toujou. Ou dwe fidèl ak madanm ou, ou pa dwe janm gade lòt fi ak move entansyon. — Jòb 31:1.

20. Ki jan pou yon gason dirije kay li “yon fason ki kòrèk”?

20 Ou dwe “dirije pitit [ou] ak kay [ou] yon fason ki kòrèk”. Si w se yon chèf fanmi, ou dwe pran responsablite w oserye. Ou bezwen fè adorasyon an fanmi regilyèman. Ou bezwen patisipe nan travay fè disip la otan w kapab ak chak moun nan fanmi w. Ou bezwen ede pitit ou vin gen yon bon relasyon ak Jewova (Efe. 6:4). Yon frè ki pran swen fanmi l montre li kapab pran swen kongregasyon an. — Konpare ak 1 Timote 3:5.

21. Si n poko sèvitè ministeryèl, ki sa n ka fè?

21 Frè n yo, si n poko sèvitè ministeryèl, tanpri, byen li atik sa a e priye Jewova sou sa. Si w ta renmen vin sèvitè ministeryèl, egzamine kondisyon Bib la bay pou yon frè vin sèvitè ministeryèl e fè efò pou w vin kalifye. Panse ak jan w renmen Jewova ak frè w ak sè w yo. Reflechi sou rezon ki fè w vle sèvi yo (1 Pyè 4:​8, 10). Si w chèche vin sèvitè ministeryèl, w ap jwenn anpil kè kontan pandan w ap sèvi frè w ak sè w yo nan kongregasyon an. Nou swete pou Jewova beni w anpil pou efò w ap fè pou w kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl! — Flp. 2:13.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

[Nòt]

a Yo chanje non moun nan.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Agoch, Jezi k ap sèvi disip li yo avèk imilite. Adwat, yon sèvitè ministeryèl k ap ede yon frè ki granmoun nan kongregasyon an.