Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova te ban n fòs ni lè te gen lagè ni lè te gen lapè

Jewova te ban n fòs ni lè te gen lagè ni lè te gen lapè

Paul: Nou te kontan anpil! Se te nan mwa novanm 1985, e nou te sou wout pou n al nan premye asiyasyon nou kòm misyonè nan peyi Liberya, ann Afrik delwès. Avyon nou te ladan l lan te fè eskal nan peyi Senegal. Anne te di: “Nan anviwon inèdtan ankò, n ap rive Liberya!” Epi, yo te vin fè yon anons, yo te di: “Tout moun ki pral Liberya dwe desann avyon an. Gen yon koudeta, nou pap ka ateri nan peyi sa a.” Pandan dis jou ki te vin annapre yo, nou te rete ansanm ak misyonè nan peyi Senegal yo, nou t ap koute nouvèl sou peyi Liberya ki te fè konnen gen kamyon ki chaje ak kadav, te gen gwo kouvrefe e yo t ap tire sou moun ki pa t respekte kouvrefe a.

Anne: Nou se moun ki pran anpil prekosyon. An reyalite, depi m toupiti, yo te konn rele m Annie kapon. Mwen te menm pè travèse lari! Men, nou te detèmine pou n t al nan asiyasyon nou.

Paul: Mwen menm ak Anne te grandi nan menm zòn, nan lwès peyi Angletè. Lefètke paran m te ankouraje m pran sèvis pyonye, e manman Anne te ankouraje l fè menm bagay la tou, nou toule de te vin pyonye tousuit apre n te fin lekòl. Yo te kontan anpil lefètke n te vle antre nan sèvis aplentan. Lè m te gen 19 an, mwen te gen privilèj al nan Betèl. Epi, Anne te vin nan Betèl tou apre maryaj nou, an 1982.

Gradyasyon Lekòl Galaad, 8 septanm 1985.

Anne: Nou te renmen Betèl, men nou te toujou vle al sèvi kote ki gen plis bezwen. Lefètke nou te travay nan Betèl ansanm ak ansyen misyonè, sa te fè n pi anvi vin misyonè. Nou te priye sou sa chak swa pandan twazan. Donk, an 1985, nou te kontan anpil lè n te resevwa envitasyon pou n al nan 79yèm klas Lekòl Galaad! Yo te voye n al sèvi Liberya, ann Afrik delwès.

LANMOU FRÈ N AK SÈ N YO TE BAN N FÒS POU N ANDIRE

Paul: Nou te pran premye avyon ki te jwenn otorizasyon pou al Liberya a. Te gen anpil tansyon e te toujou gen kouvrefe. Moun yo te tèlman pè, lè mòflè yon machin te fè yon gwo bri, yo tout te panike e yo te pran kouri. Pou n te kapab rete kalm, nou te konn li yon pati nan liv Sòm nan ansanm chak swa. Men, nou te vrèman renmen asiyasyon nou an. Anne t ap preche kòm misyonè, e mwen menm m mwen te travay nan Betèl ansanm ak John Charuk a. Lefètke frè Charuk te viv Liberya pandan yon pakèt ane e l te byen konn sitiyasyon frè n ak sè n yo, li te aprann mwen anpil bagay.

Anne: Sa k fè n te vin renmen peyi Liberya byen vit konsa? Poutèt frè n ak sè n yo. Yo te montre anpil lanmou pou nou e yo te fidèl. Nou te vin pwòch anpil ak yo e yo te vin nouvo fanmi nou. Yo te ban n anpil bon konsèy e yo te ankouraje nou. Travay predikasyon an te vrèman estrawòdinè. Lè n t al preche moun yo e n te fè sèlman kèk minit ap pale ak yo, yo pa t kontan, paske yo te vle n rete plis. Chak kote n te pase, moun yo te konn ap pale sou Bib la. Ou te ka annik antre nan konvèsasyon an. Lefètke n te gen anpil moun nou t ap etidye avèk yo, li pa t fasil pou n te jwenn tan pou n te etidye ak yo tout. Se te yon bèl tèritwa!

NOU TE PÈ, MEN JEWOVA TE BAN N FÒS

N ap ede frè ak sè ki vin pran refij nan Betèl Liberya, an 1990.

Paul: Pandan katran, sitiyasyon an te plizoumwen kalm. Men, an 1989 te vin gen yon gwo gè sivil. Gwoup rebèl yo te pran plizyè zòn toupre Betèl la jou ki te 2 jiyè 1990 la. Nou te fè twa mwa nou pa t ka pale ak pèsonn, menm ak fanmi nou ni frè yo nan syèj mondyal la. Te gen anpil dezòd, te gen rate manje e yo te vyole anpil fi. Pwoblèm yo te kontinye pandan 14 an nan tout peyi a.

Anne: Gen moun nan kèk tribi ki t ap goumen ak moun nan lòt tribi e ki t ap touye yo. Te gen rebèl ki te abiye yon fason dwòl, ki te gen gwo zam nan men yo, ki t ap sikile nan lari e ki t ap piye chak kay. Pou kèk ladan yo, touye moun se te tankou “touye poul”. Te gen anpil barikad, e souvan yo te konn touye moun ki t ap eseye pase. Yo te konn met kadav yo youn sou lòt. Sa te menm rive toupre Betèl la. Yo te touye kèk Temwen Jewova fidèl, sa gen ladan l de nan misyonè nou yo nou te renmen anpil.

Gen Temwen Jewova ki te riske lavi yo pou yo te kache lòt frè ak sè ki nan tribi ki gen moun yo t ap chèche touye yo. Gen misyonè ak Betelit ki te fè menm bagay la tou. Gen kèk frè ak sè ki te kite kay yo ki te vin nan Betèl la. Gen ladan yo ki te dòmi nan pyès ki anba yo e gen lòt ki te ret ansanm avè n nan chanm ki anlè yo. Nou te pataje chanm nou an ak yon fanmi ki te gen sèt moun.

Paul: Chak jou, rebèl yo te konn vin gade pou wè si pa gen moun nou kache. Nou te tabli yon sistèm sekirite ki te gen kat moun ladan l: de t ap veye nan yon fenèt pandan de lòt yo t al pale ak moun ki gen zam yo nan baryè a. Si de moun ki t al pale ak moun ki gen zam nan baryè a te kite men yo devan yo, sa te vle di tout bagay anfòm. Men, si yo te met men yo dèyè do yo, sa te vle di moun ki te gen zam yo te fache anpil. Donk, moun ki t ap veye nan fenèt la te dwe fè frè ak sè yo kache byen vit.

Anne: Apre plizyè semèn, te gen yon gwoup rebèl ki te an kòlè ki te reyisi antre nan Betèl la. Mwen te fèmen tèt mwen ansanm ak yon sè nan douch la kote nou te gen yon ti kachèt anndan yon plaka, pa dèyè planch ki nan do plaka a. Sè a te kwense kò l nan ti espas sa a. Rebèl yo te monte anlè a ak zam yo. Yo te fache pandan yo t ap frape pòt chanm nou an. Paul te eseye anpeche yo antre, li te di yo: “Madanm mwen nan twalèt.” Lè m t ap mete planch ki nan do plaka a nan plas li, li te fè bri. Epi, lè m t ap remete tout bagay sou etajè yo, sa te pran yon ti tan e sa te fè yo sispèk. Donk, mwen te tèlman pè, mwen te pran tranble. Mwen te di tèt mwen: ‘Ki jan m ap fè ouvè pòt sa a?’ Donk, m te fè yon priyè nan kè m, m te sipliye Jewova pou l ede m. Epi, mwen te ouvè pòt la, e m te ret byen kalm, m te di yo bonjou. Youn nan yo te pouse m sou kote, epi li t al toudwat nan ti mèb la, li te ouvri l e li te kòmanse met tout bagay ki sou etajè yo tèt anba. Li pa t ka kwè pa t gen lòt moun anndan an. Li menm ak gwoup rebèl ki te avè l yo t al fouye lòt chanm ak fo plafon an. Men, yo pa t jwenn anyen.

LAVERITE TE KONTINYE KLERE

Paul: Pandan plizyè mwa, li te vrèman difisil pou n jwenn manje. Men, adorasyon nan maten nou te gen nan Betèl la se te tankou yon manje pou nou. Nou tout te konnen lè n li Bib la e n etidye l, sa t ap ban n fòs pou n te kontinye andire.

Si n t al dèyè manje ak dlo nou pa t ap ka pwoteje frè ak sè ki te kache yo, e yo te ka touye yo. Souvan, Jewova te fè n jwenn sa n te bezwen nan bon moman, fason moun pa ka konprann! Jewova te fè n jwenn sa n te bezwen e l te ede n rete kalm.

Plis sitiyasyon an t ap vin difisil, se plis laverite te ban nou espwa. Plizyè fwa, frè n ak sè n yo te oblije kouri kite kay yo pou yo sove lavi yo, men yo te kontinye gen yon lafwa ki djanm e yo te rete kalm. Gen ladan yo ki te di sitiyasyon difisil sa a ap “prepare yo pou gwo tribilasyon an”. Ansyen yo ak jèn frè yo ki te gen kouraj te fè tout sa yo kapab pou yo ede frè ak sè yo. Frè ak sè ki te kite kay yo pou yo t al nan lòt zòn te ede youn lòt e yo te kòmanse preche nan zòn kote yo t ale yo. Yo te sèvi ak kèlkeswa sa yo te jwenn nan forè a pou yo te fè Sal Wayòm ki tou senp pou yo fè reyinyon. Nan moman difisil sa yo, lè frè n ak sè n yo t al nan reyinyon e yo te preche lòt moun, sa te bay yo espwa e sa te ankouraje yo anpil. Lè nou t ap distribye manje, rad ak lòt bagay ankò, anpil frè ak sè te mande pou n fè yo jwenn valiz pou y al preche olye yo te mande rad. Sa te vrèman ankouraje nou! Anpil moun ki te viv pakèt bagay terib ki te rive nan lagè a te vle tande bon nouvèl la. Yo te sezi wè jan Temwen Jewova yo gen lanmou toutbon nan mitan yo. Temwen yo te gen kè kontan malgre moman difisil sa yo (Mat. 5:​14-16). Lefètke frè n ak sè n yo te chofe nan sèvis yo pou Jewova, sa te fè menm kèk rebèl ki te sovaj te vin frè nou.

JEWOVA TE BAN N FÒS LÈ N TE OBLIJE KITE FRÈ N AK SÈ N YO

Paul: Pafwa, nou te oblije kite Liberya. Nou te kite l twa fwa pou yon ti tan e de fwa pou ennan. Gen yon sè misyonè ki te byen rezime fason n te santi n. Men sa l te di: “Nan Lekòl Galaad, yo aprann nou pou n met tout kè nou nan asiyasyon nou, e nou te fè sa. Donk, lè n te oblije kite frè n ak sè n yo nan sikonstans sa yo, se rache kè n t ap rache.” Erezman, nou te kapab ede frè n ak sè n yo nan peyi Liberya pandan n te nan lòt peyi ki pa t twò lwen.

Nou kontan retounen nan peyi Liberya, an 1997.

Anne: Nan mwa me 1996, te gen kat nan nou ki t ap soti nan machin filyal la e te gen anpil dokiman enpòtan nan machin nan. Nou te vle al nan yon zòn ki gen plis sekirite ki te nan yon distans 16 kilomèt. Menm kote a, te gen yon atak ki te fèt nan zòn nou te ye a. Te gen kèk rebèl ki te an kòlè ki te tire anlè, yo te kanpe nou, yo te fè twa nan nou desann, yo te fè Paul ret nan machin nan e yo t al ak machin nan ansanm ak Pòl. Nou te sezi anpil. Bridsoukou, nou te wè Paul k ap vini nan mitan yon foul moun e l te gen san ki t ap koule sou fwon l. Nou te panse se tire yo te tire l, men, nou te vin konprann si yo te tire l li pa t ap ka mache. Youn nan rebèl yo te pouse Paul sot nan machin nan e tèt Paul te frape. Erezman, li pa t blese grav.

Te gen yon kamyon lame toupre a ki te chaje ak moun ki te pè ladan l. Nou te monte arebò kamyon an paske pa t gen plas anndan l, e nou te kenbe l ak men nou. Chofè a te tèlman kouri kamyon an, nou te prèske tonbe. Nou te sipliye l pou l kanpe, men l pa t koute nou paske l te pè anpil. Nou te fè efò pou n pa t tonbe, e lè n te rive kote n t aprale a, nou te fatige anpil, nou t ap tranble paske n te panike.

Paul: Youn t ap gad lòt ak rad nou tou sal e ki chire, e nou pa t ka kwè nou te vivan. Nou te dòmi sou yon teren toupre yon elikoptè ki te chaje twou bal. Se nan elikoptè sa a nou t al Syera Leyòn nan demen maten. Nou te vrèman kontan nou vivan, men nou t ap enkyete n anpil pou frè n ak sè n yo.

JEWOVA TE BAN N FÒS POU N ANDIRE LÒT DIFIKILTE

Anne: Lè n te rive nan Betèl Freetown, nan peyi Syera Leyòn, nou te an sekirite e frè ak sè yo te pran swen nou. Men, m te kòmanse sonje kèk bagay grav ki te rive nan peyi Liberya. Menm pandan lajounen, mwen te toujou pè pou yon bagay terib pa t rive e m pa t ka byen reflechi. Se kòmsi se reve m t ap reve. M te konn leve souvan nan nuit, tou ap tranble, e m te konn pè pou yon bagay grav pa rive. Li te difisil pou m respire. Paul te ede m e l te priye avè m. Nou te chante kantik jiskaske m te sispann tranble. Mwen te panse m t ap pèdi tèt mwen e m pa t ap ka kontinye nan sèvis la antanke misyonè.

Mwen pap janm bliye sa k te rive annapre. Nan menm semèn nan, nou te resevwa de peryodik. Youn se te Reveye n! 8 jen 1996 ki gen yon atik ki gen tit Comment venir à bout des crises de panique”. Mwen te resi konprann sa k fè m te pè anpil konsa. Dezyèm nan se te Toudegad 15 me 1996 ki gen yon atik ki gen tit Où puisent-ils leur force? ki gen foto yon papiyon ki gen zèl li kase. Atik la te esplike, menm jan yon papiyon kapab kontinye manje e l ka kontinye vole malgre zèl li kase, avèk èd lespri sen Jewova, nou ka kontinye ede lòt moun menm lè n gen pwoblèm. Atik sa yo se bonjan manje Jewova te ban nou ki te rive nan bon moman (Mat. 24:45). Lefètke m te chèche jwenn plizyè atik ki pale sou sijè sa a, sa te ede m. Rive yon lè, mwen pa t soufri menm jan an ankò akoz move souvni m te genyen yo.

JEWOVA TE BAN N FÒS POU N AKSEPTE YON NOUVO ASIYASYON

Paul: Chak fwa nou te retounen Liberya, nou te kontan anpil. Nan fen ane 2004, nou te prèske gen 20 an nan asiyasyon nou. Lagè a te fini. Te gen pwojè pou yo te fè konstriksyon nan filyal la. Men bridsoukou, yo te mande n pou n al nan yon lòt asiyasyon.

Sa te vrèman difisil pou nou. Nou te tèlman pwòch ak frè n ak sè n yo, e nou pa t vle kite yo. Lè nou te kite fanmi nou nou renmen anpil pou n t al Galaad, nou te wè jan Jewova te beni nou, donk nou te aksepte. Kounye a, nou t apral nan peyi Gana ki pa t twò lwen.

Anne: Nou te kriye anpil lè n t ap kite Liberya. Nou te sezi lè Frank, yon frè ki gen sajès e ki granmoun, te di nou: “Nou dwe bliye nou!” Apre sa, men sa l te esplike nou: “Nou konnen nou pap janm bliye nou, men nou dwe met tout kè nou nan nouvo asiyasyon nou. Se Jewova ki ban nou l, donk konsantre sou frè ak sè nan peyi nou prale a.” Sa te ede n pare pou n fè nouvo zanmi nan yon peyi kote pa t gen anpil moun ki te konnen nou e kote tout bagay te nouvo pou nou.

Paul: Sepandan, sa pa t pran tan pou n te vin renmen frè n ak sè n yo nan peyi Gana ki te vin yon fanmi pou nou. Te tèlman gen anpil Temwen nan peyi sa a! Lefètke nouvo zanmi sa yo te fidèl e yo te gen anpil lafwa, sa te aprann nou anpil bagay. Epi, apre n te fin pase 13 an ap sèvi nan peyi Gana, nou te jwenn yon lòt sipriz. Yo te mande n pou n al sèvi nan filyal Kenya, ann Afrik delès. Byenke n te sonje frè n ak sè n nan peyi Gana ak nan peyi Liberya yo anpil, rapidman nou te vin gen nouvo zanmi nou renmen anpil pami frè n ak sè n yo nan peyi Kenya. E nou toujou ap travay nan gwo tèritwa sa a ki gen anpil bezwen.

Nou ansanm ak nouvo zanmi nou yo nan tèritwa filyal Afrik delès, an 2023.

SA N TE APRANN NAN DIVÈS ASIYASYON NOU TE GENYEN YO

Anne: Pandan anpil ane, mwen te fè fas ak sitiyasyon ki difisil e pafwa m te konn pè anpil. Lè n ap viv nan zòn ki gen danje oswa n ap pase moman ki difisil, sa kapab fè n malad, nou kapab santi n pè e n ka fatige. Nou pa ka atann Jewova ap fè mirak pou pwoteje n. Lè m tande bri bal ak bri kanno, m santi m pa anfòm, m anvi vomi e m santi men m paralize. Mwen te aprann konte sou èd Jewova pou l ban m fòs, san wete èd frè m ak sè m yo. E m wè lè n kontinye etidye, nou kontinye priye, nou kontinye al nan reyinyon e n kontinye preche, Jewova kapab ede n ret nan asiyasyon nou.

Paul: Gen moun ki mande nou: “Èske nou renmen asiyasyon nou?” Peyi yo ka bèl, men, yo ka vin tèt anba e ka vin gen danje. Donk, ki sa nou plis renmen pase peyi a? Frè n ak sè n yo ki gen anpil valè pou nou. Yo se fanmi nou. Menm lè nou pa sot nan menm fanmi e n pa sot menm kote, nou panse menm jan. Nou te kwè yo te voye n al ankouraje frè n ak sè n yo, men an reyalite, se yo ki te ankouraje nou.

Frè n ak sè n yo ki toupatou sou tè a se yon mirak. Nou gen fanmi tout kote. Toutotan n kontinye fè pati yon kongregasyon, nou gen yon fanmi ak yon kote nou ka santi n lakay nou. Nou gen asirans si n kontinye konte sou Jewova, l ap ban n fòs pou n andire kèlkeswa sa ki ta rive. — Flp. 4:13.

a Gade byografi John Charuk ki gen tit Je suis reconnaissant à Dieu et au Christ ki parèt nan Toudegad 1ye jiyè 1973 (fransè).