Ki sa k ka ede w etidye chak semèn?
ÈSKE W twouve l difisil pou w fè etid pèsonèl ou chak semèn e pou w pran plezi fè sa? Petèt, nou tout konn santi n konsa pafwa. Men, panse ak kèk bagay ou fè regilyèman, pa egzanp benyen. Sa mande tan ak efò pou n benyen, men lè n fin benyen, nou santi n vrèman byen! Lè n etidye Bib la, se kòmsi nou lave kò nou “ak dlo pawòl Bondye a”. (Efe. 5:26.) Ann egzamine kèk konsèy ki kapab ede n:
Fè yon pwogram. Etid pèsonèl nou fè nan Bib la pami “bagay ki pi enpòtan” yon kretyen pa dwe neglije (Flp. 1:10). Pou w rive suiv pwogram ou an, li ta bon pou w mete l yon kote w ap ka wè l byen fasil, pa egzanp, ou kapab ekri l sou yon fèy papye epi w kole l yon kote. Oswa w ka met yon alam sou telefòn ou k ap sonnen yon ti tan anvan lè etid la pou fè w sonje lè a rive.
Chwazi lè ak metòd k ap pi bon pou ou. Èske l pi fasil pou w ret konsantre pou w etidye pandan inèdtan oubyen pandan mwens tan, men pi souvan? Ou pi byen konn sitiyasyon w. Etidye fason k ap pi bon pou ou a. Si w santi w pa anvi etidye lè lè a rive, eseye etidye pandan sèlman dis minit. Menmsi w fè dis minit sèlman, ou ka aprann anpil bagay. Yonfwa ou kòmanse etidye, ou ka anvi kontinye. — Flp. 2:13.
Chwazi sa w ap etidye yo alavans. Si w tann se lè w pral etidye pou w chwazi sa w pral etidye a, ou ka pa “byen sèvi ak tan” w (Efe. 5:16). Eseye fè yon lis atik oswa sijè ou ta renmen etidye. Chak fwa w gen yon kesyon ki vin nan lespri w, ajoute l nan lis la. E chak fwa w fin etidye, ou ka ajoute lòt sijè ou ta renmen etidye nan lis ou a.
Fè chanjman lè sa nesesè. Eseye fè kèk chanjman nan pwogram ou lè sa nesesè, pa egzanp ou ka deside chanje kantite tan w ap fè ap etidye oswa ou ka chanje sijè ou chwazi etidye yo. Sa k enpòtan, se pa ki lè, pandan konbyen tan, oswa ki sa w ap etidye, men se pou w etidye regilyèman.
Nou vrèman jwenn byenfè lè n etidye chak semèn. Sa fè n vin pi pwòch Jewova, nou vin konn ki jan pou n pran bon desizyon e n santi n byen. — Joz. 1:8.