Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

KANTIK 138 Moun ki gen cheve blan yo bèl nan je Bondye

Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di

Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di

“Èske se pa moun ki granmoun ki gen sajès, e èske se pa moun ki viv lontan ki gen bon konprann?”JÒB 12:12.

PWEN KLE

Si n obeyi Jewova Dye, n ap jwenn benediksyon depi kounye a e n ap gen lavi ki pap janm fini an alavni.

1. Ki sa n ka aprann nan men moun ki granmoun yo?

 NOU tout bezwen konsèy lè n ap pran desizyon enpòtan nan lavi nou. Ansyen yo ak lòt kretyen ki gen matirite kapab ede n nan sans sa a. Si yo pi gran anpil pase n, nou pa ta dwe kouri panse konsèy yo ban nou yo pap itil nou jodi a. Jewova vle n aprann nan men moun ki granmoun yo. Yo gen plis tan pase n depi y ap ranmase eksperyans, bon konprann ak sajès. — Jòb 12:12.

2. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Nan epòk yo t ap ekri Bib la, Jewova te sèvi ak granmoun ki fidèl pou ankouraje pèp li a e pou gide yo. Ann pran egzanp Moyiz, David ak apot Jan. Yo pa t viv nan menm epòk e yo pa t nan menm sitiyasyon. Nan fen lavi yo, yo te bay moun ki pi jèn pase yo konsèy ki gen sajès. Chak mesye fidèl sa yo ki te granmoun te montre jan sa enpòtan pou n obeyi Bondye. Jewova te konsève pawòl sa yo ki gen sajès pou nou jodi a. Kit nou jèn, kit nou granmoun, nou kapab jwenn byenfè lè n egzamine konsèy yo te bay yo (Wom. 15:4; 2 Tim. 3:16). Nan atik sa a, nou pral egzamine dènye pawòl twa mesye sa yo ki te granmoun te di ak leson nou ka aprann nan sa yo te di yo.

‘N AP KAPAB VIV LONTAN’

3. Ki travay Moyiz te konn fè?

3 Moyiz te travay di pou Jewova. Li te sèvi kòm pwofèt, kòm jij, kòm yon dirijan e kòm yon ekriven. Moyiz te gen anpil eksperyans! Li te gide nasyon Izrayèl la sot nan esklavaj nan peyi Ejip e l te wè anpil nan mirak Jewova te fè yo ak pwòp je l. Jewova te sèvi avè l pou ekri senk premye liv nan Bib la ak Sòm 90, e petèt Sòm 91 tou. Sanble se li menm ki te ekri liv Jòb la tou.

4. Kiyès Moyiz te ankouraje, e poukisa?

4 Yon ti tan anvan Moyiz mouri lè l te gen 120 an, li te rele tout Izrayelit yo pou l te fè yo sonje sa yo te wè Jewova fè pou yo. Plizyè ane anvan sa, kèk nan Izrayelit yo te wè pakèt mirak Jewova te fè yo ak fason Li te pini Ejipsyen yo (Egz. 7:​3, 4). Lè Jewova te fann Lanmè Wouj de bò, yo te mache nan mitan l, e yo te wè Jewova te detwi Farawon ak tout lame l la (Egz. 14:​29-31). Lè yo te nan dezè a, yo te wè fason Jewova te pwoteje yo e l te pran swen yo (Det. 8:​3, 4). Kounye a, pandan nasyon an t apral antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, Moyiz te pwofite dènye okazyon sa a pou l te ankouraje pèp la. a

5. Ki asirans dènye pawòl Moyiz te di nou jwenn nan Detewonòm 30:​19, 20 te bay Izrayelit yo?

5 Ki sa Moyiz te di? (Li Detewonòm 30:​19, 20.) Pèp Izrayèl la te gen yon bèl avni devan l. Grasa benediksyon Jewova, Izrayelit yo te kapab viv pandan lontan nan peyi L te pwomèt yo a. Se te yon bèl peyi ki te chaje manje! Men sa Moyiz te di pandan l t ap pale avè yo: “[Se] yon peyi ki gen gwo vil nou pa t konstwi ki byen bèl, ki gen kay ki chaje ak tout kalite bon bagay nou pa t travay pou n genyen, ki gen sitèn nou pa t fouye, jaden rezen ak pye oliv nou pa t plante.” — Det. 6:​10, 11.

6. Poukisa Bondye te kite lòt nasyon pot laviktwa sou Izrayelit yo?

6 Moyiz te bay Izrayelit yo yon avètisman tou. Pou yo te kontinye viv nan bèl peyi yo a, yo te bezwen obeyi kòmandman Jewova yo. Moyiz te ankouraje yo pou yo “chwazi lavi” lè yo koute Jewova e lè yo “rete atache ak li”. Sepandan, Izrayelit yo pa t obeyi Jewova. Donk, rive yon lè, Bondye te kite moun peyi Asiri yo pot laviktwa sou yo epi mennen yo ann egzil, e annapre, li te kite Babilónyen yo fè menm bagay la tou. — 2 Wa 17:​6-8, 13, 14; 2 Kwo. 36:​15-17, 20.

7. Ki sa n ka aprann nan pawòl Moyiz yo? (Gade foto a tou.)

7 Ki leson nou aprann? Lè n obeyi, sa kapab sove lavi nou. Menm jan Izrayelit yo te toupre Peyi Bondye te pwomèt yo a, nou menm tou, nou toupre monn nouvo Bondye pwomèt nou an, kote tè a pral vin yon paradi (Eza. 35:1; Lik 23:43). Dyab la ak demon l yo pap la ankò (Rev. 20:​2, 3). Pap gen fo relijyon k ap anseye moun yo manti sou Jewova ankò (Rev. 17:16). Pap gen gouvènman lèzòm yo ankò k ap toupizi moun y ap dirije yo (Rev. 19:​19, 20). Nan Paradi a, pap gen okenn rebèl (Sòm 37:​10, 11). Tout moun k ap viv nan Paradi a pral obeyi lwa Jewova yo ki jis, e lè sa a pral gen lapè. Donk, tout moun pral renmen youn lòt e y ap fè youn lòt konfyans (Eza. 11:9). Ala yon bèl avni k ap tann nou! Sa k pi enpòtan an, si n obeyi Jewova, n ap kapab kontinye viv nan yon paradi sou tè a, se pa pou kèk santèn ane sèlman, men se pou toutan. — Sòm 37:29; Jan 3:16.

Si n obeyi Jewova, n ap kapab viv nan yon paradi sou tè a, se pa pou kèk santèn ane sèlman, men se pou toutan. (Gade paragraf 7.)


8. Ki jan pwomès pou n gen lavi ki pap janm fini an te ede yon frè ki te gen lontan nan sèvis misyonè? (Jid 20, 21).

8 Si n kontinye medite sou pwomès Bondye fè pou nou viv pou toutan an, sa kapab ede n obeyi l kèlkeswa pwoblèm nou ta jwenn. (Li Jid 20, 21.) Pwomès sa a kapab ban nou fòs tou pou n goumen ak feblès nou genyen. Men sa yon frè ki te sèvi pandan anpil ane kòm misyonè ann Afrik e ki te gen yon feblès te di: “Piske m te rann mwen kont mwen pa t ap gen posiblite viv pou toutan nan Paradi a si m pa t obeyi Jewova, sa te ede m kontinye goumen ak pwoblèm mwen te genyen an e pou m te sipliye Jewova anpil sou sa. Grasa èd Jewova, mwen te reyisi.”

“W AP REYISI”

9. Ki difikilte David te jwenn nan lavi l?

9 David te yon gran wa. Epitou, li te yon mizisyen, yon powèt, li te gen eksperyans nan fè lagè e l te yon pwofèt. Sepandan, li te jwenn anpil difikilte. Pandan kèk ane, li te oblije sove akoz wa Sayil ki te jalou sò l t ap chèche touye l. Apre David te vin wa, li te oblije kouri yon lòt fwa ankò pou l sove lavi l lè Absalon, pitit gason l, te vle vin wa nan plas li e l t ap chèche touye l. Malgre pwoblèm David te genyen ak lòt erè grav li te fè, li te kontinye ret fidèl ak Bondye jiskaske l mouri. Jewova te di David se “yon moun ki fè [L] plezi”. Pa gen dout, nou bezwen koute konsèy ki gen sajès David te bay yo! — Tra. 13:22; 1 Wa 15:5.

10. Poukisa David te bay Salomon, pitit gason l, ki t apral vin wa nan plas li konsèy?

10 Pa egzanp, reflechi sou konsèy David te bay Salomon, pitit gason l, ki t apral vin wa nan plas li. Se Jewova ki te chwazi Salomon pou l konstwi yon tanp pou moun vin adore Jewova e pou yo vin ba L glwa (1 Kwo. 22:5). Te gen anpil travay ki te bezwen fèt e Salomon te bezwen èd Jewova pou l dirije pèp la. Ki konsèy David t apral ba li? Ann wè sa l te di l.

11. Selon 1 Wa 2:​2, 3, ki konsèy David te bay Salomon, e ki sa k te rive lè Salomon te obeyi konsèy sa a? (Gade foto a tou.)

11 Ki sa David te di? (Li 1 Wa 2:​2, 3.) David te di pitit gason l lan, si l obeyi Jewova, li t ap yon bon dirijan e Jewova t ap beni l. Pandan plizyè ane, Jewova te bay Salomon anpil bon bagay e l te ede l plizyè fason (1 Kwo. 29:​23-25). Salomon te konstwi tanp lan ki te bèl anpil, li te ekri plizyè liv nan Bib la e gen kèk nan pawòl li yo ki parèt plizyè kote nan Bib la. Sajès ak richès Salomon te genyen te fè l gen gwo renome (1 Wa 4:34). Men, Salomon t ap reyisi sèlman si l te kontinye obeyi Jewova Dye, jan David te fè l konn sa. Malerezman, lè Salomon te vin granmoun, li t al sèvi lòt dye. Sa pa t fè Jewova plezi, e l te sispann bay Salomon sajès pou l dirije pèp la yon fason ki dwat e ki jis. — 1 Wa 11:​9, 10; 12:4.

Dènye pawòl David te di Salomon, pitit gason l, ede n wè si n obeyi Jewova, L ap ban nou sajès pou n pran bon desizyon. (Gade paragraf 11-12.) b


12. Ki sa n ka aprann nan pawòl David yo?

12 Ki leson nou aprann? Lè n obeyi Jewova, l ap beni nou e l ap ede nou (Sòm 1:​1-3). Natirèlman, Jewova pa pwomèt l ap fè nou rich e l ap ban nou menm glwa Salomon te genyen an. Men, si n obeyi Bondye nou an, l ap ban nou sajès k ap ede n pran bon desizyon (Pwo. 2:​6, 7; Jak 1:5). Prensip Jewova yo ka ede n lè n ap pran desizyon anrapò ak travay, lekòl, detant ak lajan. Lè n aplike sajès Bondye bay la, sa ap pwoteje nou e n ap gen lavi ki pap janm fini an (Pwo. 2:​10, 11). N ap gen bon zanmi e fanmi nou ap gen kè kontan.

13. Ki sa k te ede Carmen reyisi nan lavi l?

13 Carmen, k ap viv nan peyi Mozanbik, te panse si l gen gwo edikasyon sa ap pèmèt li reyisi nan lavi l. Li t al nan inivèsite paske l te vle vin yon achitèk. Men sa l te ekri: “Mwen te renmen sa m t ap aprann yo. Men, sa te pran m anpil tan e m te fatige anpil. Lekòl mwen te kòmanse a 7è30 nan maten rive 6è nan aswè. Li te difisil pou m al nan reyinyon e m te kòmanse pèdi relasyon m gen ak Jewova a. Mwen te vin rann mwen kont, mwen t ap eseye sèvi de mèt anmenmtan.” (Mat. 6:24). Carmen te priye sou sitiyasyon l lan e l te fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Men sa l te ajoute: “Apre ansyen yo ansanm ak manman m te ban m bonjan konsèy, m te deside kite inivèsite a pou m sèvi Jewova aplentan. Sa te ede m fè pi bon chwa nan lavi m, e m pa regrèt anyen.”

14. Ki sa ni Moyiz ni David te ankouraje sèvitè Jewova yo fè?

14 Moyiz ak David te renmen Jewova e yo te konnen jan l enpòtan pou yo obeyi l. Nan dènye pawòl yo te di, yo te ankouraje lòt moun pou yo suiv egzanp yo te bay e pou yo ret fidèl ak Jewova, Bondye yo a. Toule de te fè konnen tou moun ki pa t ret fidèl ak Jewova pa t ap ka ret zanmi l e yo pa t ap ka jwenn benediksyon li pwomèt yo. Konsèy yo te bay yo gen anpil enpòtans pou nou jodi a. Plizyè syèk annapre, gen yon lòt sèvitè Jewova ki te montre jan sa enpòtan pou n ret fidèl ak Bondye.

“PA GEN ANYEN KI FÈ M PI KONTAN”

15. Ki eksperyans apot Jan te fè nan lavi l?

15 Jan te bon zanmi Jezi Kris e se te youn nan apot li yo (Mat. 10:2; Jan 19:26). Jan te pase anpil tan ak Jezi ap preche e l te wè mirak Jezi te fè yo. Li te ret fidèl ak Jezi nan moman difisil yo. Li te wè lè yo t ap touye Jezi e l te wè l apre l fin resisite. Epitou, li te wè kongregasyon kretyen an ki t ap vin gen plis moun chak jou. Jan te viv ase tan pou l te wè “yo preche [bon nouvèl la] tout kote anba syèl la”. — Kol. 1:23.

16. Kiyès ki jwenn byenfè nan lèt Jan te ekri yo?

16 Lè Jan te vin granmoun anpil, li te gen privilèj pou l ekri liv Revelasyon an, yon liv ki vrèman estrawòdinè (Rev. 1:1). Se Jan ki te ekri Evanjil ki pote non l lan. Epitou, li te ekri twa lòt lèt. Li te ekri twazyèm lèt la voye bay Gayis, yon kretyen fidèl li te konsidere kòm yon pitit li renmen anpil (3 Jan 1). Nan moman sa a, dwe te gen anpil moun Jan te konsidere kòm pitit li. Pawòl granmoun fidèl sa a te ekri yo ankouraje tout disip Jezi yo jis kounye a. 

17. Selon 3 Jan 4, ki sa k ap ban nou anpil kè kontan?

17 Ki sa Jan te ekri? (Li 3 Jan 4.) Jan fè konnen kè kontan sa bay lè n obeyi Bondye. Nan moman Jan t ap ekri twazyèm lèt li a, gen kèk kretyen ki t ap gaye fo ansèyman, sa ki te lakòz divizyon nan kongregasyon an. Sepandan, gen lòt kretyen ki te kontinye “mache nan laverite”. Yo te obeyi Jewova e yo t ap “mache selon kòmandman l yo”. (2 Jan 4, 6.) Nonsèlman kretyen fidèl sa yo te fè kè Jan kontan, men tou, yo te fè kè Jewova kontan. — Pwo. 27:11.

18. Ki sa n ka aprann nan pawòl Jan yo?

18 Ki leson nou aprann? Lè nou fidèl, sa bay kè kontan (1 Jan 5:3). Pa egzanp, nou kontan lè n konnen nou fè kè Jewova kontan. Jewova kontan anpil lè l wè nou evite fè sa ki mal e n obeyi kòmandman l yo. Zanj nan syèl la kontan tou lè yo wè sa (Pwo. 23:15; Lik 15:10). Nou kapab gen kè kontan tou lè n wè frè n ak sè n yo rete fidèl menm lè yo jwenn eprèv ak tantasyon pou yo fè sa ki mal (2 Tes. 1:4). E lè monn Satan an detwi, n ap kontan lefètke nou te rete fidèl ak Jewova.

19. Ki sa yon sè ki rele Rachel te di anrapò ak anseye lòt moun laverite? (Gade foto a tou.)

19 Nou sitou gen kè kontan lè n ap ede moun yo konnen Jewova. Rachel, k ap viv Repiblik dominikèn, santi se yon gwo privilèj li genyen pou l ede lòt moun konnen Bondye nou an, Jewova. Li te ede plizyè moun vin adore Jewova. Men sa l di: “Li difisil pou m esplike kè kontan m genyen lè m wè moun m ap anseye yo vin renmen Jewova e yo vin fè l konfyans nèt epi yo chanje lavi yo yon fason pou yo fè l plezi. Kè kontan sa a pi plis lontan pase kèlkeswa sakrifis m te fè pou m anseye yo.”

Nou jwenn kè kontan lè n aprann lòt moun renmen Jewova epi obeyi L. (Gade paragraf 19.)


BYENFÈ N AP JWENN LÈ N MEDITE SOU DÈNYE PAWÒL YON SERI MESYE KI TE FIDÈL TE DI

20. Nan ki sans nou sanble ak Moyiz, David ak Jan?

20 Moyiz, David ak Jan te viv nan epòk ki pa menm ak epòk pa nou an e yo te viv yon seri sitiyasyon ki pa menm ak sitiyasyon pa nou. Men, gen anpil bagay ki fè nou sanble ak yo. Yo te sèvi vrè Dye a, nou menm tou nou fè sa. Menm jan ak yo, nou priye Jewova, nou fè l konfyans e nou kite l gide nou. E menm jan ak mesye sa yo, nou gen asirans Jewova ap beni moun ki obeyi l.

21. Ki benediksyon n ap jwenn si n suiv konsèy Moyiz, David ak Jan te bay e n obeyi Jewova?

21 Kidonk, ann suiv konsèy mesye sa yo ki te granmoun te bay lè n obeyi kòmandman Jewova yo. Lè n fè sa, n ap reyisi nan tout sa n ap fè. N ap “viv lontan”, wi, pou toutan (Det. 30:20)! E n ap gen kè kontan lefètke nou fè Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou plezi, li menm ki reyalize tout pwomès li fè yo yon fason ki depase tout sa nou ka imajine. — Efe. 3:20.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

a Pifò Izrayelit ki te wè mirak Jewova te fè nan Lanmè Wouj pa t viv ase tan pou yo te wè Peyi Bondye te pwomèt la (Nonb 14:​22, 23). Jewova te di tout moun ki gen 20 an oswa plis t ap mouri nan dezè a (Nonb 14:29). Sepandan, Jozye ak Kalèb ansanm ak anpil nan Izrayelit ki te pi jèn yo ak tribi Levi a te wè Jewova te reyalize pwomès li te fè lè yo te travèse Rivyè Jouden an e yo te antre nan peyi Kanaran. — Det. 1:​24-40.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Agoch: David k ap bay Salomon, pitit gason l, kèk dènye konsèy. Adwat: Frè ak sè ki nan Lekòl pyonye k ap resevwa fòmasyon Bondye bay la.