TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Oktòb 2018

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 3 rive 30 desanm 2018.

1918: Sa gen san ane

Gwo Lagè a t ap fè ravaj ann Ewòp, men gen evènman ki te rive nan kòmansman ane sa a ki te fè moun konprann gen bon bagay ki pral rive pou Etidyan Labib yo ak pou monn nan.

Ann kontinye di laverite

Ki rezon ki fè moun bay manti, e ki konsekans sa genyen? Ki jan n ka di youn lòt laverite?

Ann kontinye anseye laverite

Nan peryòd nou rete pou n bay temwayaj la, nou dwe konsantre n sou anseye moun yo laverite. Ki jan zouti nou genyen pou n anseye yo ka ede n?

BYOGRAFI

Jewova te beni desizyon m nan anpil

Lè Charles Molohan te jèn gason, li te rive fè plis nan sèvis li lè l te ranpli yon fòmilè pou sèvis Betèl. Jewova gen plizyè dizèn ane depi l ap beni l anpil.

Ann met konfyans nou nan Kris ki se Gid nou

Piske òganizasyon Bondye a ap avanse byen vit, ki rezon nou genyen pou n met konfyans nou fason Kris ap dirije n?

Ann kontinye kenbe lespri n anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje

Lè lavi n chanje direksyon sanzatann, sa ka fè n gen strès. Ki jan “lapè Bondye” bay la ka ede n?

Èske w te konnen?

Etyèn te vin premye kretyen yo te touye. Ki jan l te fè ret byen kalm lè yo t ap pèsekite l?