Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1918: Sa gen san ane

1918: Sa gen san ane

Men premye pawòl nou li nan Toudegad 1ye janvye 1918 la (anglè): “Ki sa ane 1918 ap pote?” Gwo Lagè a te kontinye ap fè ravaj ann Ewòp, men gen kèk evènman ki te rive nan kòmansman ane sa a ki te sanble fè moun konprann gen bon bagay ki pral rive pou Etidyan Labib yo ak pou monn nan an jeneral.

MONN NAN AP PALE DE LAPÈ

Nan dat 8 janvye 1918, nan yon diskou prezidan Woodrow Wilson t ap fè devan Kongrè ameriken an, li te bay 14 ide li te panse ki enpòtan anpil pou gen yon “lapè ki jis e k ap dire”. Li te pwopoze pou gen diplomasi ki klè ant nasyon yo, pou yo redui kantite zam yo, e pou yo met sou pye yon “asosyasyon jeneral pou nasyon yo” k ap nan avantaj “ni gwo peyi yo ni ti peyi yo”. Annapre, yo t apral sèvi ak “katòzyèm pwen” li te bay la pou yo fòme Sosyete Nasyon yo e pou yo negosye Trete Vèsay la, konsa yo t ap met fen nan Gwo Lagè a.

OPOZAN YO PÈDI BATAY LA

Malgre gwo pwoblèm ki te gen nan ane anvan an *, sanble Etidyan Labib yo te sou wout pou yo gen lapè, jan evènman ki te rive nan reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society a te montre sa.

Nan reyinyon sa a ki te fèt nan dat 5 janvye 1918, gen plizyè mesye ki gen gwo renome yo te mande kite Betèl la ki te eseye pran kontwòl òganizasyon an. Richard H. Barber, yon siveyan itineran ki te fidèl, te fè yon priyè pou kòmanse reyinyon an. Apre yo te fin bay yon rapò sou aktivite yo te reyalize nan ane ki pase a, yo te fè eleksyon yo te konn fè chak ane pou chwazi responsab yo. Frè Barber te nome Joseph Rutherford ak sis lòt frè ankò. Annapre, te gen yon avoka ki te avèk opozan yo ki te nome sèt lòt mesye, ladan yo te gen mesye yo te mande kite Betèl la. Yo te pèdi batay la. Pifò manm asosyasyon an te chwazi frè Rutherford ak sis lòt frè ki fidèl pou vin responsab.

Gen anpil frè ki te la ki di reyinyon sa a se “kongrè ki te bay plis benediksyon yo te asiste”. Men, jwa yo te genyen an pa t dire anpil tan.

REYAKSYON MOUN YO LÈ LIV MISTÈ A RIVE NAN BOUT LI TE PARÈT

Pandan plizyè mwa, Etidyan Labib yo t ap distribye liv ki rele Mistè a rive nan bout li. Lektè ki te sensè yo te byen reyaji devan verite sou Bib la ki te nan liv la.

Te gen yon siveyan itineran nan peyi Kanada ki rele E. F. Crist ki te pale konsènan yon mari ak madanm li ki te li liv Mistè a rive nan bout li e ki te aksepte laverite nan sèlman senk semèn! Men sa l te di: “Ni mari a ni madanm nan se moun ki vwe Bondye tout lavi yo e k ap fè gwo pwogrè.”

Gen yon mesye ki te resevwa liv la ki te montre zanmi l yo l tousuit. Mesaj ki te ladan l lan te “touche” kè l. Men sa l fè konnen: “M t ap desann nan Twazyèm Avni an [epi] gen yon bagay m panse ki te yon brik ki te frape m nan zepòl, men elas, se te liv ‘Mistè a rive nan bout li’. M t al lakay mwen avè l e m te li tout. [...] Apre sa, m te vin aprann se yon predikatè [...] ki te voye liv la jete nan fenèt li avèk raj [...]. M gen fèm konviksyon aksyon sa a te fè l konvèti plis moun pou yo vin gen yon esperans ki vivan pase kèlkeswa lòt aksyon l te fè nan lavi l. [...] Kòlè predikatè a te fè a lakòz n ap fè louwanj pou Bondye kounye a.”

Se pa predikatè sa a sèlman ki te reyaji konsa. Otorite nan peyi Kanada yo te entèdi liv la nan dat 12 fevriye 1918, yo te akize l kòmkwa l gen pawòl ki ankouraje rebelyon e ki kont lagè. Yon ti tan annapre, otorite nan peyi Etazini yo te fè menm jan an. Ajan nan gouvènman an te fouye Betèl la ak biwo yo ki nan Nouyòk, Pennsilvani ak Kalifòni, pou yo ka jwenn prèv kont moun k ap dirije òganizasyon an. Nan dat 14 mas 1918, ministè Jistis peyi Etazini te entèdi liv Mistè a rive nan bout li. Li te fè konnen lefètke yo pibliye liv sa a e y ap distribye l, sa bloke efò k ap fèt pou gè a, e sa vyole Lalwa sou espyonaj la.

YO TE METE YO NAN PRIZON!

Nan dat 7 me 1918, ministè Jistis la te jwenn manda pou l arete Giovanni DeCecca, George Fisher, Alexander Macmillan, Robert Martin, Frederick Robison, Joseph Rutherford, William Van Amburgh ak Clayton Woodworth. Yo te akize yo kòm “moun ki pa respekte lalwa, ki trèt e k ap fè moun pa soumèt devan otorite, ki pa fidèl e ki refize sèvi nan lame ak nan lamarin peyi Etazini”. Yo te kòmanse jije yo nan dat 5 jen 1918, men yo te prèske sèten yo t ap kondane yo. Sa k fè sa?

Avoka jeneral peyi Etazini an te rele lwa yo te fè konnen frè yo vyole a, anpalan de Lalwa sou espyonaj la, yon “zam ki efikas kont pwopagann”. Nan dat 16 me 1918, Kongrè a te rejte yon pwopozisyon pou chanje lwa sa a, sa ki t ap pwoteje moun k ap pibliye “sa ki verite, nan bon entansyon, e nan objektif ki kòrèk”. Se sitou sou liv Mistè a rive nan bout li a yo te fè deba yo a. Men sa nou li nan yon rapò ofisyèl Kongrè ameriken an bay konsènan liv sa a: “Youn nan egzanp ki pi danjere konsènan kalite pwopagann sa a se liv ki rele ‘Mistè a rive nan bout li’ a [...]. Sèl efè l genyen se pouse sòlda yo pèdi konfyans nan objektif nou an epi fè moun [...] reziste kont sistèm pou yo fòse yo antre nan lame a.”

Nan dat 20 jen 1918, gen yon jiri ki te deklare uit frè yo koupab pou tout akizasyon yo. Nan demen, jij la te bay santans lan. Men sa l te di: “Pwopagann relijye akize sa yo ap defann avèk fòs e y ap pwopaje a [...] pi danjere lontan pase yon gwoup sòlda nan lame alman an. [...] Yo dwe resevwa gwo pinisyon.” De semèn annapre, yo te met uit frè sa yo nan prizon federal ki nan vil Atlanta a, nan Jòji, e yo te kondane yo pou yo fè ant 10 a 20 an prizon.

TRAVAY PREDIKASYON AN KONTINYE FÈT

Pandan peryòd sa a, Etidyan Labib yo te jwenn gwo pèsekisyon. Biwo ankèt federal Etazini an (FBI) te fè anpil ankèt sou aktivite yo t ap mennen, konsa yo te ekri plizyè milye dokiman. Rapò sa yo montre frè nou yo te detèmine pou yo kontinye preche.

Men sa responsab biwo lapòs nan vil Òlanndo, nan Florid, te di nan yon lèt li te ekri FBI: “[Etidyan Labib yo] pase kay an kay nan vil la e yo fè sa plis [nan] aswè [...]. Finalman, sanble yo vle kontinye deranje moun ak aktivite y ap mennen an.”

Gen yon kolonèl nan ministè Lagè a ki te ekri yon rapò voye bay biwo federal la sou aktivite Frederick W. Franz, ki te vin fè pati Kolèj santral la annapre. Men sa kolonèl la te ekri: “F. W. Franz [...] enplike anpil nan vann anviwon plizyè milye liv ‘Mistè a rive nan bout li’.”

Charles Fekel, ki te vin manm Kolèj santral la tou annapre, te jwenn anpil pèsekisyon. Otorite yo te arete l paske l t ap distribye liv Mistè a rive nan bout li epi yo te verifye tout lèt li te voye oswa l te resevwa. Yo te mete l nan prizon nan Baltimò, nan Merilenn, pou yon mwa, e apre sa, yo te kalifye l kòm yon “ènmi etranje ki moun peyi Otrich”. Avèk kouraj, pandan l t ap bay moun ki t ap entèwoje l yo temwayaj, li te sonje pawòl Pòl te di nou jwenn nan 1 Korentyen 9:16, ki di: “Malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la! *

Nonsèlman Etidyan Labib yo te chofe nan travay predikasyon an, men tou, avèk dilijans, yo te fè yon dokiman sikile pou mande libere frè yo ki te nan prizon nan Atlanta. Men sa Anna K. Gardner rakonte: “Nou te toujou gen yon bagay n ap fè. Lè frè yo te nan prizon, nouvo travay nou te genyen se te jwenn moun pou siyen. Nou t al kay an kay. Nou te jwenn plizyè milye siyati! Nou te fè moun nou te pale ak yo a konnen mesye sa yo se vrè kretyen e se enjistis yo fè yo dèske yo mete yo nan prizon.”

KONGRÈ

Pandan epòk difisil sa a, yo te òganize kongrè souvan pou fòtifye frè yo nan domèn espirityèl. Men sa Toudegad te fè konnen: “Pandan ane a, yo te òganize [...] plis pase karant kongrè [...]. Yo te resevwa plizyè bèl rapò sou tout kongrè sa yo. Anvan sa, yo te konn òganize tout kongrè yo nan fen sezon ete oswa nan kòmansman sezon otòn. Men kounye a, se chak mwa nan ane a ki gen kongrè.”

Moun ki sensè yo te kontinye byen reyaji devan bon nouvèl la. Nan yon kongrè ki te fèt nan Klivlann, nan Owayo, te gen anviwon 1 200 asistan e te gen 42 moun ki te batize, sa gen ladan l yon tigason ki te gen “yon lanmou ak yon devouman pou Bondye ki te ka fè anpil granmoun wont”.

E APRE SA?

Toutpandan ane 1918 t ap rive nan bout li, Etidyan Labib yo te gen dout sou sa k t ap tann yo pi devan. Yo te vann kèk nan pwopriyete ki nan Bwouklin yo e yo te transfere syèj mondyal la nan Pitsbèg, nan Pennsilvani. Pandan frè ki te alatèt yo te toujou nan prizon, manm asosyasyon an te planifye yon lòt reyinyon ànyèl pou 4 janvye 1919. Ki sa k t apral pase?

Frè nou yo te kontinye nan travay yo. Yo te tèlman gen konfyans bagay yo t ap byen fini, men tèks yo te chwazi pou ane 1919 lan: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” (Eza. 54:17). Yo te pare pou lè sitiyasyon yo chanje bridsoukou e yon fason total, sa ki t ap fè yo vin gen plis lafwa e ki t ap fòtifye yo pou gwo travay ki t ap tann yo pi devan.

^ § 6 Gade atik ki gen tit “Sa gen santan — 1917” ki te parèt nan Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017, paj 172-176.

^ § 22 Gade byografi Charles Fekel ki gen tit “Les joies que procure la persévérance dans toute bonne œuvre” ki te parèt nan Toudegad 15 novanm 1970 (fransè).