Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kontinye anseye laverite

Ann kontinye anseye laverite

“O Jewova, [...] se tout pawòl ou nèt ki laverite.” — SÒM 119:159, 160.

KANTIK: 29, 53

1, 2. a) Ki travay Jezi te bay plis enpòtans nan lavi l, e poukisa? b) Ki sa n dwe fè pou n reyisi antanke “konpayon travay Bondye”?

JEZI KRIS te yon bòs chapant e l te yon sèvitè (Mak 6:3; Wom. 15:8). Li te fè toude aktivite sa yo yon fason ki pafè. Antanke yon moun ki te konn travay bwa, li te aprann ki jan pou l sèvi ak zouti ki gen rapò ak metye sa a pou l te fè bwa yo tounen yon seri bagay ki itil. Antanke yon moun ki t ap anseye bon nouvèl la, li te sèvi ak bonjan konesans li te gen sou Ekriti yo avèk ladrès pou l te ede moun yo konprann verite ki nan Pawòl Bondye a (Mat. 7:28; Lik 24:32, 45). Lè Jezi te gen 30 an, li te depoze zouti li te konn fè travay chapant yo paske l te konnen vin yon sèvitè se te travay ki pi enpòtan. Li te fè konnen travay anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a se youn nan rezon ki fè Bondye te voye l sou tè a (Mat. 20:28; Lik 3:23; 4:43). Jezi te fè travay predikasyon an vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l, e l te vle pou lòt moun vin jwenn li nan travay sa a. — Mat. 9:35-38.

2 Nou gendwa pa bòs chapant, men se sèten nou se minis bon nouvèl la. Travay sa a tèlman enpòtan Bondye patisipe ladan l. Yo rele nou “konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9; 2 Kor. 6:4.) Nou rekonèt “se tout pawòl [Jewova a] nèt ki laverite”. (Sòm 119:159, 160.) Se rezon sa a ki fè n vle asire n nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman” nan travay predikasyon an. (Li 2 Timote 2:15.) Pou n atenn objektif sa a, nou kontinye amelyore kapasite nou nan fason n sèvi ak Bib la, ki se prensipal zouti nou itilize pou n anseye laverite sou Jewova, sou Jezi ak sou Wayòm nan. Pou òganizasyon Jewova a ede n reyisi nan travay predikasyon nou an, li ban nou lòt zouti de baz e n bezwen vin alèz anpil ak yo. Nou rele yo Zouti pou anseye.

3. Sou ki sa n dwe konsantre n nan tan ki rete pou n bay temwayaj la, e ki jan Travay 13:48 ede n fè sa?

3 Nou gendwa ap mande tèt nou poukisa yo rele yo Zouti pou anseye olye yo rele yo Zouti pou preche. “Preche” vle di bay yon mesaj, men “anseye” vle di fè mesaj sa a antre nan lespri ak nan kè yon moun, yon fason pou l ka aji ann amoni ak sa l aprann nan. Nan tan ki rete pou n bay temwayaj la, nou dwe konsantre n sou kòmanse etid Labib epi anseye moun yo laverite. Sa vle di nou dwe fè anpil efò pou n chèche tout moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” e pou n ede yo vin kwè. — Li Travay 13:44-48.

4. Ki jan n ka konnen ki moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”, e ki jan n ka jwenn moun sa yo?

4 Ki jan n ka konnen ki moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”? Menm jan sa te ye nan premye syèk la, sèl fason pou n jwenn moun sa yo se lè n bay temwayaj. Se sa k fè, nou bezwen fè jan Jezi te ban nou lòd fè a, lè l te di: “Nan kèlkeswa vil oswa bouk nou antre, chèche yon moun ladan l ki dispoze akeyi nou.” (Mat. 10:11). Nou pa atann pou moun ki pa sensè, ki gen ògèy, oubyen ki pa enterese nan bagay espirityèl byen reyaji devan bon nouvèl la. N ap chèche moun ki onèt, ki gen imilite e ki swaf laverite. Nou ka konpare rechèch sa a ak sa Jezi dwe te fè antanke bòs chapant lè l t ap chèche bon moso bwa pou l fè mèb, pòt, jouk oswa lòt bagay ankò. Yonfwa l fin jwenn bwa li t ap chèche a, li te ka pran bwat zouti l, li sèvi ak entèlijans li pou l fè sa l te vle fè a. Nou dwe fè menm jan an lè n ap fè tout sa n kapab pou n fè moun ki gen bon kè yo vin disip. — Mat. 28:19, 20.

5. Ki sa n bezwen konnen konsènan zouti nou genyen pou n anseye yo? Bay yon egzanp. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Nan tout bwat zouti, chak zouti gen wòl pa l. Ann pran egzanp zouti Jezi te petèt konn itilize antanke bòs chapant *. Li te bezwen zouti pou l mezire bwa yo e pou l make yo, pou l koupe yo, pou l pèse twou ladan yo, pou l ba yo fòm, pou l pran nivo yo, pou l fè yo dwat e pou l kole moso bwa yo ansanm. Menm jan an tou, chak zouti nou genyen pou n anseye gen wòl pa l. Donk, ann wè ki zouti nou genyen pou n anseye ak fason pou n itilize zouti enpòtan sa yo yo ban nou yo.

ZOUTI POU FÈ KONNEN KIYÈS NOU YE

6, 7. a) Ki fason w sèvi ak kat yo? b) Ki de objektif fich envitasyon pou reyinyon kongregasyon an genyen?

6 Kat. Se yon zouti ki piti men ki efikas nou ka itilize pou fè moun yo konnen kiyès nou ye e pou envite yo al sou sit Entènèt nou an, kote yo ka aprann plis bagay sou nou e yo ka menm mande yon etid Labib. Kounye a, nou resevwa plis pase 400 000 demann etid Labib sou sit jw.org la, e nou resevwa plizyè santèn demann ankò chak jou! Petèt ou ka mache ak kèk kat pou w pwofite okazyon w jwenn pou w bay temwayaj pandan w nan aktivite w chak jou.

7 Envitasyon. Fich nou konn rele fich envitasyon pou reyinyon kongregasyon an gen de objektif. Men sa l di: “Nou envite w etidye Labib ak Temwen Jewova yo.” Annapre, li bay posiblite pou w fè sa “nan reyinyon nou fè yo” “oswa ak yon moun k ap ede w pi byen konnen l”. Konsa, nonsèlman zouti sa a idantifye nou, men tou, li envite lòt moun ki “pran konsyans yo bezwen Bondye” yo etidye Labib avè n (Mat. 5:3). Nòmalman, nou kontan akeyi moun yo nan reyinyon nou yo, kit yo aksepte yon etid Labib kit yo pa aksepte l. Si yo vin asiste, y ap wè e y ap tande sa n gen pou ofri yo anrapò ak vrè ansèyman ki nan Bib la.

8. Ki enpòtans sa genyen pou moun vin asiste omwen youn nan reyinyon nou yo? Bay yon egzanp.

8 Li enpòtan pou n kontinye envite moun vin asiste reyinyon nou yo omwen yonfwa. Poukisa? Y ap wè gwo diferans ki genyen ant bèl anbyans espirityèl ki gen nan reyinyon nou yo ak sitiyasyon ki tris Gran Babilòn nan twouve l nan domèn espirityèl (Eza. 65:13). Sa gen kèk ane, Ray ak Linda, yon mari ak madanm li k ap viv Ozetazini, te remake sa. Yo te rann yo kont yo te bezwen kòmanse al legliz. Yo te kwè nan Bondye e yo te santi yo gen bezwen nan domèn espirityèl, se sa k fè yo te kòmanse al nan tout legliz ki te nan vil la, youn apre lòt. Te gen anpil legliz ak anpil gwoup relijye nan zòn nan. Depi okòmansman, mesyedam yo te fikse de kondisyon kèlkeswa legliz la dwe ranpli pou yo te ka vin manm li. Premyèman, yo ta dwe aprann yon bagay pandan sèvis legliz la ap fè a, epi dezyèmman, manm legliz la dwe sanble ak moun ki fè konnen yo reprezante Bondye. Apre plizyè ane, yo t ale nan tout legliz ki te nan vil la, men yo te desi anpil. Yo pa t aprann anyen, epi aparans manm legliz sa yo pa t kòrèk ditou. Apre yo fin kite dènye legliz ki te nan lis yo a, Linda t al travay epi Ray t al lakay. Pandan l sou wout, li pase bò yon Sal Wayòm epi l mande tèt li: ‘Poukisa m pa antre pou m wè sa y ap fè la a?’ Anfèt, se te pi bèl eksperyans li te fè! Tout moun nan Sal Wayòm nan te akeyan, yo te amikal e yo te abiye trè byen. Ray te chita nan ranje devan an e l te renmen sa l te aprann yo! Se te egzakteman jan apot Pòl te di konsènan yon moun ki vin asiste yon reyinyon kongregasyon an pou premye fwa e ki fè konnen: “Bondye vrèman pami nou.” (1 Kor. 14:23-25). Annapre, Ray te vin asiste reyinyon chak dimanch, epi l te vin nan tout reyinyon ki fèt lasemèn. Linda te kòmanse asiste reyinyon tou, e malgre yo te gen plis pase 70 an, yo te aksepte yon etid Labib epi yo te batize.

ZOUTI POU KÒMANSE KONVÈSASYON

9, 10. a) Ki sa k fè feyè yo fasil pou n itilize? b) Esplike fason pou n sèvi ak feyè ki gen tit Ki sa Wayòm Bondye a ye? a.

9 Feyè. Nou gen uit feyè ki fasil pou itilize ki vrèman efikas kòm zouti pou kòmanse konvèsasyon. Depi lè yo kòmanse pibliye feyè sa yo nan ane 2013, yo enprime anviwon senk milya feyè! Sa k bèl ak zouti sa yo sèke depi w fin aprann fason pou w sèvi ak youn, ou kapab sèvi ak tout lòt yo paske yo fèt menm jan. Ki jan w ka sèvi ak yon feyè pou w kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun?

10 Ou ka chwazi sèvi ak feyè ki gen tit Ki sa Wayòm Bondye a ye? a. Montre moun nan kesyon ki sou feyè a epi mande l: “Èske w janm mande tèt ou ki sa Wayòm Bondye a ye? Èske w t ap di se...?” Annapre, mande l kiyès nan twa repons sa yo li t ap chwazi. San w pa di l si chwa l fè a bon oswa l pa bon, ale nan pati ki gen tit “Men sa Bib la di” ki pa anndan an, epi li vèsè yo site yo, sa vle di Dànyèl 2:44 ak Ezayi 9:6. Si sa posib, kontinye ak konvèsasyon an. Pou fini, montre l kesyon w ap vin reponn nan ki nan do feyè a anba soutit “Fè yon ti reflechi” a ki di: “Ki jan lavi a ap ye anba dominasyon Wayòm Bondye a?” Sa ap poze baz pou pwochen konvèsasyon w pral gen ak moun nan. Lè w rankontre ak moun nan ankò, ou ka fè referans ak leson 7 ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! ki se youn nan zouti nou genyen pou n kòmanse etid Labib.

ZOUTI KI FÈ MOUN YO ENTERESE

11. Pou ki rezon yo fè peryodik nou yo, men ki sa n dwe konnen sou yo?

11 Peryodik. Toudegad ak Reveye n! se jounal yo plis pibliye e yo plis tradui nan monn nan. Piske yo distribye yo nan lemonnantye, yo fè sijè ki sou paj kouvèti yo pou atire moun ki soti tout kote. Nou dwe sèvi ak yo kòm zouti pou fè moun yo enterese nan sijè ki vrèman enpòtan nan lavi a jodi a. Sepandan, pou n ka byen distribye peryodik yo, nou bezwen konnen pou ki moun yo fè chak jounal.

12. a) Pou ki moun yo fè Reveye n!, e ki objektif li? b) Ki bon rezilta w jwenn ak zouti sa a sa pa gen twò lontan?

12 Reveye n! Yo fè peryodik sa a pou lektè ki pa gen anpil konesans sou Bib la oswa ki ka pa konn anyen ladan l. Yo ka pa konn anyen nan ansèyman kretyen yo, yo ka pa fin fè relijyon konfyans, oswa yo ka pa konn valè pratik Bib la genyen. Youn nan premye objektif Reveye n! se konvenk lektè a Bondye egziste (Wom. 1:20; Ebre 11:6). Epitou, li fèt nan objektif pou ede lektè a gen lafwa Bib la se “vrèman [...] pawòl Bondye”. (1 Tes. 2:13.) Twa sijè ki sou paj kouvèti peryodik ki parèt pou ane 2018 la se: “Wout kè kontan an”, “12 Sekrè pou fanmi yo reyisi” ak “Èd pou moun ki nan gwo lapenn”.

13. a) Pou ki moun yo fè Toudegad piblik la? b) Ki bon rezilta w jwenn ak zouti sa a sa pa gen twò lontan?

13 Toudegad piblik la konsantre l sou bezwen espirityèl moun ki gen yon sèten respè pou Bondye ak pou Pawòl li a. Byenke yo ka konn kèk bagay nan Bib la, yo pa fin byen konprann ansèyman l yo (Wom. 10:2; 1 Tim. 2:3, 4). Twa sijè ki sou paj kouvèti peryodik ki parèt pou ane 2018 la reponn kesyon ki vin annapre yo: “Èske Labib toujou itil nou jodi a?”, “Ki jan lavni ap ye?”, epi “Èske Bondye enterese nan ou?

ZOUTI KI POUSE MOUN AJI

14. a) Nan ki objektif yo fè kat videyo ki fè pati zouti pou n anseye yo? b) Ki bon rezilta w jwenn lè w montre videyo sa yo?

14 Videyo. Nan epòk Jezi a, yon bòs chapant te konn sèvi ak zouti alamen sèlman. Sepandan, nan epòk nou an, moun k ap travay bwa gen zouti elektrik tou, tankou si, dril, sable, elatriye. Anplis piblikasyon ki enprime, kounye a, nou gen bèl videyo pou n montre moun yo, e gen kat ladan yo ki fè pati zouti nou genyen yo: Poukisa nou dwe etidye Labib?, Ki jan yo fè yon etid biblik?, Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? ansanm ak Temwen Jewova yo — Kiyès nou ye? Videyo ki dire mwens pase de minit yo bay bon rezilta nan premye rankont lan. Nou ka sèvi ak videyo ki pi long yo nan nouvèl vizit n ap fè yo ak lè n rankontre moun ki gen plis tan. Bèl zouti sa yo ka pouse moun yo pou yo etidye Labib e pou yo asiste reyinyon nou yo.

15. Bay yon egzanp ki montre efè sa genyen lè moun gade youn nan videyo nou yo nan lang yo pale a.

15 Ann pran yon egzanp. Yon lè, yon sè te rankontre yon dam ki moun peyi Mikwonezi e dam sa a te pale yap kòm premye lang li. Sè nou an te montre l videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la nan lang li pale a. Lè videyo a te kòmanse jwe, dam nan te di: “Sa a se lang pa m. M pa ka kwè sa! M ka di fason l pale montre li soti nan menm zile avè m. Li pale lang mwen an!” Apre sa, li te di li pral li e l pral gade tout sa ki nan lang li pale a ki sou sit jw.org la. (Konpare ak Travay 2:8, 11.) Ann konsidere yon lòt eksperyans. Gen yon sè nan peyi Etazini ki te voye yon lyen konsènan menm videyo sa a nan lang li pale a pou yon neve l k ap viv nan yon lòt peyi. Li te gade l epi l te ekri sè a yon imel ki di: “Pati ki di gen yon fòs malveyan k ap dirije monn nan te sitou atire atansyon m. Mwen mande yon etid Labib.” L ap viv nan yon peyi kote yo entèdi travay nou an!

ZOUTI POU ANSEYE LAVERITE

16. Esplike objektif chak bwochi ki vin annapre yo: a) Koute Bondye pou w viv pou toutan. b) Bon nouvèl Bondye bay la! c) Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?

16 Bwochi. Si yon moun pa konn li byen oswa pa gen okenn piblikasyon ki disponib nan lang li pale a, ki jan w ka anseye l laverite? Nou gen yon zouti ki fèt pou sa, se bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an *. Yon zouti ki bon anpil pou kòmanse etid se bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Ou ka montre moun nan toule 14 sijè ki nan do bwochi a e w ka mande l kiyès nan yo ki plis enterese l. Apre sa, kòmanse etid la nan leson sa a. Èske w deja eseye metòd sa a nan nouvèl vizit w ap fè yo? Twazyèm zouti nou genyen an se bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Yo fè l pou aprann etidyan yo konn òganizasyon an. Pou n ka konn fason pou n sèvi avè l nan chak etid Labib, gade Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri, mas 2017.

17. a) Ki objektif chak liv etid nou genyen yo? b) Ki sa yo atann pou tout moun k ap pwogrese pou yo batize fè, e poukisa?

17 Liv. Apre n fin kòmanse yon etid nan yon bwochi, nou ka travèse nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an nenpòt lè n vle. Zouti sa a ap fè moun nan vin gen plis konesans sou ansèyman de baz ki nan Bib la. Apre etidyan an fin etidye liv sa a e si l kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl, kontinye etid la nan liv Fason nou ka rete nan lanmou Bondye a. Zouti sa a ap anseye etidyan an fason pou l aplike prensip biblik yo nan lavi l chak jou. Sonje, menm apre nouvo yo fin batize, yo bezwen kontinye fè etid jiskaske yo fini toule de liv sa yo. Sa ap ede yo gen yon baz solid nan laverite. — Li Kolosyen 2:6, 7.

18. a) Ki sa 1 Timote 4:16 ankouraje n fè antanke moun k ap anseye laverite, e ki rezilta sa bay? b) Pandan n ap sèvi ak zouti nou genyen pou n anseye yo, ki objektif nou ta dwe genyen?

18 Antanke Temwen Jewova, Bondye konfye n “verite a, sètadi bon nouvèl la” ki ka fè moun yo gen lavi ki pap janm fini an. (Kol. 1:5; Li 1 Timote 4:16.) Pou n fè travay sa a, yo ban nou egzakteman zouti nou bezwen pou n anseye yo. (Gade “ Zouti pou anseye”.) Se pou n sèvi ak zouti sa yo avèk ladrès otank posib. Chak pwoklamatè ka deside ki piblikasyon nan bwat zouti a l ap itilize pou l kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun ki enterese ak ki lè l ap fè sa. Men, objektif nou se pa jis distribye piblikasyon, ni nou pa ta dwe kite piblikasyon pou moun ki pa enterese nan mesaj nou an. Objektif nou se fè moun ki onèt, ki gen imilite e ki grangou nan domèn espirityèl vin disip, yon seri moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48; Mat. 28:19, 20.

^ § 5 Gade atik ki gen tit “Bòs chapant lan” ansanm ak kare ki gen tit “Bwat zouti bòs chapant lan” ki te parèt nan Toudegad 1ye out 2010 (fransè).

^ § 16 Si moun nan pa konn li, ou ka fè l suiv avè w nan bwochi Koute Bondye a, yon bwochi pifò ladan l se imaj.