Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova te beni desizyon m nan anpil

Jewova te beni desizyon m nan anpil

Li te prèske fè jou lè n te fin glise feyè anba pòt dènye kay ki te nan tèritwa nou an. Se te nan ane 1939, nou te kite kabann nou nan mitan nuit e n te kondui pandan plis pase inèdtan pou n al nan yon ti vil ki rele Joplin, nan sidwès Misouri, Ozetazini. Kou n fin ranpli misyon nou an san fè bri, nou monte machin nan e n al nan zòn nou te chwazi reyini an, kote n te ret tann pou lòt machin yo vini. Men, ou ka ap mande tèt ou, poukisa n t al preche jou maten sa a anvan solèy leve epi n te kite tèritwa a byen vit konsa. M ap rakonte n sa pi devan.

MWEN gen anpil rekonesans dèske paran m yo ki te kretyen, anpalan de Fred ak Edna Molohan, te leve m nan laverite e yo te fè m vin gen atachman pou Bondye. Lè m te fèt an 1934, yo te gentan gen 20 an depi yo te aktif antanke Etidyan Labib (Temwen Jewova). Fanmi nou t ap viv nan yon ti vil ki rele Pasonns, nan sidès Kannzas. Nou te fè pati kongregasyon ki te nan zòn sa a, e prèske tout moun ki te ladan l yo se te kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl. Fanmi nou te gen bon abitid pou yo asiste reyinyon kongregasyon an e pou yo preche lòt moun verite ki nan Pawòl Bondye a. An jeneral, nou te konn rezève samdi aprèmidi yo pou n preche nan lari, sa nou rele temwayaj piblik jodi a. Pafwa, nou konn yon ti jan fatige, men papi toujou ankouraje n lè l mennen n al bwè krèm apre n fin preche.

Kongregasyon nou an te gen yon gwo tèritwa ki gen plizyè ti vil, san wete yon seri zòn andeyò ki pa t twò lwen ki te gen anpil plantasyon. Lè n t al vizite kiltivatè yo, byen souvan, nou te konn ba yo piblikasyon nou yo e yo te konn ban nou legim, ze fre (yo fèk pran nan nich), oswa menm poul tou vivan. Piske papi te deja peye pou piblikasyon yo, bagay sa yo te ede n amelyore manje nou yo.

KANPAY PREDIKASYON

Paran m yo te vin gen yon fonograf yo te konn itilize nan travay predikasyon an. M te twò piti pou m itilize l, men m te kontan ede papi ak manmi lè y ap pase anrejistreman diskou frè Rutherford yo nan nouvèl vizit yo ak nan etid Labib yo.

Mwen menm ak papa m ak manman m devan machin son nou an.

Papi te transfòme machin Ford ane 1936 nou te genyen an pou l fè l vin yon machin nou te rele machin son ki te gen yon gwo opalè ki te tache sou tèt li. Machin sa a te itil anpil nan simaye mesaj Wayòm nan. An jeneral, nou te konn pase yon mizik pou n atire atansyon moun yo anvan, apre sa, nou te konn pase yon diskou ki baze sou Bib la. Lè l fini, nou te konn ofri moun ki enterese yo piblikasyon.

Nan yon ti vil ki rele Cherivale, nan Kannzas, lapolis te di papa m yo pap dakò pou machin son an ret sou plas vil la, kote anpil moun te konn vin rilaks yo lè dimanch, men yo t ap dakò pou l ret deyò plas la. Konsa, papa m pa t di anyen, li te deplase machin nan al nan ri ki te akote a, anfas plas la, yon fason pou moun yo te ka toujou tande mesaj la san pwoblèm, epi l te kontinye ak pwogram nan. M te toujou kontan lè m te ansanm ak papa m ak gran frè m nan, Jerry, nan okazyon sa yo.

Nan fen ane 1930 yo, nou te patisipe nan yon seri kanpay espesyal ki te fèt byen vit pou preche tèritwa kote te gen anpil opozisyon. Nou te konn leve avanjou (jan n te fè sa nan vil Joplin, nan Misouri) pou n al met feyè oswa ti bwochi anba pòt moun yo tou dousman. Annapre, nou te konn rankontre pa deyò vil la pou n verifye si lapolis pa t kenbe oswa arete youn nan nou.

Pandan ane sa yo, yon lòt bagay enteresan ki te gen nan travay predikasyon nou an se sa n te rele yon mach pou fè piblisite. Pou n fè piblisite pou Wayòm nan, nou te konn met pankat sou nou e n te konn fè yon liy pou n mache nan yon vil. M sonje youn nan mach sa yo ki te fèt nan vil nou an kote frè n ak sè n yo te met yon pankat ki te gen tit: “Relijyon se yon pyèj e se yon biznis.” Yo te mache nan vil la sou yon distans anviwon 1,6 kilomèt epi yo te retounen lakay nou. Erezman, yo pa t jwenn okenn opozisyon nan mach la, men yo te jwenn anpil moun ki enterese ki t ap gade yo.

PREMYE KONGRÈ YO

Byen souvan, fanmi nou te konn vwayaje sot Kannzas pou y al asiste kongrè nan Tegzas. Papi t ap travay pou yon konpayi tren ki relye Misouri ak Kannzas ansanm ak Tegzas (yo te rele l tou wout ray M-K-T oswa Kate). Konsa, nou te ka vwayaje nan tren an avèk yon kat li te genyen kòm anplwaye, sa ki te pèmèt nou al wè fanmi nou epi asiste kongrè yo ansanm. Fred Wismar, ki se gran frè manman m, ak madanm li ki rele Eulalie t ap viv nan vil Tanp, nan Tegzas. Tonton Fred te aprann laverite nan kòmansman ane 1900 yo lè l te timoun, li te batize epi l te pataje sa l te aprann yo ak frè l ak sè l yo, san wete manman m. Yon lè, li te sèvi kòm sèvitè zòn (yo rele kounye a siveyan sikonskripsyon) nan mitan Tegzas e frè ki t ap viv nan zòn sa a te konnen l byen. Li te yon moun ki janti, ki gen kè kontan, e moun te toujou kontan lè l avèk yo. Li te chofe pou laverite, e se sèten li te gen yon bon enfliyans sou mwen lè m te jèn.

An 1941, fanmi nou te vwayaje nan tren pou n t al Senlwi, nan Misouri, pou n te asiste yon gwo kongrè. Yo te envite tout timoun pou yo chita ansanm nan yon seksyon espesyal nan estad la pou yo tande yon diskou frè Rutherford t ap bay ki gen tit: “Timoun Wa a.” Lè diskou a fini, nou tout nan gwoup la te sezi lè frè Rutherford ansanm ak moun ki t ap ede l yo te fè nou chak kado nouvo liv ki rele Timoun nan. Te gen plis pase 15 000 timoun ki te kontan jwenn benediksyon sa a.

Nan mwa avril 1943, nou te kontan asiste yon ti asanble, men ki te gen anpil enpòtans, ki te fèt nan Kofeyvil, nan Kannzas, ki te gen tit “Ann aji”. Yo te kòmanse yon nouvo lekòl ki rele Lekòl ministè teyokratik, yon lekòl yo t apral òganize nan chak kongregasyon, e te gen yon liv ki gen 52 leson yo t ap gen pou yo itilize nan lekòl sa a ki te parèt tou. Nan fen ane sa a, m te bay premye diskou m antanke elèv. Asanble sa a te espesyal pou mwen tou paske m te batize ansanm ak kèk lòt frè nan yon letan ki te frèt anpil nan yon plantasyon toupre a.

KARYÈ M TE SWETE FÈ A: SÈVIS BETÈL

M te fini lekòl an 1951 e m te dwe pran kèk desizyon konsènan avni m. Pi gwo dezi m te genyen se t al sèvi nan Betèl, kote Jerry te konn sèvi anvan sa. Konsa, san pèdi tan, m te voye fòmilè m nan nan biwo Bwouklin nan. Desizyon sa a te vin fè m jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl. Nan yon tikras tan, yo te apwouve demann m te fè a, epi yo te envite m vin sèvi nan Betèl nan dat 10 mas 1952.

M te swete travay nan enprimri a pou m te ka patisipe nan fè peryodik yo ak liv yo. Sepandan, yo te voye m al travay kòm sèvè e annapre m t al travay nan kuizin, yon fòmasyon ak yon eksperyans ki te ban m kè kontan. Donk, m pa t janm gen posiblite travay nan enprimri a. Men, orè travay ekip kuizin nan te bon pou mwen paske sa te pèmèt mwen jwenn kèk moman ki trankil nan jounen an pou m te fè etid pèsonèl nan gwo bibliyotèk Betèl la. Sa te ede m fè pwogrè nan domèn espirityèl e sa te fòtifye lafwa m. Epitou, sa te fè m vin gen plis detèminasyon pou m sèvi Jewova nan Betèl otan m kapab. Jerry te kite Betèl an 1949 e l te marye ak Patricia, men yo t al abite toupre a nan Bwouklin. Yo te toujou ede m e yo te toujou ankouraje m pandan premye ane sèvis mwen nan Betèl.

Yon ti tan apre m fin rive nan Betèl, yo t ap chèche ajoute plis frè nan lis oratè Betèl la. Frè ki te nan lis sa a te gen responsablite pandan ane a pou y al vizite yon seri kongregasyon ki te nan yon distans 322 kilomèt parapò ak Bwouklin pou yo bay yon diskou piblik e pou yo preche ak kongregasyon an. M te gen privilèj pou m te nan lis sa a. Kè m t ap sote pandan m te kòmanse bay premye diskou piblik mwen, lè sa a yo te dire inèdtan. An jeneral, m te konn pran tren pou m al vizite kongregasyon yo. Mwen byen sonje yon dimanch aprèmidi nan sezon ivè nan ane 1954. M te pran yon tren ki t apral Nouyòk ki te dwe fè m rive nan Betèl la byen bonè nan aswè. Men, te gen yon tanpèt ki te vin ak yon gwo van frèt ak nèj. Motè elektrik tren an te vin gen pwoblèm e yo te vin pèdi fòs. Finalman, tren an te rive nan estasyon vil Nouyòk la nan lendi maten vè senkè. Pandan m nan estasyon an, m te kouri antre nan yon tren ki t apral Bwouklin. Kou m rive, m t al travay tou dwat nan kuizin nan, m te yon ti jan anreta e m te fatige anpil apre m te pase tout yon nuit chita nan tren an ki te anpàn. Men, lajwa m te genyen pou m sèvi frè ak sè yo e pou m fè konesans ak anpil nouvo zanmi pandan wikenn espesyal sa yo te pi enpòtan pase difikilte m te jwenn yo.

N ap prepare n pou yon emisyon nan stidyo WBBR la.

Pandan premye ane m yo nan Betèl la, m te jwenn envitasyon pou m patisipe nan yon emisyon radyo sou estasyon WBBR la. Nan epòk sa a, stidyo yo te nan premye etaj bilding 124 Columbia Heights. Yo te ban m jwe wòl yon moun ki t ap patisipe nan yon pwogram etid Labib, e yo te konn pase emisyon sa a chak semèn. Frè A. H. Macmillan, ki te gen anpil tan kòm manm fanmi Betèl la, te konn patisipe nan pwogram sa yo regilyèman nan radyo a. Avèk afeksyon, yo te konn rele l frè Mac, epi antanke moun ki gen andirans nan sèvis Jewova a, li te yon bèl egzanp pou nou menm ki te pi jèn nan fanmi Betèl la.

Nou te konn distribye feyè WBBR nan travay predikasyon an pou n fè moun yo enterese.

An 1958, m te jwenn envitasyon pou m travay kòtakòt ak Lekòl Galaad. Travay mwen se te ede elèv ki fin gradye yo jwenn viza epi fè aranjman pou mesyedam zele sa yo vwayaje. Sa te koute anpil kòb pou moun vwayaje nan avyon nan ane sa yo, kidonk, se sèlman kèk elèv ki t ap vwayaje nan avyon. Pifò nan elèv ki t apral ann Afrik ak ann Ekstrèm Oryan yo te konn vwayaje nan bato ki pote machandiz. Lè liy avyon komèsyal yo te kòmanse parèt, pri vwayaj yo te vin bese anpil e yon ti tan annapre yo te konn voye pifò misyonè yo nan asiyasyon yo nan avyon.

M ap sanble diplòm Lekòl Galaad anvan pwogram gradyasyon an.

VWAYAJ POU M AL NAN KONGRÈ

An 1960, m te vin gen plis travay piske m te gen pou m fè aranjman pou yon seri vwayaj nan avyon soti Etazini al ann Ewòp pou kongrè entènasyonal ki t ap fèt an 1961 yo. M te pran yon avyon ki t ap sot Nouyòk pou al nan vil Anbou, ann Almay, pou kongrè sa a. Apre kongrè a, mwen menm ansanm ak twa lòt frè k ap sèvi nan Betèl te lwe yon machin e n te kondui sot ann Almay pou n t al ann Itali pou n vizite filyal ki nan vil Wòm nan. Pandan n la, nou te tou al an Frans, pa lòt bò mòn Pirene yo, epi nan peyi Espay, kote yo te entèdi travay predikasyon an. Nou te rive bay frè n yo ki te nan vil Baselòn kèk piblikasyon nou te kamoufle nan papye kado. Nou te kontan wè yo anpil! Nou te kondui al nan vil Amstèdam, kote n te pran avyon pou n retounen Nouyòk.

Anviwon ennan annapre, travay m te gen nan Betèl la te vin gen ladan l fè aranjman pou delege yo chwazi yo vwayaje al asiste yon seri kongrè entènasyonal espesyal ki t ap fèt toupatou sou tè a. Se te asanble ki te fèt an 1963 a ki te gen tit “Bon nouvèl etènèl” la. Gen aranjman ki te fèt pou 583 delege ki te sot toupatou sou tè a t al asiste kongrè sa a ann Ewòp, ann Azi, nan Pasifik sid, e yo t al fini vwayaj sa a nan Onolili, ann Awayi, ak nan Pasadena, nan Kalifòni. Pandan vwayaj la, nou te fè eskal nan peyi Liban ak nan peyi Jòdani pou yon seri vizit espesyal ki bay enfòmasyon sou peyi Bib la pale de yo. Anplis planifye vwayaj nan avyon ak fè rezèvasyon otèl, depatman nou an nan Betèl la te jwenn tout viza yo te bezwen pou yo fè eskal nan plizyè peyi.

NOUVO KONPAYON VWAYAJ MWEN AN

Gen yon lòt rezon ki fè ane 1963 te yon ane enpòtan pou mwen. Nan dat 29 jen, m te marye ak Lila Rogers ki soti nan Misouri e ki te manm fanmi Betèl la twazan anvan sa. Yon semèn apre maryaj nou, mwen menm ak Lila t al patisipe nan vwayaj toupatou nan monn nan e n te vizite Lagrès, Ejip ak Liban. Nou te fè yon vwayaj tou kout nan avyon soti Bewout pou n al nan yon ti ayewopò ki nan Jòdani. Piske yo te entèdi travay predikasyon an nan peyi Jòdani e n te aprann yo pap bay Temwen Jewova viza pou yo antre nan peyi sa a, nou t ap mande tèt nou ki sa k t apral pase lè n rive. Imajine jan n te kontan e jan n te sezi lè n rive epi n te wè yon foul moun ki kanpe anlè nan ayewopò a ki gen yon bandwòl ki te ekri “Byenveni Temwen Jewova”! Epitou, nou te fremi lè n te wè peyi Bib la pale de yo a ak de je n! Nou te vizite kote patriyach ki te la nan tan lontan yo te abite, kote Jezi ak apot yo te preche ak kote krisyanis la te kòmanse rive jis nan dènye bout tè a. — Tra. 13:47.

Pandan 55 ane, Lila se yon konpay ki fidèl pou mwen nan tout asiyasyon nou gen nan sèvis la. Nou te gen posiblite vizite Espay ak Pòtigal plizyè fwa nan peryòd kote yo te entèdi travay predikasyon an nan peyi sa yo. Nou te kapab ankouraje frè ak sè yo e n te pote piblikasyon pou yo ak lòt bagay yo te bezwen. Nou te menm gen posiblite vizite kèk nan frè nou yo ki te nan prizon nan yon ansyen fò militè ki nan Kadis, ann Espay. Kè m te kontan anpil dèske m te kapab fòtifye yo ak yon diskou ki baze sou Bib la.

Nou menm ak Patricia ak Jerry Molohan ki pral nan kongrè ki gen tit “Lapè sou tè a”, an 1969.

Pandan plizyè ane depi 1963, m gen privilèj ede planifye vwayaj pou yon seri kongrè entènasyonal ki fèt ann Afrik, ann Ostrali, ann Amerik santral ak ann Amerik disid, ann Ewòp, ann Ekstrèm Oryan, ann Awayi, nan Nouvèl Zelann ak nan Pòtoriko. Mwen menm ak Lila te kontan asiste anpil kongrè nou pap janm bliye, sa gen ladan l youn nou te asiste nan Vasovi, nan peyi Polòy, an 1989. Gen anpil frè ki sot Larisi ki te rive asiste gwo kongrè sa a, e se te premye kongrè yo! Gen plizyè frè ak sè nou te rankontre ki te fè plizyè ane nan prizon ann Inyon Sovyetik akoz lafwa yo.

Se yon privilèj ki te ban m anpil kè kontan pou m vizite plizyè biwo filyal toupatou nan monn nan pou m fòtifye fanmi Betèl ak misyonè e pou m ankouraje yo. Nan dènye vizit nou te fè nan Kore disid, nou te gen posiblite rankontre 50 nan frè nou yo ki nan yon prizon nan Souwon. Tout frè sa yo te montre yo pozitif e yo t ap tann pou yo patisipe nan travay predikasyon an ankò. Se nou menm ki te jwenn plis ankourajman nan rankont sa a! — Wom. 1:11, 12.

AKWASMAN BAY KÈ KONTAN

M wè jan Jewova beni pèp li a lè l fè l vin pi plis tank ane ap pase, soti anviwon 100 000 pwoklamatè nan epòk mwen te batize an 1943 rive plis pase 8 000 000 pwoklamatè k ap sèvi nan 240 peyi kounye a. Elèv ki gradye nan Lekòl Galaad yo jwe yon gwo wòl nan akwasman sa a paske yo pran latèt nan travay predikasyon an. M te kontan travay kòtakòt ak anpil nan misyonè sa yo pandan plizyè ane e pou m te ede yo ale nan asiyasyon yo aletranje!

M kontan anpil dèske m te pran desizyon lè m te jèn pou m fè plis nan sèvis mwen lè m te ranpli fòmilè pou sèvis Betèl. Jewova beni m anpil pandan tout tan sa a. Anplis lajwa mwen menm ak Lila jwenn nan sèvis nou nan Betèl, pandan plizyè dizèn ane nou te gen posiblite preche ak plizyè kongregasyon nan Bwouklin, kote nou te fè anpil zanmi pou lavi.

Grasa sipò Lila, mwen kontinye nan sèvis mwen nan Betèl chak jou. Menm lè m gen plis pase 84 an kounye a, m toujou gen yon travay ki enteresan, m ap ede nan jere korespondans filyal la genyen.

Mwen menm ak Lila jodi a.

Mwen kontan anpil dèske m fè pati òganizasyon estrawòdinè Jewova a e pou m wè gwo diferans ki gen ant moun k ap sèvi Jewova ak moun ki pap sèvi l. Nou ka pi byen konprann pawòl ki nan Malachi 3:18 la ki di: “Yon lòt fwa ankò, n ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l.” Chak jou ki pase, nou wè jan sistèm Satan an ap fin depafini, yon sistèm ki chaje ak moun ki pa gen okenn espwa e ki prèske pa gen kè kontan nan lavi yo. Men, moun ki renmen Jewova yo e k ap sèvi l yo gen kè kontan nan lavi yo, menm nan tan difisil sa yo, e yo gen yon espwa ki sèten pou lavni. Se pa ti privilèj nou genyen pou n simaye bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14)! Nou pa ka tann pou n wè jou sa a, yon jou ki pa lwen rive, kote Wayòm Bondye a pral detwi vye monn sa a e l pral mennen n nan monn nouvo a kote l pral bay tout benediksyon l te pwomèt yo, sa gen ladan l yon bon sante ak lavi ki pap janm fini an. Lè sa a, sèvitè Jewova ki fidèl yo sou tè a pral gen lavi pou toutan.