Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kontinye kenbe lespri n anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje

Ann kontinye kenbe lespri n anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje

“Mwen kalme nanm mwen, mwen fè l rete byen trankil.” — SÒM 131:2.

KANTIK: 128, 129

1, 2. a) Lè gen chanjman ki rive sanzatann nan lavi yon kretyen, ki jan sa ka gen efè sou li? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Dapre Sòm 131, ki atitid k ap ede n kontinye kenbe lespri n anpè?

LÈ Lloyd ak Alexandra te aprann yo voye yo al sèvi nan tèritwa, yo te santi yo tris okòmansman. Anfèt, yo te gen plis pase 25 an depi y ap sèvi nan Betèl. Men sa Lloyd di: “M te santi se kòmsi Betèl la ak travay m t ap fè a se idantite m. Nan lespri m, m te dakò ak rezon ki fè yo fè chanjman sa a, men nan semèn ak nan mwa ki te vin annapre yo, tanzantan m te konn santi yo rejte m. Te gen yon bann monte desann ki t ap fèt nan lespri m. Yon lè m te santi moral mwen wo, yon lòt lè m te santi l ba.”

2 Lè lavi nou pran yon direksyon sanzatann, chanjman nou gen pou n fè fas yo ka fè n gen enkyetid ak strès (Pwo. 12:25). Nou ka menm twouve l difisil pou n aksepte chanjman sa yo. Nan sitiyasyon sa yo, ki jan n ka ‘kalme nanm nou epi pou n fè l rete byen trankil’? (Li Sòm 131:1-3.) Ann egzamine sa kèk moun Bib la pale de yo ansanm ak kèk sèvitè Jewova nan epòk nou an te fè pou yo kontinye kenbe lespri yo anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje.

LI TE GEN “LAPÈ BONDYE” BAY LA

3. Nan ki sitiyasyon Jozèf te twouve l?

3 Jozèf te gen anviwon 17 an lè pwòp frè l ki te jalou sò l te vann li kòm esklav. Anvan sa, Jozèf se te pitit papa l te pi renmen an (Jen. 37:2-4, 23-28). Pandan anviwon 13 an, Jozèf te oblije soufri akoz li te nan esklavaj e l te nan prizon nan peyi Ejip, pandan l te byen lwen Jakòb, papa l, ki te renmen l anpil. Ki sa k te ede Jozèf pou l pa t dekouraje e pou l pa t gen rankin?

4. a) Lè Jozèf te nan prizon, sou ki sa l te fikse panse l? b) Ki jan Jewova te reponn priyè Jozèf?

4 Pandan Jozèf t ap soufri nan prizon, li dwe te fikse panse l sou prèv ki te fè l wè Jewova beni l (Jen. 39:21; Sòm 105:17-19). Anplis de sa, rèv Jozèf te konn fè lè l te pi jèn yo, yon seri rèv ki se pwofesi, te ka fè l gen konfyans li gen favè Jewova (Jen. 37:5-11). Petèt, nan plizyè okazyon, li te fè Jewova konnen jan l ap soufri (Sòm 145:18). Pou Jewova te reponn priyè Jozèf te fè ak tout kè l yo, li te fè l gen bonjan konviksyon L ap “avè l” nan tout tribilasyon l yo. — Tra. 7:9, 10 *.

5. Ki efè “lapè Bondye” bay la ka gen sou dezi n genyen pou n fikse objektif espirityèl?

5 Malgre sitiyasyon yo difisil, jodi a nou ka wè jan n jwenn soulajman nan “lapè Bondye” bay ki pwoteje lespri n nan. (Li Filipyen 4:6, 7.) Se sa k fè, si n chèche èd Jewova lè enkyetid anvayi n, lapè Bondye bay la ka fè n vin gen plis detèminasyon pou n atenn objektif espirityèl nou yo e l ka pwoteje n kont kèlkeswa tandans nou genyen pou n dekouraje. Ann pran kèk egzanp nan epòk nou an ki montre sa.

MANDE JEWOVA EDE W GEN LAPÈ ANKÒ

6, 7. Ki jan lè n presi nan priyè n yo sa ka ede n gen lapè ankò? Bay yon egzanp.

6 Lè yo te fè Ryan ak Juliette konnen yo pap ka kontinye sèvi kòm pyonye espesyal tanporè ankò, yo te santi yo rejte yo. Men sa Ryan fè konnen: “Nou te priye Jewova sou sa tousuit. Nou te konnen se te yon okazyon espesyal nou genyen pou n montre n gen konfyans nan li. Gen anpil moun nan kongregasyon nou an ki te fèk vin nan laverite, donk, nou te priye Jewova pou l ede n bay yon bèl egzanp ki demontre lafwa.”

7 Ki jan Jewova te reponn priyè yo a? Men sa Ryan sonje: “Menm kote n fin priye a, santiman negatif ak enkyetid nou te gen okòmansman yo te disparèt. Lapè Bondye bay la te pwoteje kè n ak lespri n. Nou te rann nou kont nou t ap kontinye itil Jewova si n kontinye gen bon atitid.”

8-10. a) Ki jan lespri sen Bondye ka ede n fè fas ak enkyetid? b) Ki fason Jewova ka reyaji devan efò n fè pou n kontinye wè bagay yo jan l wè yo?

8 Nonsèlman lespri sen Bondye kapab kalme nou, men tou, li ka atire atansyon n sou yon seri vèsè enpòtan k ap ede n kontinye bay bagay espirityèl yo plis enpòtans. (Li Jan 14:26, 27.) Ann pran egzanp Philip ak Mary, yon mari ak madanm ki te sèvi nan Betèl pandan anviwon 25 an. Nan kat mwa sèlman, yo toule de te pèdi manman yo ak yon lòt moun nan fanmi yo e yo te kòmanse pran swen papa Mary ki te gen pwoblèm mantal.

9 Men sa Philip sonje: “M te panse m t ap byen jere bagay yo nan yon sèten sans, men gen yon bagay ki te manke. M te tonbe sou Kolosyen 1:11 nan yon atik Toudegad etid. Se vre m t ap andire, men m pa t fè sa nèt. M te bezwen ‘andire nèt avèk pasyans ak kè kontan’. Vèsè sa a te fè m sonje kè kontan m gen nan lavi a pa depann de sitiyasyon m, men l depann de enfliyans lespri sen Bondye gen nan lavi m.”

10 Jewova te beni Philip ak Mary plizyè fason paske yo te fè efò pou yo wè sitiyasyon yo a jan li menm li wè l la. Yon ti tan apre yo fin kite Betèl, yo toule de te vin gen etidyan Labib k ap fè pwogrè ki te vle fè etid la plis pase yonfwa pa semèn. Lè Mary ap sonje sa, men sa l di: “Yo te pèmèt nou gen kè kontan e yo se mwayen Jewova te itilize pou l di n tout bagay prale byen.”

BAY JEWOVA YON BAGAY POU L BENI

Ki jan n ka imite egzanp Jozèf kèlkeswa sitiyasyon nou? (Gade paragraf 11-13.)

11, 12. a) Ki jan Jozèf te bay Jewova yon bagay pou l beni? b) Ki rekonpans Jozèf te jwenn pou andirans li?

11 Lè n ap fè fas ak chanjman ki rive bridsoukou, li fasil pou n kite enkyetid nou genyen konsènan lavni paralize nou. Sa te ka rive Jozèf. Olye de sa, li te deside fè tout sa l kapab nan sitiyasyon l lan, konsa li te bay Jewova yon bagay pou l beni. Byenke Jozèf te nan prizon, li te travay di pou l fè kèlkeswa travay chèf prizon an te ba li, menm jan l te konn fè lè l t ap travay pou Potifa. — Jen. 39:21-23.

12 Yon jou, yo te konfye Jozèf responsablite pou l pran swen de mesye ki te nan gwo pozisyon nan palè Farawon an anvan sa. Piske Jozèf te janti, sa te bay toule de mesye yo asirans e yo te rakonte l pwoblèm yo ak rèv difisil yo te fè pandan nuit lan (Jen. 40:5-8). Jozèf pa t rann li kont de sa, men konvèsasyon sa a t apral pèmèt bagay yo byen pase pou li. Byenke li te oblije andire pandan dezan ankò nan prizon, finalman yo te libere l, e nan menm jou a, li te vin dezyèm chèf peyi a apre Farawon. — Jen. 41:1, 14-16, 39-41.

13. Ki jan n ka bay Jewova yon bagay pou l beni kèlkeswa sitiyasyon nou?

13 Menm jan ak Jozèf, nou ka twouve n nan yon sitiyasyon kote n prèske pa gen kontwòl anyen oswa n pa gen kontwòl anyen menm. Sepandan, si n ret tann avèk pasyans e n fè anpil efò pou n fè tout sa n kapab selon sitiyasyon nou, n ap bay Jewova yon bagay pou l beni (Sòm 37:5). Se vre, pafwa nou ka santi n “pa konn sa pou n fè”, men, jan apot Pòl te fè konn sa, yo pap janm “kite nou sanzespwa”. (2 Kor. 4:8, nòt.) Pawòl Pòl te di yo ap gen pou yo reyalize nan ka pa nou, sitou si n ret konsantre sou sèvis n ap bay Bondye a.

RET KONSANTRE SOU SÈVIS W AP BAY BONDYE A

14-16. Ki jan Filip, yon moun ki te konn ap evanjelize, te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Bondye a malgre sitiyasyon yo t ap chanje?

14 Filip, yon moun ki te konn ap evanjelize, kite yon bèl egzanp antanke moun ki te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Bondye malgre sitiyasyon yo t ap chanje. Apre lanmò Etyèn, te vin gen yon gwo pèsekisyon nan vil Jerizalèm *. Nan epòk sa a, Filip te gen yon nouvo responsablite nan sèvis Bondye a ki te ba l kè kontan (Tra. 6:1-6). Men, lè disip Kris yo te gaye toupatou, Filip pa t ka annik ret ap gade san l pa fè anyen. Li t al preche nan Samari, yon vil kote anpil moun potko tande bon nouvèl la nan epòk sa a. — Mat. 10:5; Tra. 8:1, 5.

15 Filip te dispoze ale nenpòt ki kote lespri sen Bondye te voye l, konsa, Jewova te sèvi avè l pou l preche nan yon seri nouvo tèritwa. Piske l pa t gen patipri, petèt sa te ankouraje moun Samari yo, yon seri moun Juif yo te gen abitid meprize. Nou pa sezi dèske foul moun yo te “ret ansanm” pou yo koute l. — Tra. 8:6-8.

16 Annapre, lespri sen Bondye te mennen Filip nan vil Achdòd ak nan Sezare, de vil ki te gen anpil moun lòt nasyon ki t ap viv ladan yo (Tra. 8:39, 40). Anviwon 20 an apre Filip t al preche pou premye fwa nan Samari, sa klè, sitiyasyon l te vin chanje ankò. Kounye a li te gen yon fanmi, e l te abite nan tèritwa l t ap preche a. Malgre sitiyasyon Filip te chanje, li te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Bondye a, kòm rezilta, Jewova te beni li menm ak fanmi l anpil. — Tra. 21:8, 9.

17, 18. Lè n ret konsantre sou sèvis n ap bay Bondye a, ki jan sa ede n kenbe ekilib nou nan moman kote gen chanjman yo?

17 Anpil sèvitè aplentan kapab di lè yo ret konsantre sou sèvis y ap bay Bondye a sa ede yo kenbe ekilib yo malgre sitiyasyon yo ap chanje. Lè Osborne ak Polite, yon mari ak madanm k ap viv ann Afrik disid, te kite Betèl, yo te panse sa pa t ap pran tan pou yo gen yon travay ki pa pran tout tan yo ak yon kote pou yo rete. Men sa Osborne rakonte: “Malerezman, nou pa t jwenn yon travay byen vit jan n te swete a.” Men sa madanm li Polite rakonte: “Nou pa t jwenn travay pandan twa mwa, e nou pa t gen okenn kòb sere. Se te yon gwo defi.”

18 Ki sa k te ede yo fè fas ak sitiyasyon sa a ki te stresan? Men sa Osborne di: “Lefètke n te preche ak kongregasyon an sa te ede n anpil pou n pa distrè e pou n ret pozitif. Olye n te ret chita pou n ap enkyete n, nou te deside pase tout tan nou nan travay predikasyon an, e sa te fè n gen anpil kè kontan. Nou te chèche travay tout kote, e alafen nou te jwenn travay.”

RET TANN JEWOVA AVÈK PASYANS

19-21. a) Ki sa k ap ede n kontinye kenbe lespri n anpè? b) Ki byenfè nou chak ka jwenn lè n fè ajisteman parapò ak yon seri sitiyasyon ki nouvo pou nou?

19 Jan egzanp sa yo montre sa, si n fè tout sa n kapab selon sitiyasyon nou e n ret tann Jewova avèk konfyans, n ap kontinye kenbe lespri n anpè. (Li Miche 7:7.) Nou ka menm vin rann nou kont nou jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl lè n fè ajisteman parapò ak yon seri sitiyasyon ki nouvo pou nou. Men sa Polite, nou te site pi wo a, di konsènan eksperyans li te fè a: “Lefètke m jwenn yon lòt asiyasyon, sa aprann mwen sa sa vle di konte sou Jewova toutbon menm lè bagay yo sanble kont mwen. M vin gen pi bon relasyon avè l.”

20 Mary, nou te site pi wo a, toujou ap pran swen papa l ki granmoun toutpandan l nan sèvis pyonye. Men sa l admèt: “M vin aprann lè m santi m enkyè, m bezwen pran yon poz, priye, epi rilaks. Petèt pi gwo leson m vin aprann se kite bagay yo nan men Jewova, yon bagay k ap vrèman nesesè alavni.”

21 Lloyd ak Alexandra, nou te pale de yo nan entwodiksyon an, admèt sitiyasyon yo ki te chanje a te teste lafwa yo yon seri fason yo pa t atann. Sepandan, men sa yo di: “Lè lafwa n pase anba eprèv, sa montre si n gen bonjan lafwa e sa montre si lafwa n solid pou ede n kenbe e pou konsole n nan moman difisil yo. Sa fè n vin pi bon moun.”

Chanjman ki fèt sanzatann ka fè n jwenn benediksyon sanzatann! (Gade paragraf 19-21.)

22. Si n chèche fè tout sa n kapab selon sitiyasyon nou, ki asirans nou ka genyen?

22 Si lavi w pran yon direksyon sanzatann, kit se yon chanjman nan travay ou te konn fè nan sèvis Bondye a, kit se pwoblèm sante oswa nouvo responsablite nan fanmi w, ou mèt gen asirans Jewova gen sousi pou ou e l ap ede w nan bon moman (Ebre 4:16; 1 Pyè 5:6, 7). Anmenmtan tou, eseye fè tout sa w kapab selon sitiyasyon w. Pwoche bò kote Papa w ki nan syèl la grasa lapriyè, epi aprann lage kò w nan men l pou l ede w. Nan fason sa a, ou menm tou, w ap kontinye kenbe lespri w anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje.

^ § 4 Kèk tan apre Jozèf fin libere nan prizon, li fè konnen Jewova te soulaje l anba move souvni l te genyen yo lè l te ba l yon pitit gason. Li te rele premye pitit gason l lan Manase, paske li te di: “Bondye fè m bliye tout pwoblèm mwen.” — Jen. 41:51, nòt.

^ § 14 Gade atik ki gen tit “Èske w te konnen?” ki nan Toudegad sa a.