Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann met konfyans nou nan Kris ki se Gid nou

Ann met konfyans nou nan Kris ki se Gid nou

“Sèl Gid nou genyen se Kris.” — MAT. 23:10.

KANTIK: 16, 14

1, 2. Ki difikilte Jozye te jwenn apre lanmò Moyiz?

PAWÒL Jewova te di yo te toujou ap sonnen nan zòrèy Jozye. Men sa l te di: “Moyiz, sèvitè m nan, mouri. Kounye a, prepare w pou w al travèse Rivyè Jouden an, ou menm ak tout pèp sa a, pou n al nan peyi m ap ba yo a.” (Joz. 1:1, 2). Se te yon chanjman sanzatann sa te ye pou Jozye ki te fè prèske 40 an kòm sèvitè Moyiz!

2 Piske Moyiz te alatèt pèp Izrayèl la pandan tout tan sa a, Jozye te ka ap mande tèt li ki jan pèp Bondye a t ap reyaji devan direksyon l t apral ba yo (Det. 34:8, 10-12). Men sa yon diksyonè biblik fè konnen anrapò ak Jozye 1:1, 2: “Kit se nan tan lontan kit se nan epòk nou an, moman kote yon nasyon ap chanje dirijan se moman ki pi danjere pou sekirite l.”

3, 4. Ki jan n fè konnen Jozye pa t mal aji lefètke l te met konfyans li nan Bondye, e ki kesyon nou gendwa ap poze tèt nou?

3 Jozye dwe te gen bonjan rezon pou l pè, men, apre kèk jou, li te fè yon aksyon ki te enpòtan anpil (Joz. 1:9-11). Li pa t mal aji lefètke l te met konfyans li nan Bondye. Jan istwa ki nan Bib la montre sa, anfèt, Jewova te sèvi ak yon zanj kòm reprezantan l pou l gide Jozye ak pèp Li a. Li lojik pou n panse zanj sa a se te Pawòl la, anpalan de premye Pitit gason Bondye a. — Egz. 23:20-23; Jan 1:1.

4 Grasa èd Jewova, pèp Izrayèl la te vin aksepte Jozye kòm dirijan nan plas Moyiz. Nou menm tou n ap viv nan yon epòk kote gen gwo chanjman k ap fèt, e nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Piske òganizasyon Bondye a ap vanse byen vit, èske n gen bonjan rezon pou n gen konfyans nan Jezi antanke Gid nou Bondye nome a?’ (Li Matye 23:10.) Ebyen, ann wè ki jan Jewova te gide pèp li a yon fason estrawòdinè nan tan lontan nan moman kote te gen chanjman.

LI TE GIDE PÈP BONDYE A POU YO ANTRE NAN PEYI KANARAN

5. Ki rankont Jozye te fè lè l rive toupre Jeriko? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Yon ti tan apre pèp Izrayèl la fin travèse Rivyè Jouden an, Jozye te fè yon rankont li pa t atann. Lè l rive toupre Jeriko, li te rankontre yon mesye ki te gen yon epe nan men l. Piske Jozye pa t konn kiyès etranje sa a te ye, li te mande l: “Èske w pou nou oubyen ou pou ènmi nou yo?” Jozye te sezi lè gèrye sa a te di l kiyès li ye. Se pa t lòt moun, se te “chèf lame Jewova a” ki te pare pou l defann pèp Bondye a. (Li Jozye 5:13-15.) Byenke nan kèk lòt pasaj istwa a fè konnen Jewova t ap pale dirèkteman ak Jozye, se sèten Bondye te sèvi ak yon zanj kòm reprezantan l pou l pale avè l, jan l te konn fè sa souvan nan tan lontan. — Egz. 3:2-4; Joz. 4:1, 15; 5:2, 9; Tra. 7:38; Gal. 3:19.

6-8. a) Poukisa kèk nan enstriksyon Jewova te bay yo te ka parèt dwòl selon pwennvi lèzòm? b) Ki jan sa te parèt aklè enstriksyon yo te saj e yo te bay yo nan bon moman? (Gade nòt la tou.)

6 Jozye te resevwa enstriksyon ki klè nan men zanj ki t ap gide l la sou fason pou l pran vil Jeriko. Okòmansman, kèk nan enstriksyon yo te ka pa parèt kòm yon bon estrateji. Pa egzanp, Jewova te bay lòd pou tout gason yo sikonsi, sa ki t ap fè yo pa ka fè anyen pandan plizyè jou. Èske se te vrèman bon moman an pou yo sikonsi gason vanyan sa yo? — Jen. 34:24, 25; Joz. 5:2, 8.

7 Petèt, sòlda izrayelit sa yo ki te san defans te ka ap mande tèt yo ki fason yo t ap pwoteje fanmi yo si ènmi ki konn fè lagè ta anvayi kan yo a. Men, bridsoukou, te gen yon nouvèl ki fè konnen “yo te fèmen vil Jeriko byen fèmen” akoz Izrayelit yo (Joz. 6:1). Èske fason evènman yo te chanje sanzatann nan pa t ap fè yo vin gen plis konfyans nan direksyon Bondye bay?

8 Anplis de sa, Izrayelit yo pa t resevwa lòd pou yo atake Jeriko, men, yo te dwe mache toutotou vil la yon fwa pa jou pandan sis jou epi sèt fwa nan setyèm jou a. Kèk sòlda te ka panse ‘y ap gaspiye tan ak enèji’! Sepandan, Moun k ap gide pèp Izrayèl la se yon Gid ki envizib e ki konnen egzakteman sa l t ap fè. Nonsèlman estrateji l la te fòtifye lafwa Izrayelit yo, men tou, li te anpeche yo antre tou dwat nan yon gè ak sòlda vanyan ki nan lame Jeriko a. — Joz. 6:2-5; Ebre 11:30 *.

9. Poukisa n dwe suiv enstriksyon òganizasyon Bondye a ban nou? Bay yon egzanp.

9 Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Pafwa, nou ka pa fin konprann rezon ki fè òganizasyon an vin ak yon seri bagay ki nouvo. Pa egzanp, okòmansman nou te ka mande tèt nou ki rezon ki fè n itilize aparèy elektwonik pou etid pèsonèl, nan travay predikasyon an ak nan reyinyon yo. Kounye a, nou ka vin wè byenfè sa bay lè n itilize yo lè sa posib. Lè n wè bon rezilta pwogrè sa yo bay malgre n te ka gen dout sou yo, nou vin gen plis lafwa ak tèt ansanm.

FASON KRIS TE DIRIJE NAN PREMYE SYÈK LA

10. Kiyès ki te dèyè reyinyon enpòtan kolèj santral la te fè nan Jerizalèm nan?

10 Anviwon 13 an apre Kònèy fin konvèti, gen kèk Juif ki te vin kwayan ki te toujou ap ankouraje moun sikonsi (Tra. 15:1, 2). Apre yon gwo diskisyon te fin fèt nan vil Antyòch, yo te deside pou Pòl al kot kolèj santral la nan Jerizalèm pou yo regle pwoblèm nan. Sepandan, kiyès ki te dèyè enstriksyon sa a? Men sa Pòl te di: “Mwen te monte apre m te fin resevwa yon revelasyon.” Sa klè, Kris te dirije bagay yo yon fason pou kolèj santral la te rezoud dezakò sa a. — Gal. 2:1-3.

Sa te parèt aklè Kris t ap dirije nan premye syèk la. (Gade paragraf 10, 11.)

11. a) Ki sitiyasyon konsènan kesyon sikonsizyon an ki te kontinye egziste pami Juif ki kwayan yo? b) Ki jan volonte Pòl te genyen pou l soutni ansyen ki nan Jerizalèm yo te pase anba eprèv? (Gade nòt la tou.)

11 Anba direksyon Kris, kolèj santral la te fè konnen aklè kretyen ki pa Juif yo pa bezwen sikonsi (Tra. 15:19, 20). Sepandan, plizyè ane apre yo te fin pran desizyon sa a, gen anpil Juif ki kwayan ki te kontinye sikonsi pitit yo. Lè ansyen nan Jerizalèm yo tande gen yon bri k ap kouri sou Pòl, kòmkwa li pa t obsève Lwa Moyiz la, yo te ba l kèk enstriksyon li pa t atann * (Tra. 21:20-26). Yo te di l pou l pran kat mesye avè l pou y al nan tanp lan, yon fason pou pèp la ka konnen Pòl t ap “obeyi Lalwa”. Pòl te ka ap mande tèt li si sa yo te mande l fè a te gen sajès ladan l, li te ka di se Juif ki kretyen ki pa fin byen konprann kesyon sikonsizyon an ki vrè pwoblèm nan. Sepandan, pou Pòl te montre l ap soutni ansyen yo ki te vle pou kwayan yo gen tèt ansanm nan mitan yo, li te obeyi lòd yo te ba l yo avèk imilite. Men, nou ka ap mande tèt nou: ‘Poukisa Jezi te kite kesyon sa a rete san regle pandan tout tan sa a piske lanmò l te aboli Lwa Moyiz la?’ — Kol. 2:13, 14.

12. Ki rezon petèt ki fè Kris te kite tan pase anvan l rezoud kesyon sikonsizyon an?

12 Pou kèk moun, sa mande tan pou yo rive adapte yo ak yon esplikasyon ki nouvo. Juif ki kretyen yo te bezwen ase tan pou yo adapte pwennvi yo (Jan 16:12). Gen kèk ladan yo ki te twouve l difisil pou yo dakò sikonsizyon pa yon siy ki montre moun gen relasyon espesyal ak Bondye ankò (Jen. 17:9-12). Gen lòt, piske yo te pè pou yo pa pèsekite yo, yo te renka pou yo pa parèt diferan nan kominote juif yo (Gal. 6:12). Men, rive yon lè, Kris te bay plis konsèy pa mwayen lèt Bondye te enspire Pòl pou l ekri yo. — Wom. 2:28, 29; Gal. 3:23-25.

KRIS TOUJOU AP GIDE KONGREGASYON L LAN

13. Ki sa k ka ede n apresye fason Kris ap dirije jodi a?

13 Lè n pa fin konprann rezon ki fè òganizasyon an fè kèk chanjman, l ap bon pou n reflechi sou fason Kris te dirije nan tan lontan. Kit se nan epòk Jozye a kit se nan premye syèk la, Kris te toujou bay konsèy ki saj pou pwoteje pèp Bondye a antanke gwoup, pou fòtifye lafwa yo e pou kontinye gen tèt ansanm nan mitan sèvitè Bondye yo. — Ebre 13:8.

14-16. Ki jan sousi Kris genyen pou byennèt nou nan domèn espirityèl parèt aklè nan direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay?

14 Sousi ak lanmou Jezi gen pou nou nan domèn espirityèl parèt aklè nan direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay nan bon moman (Mat. 24:45). Men sa Marc, yon papa ki gen kat pitit, fè konnen: “Satan ap eseye febli kongregasyon yo lè l atake fanmi yo. Kounye a, grasa ankourajman fanmi yo jwenn pou yo fè adorasyon an fanmi chak semèn, mesaj la klè pou chèf fanmi yo: pwoteje fanmi nou!”

15 Lè n rive konprann direksyon Kris ap bay la, nou santi jan l enterese nan pwogrè n ap fè nan domèn espirityèl. Men ki remak Patrick k ap sèvi kòm ansyen fè: “Okòmansman, gen kèk moun ki te santi yo dekouraje lè yo reyini nan ti gwoup pou y al preche lè wikenn. Sepandan, youn nan prensipal kalite Jezi genyen, sètadi jan l enterese nan moun ki gen imilite yo, parèt aklè nan dispozisyon sa a. Frè ak sè ki yon ti jan renka oswa ki pa preche souvan yo vin santi yo apresye yo plis e yo santi yo pi itil, konsa, yo fè pwogrè nan domèn espirityèl.”

16 Kris pa sèlman pran swen nou nan domèn espirityèl, men tou, li ede n ret konsantre sou travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. (Li Mak 13:10.) Gen yon frè ki fèk nome ansyen ki rele André ki toujou ap suiv chanjman ki fèt nan direksyon òganizasyon Bondye a bay. Men sa l di: “Lefètke yo redui kantite moun k ap travay nan biwo filyal yo, sa fè m sonje gen ijans nan epòk nou an e n bezwen konsantre enèji nou nan travay predikasyon an.”

ANN SUIV DIREKSYON KRIS AP BAY LA FIDÈLMAN

17, 18. Poukisa l bon pou n reflechi ak byenfè n jwenn lefètke n adapte n ak chanjman ki fèk fèt yo?

17 Jan sa parèt nan fason Jezi Kris ap dirije a, antanke Wa nou an Bondye nome, sa klè l ap travay pou lavni. Kidonk, annou rejwi pou byenfè n jwenn lefètke n adapte n ak chanjman ki fèk fèt yo. Nan adorasyon an fanmi an, nou ka twouve l ankourajan pou n fè yon ti pale sou byenfè n jwenn grasa chanjman ki fèt nan reyinyon lasemèn yo oswa nan travay predikasyon an.

Èske w ede fanmi w ak lòt moun avanse nan menm vitès ak òganizasyon Jewova a? (Gade paragraf 17, 18.)

18 Si n rive wè rezon ki fè òganizasyon Jewova a ban nou yon enstriksyon ak bonjan efè l gen sou nou, l ap pi fasil pou n suiv konsèy sa a ak kè kontan. Se sèten nou kontan lefètke yo redui kantite piblikasyon ki enprime yo piske sa fè n fè mwens depans, e lefètke yo sèvi ak nouvo teknoloji yo sa pèmèt nou kontinye fè travay Wayòm nan vanse sou tout tè a. Piske n konn sa, si sa posib, n ap ka itilize piblikasyon elektwonik yo pi plis ansanm ak videyo ak anrejistreman odyo yo. Nan fason sa a, n ap montre n gen menm sousi ak Kris pou n itilize resous òganizasyon an avèk sajès.

19. Poukisa n dwe suiv direksyon Kris ap bay?

19 Lè n suiv direksyon Kris ap bay yo ak tout kè n, nou fòtifye lafwa lòt moun e n kontribye pou gen tèt ansanm. Men ki remak André fè lè l reflechi sou rezon ki fè yo redui kantite moun ki fè pati fanmi Betèl nan lemonnantye: “Bonjan etadespri moun ki te Betelit yo e k ap adapte yo ak chanjman sa yo demontre fè m gen plis konfyans ak plis respè. Lefètke y ap kouri nan menm vitès ak cha Jewova a, yo jwenn kè kontan nan nenpòt sa yo ba yo fè.”

ANN MET KONFYANS NOU NAN GID NOU AN

20, 21. a) Poukisa n ka met konfyans nou nan Kris, ki se Gid nou? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

20 Talè konsa, Jezi Kris, ki se Gid nou an Bondye nome, pral “fin pote laviktwa” e l pral “reyalize gwo bagay”. (Rev. 6:2; Sòm 45:4.) Anmenmtan tou, l ap prepare pèp Bondye a pou epòk k ap vin apre sistèm sa a lè nou tout pral patisipe nan gwo travay ansèyman ak konstriksyon ki pral fèt pandan rezirèksyon an.

21 Wa nou an Bondye chwazi a ap rive fè n antre nan monn nouvo a si n kontinye gen bonjan konfyans nan li, menm lè sitiyasyon yo ap chanje. (Li Sòm 46:1-3.) Pafwa, nou ka ap goumen ak yon chanjman, sitou lè lavi n pran yon direksyon nou pa t atann. Nan ka sa a, ki jan n ka kontinye kenbe lespri n anpè e pou n kontinye gen anpil lafwa nan Jewova? N ap egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

^ § 8 Gen akeyològ ki jwenn gwo depo manje angren nan dekonm vil Jeriko, sa ki montre yo pa t ansèkle l pandan anpil tan, epi rezèv manje l te genyen yo pa t fini. Piske Izrayelit yo pa t gen otorizasyon pou yo piye vil Jeriko, moman an te byen tonbe pou yo anvayi peyi a, paske se te sezon rekòt e te gen anpil manje nan jaden yo. — Joz. 5:10-12.

^ § 11 Gade kare ki gen tit “Yon eprèv kote Pòl te reyaji avèk imilite” ki te parèt nan Toudegad 1ye avril 2003, paj 17.