Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun yo bezwen tande avètisman an paske “van tanpèt” Bondye a ap pwoche!

Jijman Bondye: Èske Bondye toujou avèti moun yo ase?

Jijman Bondye: Èske Bondye toujou avèti moun yo ase?

METEYOLÒG la ap gade yon imaj rada k ap vin pi klè. Li wè yon gwo tanpèt k ap avanse byen vit sou yon zòn ki gen anpil moun. Piske li enterese nan sekirite moun yo, li pa sispann avèti yo anvan l twò ta.

Menm jan an tou, kounye a Jewova ap avèti moun ki abite sou tè a pou l fè yo konnen gen yon “tanpèt” ki pi danjere pase kèlkeswa bagay yo te ka tande lè y ap anonse move tan. Ki jan l ap fè sa? E poukisa nou ka sèten li bay moun yo ase tan pou yo reyaji? Pou n jwenn repons kesyon sa yo, toudabò annou egzamine kèk avètisman Jewova te bay nan tan lontan.

LÈ BONDYE TE BAY AVÈTISMAN DAVANS

Nan tan biblik yo, Jewova te fè konnen li t apral sèvi ak divès kalite “van tanpèt”, oswa jijman pou l pini moun ki chwazi dezobeyi kòmandman l yo (Pwo. 10:25; Jer. 30:23). Chak fwa li t apral fè sa, li te enfòme moun ki konsène yo byen lontan davans e l te mande yo fè chanjman ki ann amoni ak volonte l (2 Wa 17:12-15; Ney. 9:29, 30). Pou l ankouraje yo byen reyaji, byen souvan li te konn sèvi ak sèvitè fidèl li gen sou tè a pou anonse jijman l yo e pou fè moun yo wè nesesite pou yo aji san pèdi tan. — Amòs 3:7.

Noye se te youn nan sèvitè fidèl sa yo. Pandan plizyè ane, li te met kran sou li pou l avèti moun ki imoral e ki vyolan ki t ap viv nan epòk li a konsènan yon delij ki t apral fèt sou tout tè a (Jen. 6:9-13, 17). Epitou, li te fè yo konnen sa yo t ap bezwen fè pou yo pa peri. Noye te tèlman preche, annapre yo te vin rele l “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. — 2 Pyè 2:5.

Malgre tout efò Noye te fè, moun nan epòk anvan delij la pa t okipe mesaj Bondye te ba l bay la. Yo pa t montre yo gen lafwa menm. Se sa k fè yo te mouri lè delij la te “vini e li pote yo tout ale”. (Mat. 24:39; Ebre 11:7.) Lè yo t apral mouri a, yo pa t ka di Bondye pa t avèti yo.

Gen lòt lè, Jewova te avèti moun yo yon ti tan anvan “van tanpèt” jijman l lan frape. Menm lè sa a, li te veye pou moun ki te an danje yo jwenn ase tan pou yo aji. Pa egzanp, li te bay avètisman davans lè l t apral lage dis flewo sou peyi Ejip tan lontan an. Ann pran yon egzanp, Jewova te voye Moyiz ak Arawon avèti Farawon ak sèvitè l yo konsènan setyèm flewo a: yon gwo lagrèl ki t apral fè anpil dega. Piske lagrèl la t apral tonbe nan demen, èske Bondye te ba yo ase tan pou yo chèche yon kote pou yo abrite yo e pou yo chape anba katastwòf sa a? Men sa Labib fè konnen: “Tout moun pami sèvitè Farawon yo ki te pè akoz sa Jewova di a te kouri fè sèvitè pa yo ak bèt pa yo rantre, men, tout moun ki pa t okipe sa Jewova te di a te kite sèvitè yo ak bèt yo deyò.” (Egz. 9:18-21). Li klè, Jewova te bay ase avètisman. Konsa, moun ki te aji vit yo pa t soufri menm jan ak lòt yo.

Menm jan an tou, Farawon ak sèvitè l yo te jwenn avètisman anvan dizyèm flewo a. Men, yo te montre yo sòt paske yo pa t okipe avètisman yo te jwenn nan (Egz. 4:22, 23). Se sa k fè, premye pitit gason yo te genyen yo te mouri. Se pa ti tris sa te tris (Egz. 11:4-10; 12:29)! Èske yo te ka obeyi avètisman an anvan l twò ta? Wi! Moyiz te prese al avèti Izrayelit yo konsènan dizyèm flewo a, e l te ba yo enstriksyon sou fason pou yo sove fanmi yo (Egz. 12:21-28). Ki jan anpil moun te reyaji devan avètisman l te bay la? Selon sa kèk moun rapòte, te gen twa milyon moun ki te chape lè jijman Bondye a te frape a e ki te kite peyi Ejip. Pami moun sa yo te gen Izrayelit plis “yon pakèt lòt moun” ki pa t Izrayelit, e te gen Ejipsyen pami yo tou. — Egz. 12:38; nòt.

Jan egzanp sa yo montre sa, Jewova toujou veye pou moun yo jwenn ase tan pou yo obeyi avètisman l bay yo (Det. 32:4). Ki sa k te pouse Bondye fè sa? Apot Pyè te esplike Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Wi, Bondye te vle byen pou moun yo. Li te vle yo repanti e li te vle yo fè chanjman ki nesesè yo anvan l egzekite jijman l. — Eza. 48:17, 18; Wom. 2:4.

FASON MOUN YO REYAJI JODI A DEVAN AVÈTISMAN BONDYE BAY

Jodi a tou, tout moun dwe reyaji devan yon anons ijan k ap fèt sou tout tè a. Lè Jezi te sou tè a, li te fè moun yo konnen sistèm ki la jodi a pral detwi nan yon “gwo tribilasyon”. (Mat. 24:21.) Konsènan jijman sa a k ap gen pou fèt, li te bay yon pwofesi ki gen anpil detay kote l fè konnen sa disip li yo dwe atann y ap wè e y ap viv pandan moman sa a ap pwoche. Kidonk, Jezi te pale sou yon seri evènman enpòtan nou wè k ap fèt sou tout tè a jodi a. — Mat. 24:3-12; Lik 21:10-13.

Ann amoni ak pwofesi sa a, kounye a Jewova ap ankouraje tout moun pou yo chwazi sèvi l e pou yo obeyi l. Li ta renmen moun ki obeyisan yo viv pi byen depi kounye a e pou yo jwenn benediksyon alavni nan monn nouvo l la kote k pral gen jistis (2 Pyè 3:13). Pou Jewova fè moun gen lafwa nan pwomès li yo, li bay yon mesaj k ap sove lavi moun, anpalan de “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. Jezi te anonse moun t apral “preche bon nouvèl sa a [...] sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Bondye òganize vrè adoratè l yo yon fason pou yo bay “temwayaj” sa a oswa pou yo preche mesaj sa a ki sot nan Bondye nan anviwon 240 peyi. Jewova vle pou gen pi plis moun posib ki koute avètisman an e ki chape anba jijman l lan ki jis k ap vini tankou yon “tanpèt”. — Sof. 1:14, 15; 2:2, 3.

Donk, nou pa bezwen mande tèt nou si Jewova bay moun yo ase tan pou yo reyaji devan avètisman l bay yo. Prèv yo montre aklè li toujou fè sa. Okontrè, men kesyon ki enpòtan nou ta dwe poze: Èske moun yo ap koute avètisman Bondye bay yo pandan gen tan toujou? Antanke mesaje Bondye, se pou nou kontinye ede kantite moun nou kapab pou yo chape nan fen sistèm sa a.