Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 40

Ann kontinye ret okipe nan dènye pati “dènye jou yo”

Ann kontinye ret okipe nan dènye pati “dènye jou yo”

“Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a.” — 1 KOR. 15:58.

KANTIK 58 Ann chèche moun ki renmen lapè

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k fè nou gen konviksyon n ap viv nan “dènye jou yo”?

ÈSKE W fèt apre ane 1914? Si se wi, ou pase tout lavi w nan “dènye jou” sistèm ki la kounye a (2 Tim. 3:1). Nou tout tande pale de evènman Jezi te anonse pou epòk sa a. Sa gen ladan l lagè, rate manje, tranblemanntè, epidemi maladi, mechanste k ap ogmante ak pèsekisyon pèp Jewova a ap sibi (Mat. 24:3, 7-9, 12; Lik 21:10-12). Mete sou sa, nou wè moun yo ap aji fason apot Pòl te anonse a. (Gade kare ki gen tit “ Fason moun yo ye jodi a”.) Antanke adoratè Jewova, nou gen konviksyon n ap viv nan “dènye jou yo”. — Miche 4:1.

2. Ki kesyon nou bezwen reponn?

2 Piske gen anpil tan ki pase depi 1914, kounye a nou dwe ap viv nan dènye pati “dènye jou yo”. Etandone lafen an pre konsa, nou bezwen konn repons kèk kesyon enpòtan: Ki evènman ki pral rive nan fen “dènye jou yo”? Ki sa Jewova atann pou nou fè pandan n ap tann evènman sa yo?

KI SA K PRAL RIVE NAN FEN “DÈNYE JOU YO”?

3. Selon pwofesi ki nan 1 Tesalonisyen 5:1-3 a, ki deklarasyon nasyon yo pral fè?

3 Li 1 Tesalonisyen 5:1-3. Pòl pale de “jou Jewova a”. Nan vèsè sa yo, li fè referans ak epòk k ap kòmanse ak atak ki pral fèt sou “Gran Babilòn nan”, sètadi tout fo relijyon ki nan monn nan, e k ap fini nan Amagedon (Rev. 16:14, 16; 17:5). Yon ti tan anvan “jou” sa a kòmanse, nasyon yo pral deklare: “Lapè! Sekirite!” (Gen tradiksyon ki di: “Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl.”) Pafwa, dirijan yo nan monn nan sèvi ak yon seri ekspresyon menm jan an lè y ap pale sou fason pou nasyon yo amelyore relasyon yo gen youn ak lòt *. Men, anons “Lapè! Sekirite!” Bib la pale de li a se pral yon lòt bagay nèt. Sa k fè sa? Lè yo fè anons sa a, moun yo ka panse dirijan yo nan monn nan reyisi fè monn nan vin an sekirite. Men, an reyalite, “gwo tribilasyon” an pral kòmanse e lè sa a “yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann”. — Mat. 24:21.

Pa pran nan manti nasyon yo ap bay lè yo di “Lapè! Sekirite!” (Gade paragraf 3-6.) *

4. a) Ki sa nou poko fin konprann anrapò ak deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a? b) Ki sa n deja konnen sou sa?

4 Gen kèk bagay nou konnen konsènan deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a. Men, gen yon seri lòt bagay nou pa konnen. Nou pa konnen sa k ap pouse yo fè deklarasyon sa a oswa ki jan sa pral fèt. E nou pa konnen si se pral yon sèl deklarasyon oswa si se yon seri anons yo pral fè. Kèlkeswa sa k rive, gen yon bagay nou konnen: Nou pa dwe janm kite moun twonpe nou pou fè nou panse dirijan yo nan monn nan ka reyisi met lapè sou tè a. Okontrè, se deklarasyon an Bib la di pou nou veye. Se siy k ap montre “jou Jewova a” pral kòmanse!

5. Ki sa 1 Tesalonisyen 5:4-6 di nou pou nou fè pou n ka pare lè “jou Jewova a” rive?

5 Li 1 Tesalonisyen 5:4-6. Konsèy Pòl te bay la fè nou konnen ki sa nou dwe fè pou nou pare lè “jou Jewova a” rive. Nou pa dwe “kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo”. Nou dwe “rete je klè” e nou dwe vijilan. Pa egzanp, nou bezwen veye pou nou pa mele nan zafè politik monn nan. Si nou ta foure kò n nan bagay sa yo, nou t ap vin “fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Nou konnen se Wayòm Bondye a ki sèl espwa pou gen lapè nan monn nan.

6. Ki sa nou vle ede lòt moun yo fè, e poukisa?

6 Nonsèlman nou dwe rete je klè, men tou, nou vle ede lòt moun aprann konnen sa Bib la di ki pral rive nan monn nan. Se pou nou sonje yonfwa gwo tribilasyon an kòmanse, l ap twò ta pou moun yo vin sèvi Jewova. Se poutèt sa travay predikasyon n ap fè a enpòtan anpil konsa *!

ANN KONTINYE RET OKIPE NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Pandan n ap preche jodi a, nou montre se sèl Wayòm Bondye a ki ka fè monn nan gen sekirite toutbon. (Gade paragraf 7-9.)

7. Ki sa Jewova ta renmen nou fè kounye a?

7 Nan tikras tan ki rete anvan “jou” Jewova a kòmanse, li ta renmen nou ret okipe nan travay predikasyon an. Nou bezwen chèche “gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Jezi te anonse ki sa nou t ap gen pou nou fè. Lè l t ap pale konsènan tout gwo bagay ki t ap gen pou rive nan dènye jou yo, men sa l te di: “Epitou, fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon.” (Mak 13:4, 8, 10; Mat. 24:14). Fè yon ti reflechi: Chak fwa w al preche, se patisipe w ap patisipe nan akonplisman pwofesi sa a Bib la bay la!

8. Ki jan travay predikasyon Wayòm nan kontinye avanse?

8 Ki sa nou ka di konsènan pwogrè k ap fèt nan travay predikasyon Wayòm nan? Chak ane, gen plis moun ki tande bon nouvèl Wayòm nan. Pa egzanp, reflechi sou fason kantite pwoklamatè Wayòm yo ap ogmante nan lemonnantye nan dènye jou yo. An 1914, te gen 5 155 pwoklamatè nan 43 peyi. Jodi a, gen anviwon 8,5 milyon pwoklamatè nan 240 peyi! Aktout sa, travay nou an poko fini. Nou dwe kontinye fè konnen Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou tout pwoblèm lèzòm genyen yo. — Sòm 145:11-13.

9. Poukisa nou dwe kontinye preche mesaj Wayòm nan?

9 Travay predikasyon Wayòm nan pap kanpe toutotan Jewova pa di l fini. Konbyen tan ki rete pou moun yo aprann konnen Jewova Dye ak Jezi Kris (Jan 17:3)? Nou pa konnen. Men, nou konnen toutotan gwo tribilasyon an poko kòmanse tout moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” ka toujou byen reyaji devan bon nouvèl la (Tra. 13:48). Ki jan nou ka ede moun sa yo anvan l twò ta?

10. Ki èd Jewova ban nou pou n anseye moun yo laverite?

10 Jewova ban nou tout sa nou bezwen, pa mwayen òganizasyon l lan, pou nou anseye moun yo laverite. Pa egzanp, nou resevwa fòmasyon chak semèn nan reyinyon lasemèn nan. Reyinyon sa a ede nou konnen sa pou n di premye fwa nou rankontre moun yo ak lè nou retounen vizite yo. E li montre nou fason pou nou fè etid biblik. Òganizasyon Jewova a ban nou yon seri piblikasyon ki nan ribrik Zouti pou anseye a. Piblikasyon sa yo ede nou pou nou...

  • kòmanse konvèsasyon,

  • prezante mesaj la yon fason ki enteresan,

  • fè moun yo anvi aprann plis,

  • anseye laverite nan etid biblik yo, epi

  • envite moun ki enterese yo al sou sit Entènèt nou an ak nan Sal Wayòm.

Natirèlman, sa pa sifi pou nou annik gen zouti sa yo. Nou dwe sèvi avèk yo *. Pa egzanp, si apre w fin gen yon bèl konvèsasyon ak yon moun ki enterese ou kite yon feyè oswa yon peryodik nan men l, l ap gen posiblite fè plis lekti annatandan w pran kontak avè l ankò. Se responsablite pa nou pou nou fè tout sa nou kapab chak mwa nan travay predikasyon Wayòm nan.

11. Poukisa yo te fè Leson biblik sou Entènèt yo?

11 Pou n jwenn yon lòt egzanp sou fason Jewova ap ede moun aprann laverite, al nan Leson biblik sou Entènèt sou jw.org®. Poukisa yo fè leson sa yo? Chak mwa, gen plizyè dizèn milye moun sou tout tè a k al sou Entènèt pou yo chèche konn Bib la pi byen. Seri leson ki sou sit nou an ka ede moun sa yo kòmanse aprann laverite sou Pawòl Bondye a. Gen nan moun nou preche yo ki ka pa twò chofe pou yo aksepte yon etid Labib. Si sa ta rive, montre yo seksyon sa a sou sit Entènèt nou an oswa voye yon lyen ba yo pou y al nan leson yo *.

12. Ki sa yon moun ka aprann nan Leson biblik sou Entènèt yo?

12 Men kèk sijè ki gen nan Leson biblik sou Entènèt yo: “Labib ak Sila a ki te fè ekri l la”, “Moun yo plis pale de yo nan Bib la” ak “Mesaj espwa ki gen nan Bib la”. Pandan yon moun ap egzamine sijè sa yo, l ap aprann:

  • Fason Bib la ka ede yon moun

  • Kiyès Jewova, Jezi ak zanj yo ye

  • Rezon ki fè Bondye kreye lèzòm

  • Rezon ki fè gen soufrans ak mechanste

Leson sa yo pale tou sou fason Jewova pral...

  • retire soufrans ak lanmò

  • fè moun ki te mouri yo retounen viv ankò, epi

  • fè Wayòm Bondye a ranplase gouvènman lèzòm yo ki echwe

13. Èske leson sou Entènèt yo ranplase dispozisyon pou nou fè etid Labib ak moun yo? Esplike.

13 Leson sou Entènèt yo pa ranplase dispozisyon pou nou etidye Labib ak moun yo. Jezi te ban nou privilèj pou nou fè disip. Nou espere moun ki enterese yo pral egzamine leson sou Entènèt yo, y ap renmen sa yo aprann yo e y ap vle aprann plis. Konsa, yo ka aksepte yon etid Labib. Nan fen chak leson, yo envite lektè a pou l fè yon demann pou yon moun vin etidye Labib avè l pèsonèlman. Chak jou, òganizasyon an resevwa anviwon 230 demann etid biblik toupatou sou tè a pa mwayen sit Entènèt nou an! Li trèzenpòtan pou yon moun jwenn yon lòt moun etidye Labib avè l pèsonèlman!

ANN KONTINYE FÈ EFÒ POU NOU FÈ DISIP

14. Selon enstriksyon Jezi te bay ki nan Matye 28:19, 20, ki sa nou eseye fè tout sa n kapab pou nou fè, e poukisa?

14 Li Matye 28:19, 20. Pandan n ap kondui etid biblik, nou eseye fè tout sa nou kapab pou n “fè disip [e pou n] anseye yo pou yo obeyi tout bagay [Jezi] te ban nou lòd pou nou fè yo”. Nou bezwen ede moun yo konprann ki jan li enpòtan pou yo pran pozisyon pou Jewova e pou Wayòm li an. Sa vle di pou nou fè efò pou n ede moun yo pran laverite oserye lè yo aplike sa yo aprann, lè yo vwe Jewova lavi yo e lè yo batize. Se sèlman lè sa a y ap ka chape nan jou Jewova a. — 1 Pyè 3:21.

15. Ki sa nou pa dwe pèdi tan ap fè, e poukisa?

15 Jan nou te wè sa pi wo a, pa ret anpil tan ditou pou sistèm sa a fini. Se poutèt sa nou pa dwe pèdi tan ap kontinye etidye ak moun ki pa montre aklè yo gen entansyon vin disip Kris (1 Kor. 9:26). Nou dwe fè travay la san pèdi tan! Gen anpil moun ki bezwen tande mesaj Wayòm nan anvan l twò ta.

ANN KONTINYE RET KANPE LWEN TOUT FO RELIJYON

16. Selon Revelasyon 18:2, 4, 5, 8, ki sa nou tout dwe fè? (Gade nòt la tou.)

16 Li Revelasyon 18:2, 4, 5, 8. Vèsè sa yo fè nou konnen yon lòt bagay Jewova vle pou adoratè l yo fè. Tout vrè kretyen dwe veye pou yo pa gen okenn kontak ak Gran Babilòn nan. Anvan yon etidyan Labib te aprann laverite, petèt li te nan yon fo relijyon. Li ka te konn asiste sèvis relijyon sa a òganize e l ka te konn patisipe nan aktivite y ap fè yo. Oswa li ka te konn bay kòb pou soutni yon òganizasyon relijye. Anvan yo apwouve yon etidyan Labib pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, li dwe koupe tout kontak ak fo relijyon. Li dwe remèt relijyon l te ladan l lan ak nenpòt lòt òganizasyon ki fè pati Gran Babilòn nan yon lèt ki fè konnen li pa fè pati relijyon sa a oswa òganizasyon sa a ankò *.

17. Ki kalite travay yon kretyen pa dwe aksepte, e poukisa?

17 Yon vrè kretyen dwe veye pou travay li pa gen okenn rapò ak Gran Babilòn nan (2 Kor. 6:14-17). Pa egzanp, li pa ta dwe anplwaye nan yon legliz. Mete sou sa, yon kretyen ki se yon anplwaye nan yon lòt antrepriz pa ta dwe aksepte fè anpil travay nan yon lokal yo itilize pou fo adorasyon. Si l gen yon biznis, li pa ta dwe chèche jwenn yon djòb oswa aksepte yon òf li jwenn pou l travay pou kèlkeswa òganizasyon ki fè pati Gran Babilòn nan. Poukisa nou pran yon desizyon fèm konsa? Paske nou pa vle patisipe nan aksyon ak peche òganizasyon relijye ki pa pwòp nan je Bondye yo ap fè. — Eza. 52:11 *.

18. Ki jan yon frè te rete atache ak prensip ki nan Bib la anrapò ak travay li?

18 Sa gen plizyè ane, gen yon mesye ki te jwenn yon kontra pou l fè yon travay nan yon legliz. Li te mande yon ansyen k ap travay ak tèt li pou l fè yon ti djòb chapant nan legliz sa a ki te nan vil kote frè a te rete a. Mesye a te konnen frè a toujou di li pap travay pou okenn legliz. Men, fwa sa a, li pa t ka jwenn moun pou fè djòb la. Malgre sa, frè a te rete atache ak prensip ki nan Bib la e li pa t aksepte travay la. Nan semèn ki vin apre a, gen yon jounal nan zòn nan ki te montre yon foto kote yon lòt bòs chapant t ap mete yon kwa nan legliz la. Si frè a te chanje lide e l te aksepte djòb la, se foto l ki t ap sou jounal la. Imajine jan sa t ap sal repitasyon l devan kretyen parèy li yo! Imajine tou jan Jewova t ap santi l.

KI SA NOU APRANN?

19-20. a) Ki sa nou sot aprann? b) Ki lòt bagay nou bezwen aprann?

19 Selon pwofesi ki nan Bib la, pwochen gwo evènman ki pral rive talè konsa nan monn nan se deklarasyon nasyon yo pral fè kote y ap di “Lapè! Sekirite!” Grasa ansèyman nou jwenn nan men Jewova, nou konnen nasyon yo pap reyisi met yon vrè lapè k ap dire. Ki sa nou dwe fè anvan evènman sa a rive e anvan destriksyon k ap fèt sanzatann nan frape? Jewova vle pou nou okipe anpil nan preche mesaj Wayòm nan e pou nou chèche fè plis disip. Anmenmtan, nou bezwen rete lwen tout fo relijyon. Sa mande pou nou retire kò nou antanke manm relijyon sa yo e pou nou pa aksepte travay ki gen rapò ak Gran Babilòn nan.

20 Gen lòt evènman k ap rive nan dènye pati “dènye jou yo”. Gen lòt bagay Jewova vle nou fè tou. Ki bagay sa yo, e ki jan nou ka prepare nou pou kèlkeswa sa k ap vini an? Nou pral wè sa nan atik ki vin apre a.

KANTIK 71 Nou se lame Jewova!

^ § 5 Talè konsa, nou atann nou pral tande chèf politik nan monn nan k ap di yo rive met “lapè” ak “sekirite”. Se pral siy ki montre gwo tribilasyon an pral kòmanse. Ki sa Jewova atann pou nou fè ant kounye a ak lè yo pral fè anons sa a? Atik sa a ap ede nou jwenn repons lan.

^ § 3 Pa egzanp, sou sit Entènèt Nasyonzini genyen an, li fè konnen li “pèmèt kontinye gen lapè ak sekirite toupatou sou tè a”.

^ § 6 Gade atik ki gen tit “Jijman Bondye: Èske Bondye toujou avèti moun yo ase?” ki nan Toudegad sa a.

^ § 10 Pou n jwenn plis detay sou fason pou n sèvi ak piblikasyon ki nan ribrik Zouti pou anseye a, gade atik ki gen tit “Ann kontinye anseye laverite” ki te parèt nan Toudegad oktòb 2018.

^ § 11 Pou kounye a, leson sa yo disponib ann anglè ak pòtigè, e pi devan, y ap nan plis lang toujou.

^ § 16 Mete sou sa, nou dwe evite yon seri òganizasyon tankou kan pou jèn oswa kote yo fè distraksyon ki gen rapò ak fo relijyon. Pa egzanp, konsènan gwoup ki rele YMCA (Asosyasyon jèn gason ki kretyen), gade “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad 1ye janvye 1979 (fransè). Se menm pozisyon sa a nou dwe pran ak YWCA (Asosyasyon jèn fi ki kretyen). Menm lè gen kèk asosyasyon lokal ki gen rapò ak YMCA oswa YWCA ki fè konprann aktivite k ap fèt ladan yo pa gen rapò ak relijyon, anfèt, rasin òganizasyon sa yo ak objektif yo gen rapò ak relijyon.

^ § 17 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou sa Labib di anrapò ak travay pou òganizasyon ki gen rapò ak relijyon, gade “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad 15 avril 1999 (fransè).

^ § 83 ESPLIKASYON SOU FOTO: Kliyan ki nan yon ti restoran k ap gade nouvèl y ap bay nan televizyon sou yon deklarasyon konsènan “Lapè! Sekirite!” Yon mari ak madanm ki Temwen ki la tou ki pa sezi lè yo tande nouvèl la.