Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 41

Rete fidèl pandan “gwo tribilasyon” an

Rete fidèl pandan “gwo tribilasyon” an

“Nou tout ki fidèl ak Jewova, se pou nou renmen l! Jewova pwoteje moun ki fidèl yo.” — SÒM 31:23.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki sa nasyon yo pral deklare talè konsa? b) Ki kesyon ki bezwen repons?

IMAJINE nasyon yo fèk fè deklarasyon “lapè [ak] sekirite” nou t ap tann depi byen lontan an. Yo gendwa ap vante tèt yo pou y ap di monn nan pa t janm an sekirite konsa. Nasyon yo pral vle nou panse yo kapab rezoud tout pwoblèm ki gen nan monn nan. Men, yo pa gen okenn kontwòl sou sa k pral rive! Sa k fè sa? Selon pwofesi ki nan Bib la, “yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, [...] e pap gen mwayen pou yo chape”. — 1 Tes. 5:3.

2 Gen yon seri kesyon enpòtan ki bezwen repons: Ki sa k pral rive pandan “gwo tribilasyon” an? Ki sa Jewova pral vle nou fè nan moman sa a? E ki jan nou ka prepare depi kounye a pou n ret fidèl pandan gwo tribilasyon an? — Mat. 24:21.

KI SA K PRAL RIVE PANDAN “GWO TRIBILASYON” AN?

3. Selon Revelasyon 17:5, 15-18, ki jan Bondye pral detwi “Gran Babilòn nan”?

3 Li Revelasyon 17:5, 15-18. “Gran Babilòn nan” pral detwi! Jan nou te wè sa pi wo a, nasyon yo pap gen okenn kontwòl sou sa k pral rive nan moman sa a. Sa k fè sa? Paske “Bondye [pral] mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l”. Ki lide sa a? Lide pou yo detwi tout fo relijyon ki nan monn nan, san wete Lakretyente *. Bondye pral mete lide l nan kè “dis kòn” “bèt sovaj wouj vif” la. Dis kòn yo reprezante tout gouvènman yo k ap soutni “bèt sovaj” la ki se Nasyonzini (Rev. 17:3, 11-13; 18:8). Lè gouvènman sa yo atake fo relijyon an, se pral yon siy ki montre gwo tribilasyon an kòmanse. Vrèmanvre, se pral yon gwo katastwòf k ap gen efè sou tout moun sou tè a.

4. a) Ki sa nasyon yo ka di pou yo montre yo gen rezon atake fo relijyon yo? b) Ki sa petèt moun ki te nan relijyon sa yo pral fè?

4 Nou pa konnen ki rezon nasyon yo ka bay pou montre yo gen rezon atake Gran Babilòn nan. Yo ka di se paske relijyon nan monn nan anpeche gen lapè e yo toujou ap mele nan politik. Oswa, yo ka di relijyon sa yo ranmase twòp richès ak twòp byen (Rev. 18:3, 7). Li rezonab pou n ta panse yo pap touye tout moun ki fè pati relijyon sa yo nan atak sa a. Okontrè, sanble se relijyon yo nasyon yo pral elimine. Yonfwa relijyon sa yo pa la ankò, moun ki te ladan yo pral rann yo kont chèf relijye yo pa rive kenbe pwomès yo te fè yo e petèt lè sa a yo pral chèche rale kò yo sot nan relijyon sa yo.

5. Ki pwomès Jewova fè konsènan gwo tribilasyon an e poukisa?

5 Labib pa di konbyen tan sa ap pran pou yo detwi Gran Babilòn nan, men nou konnen sa pap pran anpil tan (Rev. 18:10, 21). Jewova pwomèt l ap “retire nan jou” tribilasyon an pou “moun li chwazi yo” e pou vrè relijyon an ka chape (Mak 13:19, 20). Men, ki sa Jewova pral vle nou fè ant kòmansman gwo tribilasyon an ak lagè Amagedon an?

KONTINYE BAY JEWOVA YON ADORASYON KI KÒRÈK

6. Poukisa sa pa sifi pou nou annik koupe kontak ak fo relijyon?

6 Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, Jewova vle pou adoratè l yo rete lwen Gran Babilòn nan. Men, sa mande plis pase pou nou koupe kontak ak fo relijyon. Nou dwe pran detèminasyon pou nou kontinye soutni vrè relijyon an: adorasyon ki kòrèk nan je Jewova a. Ann egzamine de fason nou ka fè sa.

Pinga nou janm abandone reyinyon nou, menm nan tan difisil. (Gade paragraf 7.) *

7. a) Ki jan nou ka rete atache ak prensip moral Jewova yo ki jis? b) Ki jan Ebre 10:24, 25 montre enpòtans pou nou reyini ansanm, sitou kounye a?

7 Premyèman, nou dwe rete atache ak prensip moral Jewova yo ki jis. Nou pa ka aksepte konpòtman imoral monn nan genyen yo. Pa egzanp, nou pa dakò ak imoralite seksyèl sou kèlkeswa fòm nan, san wete maryaj ant moun menm sèks ak lòt konpòtman omoseksyèl (Mat. 19:4, 5; Wom. 1:26, 27). Dezyèmman, nou dwe kontinye adore Jewova ansanm ak kretyen parèy nou. Nou fè sa tout kote nou kapab, nan Sal Wayòm, oswa lè sa nesesè, nan kay prive oubyen menm nan kache. Kèlkeswa sa k rive, nou pap janm sispann reyini ansanm pou nou adore Jewova. Anfèt, nou bezwen reyini ansanm “plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche”. — Li Ebre 10:24, 25.

8. Ki jan mesaj n ap preche a ka chanje alavni?

8 Pandan gwo tribilasyon an, petèt mesaj n ap preche a pral chanje. Kounye a, n ap preche bon nouvèl Wayòm nan, e nou fè efò pou nou fè disip. Men nan moman sa a, petèt n ap gen pou n bay yon mesaj k ap frape fò tankou lagrèl (Rev. 16:21). Nou ka ap fè konnen monn Satan an pral disparèt talè konsa. Rive yon lè, n ap vin konn egzakteman ki mesaj n ap gen pou nou bay e ki jan nou pral bay li. Èske nou pral sèvi ak menm metòd n ap itilize depi plis pase santan pou nou preche e pou nou anseye a? Oswa èske n apral itilize lòt metòd? N ap oblije ret tann pou nou wè. Kèlkeswa jan sa ap ye, sanble n ap gen privilèj pou nou pwoklame mesaj jijman Jewova a avèk kran! — Eze. 2:3-5.

9. Ki jan nasyon yo ka reyaji devan mesaj nou an, men, ki asirans nou kapab genyen?

9 Li posib pou mesaj nou pral bay la pral fè nasyon yo fache e sa ap fè yo eseye fè nou fèmen bouch nou nèt. Menm jan nou konte sou Jewova kounye a pou l ede nou nan travay predikasyon an, n ap bezwen l ede nou lè sa a. Nou ka gen asirans Bondye nou an ap ban nou fòs pou nou akonpli volonte l. — Miche 3:8.

PREPARE NOU POU ATAK KI PRAL FÈT SOU PÈP BONDYE A

10. Jan Lik 21:25-28 anonse sa, ki jan pifò moun pral reyaji devan sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an?

10 Li Lik 21:25-28. Pandan gwo tribilasyon an, moun yo pral sezi anpil lè yo wè tout bagay yo te panse ki vin stab nan monn nan kòmanse degrengole. Yo pral gen “tètchaje”, y ap pè pou yo pa touye yo nan moman sa a k ap moman ki pi malouk nan listwa lèzòm (Sof. 1:14, 15). Nan epòk sa a, petèt lavi a ap vin pi difisil, menm pou sèvitè Jewova yo. Piske nou pa fè pati monn nan, nou ka jwenn kèk difikilte. Nou ka pa gen kèk bagay ki nesesè.

11. a) Sa k fè tout je pral fikse sou Temwen Jewova yo? b) Poukisa nou pa bezwen pè gwo tribilasyon an?

11 Rive yon moman, moun ki te nan relijyon ki detwi yo ka pa kontan lefètke relijyon Temwen Jewova yo kontinye egziste. Sandout yo pral fè lòt moun konnen jan yo fache, yo ka sèvi ak rezo sosyal tou pou yo fè sa. Nasyon yo ak chèf yo a, Satan, pral rayi nou poutèt nou se sèl relijyon ki rete. Yo pap reyisi elimine tout relijyon sou tè a jan yo vle a. Se sa k fè tout je pral fikse sou nou. Nan moman sa a, nasyon yo pral tounen Gòg ki soti nan peyi Magòg *. Yo pral met tèt yo ansanm pou yo fè yon pote boure sou pèp Jewova a (Eze. 38:2, 14-16). Nou ta ka kòmanse bay tèt nou pwoblèm konsènan sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an, sitou paske nou pa gen bonjan detay sou sa k pral pase yo. Men, yon bagay ki sèten, nou pa bezwen pè gwo tribilasyon an. Jewova pral ban nou enstriksyon k ap pwoteje nou (Sòm 34:19). Lè sa a, nou pral kapab “kanpe dwat, [e n ap] leve tèt nou” paske nou pral konnen “se delivrans nou k ap pwoche” *.

12. Ki jan “esklav fidèl ki prevwayan an” ap prepare nou pou sa k pral rive alavni?

12 “Esklav fidèl ki prevwayan an” ap prepare nou pou nou rete fidèl pandan gwo tribilasyon an (Mat. 24:45). Li fè sa plizyè fason, men n ap pran yon sèl egzanp: pwogram kongrè pou ane 2016-2018 yo ki te byen tonbe. Pa mwayen pwogram sa yo, nou te jwenn ankourajman pou nou ranfòse yon seri kalite n ap bezwen toutpandan jou Jewova a ap pwoche. Ann fè yon ti pale tou kout sou kalite sa yo.

FÈ EFÒ POU NOU VIN PI FIDÈL E POU N GEN PLIS ANDIRANS AK KOURAJ

Prepare nou depi kounye a pou nou ret vivan pandan “gwo tribilasyon an”. (Gade paragraf 13-16.) *

13. Ki jan nou ka fè efò pou nou vin pi fidèl ak Jewova, e poukisa nou dwe fè sa depi kounye a?

13 Fidelite: Tèm kongrè ane 2016 la se te “Annou rete fidèl ak Jewova!” Pwogram sa a te montre nou si nou gen yon relasyon solid ak Jewova, n ap fidèl avè l. Yo te fè nou sonje n ap ka vin pwòch ak Jewova pa mwayen priyè sensè nou fè ak lè nou etidye Pawòl li a avèk dilijans. Sa ap ban nou fòs pou nou venk menm obstak ki pi rèd yo. Tank fen sistèm Satan an ap pwoche, nou ka atann n ap jwenn eprèv ki pi rèd pou anpeche nou ret fidèl ak Bondye ansanm ak Wayòm li an. Petèt moun ap kontinye pase nou nan rizib (2 Pyè 3:3, 4). Youn nan prensipal rezon yo se paske nou pap soutni okenn pati nan monn Satan an. Nou dwe fè efò pou nou vin pi fidèl depi kounye a pou nou ka ret fidèl pandan gwo tribilasyon an.

14. a) Ki chanjman ki pral genyen anrapò ak frè ki alatèt òganizasyon an sou tè a? b) Poukisa n ap bezwen ret fidèl lè sa a?

14 Pandan gwo tribilasyon an, pral gen yon chanjman anrapò ak frè ki alatèt òganizasyon an sou tè a. Rive yon lè, tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki vivan sou tè a pral nan syèl la pou yo patisipe nan lagè Amagedon (Mat. 24:31; Rev. 2:26, 27). Sa vle di Kolèj santral la pap sou tè a avèk nou ankò. Men, gwo foul moun nan ap toujou òganize. Yon seri frè ki kalifye ki fè pati lòt mouton yo pral pran latèt. N ap bezwen montre nou fidèl lè nou soutni frè sa yo e lè nou suiv direksyon Bondye bay pa mwayen yo. N ap bezwen fè sa pou nou sove!

15. Ki sa n ka fè pou n vin gen plis andirans, e poukisa l enpòtan pou nou fè sa depi kounye a?

15 Andirans: Tèm kongrè ane 2017 la se te “Pa dekouraje!” Pwogram sa a te ede nou ranfòse kapasite nou genyen pou nou andire anba eprèv. Nou te aprann se pa lè bagay yo bon sèlman nou kapab andire. Nou ka gen plis andirans lè nou konte sou Jewova (Wom. 12:12). Pinga nou janm bliye pwomès Jezi te fè lè l te di: “Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” (Mat. 24:13). Pwomès sa a vle di nou dwe rete fidèl malgre kèlkeswa difikilte nou jwenn. Lè nou andire chak eprèv depi kounye a, n ap ka vin pi djanm depi anvan gwo tribilasyon an kòmanse.

16. Ki sa k montre si nou se moun ki gen kouraj, e ki jan nou ka vin gen plis kouraj depi kounye a?

16 Kouraj: Tèm kongrè ane 2018 la se te “Mete kouraj sou nou!” Pwogram sa a te fè nou sonje se pa pwòp fòs nou ki fè nou gen kouraj. Menm jan nou bezwen konte sou Jewova pou nou gen andirans, se konsa tou nou bezwen konte sou li pou nou gen kouraj toutbon. Ki jan nou ka konte sou li plis toujou? Se lè nou li Pawòl li a chak jou e nou medite sou fason li te delivre pèp li a nan tan lontan (Sòm 68:20; 2 Pyè 2:9). Lè nasyon yo atake nou pandan gwo tribilasyon an, n ap bezwen met plis kouraj sou nou e n ap bezwen met konfyans nou nan Jewova plis toujou (Sòm 112:7, 8; Ebre 13:6). Si nou konte sou Jewova depi kounye a, n ap gen kouraj n ap bezwen an lè Gòg pral atake nou *.

TANN DELIVRANS NOU

Talè konsa, Jezi ansanm ak lame l la ki nan syèl la pral fè lagè Amagedon pou detwi ènmi Bondye yo! (Gade paragraf 17.)

17. Poukisa nou pa bezwen pè Amagedon? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

17 Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, pifò nan nou pase tout lavi nou nan dènye jou yo. Men, nou gen espwa pase gwo tribilasyon an vivan. Gè Amagedon an pral met yon pwen final nan fen sistèm sa a. Men, nou pa gen anyen pou n pè. Pou ki rezon? Paske se Bondye ki pral fè gè sa a (Pwo. 1:33; Eze. 38:18-20; Zak. 14:3). Lè Jewova pral bay siyal, Jezi Kris pral alatèt lame Bondye a nan gè a. Bò kote l ap gen moun Bondye chwazi ki resisite pou yo viv nan syèl la e ap gen plizyè milye zanj. Y ap met ansanm pou yo goumen kont Satan, demon l yo ak lame yo ki sou tè a. — Dàn. 12:1; Rev. 6:2; 17:14.

18. a) Ki garanti Jewova bay? b) Ki jan Revelasyon 7:9, 13-17 fè nou gen asirans n ap sove?

18 Men garanti Jewova bay: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” (Eza. 54:17). Gen “yon gwo foul” sèvitè fidèl Jewova k ap “soti anba gwo tribilasyon an” vivan! Apre sa, y ap kontinye bay Bondye yon sèvis sakre. (Li Revelasyon 7:9, 13-17.) Labib ban nou anpil rezon pou nou gen asirans n ap sove lè sa a! Nou konnen “Jewova pwoteje moun ki fidèl yo”. (Sòm 31:23.) Tout moun ki renmen Jewova e k ap fè louwanj pou li pral kontan wè lè l ap defann non l ki sen. — Eze. 38:23.

19. Ki bèl avni k ap tann nou talè konsa?

19 Reflechi sou pawòl yo te ka mete nan 2 Timote 3:2-5 si yo t ap pale de moun ki pral viv nan monn nouvo a ki pap anba enfliyans Satan. (Gade kare ki gen tit “ Fason moun yo ap ye lè sa a”.) Men ki sa frè George Gangas *, ki te yon manm Kolèj santral, te di nan sans sa a: “Ala bèl monn nan pral bèl lè tout moun se frè ak sè! Talè konsa, ou pral gen posiblite viv nan nouvo sistèm nan. Ou pral viv nètale menm jan ak Jewova. Nou pral viv pou toutan.” Ala yon bèl avni ki rezève pou nou!

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

^ § 5 Nou konnen gen yon “gwo tribilasyon” ki pral frape limanite talè konsa. Ki sa evènman sa a pral vle di pou nou? Ki sa Jewova pral vle nou fè lè sa a? Ki kalite nou bezwen fè efò pou nou vin gen plis depi kounye a pou nou ka rete fidèl? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Lakretyente reprezante relijyon ki di yo se kretyen men ki pa anseye moun yo pou yo adore Jewova jan Jewova vle l la.

^ § 11 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Ekspresyon Gòg ki soti nan peyi Magòg la (ak fòm kout li, Gòg) fè referans ak nasyon yo ki pral mete tèt yo ansanm pou yo konbat vrè adorasyon an pandan gwo tribilasyon an.

^ § 11 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou tout evènman ki pral mennen nan lagè Amagedon an, gade chapit 21 liv Wayòm Bondye a ap dirije! a. Pou nou jwenn plis detay sou atak Gòg ki soti nan peyi Magòg pral fè a ak fason Jewova pral defann pèp li a nan Amagedon, gade chapit 17 ak chapit 18 liv Jewova retabli vrè adorasyon an!

^ § 16 Kongrè ane 2019 la ki gen tèm “Lanmou pa janm fayi!” ban nou garanti nou ka toujou ret an sekirite anba bonjan pwoteksyon Jewova bay. — 1 Kor. 13:8.

^ § 19 Gade atik ki gen tit Ses œuvres l’accompagnentki te parèt nan Toudegad 1ye desanm 1994.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan gwo tribilasyon an, yon ti gwoup Temwen met kouraj sou yo pou yo fè reyinyon kongregasyon an nan yon forè.

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon gwo foul moun ki fidèl k ap adore Jewova pral soti nan gwo tribilasyon an, y ap vivan e y ap kontan!