Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 43

Se ak Jewova sèlman pou n atache

Se ak Jewova sèlman pou n atache

“Jewova se yon Bondye ki mande pou moun atache avè l sèlman.” — NAW. 1:2.

KANTIK 51 Nou vwe lavi nou bay Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa Jewova merite pou nou atache avè l sèlman?

JEWOVA merite pou nou atache avè l sèlman paske li se Kreyatè nou e se li ki ban nou lavi (Rev. 4:11). Men, gen yon danje. Menm lè nou renmen Jewova e nou gen respè pou li, ka gen bagay ki ka anpeche nou atache avè l sèlman jan nou dwe fè sa. Nou bezwen konprann ki jan sa ka rive. Men, toudabò ann egzamine sa sa mande pou nou atache ak Jewova sèlman.

2. Selon Egzòd 34:14, ki sa n ap fè si se ak Jewova sèlman nou atache?

2 Nan Bib la, atache ak Bondye mande pou nou renmen l anpil. Lè se ak Jewova sèlman nou atache, se li menm sèl n ap adore. Nou pap kite pèsonn oswa anyen pran plas li nan kè nou. — Li Egzòd 34:14.

3. Poukisa nou gen bonjan rezon pou nou atache ak Jewova?

3 Nou gen bonjan rezon pou nou atache ak Jewova. Sa k fè nou di sa? Paske atachman nou gen pou li a baze sou sa nou aprann sou li. Nou vin renmen bèl kalite li genyen yo. Nou konnen sa l renmen ak sa l pa renmen e nou dakò ak jan l wè bagay yo. Nou konprann objektif li gen pou nou e nou aji ann amoni ak objektif sa a. Nou santi se yon onè sa ye lefètke li ban nou posiblite pou nou vin zanmi l (Sòm 25:14). Chak sa nou aprann sou Kreyatè nou an fè nou vin pi pwòch avè l. — Jak 4:8.

4. a) Ki sa Dyab la itilize pou l fè nou pa ret atache ak Jewova sèlman? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Dyab la gen kontwòl sou sistèm ki la kounye a. Li sèvi avè l pou l pouse nou aji selon dezi natirèl ki nan nou e pou l fè l pi difisil pou nou reziste kont move dezi (Efe. 2:1-3; 1 Jan 5:19). Objektif li se fè nou gen afeksyon pou lòt bagay yon fason nou pa ret atache ak Jewova sèlman. Ann egzamine de fason li ka reyisi fè sa. Premyèman, li fè nou jwenn tantasyon pou nou kouri dèyè richès e dezyèmman, li eseye enfliyanse nou pou l fè nou chwazi detant ki pa bon.

VEYE POU N PA GEN LANMOU POU LAJAN

5. Poukisa nou dwe veye pou n pa vin gen lanmou pou lajan?

5 Nòmalman, nou ta renmen gen kantite manje nou bezwen pou nou manje, bon rad pou nou mete ak yon bon ti kote pou nou viv. Men, nou dwe veye pou nou pa vin gen lanmou pou lajan. Anpil moun ki fè pati monn Satan an “renmen lajan” ak bagay lajan ka achte (2 Tim. 3:2). Jezi te konnen disip li yo ka jwenn tantasyon pou yo vin gen kalite lanmou sa a. Men sa l te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Mat. 6:24). Yon moun k ap adore Jewova pandan l ap pase anpil tan e l ap fè anpil efò pou l eseye gen richès nan monn sa a, nan yon sans li ka ap eseye sèvi de mèt anmenmtan. Si l fè sa, li pap atache ak Jewova sèlman.

Fason kèk moun Lawodise te wè tèt yo... ...ak fason Jewova ak Jezi te wè yo. (Gade paragraf 6.)

6. Ki leson nou ka aprann nan pawòl Jezi te di kongregasyon ki te nan vil Lawodise a?

6 Nan fen premye syèk epòk nou an, moun nan kongregasyon ki te nan vil Lawodise a t ap vante tèt yo, yo t ap di: “Mwen rich, mwen ranmase richès e mwen pa bezwen anyen menm.” Men, nan je Jewova ak Jezi, yo te “nan yon eta ki mizerab e ki fè moun gen pitye pou [yo], [yo te] pòv, [yo te] avèg e [yo te] toutouni”. Se pa paske yo te rich ki fè Jezi te ba yo konsèy, men se paske lanmou yo te gen pou richès te anpeche yo gen bon relasyon ak Jewova (Rev. 3:14-17). Si nou remake nou kòmanse renmen lajan, nou dwe aji vit pou nou korije fason nou panse (1 Tim. 6:7, 8). Si nou pa fè sa, n ap wè nou kòmanse gen lanmou pou lòt bagay tou, e Jewova pap aksepte adorasyon n ap ba li a. Li “mande pou nou atache avè l sèlman”. (Det. 4:24.) Ki sa k ka fè nou vin bay lajan twòp enpòtans nan lavi nou?

7-9. Ki sa egzanp yon ansyen ki rele David aprann nou?

7 Ann pran egzanp David, yon ansyen ki konn travay di k ap viv Ozetazini. Li di li te met tout kè l nan travay li. Li te jwenn pwomosyon nan konpayi li t ap travay la. E yo te menm rekonèt li kòm youn nan moun ki te fè travay li t ap fè a pi byen nan peyi a. Men sa David di: “Nan moman sa a, m te panse rekonpans sa yo se te prèv ki montre Jewova beni m.” Men, èske se te sa vre?

8 David te kòmanse wè yon seri siy ki montre travay li te gen yon move efè sou relasyon l ak Jewova. Men sa l di: “Nan reyinyon kongregasyon an e menm nan travay predikasyon an, m te konn remake m ap reflechi sou pwoblèm ki gen nan travay la. M t ap fè anpil kòb, men, mwen te strese anpil e maryaj mwen te peye sa.”

9 David te rann li kont li bezwen egzamine sa ki gen priyorite nan lavi l. Men sa l di: “M te pran bonjan desizyon pou m korije sitiyasyon m te ladan l lan.” David te vle chanje orè travay li e li te di patwon l lan ki sa l ta renmen fè. Ki rezilta sa te bay? David te pèdi travay li! Ki jan l te reyaji? Men sa l di: “Nan demen, mwen te ranpli yon fòmilè pou m vin pyonye oksilyè nètale.” David ak madanm li te fè djòb netwayaj pou yo te ka pran swen tèt yo. Apre yon tan, li te kòmanse sèvis pyonye pèmanan, e annapre, madanm li te vin pyonye tou. Mesyedam yo te chwazi fè yon travay anpil moun meprize, men se pa kalite travay yo t ap fè a ki te pi enpòtan pou yo. Menm lè kantite kòb yo t ap touche a te dis fwa pi piti pase sa yo te konn touche anvan, chak mwa yo te gen kantite kòb yo te bezwen pou yo depanse. Yo te vle met Jewova an premye e yo te wè ki jan li pran swen moun ki bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo. — Mat. 6:31-33.

10. Ki jan nou ka pwoteje kè nou?

10 Kit nou pa gen anpil nan domèn materyèl oswa kit nou gen anpil, nou bezwen pwoteje kè nou. Ki jan w ka fè sa? Pinga w vin gen lanmou pou lajan. Epi pa kite travay ou pran pye sou sèvis w ap bay Jewova a. Ki jan w ka konnen si sa ap rive w? Men kèk kesyon li ta bon pou w poze tèt ou: ‘Lè m nan reyinyon oswa lè m nan predikasyon, èske m toujou ap panse ak travay mwen? Èske m toujou ap enkyete pou m konnen si m ap gen ase kòb pou lè m gen bezwen? Èske lajan ak byen materyèl fè m gen pwoblèm ak moun mwen marye avè l la? Èske m t ap dakò fè travay moun pa bay valè si sa ap pèmèt mwen pase plis tan nan sèvis Jewova?’ (1 Tim. 6:9-12). Pandan n ap reflechi sou kesyon sa yo, nou pa dwe bliye Jewova renmen nou, e nou pa dwe bliye pwomès li fè moun ki atache avèk li yo ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Se pou rezon sa a apot Pòl te ekri: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l.” — Ebre 13:5, 6.

BYEN CHWAZI DETANT W AP PRAN

11. Ki efè detant ka gen sou yon moun?

11 Jewova vle nou byen pwofite lavi a, e detant nou pran yo ka ede nou fè sa. Anfèt, Pawòl Bondye a di “pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun manje, pou l bwè e pou l jwenn kè kontan nan travay di li fè”. (Ekl. 2:24.) Men, pifò detant ki gen nan monn nan ka gen move efè sou nou. Yo fè moun pa respekte prensip moral yo, yo ankouraje moun tolere oswa menm renmen bagay Bondye kondane.

Kiyès ki prepare detant w ap pran? (Gade paragraf 11-14.) *

12. Selon 1 Korentyen 10:21, 22, poukisa nou dwe byen chwazi detant n ap pran?

12 Nou vle atache ak Jewova sèlman, se sa k fè nou pa ka ap manje sou “tab Jewova” epi pou n ap manje sou “tab demon”. (Li 1 Korentyen 10:21, 22.) Byen souvan, lè yon moun manje ansanm ak yon moun, se yon siy ki montre li se zanmi moun sa a. Si nou chwazi detant ki ankouraje vyolans, kontak ak movèzespri, imoralite oswa lòt dezi lachè ak lòt konpòtman, anfèt se kòmsi nou chita ansanm ak ènmi Bondye yo pou nou manje yon manje yo prepare. Kòm rezilta, nonsèlman n ap fè tèt nou mal, men tou, sa ap gen move efè sou relasyon nou ak Jewova.

13-14. Selon Jak 1:14, 15, poukisa nou dwe veye detant n ap pran? Bay yon egzanp.

13 Ann egzamine kèk domèn byen presi kote detant sanble ak manje nou manje. Lè n ap manje, nou ka chwazi manje n ap met nan bouch nou. Men, yonfwa nou fin vale manje a, nou pa gen kontwòl sou li ankò, e finalman kò nou absòbe sa ki nan manje sa a. Si nou manje manje ki bon pou nou, sa ka fè nou gen yon pi bon sante, men si nou manje manje ki pa bon pou nou, nou pap an sante. Nou ka pa wè efè manje nou manje a yon sèl kou, men n ap rive wè l pi devan.

14 Menm jan an tou, lè n ap chwazi detant pou nou pran, nou gen kontwòl sou sa n ap kite antre nan lespri nou. Men, apre sa, nou pa gen kontwòl sou efè li ka genyen sou lespri nou ak kè nou. Bonjan detant ka bon pou nou. Men, detant ki pa bon ap gen move efè sou nou. (Li Jak 1:14, 15.) Gendwa se pa tousuit n ap wè move efè detant ki pa bon yo genyen, men n ap wè yo pi devan. Se sa k fè, men avètisman Bib la ban nou: “Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. Paske, yon moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte destriksyon.” (Gal. 6:7, 8). Li enpòtan anpil pou nou rejte tout detant k ap ankouraje bagay Jewova rayi! — Sòm 97:10.

15. Ki bèl kado Jewova ban nou?

15 Anpil nan sèvitè Jewova yo renmen gade Tele JW, estasyon televizyon nou an ki sou Entènèt. Gen yon sè ki rele Marilyn ki di: “Tele JW ede m santi m byen, e m santi m alèz pou m gade tout sa y ap bay paske tout sa k sou sit sa a se bon bagay. Lè m santi m poukont mwen oswa m dekouraje, mwen jwenn yon diskou ankourajan oswa yon adorasyon nan maten pou m gade. Sa fè m santi m pi pwòch Jewova ak òganizasyon l lan. Dispozisyon pou gen Tele JW a chanje lavi m nèt.” Èske w pwofite kado sa a Jewova bay la? Anplis pwogram ki parèt chak mwa sou Tele JW a, gen yon pakèt pwogram ou ka chwazi tande oswa gade nenpòt lè w vle, san wete yon pakèt bèl chante.

16-17. Poukisa nou dwe byen kontwole kantite tan n ap pase nan detant, e ki jan nou ka fè sa?

16 Nonsèlman nou bezwen kontwole kalite detant n ap pran, men tou nou bezwen kontwole kantite tan n ap pase ladan l. Si nou pa fè sa, nou ka pase plis tan nan detant pase nan sèvis Jewova. Anpil moun wè l difisil pou yo kontwole kantite tan y ap pase nan detant. Men sa yon sè ki gen 18 an ki rele Abigail di: “Lè m gade televizyon, sa ede m santi m rilaks nan fen yon jounen ki te chaje aktivite. Men, si m pa veye, m ka pase plizyè èdtan devan televizyon an.” Gen yon jèn frè ki rele Samuel ki di: “Se rete m konn rete m wè m ap gade yon pakèt ti videyo sou Entènèt. M konn kòmanse ak youn, epi san m pa rann mwen kont, twa oswa katrèdtan gentan pase.”

17 Ki jan w ka kontwole kantite tan w pase nan detant? Premye sa pou w fè se chèche konnen kantite tan ou abitye pase ap detann ou. Li ta bon pou w make kantite tan w pase ap detann ou pandan yon semèn. Sèvi ak yon kalandriye pou w ekri kantite tan w pase ap gad televizyon, ap navige sou Entènèt epi ap jwe jwèt videyo sou aparèy mobil ou genyen. Si w wè ou pase yon kantite tan egzajere nan bagay sa yo, eseye fè yon pwogram. Fikse tan pou bagay ki pi enpòtan yo anvan, epi fikse tan pou detant. Apre sa, mande Jewova pou l ede w respekte pwogram ou fè a. Konsa w ap jwenn tan ak fòs w ap bezwen pou etid pèsonèl, adorasyon an fanmi, reyinyon, epi pou w sèvi Jewova lè w patisipe nan travay predikasyon ak ansèyman an. Lè sa a w ap pi byen pwofite detant w ap pran yo paske w te met Jewova an premye.

KONTINYE RET ATACHE AK JEWOVA SÈLMAN

18-19. Ki jan nou ka montre se ak Jewova sèlman nou atache?

18 Men sa apot Pyè di apre l te fin ekri konsènan fen monn Satan an e konsènan monn nouvo k ap vini an: “Byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” (2 Pyè 3:14). Lè nou obeyi konsèy sa a e nou fè tout sa n kapab pou nou viv yon fason ki fè Jewova plezi e pou nou adore l jan l mande a, nou montre se ak Jewova sèlman nou atache.

19 Satan ak sistèm li an ap kontinye tante nou pou n bay lòt bagay premye plas nan lavi nou olye nou bay Jewova premye plas la (Lik 4:13). Men, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn, nou pap kite pèsonn ni anyen pran plas Jewova nan kè nou. Nou pran detèminasyon pou n atache ak Jewova sèlman paske li merite sa!

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

^ § 5 Nou renmen sèvi Jewova. Men, èske se ak Jewova sèlman nou atache? N ap montre sa nan desizyon n ap pran. Annou egzamine de aspè nan lavi nou ki ka ede nou wè nan ki degre nou atache ak Jewova.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Si nou konnen yon kuizin pa pwòp nou pa t ap janm vle manje yon manje ki fèt nan kuizin sa a paske l ka fè n malad. Se menm jan an tou, nou pa vle gade detant ki kontamine ak vyolans, bagay ki gen rapò ak movèzespri, oswa imoralite.