Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 44

Èske y ap sèvi Bondye lè yo vin gran?

Èske y ap sèvi Bondye lè yo vin gran?

“Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm.” — LIK 2:52.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki pi bon desizyon yon moun ka pran?

BYEN souvan, chwa paran yo fè gen efè sou pitit yo pandan anpil tan. Si paran yo fè move chwa, yo ka lakòz pitit yo jwenn anpil pwoblèm. Men si paran yo fè bon chwa, l ap pi fasil pou pitit yo gen kè kontan e y ap jwenn satisfaksyon nan lavi yo. Nòmalman, timoun yo dwe pran bon desizyon tou. Pi bon desizyon yon moun ka pran se sèvi Jewova, Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou. — Sòm 73:28.

2. Ki bon chwa Jezi ak paran l yo te fè?

2 Paran Jezi yo te vle ede pitit yo sèvi Jewova, e chwa paran sa yo te fè yo te montre se sa k te pi enpòtan pou yo nan lavi a (Lik 2:40, 41, 52). Menm jan an tou, Jezi te pran bon desizyon ki te ede l fè sa Jewova te vle l fè (Mat. 4:1-10). Toutpandan Jezi t ap grandi, li te janti, li te fidèl e li te vin yon moun ki gen kouraj. Kèlkeswa paran ki renmen Jewova t ap santi yo fyè e yo t ap kontan gen yon pitit gason konsa.

3. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

3 Nan atik sa a nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki bon chwa Jewova te fè anrapò ak Jezi? Ki leson paran ki kretyen yo ka aprann nan chwa Jozèf ak Mari te fè? E ki leson jèn ki kretyen yo ka aprann nan chwa Jezi te fè?

APRANN NAN EGZANP JEWOVA

4. Ki chwa enpòtan Jewova te fè anrapò ak Pitit Gason l lan?

4 Jewova te chwazi bon paran pou Jezi (Mat. 1:18-23; Lik 1:26-38). Pawòl Mari te di ak tout kè l ki ekri nan Bib la montre jis nan ki pwen li te renmen Jewova ak Pawòl li a (Lik 1:46-55). E fason Jozèf te suiv enstriksyon Jewova te ba l yo montre li te gen lakrentif pou Bondye e li te vle fè l plezi. — Mat. 1:24.

5-6. Ki eksperyans Jewova te pèmèt Pitit li a fè?

5 Remake Jewova pa t chwazi paran ki rich pou Jezi. Sakrifis Jozèf ak Mari te ofri apre Jezi te fin fèt montre yo pa t gen gwo mwayen (Lik 2:24). Petèt Jozèf te gen yon ti chòp toupre lakay li nan vil Nazarèt kote l te konn travay kòm bòs chapant. Sanble yo te mennen yon vi senp, sitou lè fanmi an te vin anpil, piske yo te vin gen pou pi piti sèt pitit. — Mat. 13:55, 56.

6 Jewova te pwoteje Jezi kont kèk danje, men, li pa t pwoteje Pitit Gason l lan kont tout pwoblèm (Mat. 2:13-15). Pa egzanp, Jezi te gen moun nan fanmi l ki pa t kwè nan li. Imajine jan sa dwe te fè Jezi mal pou l wè moun nan pwòp fanmi l pa t aksepte l kòm Mesi okòmansman (Mak 3:21; Jan 7:5). Epitou, sanble Jozèf, papa adoptif Jezi, te mouri pandan Jezi te tou jèn e sa dwe te difisil pou li. Lè Jozèf mouri, piske se Jezi ki te pi gran, se li ki te oblije fè travay papa a te konn fè pou fanmi an (Mak 6:3). Toutpandan Jezi t ap vin gran, li te aprann ki jan pou l pran swen fanmi an. Petèt, li te oblije travay di pou l okipe yo. Donk, li te konnen sa sa vle di lè yon moun fatige apre yon jounen travay.

Paran, prepare pitit ou pou l fè fas ak reyalite lavi a lè w aprann li fason pou l chèche konsèy nan Pawòl Bondye a. (Gade paragraf 7.) *

7. a) Ki kesyon moun ki marye ki gen pitit y ap leve ka poze tèt yo? b) Ki jan Pwovèb 2:1-6 ka ede paran yo pou yo bay pitit yo fòmasyon?

7 Si nou marye e nou ta renmen gen pitit, mande tèt nou: ‘Èske Jewova t ap chwazi nou pou n pran swen yon tibebe li bay anpil valè paske li wè nou se moun ki gen imilite e ki renmen l?’ ​(Sòm 127:3, 4). Si w se yon paran, mande tèt ou: ‘Èske m montre pitit mwen enpòtans pou yo travay di?’ ​(Ekl. 3:12, 13). ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m pwoteje pitit mwen kont danje ki gen nan monn Satan an?’ ​(Pwo. 22:3). Ou pa ka pwoteje pitit ou kont tout pwoblèm. Se yon bagay ki enposib. Men, avèk lanmou, ou ka prepare yo tikras pa tikras pou yo fè fas ak reyalite lavi a lè w aprann yo fason pou yo chèche konsèy nan Pawòl Bondye a. (Li Pwovèb 2:1-6.) Pa egzanp, si yon moun nan fanmi w chwazi sispann sèvi Jewova, sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede pitit ou wè rezon ki fè li enpòtan anpil pou l ret fidèl ak Jewova (Sòm 31:23). Oswa, si nou gen yon moun pa nou ki mouri, montre pitit ou fason pou l sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede l fè fas ak lapenn sa pote e pou l santi l anpè. — 2 Kor. 1:3, 4; 2 Tim. 3:16.

APRANN NAN EGZANP JOZÈF AK MARI

8. Jan nou wè sa nan Detewonòm 6:6, 7, ki sa Jozèf ak Mari te gen pou yo fè?

8 Jozèf ak Mari te ede Jezi pou l gen favè Bondye toutpandan l ap grandi. Yo te suiv enstriksyon Jewova te bay pou paran yo. (Li Detewonòm 6:6, 7.) Jozèf ak Mari te renmen Jewova anpil, e sa k te pi enpòtan pou yo se ankouraje pitit yo pou yo chèche gen menm lanmou sa a.

9. Ki bon chwa Jozèf ak Mari te fè?

9 Jozèf ak Mari te chwazi adore Jewova regilyèman ansanm ak pitit yo. Se sèten, yo te konn asiste reyinyon ki te konn fèt chak semèn nan sinagòg Nazarèt la, e chak ane, yo te konn al Jerizalèm nan fèt Pak la (Lik 2:41; 4:16). Petèt yo te konn pwofite vwayaj yo te konn fè pou y al Jerizalèm ansanm ak fanmi an pou yo aprann Jezi ansanm ak frè l ak sè l yo istwa pèp Jewova a. Pandan vwayaj la, li posib tou yo te konn vizite kèk kote yo site nan Ekriti yo. Tank Jozèf ak Mari t ap vin gen plis pitit, li dwe pa t fasil pou yo kenbe bon abitid yo te genyen pou yo adore Jewova. Men, se pa ti benediksyon yo te jwenn lefètke yo te fè sa! Piske yo te mete adorasyon Jewova an premye, fanmi yo te gen bon relasyon ak Bondye.

10. Ki leson paran ki kretyen yo kapab aprann nan egzanp Jozèf ak Mari?

10 Ki sa paran ki gen lakrentif pou Bondye yo ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari? Antanke paran, sa k pi enpòtan an, se montre pitit ou nan sa w ap di ak nan sa w ap fè ou renmen Jewova anpil. An reyalite, pi gwo kado ou ka ba yo se ede yo renmen Jewova. E youn nan leson ki pi enpòtan ou ka aprann yo se fason pou yo kontinye gen bon abitid pou yo etidye, pou yo priye, pou yo asiste reyinyon e pou yo patisipe nan travay predikasyon an (1 Tim. 6:6). Nòmalman, ou dwe bay pitit ou sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). Men, sonje se pa byen materyèl k ap ede pitit ou sove pou yo antre nan monn nouvo a lè sistèm sa a detwi, men se bon relasyon yo gen ak Jewova *. — Eze. 7:19; 1 Tim. 4:8.

Sa vrèman touche kè n lè n wè paran ki kretyen fè bon chwa pou ede pitit yo gen bon relasyon ak Jewova! (Gade paragraf 11.) *

11. a) Ki jan konsèy nou jwenn nan 1 Timote 6:17-19 ede paran yo fè bon chwa lè y ap leve pitit yo? b) Ki objektif fanmi w ka reflechi sou yo, e ki benediksyon nou ka jwenn pou sa? (Gade kare ki gen tit “ Ki objektif ou genyen?”)

11 Sa vrèman touche kè nou lè nou wè anpil paran ki kretyen fè bon chwa pou ede pitit yo gen bon relasyon ak Jewova! Yo adore Jewova ansanm regilyèman, yo asiste reyinyon yo ak kongrè yo e yo preche bon nouvèl la. Gen kèk fanmi ki menm al preche nan tèritwa yo pa preche souvan. Gen lòt ki vizite Betèl oswa ki patisipe nan konstriksyon òganizasyon Jewova a ap fè. Fanmi ki chwazi fè aktivite sa yo depanse lajan yo pou sa, e sa gendwa pa fasil pou yo. Men, Jewova ap beni yo anpil. (Li 1 Timote 6:17-19.) Byen souvan, timoun ki leve nan fanmi konsa kontinye gen bon abitid sa yo lè yo vin gran, e yo pa regrèt se konsa paran yo te leve yo *! — Pwo. 10:22.

APRANN NAN EGZANP JEZI

12. Ki sa Jezi te bezwen fè pandan l t ap grandi?

12 Papa Jezi gen nan syèl la toujou fè bon chwa, e paran Jezi te gen sou tè a te pran bon desizyon tou. Men, lè Jezi te vin gran, li te oblije fè pwòp chwa pa l (Gal. 6:5). Menm jan ak tout moun, li te gen libète pou l chwazi. Li te ka chwazi fè sa l vle olye l fè volonte Bondye. Men, li te chwazi kontinye gen bon relasyon ak Jewova (Jan 8:29). Ki jan egzanp li ka ede jèn yo jodi a?

Nou menm jèn, pa janm meprize konsèy paran nou ban nou. (Gade paragraf 13.) *

13. Ki chwa enpòtan Jezi te fè pandan l te yon jèn tigason?

13 Lè Jezi te yon jèn tigason, li te chwazi obeyi paran l yo. Li pa t janm dezobeyi yo, kòmkwa li ta panse li konn plis pase yo. Okontrè, “li [te] kontinye soumèt devan yo”. (Lik 2:51.) Pa gen dout, Jezi te pran responsablite l oserye antanke premye pitit. Se sèten, li te travay di pou l aprann yon metye nan men papa adoptif li pou l te ka ede fanmi l.

14. Ki jan nou fè konnen Jezi te renmen etidye Pawòl Bondye a?

14 Petèt paran Jezi yo te fè l konnen se grasa yon mirak li te fèt, e petèt yo te rakonte l sa mesaje Bondye te voye yo te di lè l te fèt (Lik 2:8-19, 25-38). Jezi pa t kontante l ak sa yo te di l. Li te konn etidye Ekriti yo tou. Ki jan nou fè konnen Jezi te renmen etidye Pawòl Bondye a? Paske, lè l te yon jèn tigason, anseyan nan Jerizalèm yo “te ret bouch ouvè lè yo wè jan l te konprann bagay yo e devan repons li t ap bay”. (Lik 2:46, 47.) Lè Jezi te gen 12 an sèlman, li te gentan gen konviksyon se Jewova ki Papa l. — Lik 2:42, 43, 49.

15. Ki jan Jezi te montre li te chwazi fè volonte Jewova?

15 Lè Jezi te vin konnen wòl li jwe nan objektif Jewova, li te chwazi fè volonte Jewova (Jan 6:38). Li te konnen anpil moun t ap rayi l, e sa dwe te difisil pou li lè l t ap panse ak sa. Aktout sa, li te chwazi obeyi Jewova. Lè Jezi te batize nan ane 29 epòk nou an, sa k te pi enpòtan pou li se fè sa Jewova te vle l fè (Ebre 10:5-7). Menm lè Jezi t ap mouri sou poto soufrans lan, li te toujou detèmine pou l fè volonte Papa l. — Jan 19:30.

16. Bay youn nan leson timoun yo ka aprann nan egzanp Jezi.

16 Obeyi paran w. Menm jan Jozèf ak Mari pa t pafè, paran nou yo pa pafè tou. Men, se paran w Jewova bay responsablite pou pwoteje w, pou ba w edikasyon e pou gide w. Si w koute konsèy yo ba w e w respekte otorite yo genyen, tout bagay ap “mache byen pou ou”. — Efe. 6:1-4.

17. Selon Jozye 24:15, ki desizyon jèn yo dwe pran poukont yo?

17 Chwazi kiyès w ap sèvi. Ou dwe chèche byen konnen kiyès Jewova ye, ki objektif li genyen e ki jan w ka fè volonte l (Wom. 12:2). Lè w fè sa, w ap kapab pran desizyon ki pi enpòtan an nan lavi w, sa vle di desizyon pou w sèvi Jewova. (Li Jozye 24:15; Ekl. 12:1.) Si w gen yon bon pwogram pou w li Bib la e pou w etidye l regilyèman, w ap vin pi renmen Jewova e lafwa w ap vin pi solid.

18. Ki chwa jèn yo dwe fè, e ki rezilta sa ap bay?

18 Chwazi met volonte Jewova an premye nan lavi w. Monn Satan an pwomèt ou, si w sèvi ak kapasite ou genyen nan enterè pa w, w ap gen kè kontan. Men nou konnen, moun k ap kouri dèyè byen materyèl pèse kò yo “toupatou avèk anpil soufrans”. (1 Tim. 6:9, 10.) Yon lòt bò, si w koute Jewova e w chwazi met volonte l an premye nan lavi w, w ap reyisi nan lavi w e w ap “aji avèk sajès”. — Joz. 1:8.

KI CHWA W AP FÈ?

19. Ki sa paran yo dwe sonje?

19 Paran, fè tout sa w kapab pou w ede pitit ou sèvi Jewova. Konte sou Jewova e l ap ede w fè bon chwa (Pwo. 3:5, 6). Sonje sa w fè ap gen plis efè sou pitit ou pase sa w di. Kidonk, pran desizyon k ap fè l pi fasil pou pitit ou jwenn favè Jewova.

20. Ki benediksyon jèn yo ap jwenn si yo chwazi sèvi Jewova?

20 Nou menm jèn, paran n kapab ede n fè bon chwa nan lavi a. Men, se nou menm ki pou fè efò pou n jwenn favè Bondye. Donk, imite Jezi epi chwazi sèvi Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou. Si nou fè sa, depi kounye a, n ap gen anpil aktivite pou nou fè k ap ban nou satisfaksyon nan lavi n, e n ap gen kè kontan (1 Tim. 4:16). E alavni, nou pral jwi pi bèl lavi a!

KANTIK 133 Adore Jewova pandan nou jèn

^ § 5 Paran ki kretyen yo vle pou pitit yo gen kè kontan e pou yo sèvi Jewova lè yo vin gran. Ki chwa paran yo ka fè k ap ede pitit yo atenn objektif sa a? Ki chwa jèn kretyen yo bezwen fè pou yo reyisi toutbon nan lavi a? Atik sa a pral reponn kesyon sa yo.

^ § 11 Gade kare ki gen tit “Je ne pouvais pas rêver meilleurs parents” ki te parèt nan Réveillez-vous! oktòb 2011, paj 20, ak atik ki gen tit “Lettre spéciale à leurs parents” ki te parèt nan Réveillez-vous! 8 mas 1999, paj 25.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè Jezi te piti, Mari dwe te aprann li renmen Jewova anpil. Menm jan an tou jodi a, manman yo kapab aprann pitit yo renmen Jewova.

^ § 68 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jozèf dwe te renmen al nan sinagòg la ak fanmi l. Jodi a, papa yo bezwen fè efò pou yo asiste reyinyon yo ak fanmi yo.

^ § 70 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi te aprann yon seri bagay nan men papa l ki te itil li. Jodi a, jèn yo ka aprann yon seri bagay nan men papa yo.