Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Joseph Rutherford ansanm ak kèk lòt frè k ap fè yon vizit ann Ewòp.

1920: Sa gen san ane

1920: Sa gen san ane

APATI ane 1920, pèp Jewova a te jwenn fòs pou travay ki t ap tann yo. Men tèks yo te chwazi pou ane 1920 an: “SEYÈ a se fòs mwen e se pou li m ap chante.” — Sòm 118:14, Labib Wa Jak (anglè).

Vrèmanvre, Jewova te bay pwoklamatè zele sa yo fòs. Pandan ane sa a, kantite kòlpòtè yo, oswa pyonye yo, te vin pi plis, soti 225 rive 350. E pou premye fwa, te gen plis pase 8 000 ouvriye, oswa pwoklamatè, ki te voye rapò sèvis yo nan syèj mondyal la. Jewova te beni yo yon fason estrawòdinè.

YO TE CHOFE ANPIL NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Nan dat 21 mas 1920, Joseph Rutherford ki te pran latèt nan travay Etidyan Labib yo t ap fè nan epòk sa a te bay yon diskou ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”. Etidyan Labib yo te fè tout sa yo te kapab pou yo envite moun ki enterese yo nan diskou sa a. Yo te lwe youn nan pi gwo teyat nan vil Nouyòk e yo te distribye anviwon 320 000 envitasyon.

Yon jounal k ap anonse diskou “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”.

Kantite moun ki te vini yo te depase sa Etidyan Labib yo te atann. Te gen plis pase 5 000 moun ki te ranpli teyat la nèt e te gen anviwon 7 000 lòt ki pa t ka antre. Toudegad te fè konnen se “youn nan reyinyon Etidyan Labib yo te fè ki te atire plis moun”.

Diskou ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri” a te vin fè moun byen konnen Etidyan Labib yo. Nan epòk sa a, Etidyan Labib yo pa t konprann yo te gen pou yo preche mesaj Wayòm nan plis toujou. Aktout sa, yo te chofe anpil nan travay sa a. Men sa Ida Olmstead ki te kòmanse asiste reyinyon nan ane 1902 sonje: “Nou te konnen tout limanite t apral jwenn anpil benediksyon, e nou pa t janm sispann bay moun nou te rankontre nan travay predikasyon an bon nouvèl sa a.”

NOU TE KÒMANSE ENPRIME PIBLIKASYON NOU YO POUKONT NOU

Frè nan Betèl yo te kòmanse itilize pwòp enprimri pa yo pou yo enprime kèk nan piblikasyon yo pou yo te ka sèten ap toujou gen manje espirityèl. Yo te enstale ekipman yo te achte yo nan yon bilding yo te lwe nan Avni Myrtle nimewo 35, toupre Betèl la, nan Bwouklin, Nouyòk.

Leo Pelle ak Walter Kessler te vin nan Betèl an janvye 1920. Men sa Walter di: “Lè nou te rive, siveyan enprimri a te gade nou epi li di: ‘Nou gen inèdtan edmi anvan n al manje.’ Li te mande nou pran plizyè kès liv nan sousòl la pou n monte avè yo.”

Men sa Leo di ki te rive nan jou apre a: “Yo te ban nou lave mi espas ki anba a nan bilding nan. Se premye travay m te fè ki te sal konsa. Men, kòm se te pou Jewova, sa te vo lapenn.”

Près yo te itilize pou enprime Toudegad la.

Nan kèk semèn sèlman, yon seri volontè ki te chofe pou yo fè travay la te kòmanse enprime Toudegad. Yo te enprime 60 000 Toudegad ki gen dat 1ye fevriye 1920 nan près ki te nan premye etaj la. Pandan tan sa a, frè yo te enstale yon près a woulo yo te rele Bato de gè nan sousòl la. Yo te enprime jounal ki te rele Epòk annò a tou, yo te kòmanse ak nimewo 14 avril 1920 an. Pa gen dout, Jewova te beni efò frè sa yo ki te dispoze travay.

“Kòm se te pou Jewova, sa te vo lapenn.”

“ANNOU VIV ANPÈ”

Pèp Jewova a ki fidèl te kontan reprann aktivite yo e yo te kontan rejwenn frè ak sè yo. Men gen kèk Etidyan Labib ki te kite òganizasyon an nan epòk latwoublay ki te genyen, soti ane 1917 rive ane 1919. Ki sa k te ka fèt pou ede yo?

Toudegad 1ye avril 1920 an te gen yon atik ki gen tit “Annou viv anpè”. Li te ankouraje frè yo ak pawòl touchan ki vin annapre yo: “Nou gen asirans [...] tout moun ki vle obeyi Jewova [...] ap dispoze bliye erè yo te fè yo, [...] pou yo viv nan tèt ansanm e pou yo vin fè yon sèl ak pèp Bondye a.”

Anpil moun te kite bèl ti pawòl sa yo touche kè yo. Men sa yon mari ak madanm te ekri: “Nou sèten, se te yon erè nou te fè nan ane ki sot pase yo lefètke nou te rete san n pa t fè anyen pandan lòt moun yo t ap patisipe nan travay [predikasyon an]. [...] Nou swete pou n pa janm kite sa rive nou ankò.” Frè ak sè sa yo ki te reprann aktivite yo te gen anpil travay ki t ap tann yo.

YO TE DISTRIBYE “ZG” A

Nan dat 21 jen 1920, Etidyan Labib yo te kòmanse yon gwo kanpay pou distribye “ZG” a, yon edisyon liv Mistè a rive nan bout li  * ki te gen po l fèt ak papye. Yo te sere yon bon valè liv sa a lè yo te entèdi l nan ane 1918.

Se pa sèlman pyonye yo yo te envite vin patisipe nan distribisyon ki t ap fèt la, se tout pwoklamatè yo. “Chak moun ki batize nan chak kongregasyon ki kapab patisipe dwe fè sa ak kè kontan. Se pou chak moun di tèt yo kounye a: ‘Sa k pi enpòtan pou mwen’ se simaye ZG a.” Edmund Hooper sonje anpil moun te patisipe nan kanpay sa a, e pou anpil ladan yo se premye fwa yo te patisipe nan predikasyon kay an kay. Men sa l ajoute: “Nou te kòmanse byen konprann travay ki t ap gen pou fèt la te plis pase sa nou te panse.”

YO REYÒGANIZE TRAVAY LA ANN EWÒP

Etandone li te difisil pou frè yo kominike ak Etidyan Labib ki nan lòt peyi pandan Premye Gè mondyal la, frè Rutherford te vle ankouraje frè sa yo e li te vle reyòganize travay predikasyon an. Donk, nan dat 12 out 1920, li menm ansanm ak kat lòt frè te fè yon vwayaj byen long ann Angletè ak nan plizyè lòt peyi.

Frè Rutherford ann Ejip.

Lè frè Rutherford t ap vizite peyi Angletè, Etidyan Labib yo te fè twa kongrè ak 12 reyinyon, e yo te envite lòt moun. Te gen anviwon 50 000 moun ki te asiste. Men sa Toudegad te di pou pale de vizit sa a: “Frè ak sè yo te jwenn ankourajman. Youn te vin pi renmen lòt e yo te travay ansanm, e sa te ba yo anpil kè kontan.” Lè frè Rutherford te nan vil Pari, li te rebay diskou ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri!” Lè diskou a te kòmanse, sal la te plen nèt. Te gen 300 moun ki te mande plis enfòmasyon.

Yon afich piblisite pou diskou ki te fèt nan Royal Albert Hall, nan vil Lonn.

Semèn ki te vin annapre yo, kèk frè te vizite vil Atèn, vil Kè ak Jerizalèm. Frè Rutherford te fè mete yon depo piblikasyon nan vil Ramala, toupre Jerizalèm, yon fason pou moun ki te montre yo enterese nan mesaj la nan zòn sa yo te ka jwenn plis enfòmasyon. Annapre, frè Rutherford te retounen ann Ewòp pou l te met Biwo Ewòp santral la sou pye, e li te pran dispozisyon pou yo enprime piblikasyon nan zòn sa a tou.

YON ENJISTIS KI TE PARÈT AKLÈ

An septanm 1920, Etidyan Labib yo te pibliye Epòk annò a, N27, yon nimewo espesyal ki te montre byen klè pèsekisyon Etidyan Labib yo te sibi pandan ane 1918. Près yo te rele Bato de gè a, nou te pale de li pi wo a, te travay lajounen kou lannuit pou pwodui plis pase kat milyon peryodik sa a.

Foto Emma Martin lapolis te fè.

Tout moun ki te li peryodik sa a te vin konnen istwa Emma Martin. Sè Martin te yon pyonye ki t ap viv nan vil Sanbènadino, Kalifòni. Jou ki te 17 mas 1918 la, li menm ak twa frè, Hamm, Sonnenburg ak Stevens, te asiste yon reyinyon Etidyan Labib yo te fè ki pa t gen anpil moun.

Gen yon mesye ki te nan asistans lan ki te la pou yon lòt rezon. Men sa l te di annapre: “Mwen t al nan reyinyon sa a [...] sou lòd Biwo avoka gouvènman an. Mwen t ale pou m ka jwenn prèv.” Li te jwenn swadizan prèv li t ap chèche a, anpalan de yon kopi liv Mistè a rive nan bout li a. Kèk jou annapre, yo te arete sè Martin ansanm ak twa lòt frè. Yo te akize yo kòmkwa yo te vyole lalwa lefètke yo te distribye liv sa a yo te entèdi a.

Yo te deklare sè Emma ak twa frè yo koupab e yo te kondane yo pou yo pase twazan nan prizon. Nan dat 17 me 1920, yo te fè plizyè apèl devan tribinal, men sa pa t mache. E kòm yo pa t ka fè apèl ankò, yo te mete yo nan prizon. Men, sa pa t pran tan pou bagay yo te vire nan avantaj yo.

Nan dat 20 jen 1920, frè Rutherford te pale de sitiyasyon yo nan yon kongrè ki t ap fèt nan vil Sanfransisko. Fason yo te trete sè Emma ak frè yo te tèlman touche moun yo nan oditwa a, yo te voye yon telegram bay prezidan Etazini an. Men sa yo te di nan telegram nan: “Nou konsidere kondanasyon [...] madam Martin [...] kòmkwa li vyole lalwa a enjis [...] Otorite yo abize pouvwa yo genyen [...] pou yo pran [...] madam Martin nan pyèj [...] e se pa ti choke sa choke nou [...] lefètke yo fè konplo pou yo fè mete l nan prizon.”

Nan demen, san pèdi tan, prezidan Woodrow Wilson te anile santans yo te bay sè Martin ansanm ak frè Hamm, frè Sonnenburg ak frè Stevens. Piske pa t gen yon bon rezon pou yo te mete yo nan prizon, yo te lage yo.

Nan fen ane 1920, Etidyan Labib yo te gen anpil rezon pou yo kontan. Travay la pa t sispann ogmante nan syèj mondyal la, e plis pase nenpòt lòt lè, vrè kretyen yo t ap mache fè konnen Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou pwoblèm limanite (Mat. 24:14). Nan ane ki te vin apre a, an 1921, yo te anonse verite konsènan Wayòm nan pi plis toujou.

^ § 18 Liv Mistè a rive nan bout li a se te setyèm volim Etid Ekriti yo. Yo te enprime “ZG” a, ki te gen po l fèt ak papye, nan plas Toudegad 1ye mas 1918. “Z” fè referans ak (Zion’s Watch Tower) Toudegad Siyon an, e “G”, setyèm lèt alfabè a (ann anglè), fè referans ak setyèm volim nan.