Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 42

Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati

Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati

“Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” — 1 TIM. 4:16.

KANTIK 77 Yon limyè ki klere nan yon monn fènwa

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan nou fè konnen travay fè disip la kapab sove lavi moun?

TRAVAY fè disip la kapab sove lavi moun! Ki jan nou fè konn sa? Lè Jezi te bay lòd nou jwenn nan Matye 28:19, 20 an, li te di: “Ale, epi fè disip [...]. Batize yo.” Jis nan ki pwen li enpòtan pou yon moun batize? Nou dwe batize si nou vle viv pou toutan. Moun ki pral batize a dwe kwè sèl sa k ap pèmèt yon moun sove se paske Jezi te mouri pou nou e li te leve sot nan lanmò. Se sa k fè apot Pyè te di kretyen parèy li yo: “Batèm nan [...] ap sove nou [...] kounye a grasa rezirèksyon Jezi Kris.” ​(1 Pyè 3:21). Donk, lè yon nouvo disip batize, li gen espwa viv pou toutan.

2. Selon 2 Timote 4:1, 2, ki kalite anseyan nou dwe ye?

2 Pou nou fè disip, nou bezwen amelyore “fason [n] ap anseye”. (Li 2 Timote 4:1, 2.) Poukisa? Paske men lòd Jezi te bay: “Ale, epi fè disip [...]. Anseye yo.” Apot Pòl te di pou nou “pèsevere” nan travay sa a, ‘paske lè n fè sa, n ap sove ni tèt nou, ni moun k ap koute n’. Donk, Pòl te gen bonjan rezon pou l di: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” ​(1 Tim. 4:16). Piske pou nou fè disip nou bezwen anseye moun yo, nou vle anseye pi bon fason an.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a anrapò ak fè etid biblik?

3 N ap anseye plizyè milyon moun verite ki nan Bib la regilyèman. Men, jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, nou vle konnen fason nou ka ede plis moun pami moun sa yo pou yo batize antanke disip Jezi Kris. Nan atik sa a, nou pral egzamine senk lòt bagay chak anseyan bezwen fè pou yo ede yon etidyan fè pwogrè pou l batize.

KITE BIB LA ANSEYE ETIDYAN AN

Mande yon anseyan ki gen eksperyans pou l ede w pi byen sèvi ak Bib la lè w ap anseye. (Gade paragraf 4-6.) *

4. Poukisa yon anseyan pa dwe pale anpil lè l ap kondui yon etid biblik? (Gade nòt la tou.)

4 Nou renmen sa n ap anseye nan Pawòl Bondye a. Se sa k fè nou ka gen tandans pale anpil lè n ap fè yon etid. Men, kit n ap kondui etid Toudegad, etid biblik kongregasyon an oswa n ap fè yon etid ak yon moun, moun k ap kondui etid la pa dwe pale twòp. Yon anseyan bezwen byen sèvi ak Bib la lè l ap anseye. Donk, li bezwen veye pou l pa pale twòp e li pa bezwen eseye esplike tout sa l konnen sou yon vèsè oswa yon sijè * (Jan 16:12). Konpare kantite bagay ou te konnen sou Bib la lè w te batize ak sa w konnen kounye a. Lè w te batize, petèt se sèlman doktrin de baz yo ou te konprann (Ebre 6:1). Sa te pran plizyè ane pou w aprann sa w konnen jodi a, donk, pa eseye aprann yon moun ki fèk ap etidye tout bagay yon sèl kou.

5. a) Selon 1 Tesalonisyen 2:13, ki sa nou vle etidyan an konprann nan etid la? b) Ki jan nou ka ankouraje yon etidyan pou l fè lòt moun konnen sa l ap aprann yo?

5 Nou vle etidyan an konprann sa l ap aprann yo soti nan Pawòl Bondye te fè ekri a. (Li 1 Tesalonisyen 2:13.) Ki jan nou ka fè sa? Ankouraje etidyan an pou l fè lòt moun konnen sa l ap aprann yo. Olye pou w toujou ap esplike etidyan an vèsè nan Bib la, mande l esplike w kèk ladan yo. Ede etidyan an wè ki jan Pawòl Bondye a konsène l pèsonèlman. Poze l kesyon k ap ede l di sa l panse sou vèsè li li yo e ki efè sa gen sou li (Lik 10:25-28). Pa egzanp, mande l: “Selon vèsè sa a, ki kalite w wè Jewova genyen?” “Ki jan sa w sot aprann nan Bib la kapab ede w?” “Ki jan sa w sot aprann nan fè w santi w?” ​(Pwo. 20:5). Sa k pi enpòtan an, se pa kantite bagay etidyan an konnen, men pito, se jis nan ki pwen li renmen sa l konnen yo e li aplike yo.

6. Poukisa li ta bon pou w mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans al fè etid avè w?

6 Lè w pral fè yon etid, èske w konn mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l al avè w? Si w konn fè sa, ou ka mande l ki jan l wè w fè etid la e èske l wè w byen sèvi ak Bib la? Ou dwe gen imilite si w vle vin yon pi bon anseyan. (Konpare ak Travay 18:24-26.) Apre sa, mande pwoklamatè ki gen eksperyans lan si l panse etidyan an konprann sa l ap aprann yo. Ou ka mande menm pwoklamatè sa a pou l fè etid la pou ou si w pap la pandan youn oswa plizyè semèn. Sa ap pèmèt etid la fèt regilyèman e sa ap fè etidyan an wè jan etid la enpòtan. Pa janm met nan tèt ou se etid pa w e okenn lòt moun pa ka fè l. Dayè, se sa ki pi bon an ou ta renmen pou etidyan an, yon fason pou l ka kontinye fè pwogrè nan laverite.

MONTRE W RENMEN SA W AP ANSEYE YO E W KWÈ LADAN YO

Rakonte etidyan an sa kèk frè ak sè te viv pou ede l konprann ki jan l ka aplike prensip biblik yo. (Gade paragraf 7-9.) *

7. Ki sa k ap ede yon etidyan renmen sa l ap aprann yo?

7 Etidyan an bezwen wè ou renmen sa w ap anseye yo e w kwè verite ki nan Bib la (1 Tes. 1:5). Konsa, sa ap fè l vin pi renmen sa l ap aprann yo. Petèt ou kapab di l ki jan Bib la te ede w pèsonèlman. Lè sa a, l ap vin rann li kont Bib la gen bonjan prensip ki kapab gide l tou.

8. Ki lòt bagay ou ka fè pou w ede etidyan an, e poukisa w ta dwe fè sa?

8 Pandan w ap kondui etid la, rakonte etidyan an egzanp frè ak sè ki te jwenn menm pwoblèm avè l e ki jan yo te rive fè fas ak yo. Ou kapab mennen yon moun nan kongregasyon an nan etid la ki ka yon bon egzanp pou li. Oubyen ou ka jwenn eksperyans ankourajan sou sit Entènèt jw.org la nan ribrik “Labib chanje lavi moun *. Atik sa yo ak videyo sa yo ap ede etidyan an wè jan li bon pou l aplike prensip biblik yo nan lavi l.

9. Ki jan w ka ankouraje yon etidyan fè fanmi l ak zanmi l konnen sa l ap aprann yo?

9 Si etidyan an marye, èske moun li marye avè l la ap etidye tou? Si l pap etidye, envite l asiste etid la. Ankouraje etidyan an fè lòt moun nan fanmi l ak zanmi l konnen sa l ap aprann yo (Jan 1:40-45). Ki jan w ka ankouraje l fè sa? Ou ka annik mande l: “Ki jan w t ap esplike fanmi w verite sa a?” oswa “Ki vèsè w t ap itilize pou w fè yon zanmi w kwè verite sa a?” Lè w fè sa, w ap aprann etidyan an fason pou l anseye. Apre sa, lè l vin kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, l ap kapab kòmanse preche ak kongregasyon an. Ou ka mande etidyan an si l konn yon lòt moun ki ta renmen fè yon etid Labib. Si l konn yon moun, kontakte moun nan san pèdi tan pou w ofri l yon etid. Montre moun nan videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? *.

ANKOURAJE ETIDYAN AN FÈ ZANMI NAN KONGREGASYON AN

Ankouraje etidyan an fè zanmi nan kongregasyon an. (Gade paragraf 10-11.) *

10. Jan nou wè sa nan 1 Tesalonisyen 2:7, 8, ki jan yon anseyan kapab imite egzanp apot Pòl?

10 Anseyan yo dwe gen bonjan sousi pou etidyan yo. Wè yo tankou moun ki pap pran tan pou yo vin frè nou oswa sè nou. (Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.) Li pa fasil pou yo abandone zanmi yo gen nan monn nan e pou yo fè tout chanjman ki nesesè pou yo vin sèvi Jewova. Nou bezwen ede yo jwenn vrè zanmi nan kongregasyon an. Montre nou se zanmi etidyan yo lè n pase tan avèk yo, pa fè sa sèlman lè n ap fè etid la, men fè sa tou nan lòt okazyon. N ap montre nou gen sousi pou yo toutbon, lè nou rele yo nan telefòn, lè nou voye mesaj pou yo oswa nou rann yo yon vizit tou kout san se pa etid la n al fè.

11. Ki sa nou vle etidyan nou yo jwenn nan kongregasyon an, e poukisa?

11 Gen yon pwovèb ki di: “Se tout yon katye ki leve yon timoun.” Konsa tou, nou ta kapab di: “Se tout yon kongregasyon ki ede yon etidyan vin yon disip.” Se sa k fè bon anseyan yo fè etidyan yo fè konesans ak lòt moun nan kongregasyon an ki kapab gen bon enfliyans sou yo. Konsa, etidyan yo ap kontan reyini ak pèp Bondye a, e frè ak sè yo kapab ede yo vin pi pwòch Jewova e yo ka ankouraje yo lè yo gen pwoblèm. Nou vle chak etidyan santi li gen plas li nan kongregasyon an e l fè pati fanmi nou fòme antanke kretyen an. Nou vle fè l anvi vin fè pati bèl fanmi nou fòme antanke kretyen an. Konsa, l ap pi fasil pou l evite nan twòp zanmitay ak moun ki pap ede l renmen Jewova (Pwo. 13:20). Si moun ki te zanmi l yo pa vle l kòm zanmi ankò, l ap konnen li kapab jwenn vrè zanmi nan òganizasyon Jewova a. — Mak 10:29, 30; 1 Pyè 4:4.

MONTRE L ENPÒTANS VE AK BATÈM GENYEN

Gen plizyè bagay yon etidyan Labib ki sensè fè pou l rive batize. (Gade paragraf 12-13.)

12. Poukisa nou dwe pale ak etidyan an sou enpòtans ve ak batèm genyen?

12 Pa pè pale ak etidyan an sou enpòtans pou yon moun vwe Jewova lavi l e pou l batize. Dayè, rezon ki fè n ap etidye Labib ak yon moun se pou ede l vin yon disip ki batize. Apre yon etidyan fin pase kèk mwa ap etidye Labib regilyèman e sitou apre l kòmanse asiste reyinyon yo, li bezwen konprann nou vle ede l vin Temwen Jewova.

13. Ki sa yon etidyan fè pou l rive batize?

13 Gen plizyè bagay yon etidyan Labib ki sensè fè pou l rive batize. Pou kòmanse, etidyan an vin aprann konnen Jewova, li aprann renmen l e li vin gen lafwa nan li (Jan 3:16; 17:3). Apre sa, li vin zanmi Jewova e li kòmanse fè zanmi nan kongregasyon an (Ebre 10:24, 25; Jak 4:8). Rive yon lè, li sispann fè sa l te konn fè ki mal e li repanti pou peche l (Tra. 3:19). Toutpandan l ap fè sa, lafwa l vin genyen nan Jewova pouse l fè lòt moun konnen verite l ap aprann yo (2 Kor. 4:13). Annapre, li vwe Jewova lavi l e li batize pou l montre sa (1 Pyè 3:21; 4:2). E se pa ti kontan tout moun kontan jou sa a! Pandan etidyan an ap fè efò pou l reyalize objektif li, pa sispann felisite l ak tout kè w epi ankouraje l kontinye fè bonjan pwogrè nan sans sa a.

TANZANTAN CHÈCHE WÈ KI PWOGRÈ ETIDYAN AN FÈ

14. Ki jan yon anseyan kapab chèche wè ki pwogrè yon etidyan fè?

14 Nou bezwen gen pasyans lè n ap ede yon etidyan pwogrese pou l vwe Bondye lavi l e pou l batize. Men, rive yon lè, nou bezwen chèche konnen si l vle sèvi Jewova Dye. Èske etidyan an montre l ap fè efò pou l obeyi kòmandman Jezi yo? Oswa èske li sèlman vle aprann kèk bagay nan Bib la?

15. Ki siy yon anseyan dwe chèche lakay yon etidyan pou l wè si l ap fè pwogrè?

15 Tanzantan, egzamine pwogrè etidyan an ap fè. Pa egzanp, èske l fè konnen santiman l gen pou Jewova? Èske l priye Jewova (Sòm 116:1, 2)? Èske l renmen li Bib la (Sòm 119:97)? Èske l asiste reyinyon yo regilyèman (Sòm 22:22)? Èske l fè chanjman ki nesesè yo nan lavi l (Sòm 119:112)? Èske l kòmanse pataje sa l ap aprann yo ak fanmi l ak zanmi l (Sòm 9:1)? Sa k pi enpòtan an, èske l vle vin Temwen Jewova (Sòm 40:8)? Si etidyan an pap fè pwogrè nan youn nan domèn sa yo, avèk ladrès, chèche konn sa k fè sa, e apre sa, pale avè l sou sa avèk jantiyès, men avèk franchiz *.

16. Ki lè nou ta dwe sispann etidye ak yon moun?

16 Tanzantan, gade pou w wè si w dwe kontinye yon etid w ap fè ak yon moun. Mande tèt ou: ‘Èske etidyan an prepare etid la? Èske l enterese vin nan reyinyon? Èske l kite move abitid li genyen? Èske l sispann fè pati fo relijyon?’ Si repons kesyon sa yo se non, lè n kontinye etidye ak yon moun konsa se tankou n ap eseye montre yon moun naje alòske li pa vle mouye kò l! Si etidyan an pa vrèman apresye sa l ap aprann yo e li pa dispoze fè chanjman, poukisa pou n kontinye etidye avè l?

17. Selon 1 Timote 4:16, ki sa tout anseyan Labib dwe fè?

17 Nou pran responsablite nou genyen pou n fè disip la oserye e nou vle ede etidyan nou yo fè pwogrè pou yo batize. Se sa k fè n ap kite Bib la anseye moun yo e n ap anseye ak tout kè nou e avèk konviksyon. N ap ankouraje etidyan an fè zanmi nan kongregasyon an. N ap pale avè l sou objektif pou l vwe Jewova lavi l e pou l batize, epi tanzantan n ap chèche wè ki pwogrè etidyan an fè. (Gade kare ki gen tit “ Sa anseyan yo bezwen fè pou ede etidyan yo pou yo batize.”) Nou kontan anpil dèske nou ka patisipe nan travay sa a k ap sove lavi moun! Se pou nou pran detèminasyon pou n fè tout sa nou kapab pou n kondui etid biblik k ap pwogrese pou etidyan yo batize.

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

^ § 5 Lè n ap fè etid ak moun yo, nou gen posiblite pou n anseye yo fason Jewova vle yo aprann reflechi ak aji. Atik sa a pral ban nou plis esplikasyon sou fason nou ka amelyore ansèyman n ap bay.

^ § 4 Gade atik ki gen tit “Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik” ki nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè, septanm 2016.

^ § 8 Ale nan ENFÒMASYON SOU NOU > EKSPERYANS.

^ § 9 Ale sou jw.org®, SA BIB LA ANSEYE > ZOUTI POU ETIDYE LABIB.

^ § 15 Gade atik ki gen tit “Lanmou ak rekonesans nou gen pou Jewova pouse n batize” ak atik ki gen tit “Èske w pare pou w batize” ki parèt nan Toudegad mas 2020.

^ § 77 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki gen eksperyans k ap ede yon lòt sè ki sot fè yon etid biblik konprann enpòtans pou l pa pale twòp pandan l ap fè etid la. Li fè sa yon ti tan apre etid la.

^ § 79 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan etid la, etidyan an aprann fason pou l vin yon pi bon madanm. Annapre, li pale sou sa l te aprann yo ak mari l.

^ § 81 ESPLIKASYON SOU FOTO: Etidyan an ansanm ak mari l kontan pase yon bon ti moman lakay youn nan zanmi li fè nan Sal Wayòm nan.