Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 41

Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati

Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati

“Nou montre nou se yon lèt Kris voye, yon lèt nou menm nou ekri antanke sèvitè l.” — 2 KOR. 3:3.

KANTIK 78 ‘N ap anseye Pawòl Bondye a’

SA NOU PRAL WÈ *

Ki sa k ka bay moun nan yon kongregasyon plis kè kontan pase lè yo wè yon etidyan Labib yo vin renmen rive batize? (Gade paragraf 1.)

1. Ki jan 2 Korentyen 3:1-3 ede nou apresye privilèj nou genyen pou nou fè etid Labib ak yon moun epi pou moun nan batize? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

KI JAN W santi w lè w wè yon etidyan Labib ki nan kongregasyon w lan batize? Se sèten, sa fè kè w kontan (Mat. 28:19)! E si se ou ki te etidye avè l, se pa ti kontan w t ap kontan wè l k ap batize (1 Tes. 2:19, 20)! Disip ki fèk batize yo se yon seri “lèt rekòmandasyon” nonsèlman pou moun ki te etidye avèk yo, men tou, pou tout kongregasyon an. — Li 2 Korentyen 3:1-3.

2. a) Sou ki kesyon enpòtan nou bezwen reflechi, e poukisa? b) Ki sa yon etid biblik ye? (Gade nòt la.)

2 Sa vrèman bèl pou n wè, pandan katran ki sot pase yo, te gen anviwon 10 000 000 etid biblik * ki te fèt chak mwa toupatou sou tè a. E pandan menm ane sa yo, te gen an mwayèn plis pase 280 000 moun ki batize chak ane antanke Temwen Jewova e antanke nouvo disip Jezi Kris. Ki jan nou ka ede plis moun pami plizyè milyon etidyan Labib sa yo pou yo batize? Toutotan Jewova ap pran pasyans pou l bay moun tan ak posiblite pou yo vin disip Kris, nou vle fè tout sa n kapab pou n ede yo fè pwogrè pou yo batize san pèdi tan. Pa ret anpil tan ankò! — 1 Kor. 7:29a; 1 Pyè 4:7.

3. Ki sa n pral wè nan atik sa a anrapò ak fè etid biblik?

3 Piske gen ijans pou n fè disip, Kolèj santral la mande biwo filyal yo ki sa k ka fèt pou nou ede anpil nan etidyan Labib nou yo fè pwogrè pou yo batize. Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa nou ka aprann nan eksperyans pyonye yo, misyonè yo ak siveyan sikonskripsyon yo * (Pwo. 11:14; 15:22). Atik sa yo montre ki sa anseyan Labib yo ak etidyan yo genyen yo ka fè pou etid la ka pi pwofitab. Nan atik sa a nou pral wè senk bagay chak etidyan bezwen fè pou l fè bonjan pwogrè pou l rive batize.

FÈ ETID LA CHAK SEMÈN

Mande etidyan an si nou ka chita ansanm pou n pale sou Bib la. (Gade paragraf 4-6.)

4. Ki sa nou dwe konprann lè n ap fè yon etid ak yon moun nan papòt kay li?

4 Anpil nan frè n ak sè n yo ap fè etid ak moun nan papòt kay yo. Byenke se yon bon fason pou fè moun kòmanse enterese nan Bib la, an jeneral, konvèsasyon sa yo konn tou kout e nou ka pa menm fè yo chak semèn. Gen kèk frè ak sè ki konn mande moun ki enterese yo nimewo telefòn yo, epi yo konn rele yo oswa voye yon mesaj ba yo pou yo pataje yon panse biblik tou kout avèk yo annatandan yo tounen al vizite yo, yon fason pou yo ka toujou enterese. Konvèsasyon sa yo ka dire plizyè mwa san yo pa janm vin tounen bonjan etid biblik. Èske yon etidyan ap pwogrese toutbon pou l vwe Bondye lavi l e pou l batize si se ti tan sa a sèlman li fè ap etidye Pawòl Bondye a e li pa fè plis efò? Petèt non.

5. Selon Lik 14:27-33, ki egzanp Jezi te bay nou ka itilize pou n ede moun n ap etidye Labib avèk yo?

5 Gen yon lè, Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l esplike ki sa yon moun dwe fè si l vle vin disip li? Li te pale konsènan yon moun ki vle bati yon fò e konsènan yon wa ki vle al nan lagè. Jezi te di moun ki vle bati yon fò dwe “chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute” pou l fini fò a, e l te di wa a dwe “chita anvan pou l pale ak lòt moun” pou l wè si lame l la ka fè sa yo ta vle fè a. (Li Lik 14:27-33.) Menm jan an tou, Jezi te konnen yon moun ki vle vin disip li dwe chèche byen konprann sa l bezwen fè pou l vin suiv li. Se sa k fè nou bezwen ankouraje moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo fè etid la chak semèn. Ki jan nou ka fè sa?

6. Ki sa nou ka eseye fè pou n gen etid k ap pwogrese?

6 Chèche fè etid n ap fè ak moun sa yo nan papòt kay yo a vin pi long. Chak fwa n al fè vizit la, petèt nou ka pale sou yon lòt bagay nan Bib la anplis sa nou te vin pale avè l la. Lè moun n ap pale avè l la vin abitye ak vizit ki pi long, mande l si gen yon kote nou ka chita ansanm pou n kontinye konvèsasyon an. Repons moun nan ba w la ap montre si l bay etid la enpòtans. Konsa, pou w ede l fè plis pwogrè, ou ka menm mande l si l t ap dispoze fè etid la de fwa nan semèn nan. Sepandan, sa mande plis pase annik fè etid la yon fwa oswa de fwa chak semèn.

PREPARE CHAK ETID ANVAN W FÈ L

Byen prepare etid ou pral fè a, epi montre etidyan an fason pou l prepare. (Gade paragraf 7-9.)

7. Ki jan anseyan an ka byen prepare chak etid anvan l fè l?

7 Antanke anseyan, ou bezwen byen prepare chak etid anvan w fè l. Pou kòmanse, li sijè w pral egzamine ak etidyan an epi li vèsè yo. Chèche byen konprann pwen prensipal yo. Egzamine tit la, soutit yo, kesyon yo, vèsè yo mande pou nou “li” yo, foto yo ak nenpòt videyo ki ka ede w esplike sijè a. Apre sa, pandan w ap panse ak etidyan an, reflechi sou fason w pral esplike l pwen yo yon fason ki senp e ki klè pou l ka byen konprann yo epi aplike yo. — Ney. 8:8; Pwo. 15:28a.

8. Ki sa pawòl apot Pòl te di nou jwenn nan Kolosyen 1:9, 10 la aprann nou sou kesyon priye pou etidyan nou yo?

8 Lè w ap prepare etid la, priye Jewova pou etidyan an ak sa l bezwen. Mande Jewova pou l ede w anseye sa k nan Bib la yon fason k ap touche kè etidyan an. (Li Kolosyen 1:9, 10.) Mande tèt ou si gen yon bagay ki ka difisil pou etidyan an konprann oswa yon bagay li ka pa dakò avè l. Toujou sonje objektif ou se ede etidyan an fè pwogrè pou l batize.

9. Ki jan anseyan an ka ede etidyan an prepare etid li? Esplike.

9 Nou espere lè nou fè etid la regilyèman sa ap ede etidyan an gen rekonesans pou tout sa Jewova ak Jezi fè epi l ap vle aprann plis (Mat. 5:3, 6). Pou etidyan an byen pwofite etid la, li bezwen konsantre sou sa l ap aprann nan. Pou ede l fè sa, montre l jan sa enpòtan pou l prepare chak etid, sa vle di, pou l li sijè a anvan, pou l reflechi sou rapò sa genyen avè l. Ki jan anseyan an kapab ede l prepare? Prepare yon leson ak etidyan an pou montre l ki jan sa fèt *. Esplike l ki jan pou l jwenn repons dirèk pou kesyon ki nan etid la. Montre l ki jan lè l souliye mo oswa fraz ki pi enpòtan yo sèlman, sa ap ede l sonje repons yo. Epi, mande l pou l sèvi ak pwòp mo pa l pou l reponn. Lè l fè sa, n ap kapab wè jis nan ki pwen li konprann sijè a. Gen yon lòt bagay ankò nou ka ankouraje etidyan nou an fè.

APRANN LI KOMINIKE AK JEWOVA CHAK JOU

Aprann etidyan an fason pou l kominike ak Jewova. (Gade paragraf 10-11.)

10. Poukisa l enpòtan pou n li Bib la chak jou, e ki sa yon etidyan bezwen fè pou l pi byen pwofite lekti Labib l ap fè?

10 Anplis etid anseyan an fè ak etidyan an chak semèn, l ap bon pou etidyan an fè kèk bagay poukont li chak jou. Pa egzanp, li bezwen kominike ak Jewova. Ki jan? Lè l koute Jewova e lè l pale avè l. Li ka koute Bondye lè l li Labib chak jou (Joz. 1:8; Sòm 1:1-3). Montre l ki jan pou l sèvi ak “Pwogram lekti Labib” ki ka enprime ki sou sit jw.org la *. Nòmalman, pou nou ede etidyan an pi byen pwofite lekti Labib l ap fè, nou bezwen ankouraje l medite sou sa Bib la aprann li sou Jewova e nou bezwen montre l fason l ka aplike sa l ap aprann yo. — Tra. 17:11; Jak 1:25.

11. Ki jan yon etidyan ka aprann priye fason ki kòrèk la, e poukisa li enpòtan pou l priye Jewova souvan?

11 Ankouraje moun w ap etidye avè l la pale ak Jewova lè l priye chak jou. Priye ak tout kè w anvan w kòmanse etid la ak lè w fini l. Priye ak etidyan an epi priye pou li. Pandan l ap koute priyè w ap fè yo, l ap aprann fason pou l priye Jewova Dye ak tout kè l nan non Jezi Kris e l ap aprann fè priyè ki sensè (Mat. 6:9; Jan 15:16). Lè etidyan an li Labib chak jou (lè l koute Jewova) ak lè l priye (lè l pale ak Jewova), imajine jan sa ap ede l vin pi pwòch Bondye (Jak 4:8)! Lè etidyan an vin gen abitid sa yo sa ap ede l fè pwogrè jiskaske li vwe Bondye lavi l epi li batize. Ki lòt bagay ankò ki ka ede l?

EDE L VIN ZANMI JEWOVA

12. Ki jan yon anseyan kapab ede yon etidyan vin zanmi Jewova?

12 Sa yon etidyan aprann nan etid la dwe nonsèlman gen efè sou panse l, men sa dwe touche kè l tou. Poukisa? Kè nou, sa gen ladan l dezi nou, emosyon nou ak santiman nou, pouse nou aji. Jezi te konn rezone ak moun yo lè l ap anseye e yo te renmen aprann nan men l. Men, rezon ki fè moun yo te suiv li se paske li te konn touche kè yo tou (Lik 24:15, 27, 32). Etidyan w lan bezwen wè Jewova kòm yon Moun toutbon, yon Moun li ka vin gen bon relasyon avè l e li dwe wè L kòm Papa l, Bondye l ak Zanmi l (Sòm 25:4, 5). Pandan etid la, atire atansyon etidyan an sou bèl kalite Bondye genyen yo (Egz. 34:5, 6; 1 Pyè 5:6, 7). Kèlkeswa sijè w ap egzamine ak etidyan an, ede l wè ki Moun Jewova ye. Atire atansyon l sou bèl kalite Jewova genyen yo, tankou lanmou, bonte ak konpasyon. Jezi te di “pi gwo kòmandman an, e se premye a”, se “renmen Jewova, Bondye nou an”. (Mat. 22:37, 38.) Chèche ede etidyan an pou l vin renmen Jewova anpil.

13. Bay yon egzanp sou fason nou ka ede yon etidyan aprann konnen bèl kalite Jewova genyen yo.

13 Lè w ap pale ak etidyan an fè l konnen rezon ki fè w renmen Jewova anpil. Sa ka ede l rann li kont li bezwen vin zanmi Jewova epi aprann renmen l (Sòm 73:28). Pa egzanp, èske gen yon fraz nan piblikasyon w ap etidye avè l la oswa yon vèsè ki montre yon bagay sou Jewova ki touche kè w, tankou lanmou l, sajès li, jistis li oswa pisans li? Pale sa ak etidyan w lan e fè l konnen se youn nan pakèt rezon ou genyen pou w renmen Papa nou ki nan syèl la. Gen yon lòt bagay ankò tout etidyan bezwen fè pou yo pwogrese jiskaske yo batize.

ANKOURAJE L ASISTE REYINYON YO

Ankouraje etidyan an asiste reyinyon yo depi lè l fèk kòmanse etid la. (Gade paragraf 14-15.)

14. Ki sa Ebre 10:24, 25 di konsènan reyinyon yo ki ka ede yon etidyan fè pwogrè?

14 Nou tout vle etidyan nou yo pwogrese jiskaske yo batize. Youn nan bon fason nou ka ede yo fè sa se lè nou ankouraje yo asiste reyinyon yo. Anseyan ki gen eksperyans yo fè konnen etidyan ki asiste reyinyon depi lè yo fèk kòmanse etid la pwogrese pi vit (Sòm 111:1). Gen kèk anseyan ki ede etidyan yo konprann etid y ap fè a ap pèmèt yo aprann anpil bagay nan Bib la, men gen anpil lòt bagay y ap bezwen konnen, se lè yo asiste reyinyon yo y ap aprann yo. Li Ebre 10:24, 25 avèk etidyan an, epi esplike l jan sa ap bon pou li si l asiste reyinyon yo. Pase videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? * nan pou li. Ede l pran detèminasyon pou l pa janm rate yon reyinyon.

15. Ki sa n ka fè pou n ankouraje yon etidyan asiste reyinyon yo regilyèman?

15 Ki sa w ka fè si etidyan an poko janm asiste yon reyinyon oubyen li pa asiste reyinyon yo regilyèman? Pataje yon pwen avè l ou te aprann nan yon reyinyon sa pa gen twò lontan, e fè sa ak kè kontan. Sa ap plis ankouraje l olye w annik envite l nan reyinyon. Ba l Toudegad oswa Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè y ap egzamine nan reyinyon an. Montre l sou ki sa yo pral pale nan pwochen reyinyon an, epi mande l ki pati nan pwogram nan ki plis enterese l. Sa etidyan w lan pral wè premye fwa l asiste yon reyinyon ap depase nenpòt sa l te viv nan yon rasanbleman l te ale nan nenpòt lòt relijyon (1 Kor. 14:24, 25). L ap rankontre moun ki bay bon egzanp li ka imite e k ap ede l fè pwogrè jiskaske l batize.

16. Ki jan n ka fè yon etid biblik pou etidyan an fè pwogrè pou l batize, e ki sa nou pral aprann nan atik ki vin apre a?

16 Ki jan n ka fè yon etid biblik pou etidyan an fè pwogrè pou l batize? Nou ka ede chak etidyan konprann etid la enpòtan anpil lè nou ankouraje l fè etid la chak semèn e pou l toujou prepare etid la. Nou vle ankouraje l tou pou l kominike ak Jewova chak jou e pou l chèche vin zanmi l. Epitou, nou vle ankouraje l asiste reyinyon yo. (Gade kare ki gen tit “ Sa etidyan yo bezwen fè pou yo fè pwogrè pou yo batize.”) Sepandan, jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, gen senk lòt bagay anseyan Labib yo kapab fè k ap ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize.

KANTIK 76 Di mwen ki jan w santi w

^ § 5 Anseye yon moun vle di ede l pou l “panse, reflechi oswa aji yon lòt fason oswa yon fason ki diferan”. Tèks pou ane 2020 an, Matye 28:19, fè nou sonje enpòtans pou n etidye Labib ak moun yo e pou n anseye yo pou yo vin batize antanke disip Jezi Kris. Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral wè fason nou ka fè travay sa a pi byen, piske li enpòtan anpil.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Si w sèvi ak Bib la pou w pale regilyèman ak yon moun e w itilize yon metòd pou w fè sa, se yon etid biblik w ap fè avè l. Ou ka konte etid la si w fè l de fwa apre w fin montre moun nan ki jan yon etid fèt e si w pa gen dout etid la ap kontinye.

^ § 3 Nan atik sa yo tou gen kèk ide ki ka itil ki soti nan seri atik ki gen tit “Annou kondui etid biblik k ap pwogrese” ki te parèt nan Ministè Wayòm, soti jiyè 2004 rive me 2005.

^ § 9 Gade videyo ki dire kat minit ki gen tit Aprann etidyan nou yo fason pou yo prepare. Ale sou jw.org®, BIBLIYOTÈK > VIDEYO > REYINYON NOU YO AK TRAVAY PREDIKASYON NOU AN > CHÈCHE VIN PI MATON.

^ § 10 Ale nan SA BIB LA ANSEYE > ZOUTI POU ETIDYE LABIB.

^ § 14 Ale sou jw.org®, ENFÒMASYON SOU NOU > REYINYON.