Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1921 — Sa gen san ane

1921 — Sa gen san ane

TOUDEGAD 1ye janvye 1921 te poze etidyan Labib yo kesyon ki vin annapre a: “Ki travay nou wè k ap tann nou ane sa a?” Apre sa, li te site Ezayi 61:1, 2 ki te fè yo sonje misyon yo te resevwa pou yo preche a. Men sa vèsè a di: “Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la [...] pou m fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a ak jou vanjans Bondye nou an.”

YON SERI PWOKLAMATÈ KI PA T PÈ PRECHE

Etidyan Labib yo t ap bezwen met kouraj sou yo pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Nonsèlman yo t ap bezwen anonse moun ki gen imilite yo “bon nouvèl la”, men tou, yo t ap bezwen fè mechan yo konnen “jou vanjans Bondye nou an”.

Frè John Henry Hoskin, ki t ap viv nan peyi Kanada te preche avèk kran malgre l te jwenn opozisyon. Nan prentan ane 1921, li te rankontre yon predikatè metodis. Men ki jan frè Hoskin te kòmanse konvèsasyon an: “Nou ta dwe kontan pale sou Bib la. E menmsi nou pa ta antann nou sou kèk bagay, nou pa oblije fè kont.” Men, se pa t sa k te rive. Men sa frè Hoskin rakonte: “Nou te fè kèk minit sèlman ap pale lè [predikatè a] te frape pòt la byen fò, li te tèlman frape l fò, mwen te panse gwo vit ki nan pòt la t ap vide atè.”

Predikatè a te di byen fò: “Poukisa w pa al pale ak moun ki pa kretyen?” Frè Hoskin pa t di anyen, men pandan l t aprale li te di tèt li: ‘Sanble se ak youn nan yo mwen t ap pale la a!’

Nan demen, pandan predikatè a t ap fè yon prèch nan legliz li, li te kontinye atak la. Men sa frè Hoskin sonje: “Li te di fidèl li yo pou yo pran prekosyon avè m. Li te fè yo konnen mwen se pi gwo mantè ki vin nan vil sa a, e yo ta dwe tire m.” Frè Hoskin pa t kite sa dekouraje l, li te kontinye preche e li te jwenn bon rezilta. Men sa l te di: “Se pa ti kontan m te kontan preche nan zòn sa a! Gen kèk nan moun yo ki te menm di: ‘Mwen konnen w se yon sèvitè Bondye!’ E yo te mande m si yo te kapab ede m jwenn sa m bezwen.”

ETID PÈSONÈL AK ETID AN FANMI

Pou ede moun ki enterese yo konprann Bib la pi byen, Etidyan Labib yo te konn pibliye yon seri pwogram etid biblik nan peryodik ki te rele Epòk annò a *. Pwogram etid biblik pou timoun yo te gen yon seri kesyon pou paran yo egzamine ak pitit yo. Paran yo te dwe “poze pitit yo kesyon sa yo epi ede yo jwenn repons yo nan Bib la”. Te gen kèk kesyon, tankou “Ki kantite liv ki nan Bib la?”, ki te aprann yo kèk bagay tou senp. Te gen lòt kesyon, tankou “Èske tout vrè kretyen dwe atann y ap jwenn pèsekisyon?”, ki te prepare timoun yo pou yo preche san yo pa pè.

Pwogram Etid avanse ki nan liv Plan Bondye pou epòk yo te gen yon seri kesyon pou Etidyan Labib ki te gen plis konesans sou Bib la, e repons yo te nan premye volim Etid Ekriti yo. Plizyè milye lektè te byen pwofite pwogram sa yo, men, Epòk annò ki te parèt 21 desanm 1921 an te fè konnen toule de pwogram yo t ap kanpe. Poukisa chanjman bridsoukou sa a?

YON NOUVO LIV!

Liv Hap Bondye a.

Kat ki te montre ki pòsyon pou moun yo li.

Kat ki te gen kesyon yo.

Frè ki te alatèt yo te rann yo kont moun ki te fèk ap etidye Labib yo te bezwen aprann verite fondamantal yo yon fason ki pi òganize. Se sa k fè yo te pibliye liv Hap Bondye a nan mwa novanm 1921. Moun ki te enterese ki te aksepte liv la te tou enskri nan kou Etid biblik Hap la. Kou sa a, ki te pèmèt moun yo etidye poukont yo, te ede yo konprann “plan Bondye genyen pou l bay lèzòm lavi ki pap janm fini an”. Ki jan kou sa a te fèt?

Lè yon moun te aksepte yon liv, li te resevwa yon ti kat ki te fè l konnen ki pòsyon pou l li. Nan semèn ki te vin apre a, li te resevwa yon kat ki te gen yon seri kesyon ki te baze sou pòsyon li te gen pou l li a. Nan fen kat la, yo te fè l konnen ki pòsyon pou l li pou semèn apre a.

Pandan 12 semèn, etidyan an te resevwa yon kat chak semèn kongregasyon nan zòn kote l abite a te voye pou li pa lapòs. Byen souvan se moun nan kongregasyon an ki te granmoun anpil oswa ki pa t ka al preche kay an kay ki te konn voye kat sa yo bay moun yo. Pa egzanp, men sa Anna Gardner ki t ap viv Milvale, nan Pennsilvani, Ozetazini, te sonje: “Lè liv Hap Bondye a te parèt, sa te pèmèt Thayle, sè m nan ki te enfim, vin gen plis travay pou l fè. Li te konn voye kat ki te gen kesyon pou chak semèn yo bay moun yo.” Lè kou a te fini, yon moun nan kongregasyon an te konn vizite etidyan an pou ede l aprann plis bagay sou Bib la.

Thayle Gardner ki nan chèz woulant.

TRAVAY KI T AP TANN NOU

Nan fen ane a, frè Rutherford te voye yon lèt bay tout kongregasyon yo. Li te fè konnen “ane sa a nou te bay plis moun temwayaj sou Wayòm nan e nou te ede plis moun pase ane anvan yo”. Apre sa li ajoute: “Gen anpil travay ki pou fèt toujou. Ankouraje lòt moun pou yo vin patisipe nan bèl travay sa a.” Se sèten, Etidyan Labib yo te suiv konsèy sa a. Nan ane 1922, yo te met kouraj sou yo pou yo preche mesaj Wayòm nan plis pase nenpòt lòt lè.

^ § 9 Yo te vin rele Epòk annò a Konsolasyon nan ane 1937, epi Reveye n! nan ane 1946.