Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò

Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò

CHAK ane, gen anpil mouton ki gen anpil valè pou Jewova ki reyentegre nan kongregasyon an. Imajine tout “kè kontan [ki gen] nan syèl la” chak fwa youn retounen (Lik 15:7, 10)! Si w reyentegre, ou mèt gen asirans Jezi ak zanj yo ak Jewova vrèman kontan wè w pran pozisyon pou laverite ankò. Men, pandan w ap kontinye fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò, ou ka jwenn difikilte. Ki difikilte konsa, e ki sa ki ka ede w?

KI DIFIKILTE OU KA JWENN?

Anpil frè ak sè kontinye santi yo dekouraje, menm apre yo fin retounen nan kongregasyon an. Petèt ou ka konprann jan wa David te santi l. Menm lè l te fin jwenn padon pou peche l te fè yo, li te di: “Erè m yo twòp pou m sipòte.” (Sòm 40:12; 65:3). Apre yon moun fin retounen vin jwenn Jewova, li ka kontinye santi l koupab oswa santi l wont pandan plizyè ane. Isabelle te fè plis pase 20 an eskominye *. Men sa l te di: “Mwen te twouve l difisil anpil pou m kwè Jewova padone m.” Si w vin dekouraje, sa ka gen move efè ankò sou relasyon w ak Jewova (Pwo. 24:10). Fè efò pou w pa kite sa rive w.

Gen lòt moun ki gendwa ap enkyete yo paske yo santi yo pa ka fè tout sa sa mande pou yo vin pwòch ak Jewova ankò. Men sa Antoine te di apre l te fin reyentegre: “Mwen te santi m bliye tout sa m te aprann oswa tout sa m te konn fè lè m te nan laverite.” Moun ki santi yo konsa ka yon ti jan renka pou yo fè tout sa yo kapab pou Jewova.

Ann pran yon egzanp. Si yon moun gen yon kay li renmen anpil epi yon siklòn ta pase li fè gwo dega nan kay la, moun nan ka santi l dekouraje lè l wè tout efò ak tan sa mande pou l rekonstwi kay la. Menm jan an tou, si w te fè yon peche grav e sa te gen move efè sou relasyon w ak Jewova, ou ka santi sa ap mande anpil efò pou w vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Men, w ap jwenn èd nan sans sa a.

Men envitasyon Jewova fè nou: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo.” (Eza. 1:18). Ou deja fè anpil efò pou w “ranje bagay yo”. Jewova renmen w pou sa. Fè yon ti reflechi: Piske w retounen vin jwenn Jewova, li kapab pran w kòm egzanp pou l reponn akizasyon Satan yo! — Pwo. 27:11.

Lefètke w retounen vin jwenn Jewova, ou deja pwoche pi pre l, e li pwomèt l ap pwoche bò kote w tou (Jak 4:8). Se vre lòt frè ak sè yo wè w retounen nan kongregasyon an, men ou bezwen fè plis toujou. Ou bezwen kontinye ranfòse lanmou w pou Jewova ki Papa w e ki Zanmi w. Ki jan w ka fè sa?

CHÈCHE GEN OBJEKTIF KI REZONAB

Fè efò pou w gen objektif ki rezonab. Petèt ou toujou sonje sa w te aprann sou Jewova ak sou pwomès li fè pou lavni yo. Men, ou bezwen rekòmanse fè yon seri aktivite, tankou preche bon nouvèl la regilyèman, toujou al nan reyinyon, epi pase tan ak frè ak sè yo. Ann egzamine objektif ki vin annapre yo.

Pale ak Jewova souvan. Papa w ki nan syèl la konprann si w kontinye santi w koupab pou sa k te rive a sa ka fè l difisil pou w priye l (Wom. 8:26). Sepandan, ou bezwen “pèsevere nan lapriyè”, ou bezwen di Jewova jis nan ki pwen ou vle vin zanmi l (Wom. 12:12). Men sa Andre sonje: “Mwen te santi m koupab anpil e m te santi m wont anpil. Men, chak fwa m te fin priye, mwen te santi m pi byen, mwen te santi m pi anpè.” Si w pa konn sa pou w di Jewova lè w ap priye, ou ka al nan Sòm 51 ak Sòm 65 pou w wè priyè wa David te fè yo apre l te fin repanti.

Etidye Bib la regilyèman. Sa ap fè lafwa w vin djanm, e sa ap fè w vin pi renmen Jewova (Sòm 19:7-11). Men sa Felipe te di: “Piske m pa t gen abitid li Bib la epi etidye l regilyèman, mwen te vin febli e m te desevwa Jewova. Mwen pa t vle pou sa rive ankò. Se sa k fè mwen te deside fè etid pèsonèl mwen regilyèman.” Ou kapab fè menm jan an. Si w bezwen èd pou w konn ki sa pou w etidye lè w ap fè etid pèsonèl ou, ou kapab mande yon zanmi ki gen matirite pou l ede w.

Fè efò pou w vin zanmi frè w ak sè w yo ankò. Gen kèk moun ki retounen nan kongregasyon an ki pè pou lòt moun pa gade yo mal. Men sa Larissa fè konnen: “Mwen te santi m wont anpil e m te santi m trayi frè m ak sè m yo. Mwen te kontinye santi m konsa pandan anpil tan.” Ou mèt gen asirans ansyen yo ak lòt frè ak sè ki gen matirite yo vle ede w vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. (Gade kare ki gen tit “ Ki sa ansyen yo kapab fè?”) Yo vrèman kontan w retounen, e yo vle w gen kè kontan! — Pwo. 17:17.

Ki sa k ka ede w vin pi pwòch ak kongregasyon an? Ou bezwen patisipe nan tout aktivite ansanm ak frè ak sè yo, tankou asiste reyinyon yo epi preche regilyèman. Ki jan sa ap ede w? Men sa Felix te di: “Kongregasyon an t ap tann mwen retounen. Mwen te ka wè yo renmen m. Yo tout te fè m santi mwen fè pati fanmi an ankò. Yo te fè m santi Jewova padone m e m ka kontinye sèvi l.” — Gade kare ki gen tit “ Ki sa w kapab fè?

PA DEKOURAJE!

Satan ap kontinye met plis pwoblèm sou wout ou pou l eseye dekouraje w pandan w ap fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò (Lik 4:13). Kounye a, ou bezwen fè tout sa w kapab pou w ranfòse relasyon w ak Jewova.

Men pwomès Jewova fè konsènan mouton l yo: “M ap chèche mouton ki pèdi yo, m ap fè sa ki gaye yo tounen, m ap met bandaj pou sa ki blese yo e m ap ede sa k fèb yo jwenn fòs.” (Eze. 34:16). Se pa ni de ni twa moun Jewova ede vin gen bon relasyon avè l ankò. Donk, ou mèt gen asirans li vle ede w kontinye fè efò pou relasyon w gen avè l la vin pi solid toujou.

^ § 4 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.