Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 40

Ki lè yon moun repanti toutbon?

Ki lè yon moun repanti toutbon?

“Se moun k ap pratike peche mwen vin rele pou yo repanti.” — LIK 5:32.

KANTIK 36 Nou pwoteje kè nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki diferans ki te gen ant de wa, e ki kesyon nou pral egzamine?

ANN pale konsènan de wa ki t ap viv nan tan lontan. Youn t ap dirije wayòm dis tribi Izrayèl la, lòt la t ap dirije wayòm de tribi Jida a. Menm lè yo pa t ap viv nan menm epòk, te gen anpil bagay ki te fè yo sanble. Toule de wa yo te fè rebèl ak Jewova e yo te lakòz pèp li a peche. Yo toule de t ap adore fo dye e yo te konn asasinen moun. Sepandan, te gen yon diferans ant de mesye sa yo. Youn nan yo te kontinye fè mechanste jiskaske l mouri, men lòt la te repanti e li te jwenn padon pou bagay grav li te konn fè yo. Ki wa sa yo?

2 Youn se te Ahab, wa Izrayèl, e lòt la se te Manase, wa Jida. Diferans ki te gen ant de mesye sa yo ka aprann nou anpil bagay sou yon sijè ki enpòtan anpil, anpalan de repantans (Tra. 17:30; Wom. 3:23). Ki lè yon moun repanti, e ki jan l ka montre li repanti? Nou bezwen konn repons lan paske nou ta renmen Jewova padone nou lè nou peche. Pou n jwenn repons lan, nou pral egzamine lavi de wa sa yo e nou pral wè ki sa nou ka aprann nan istwa yo. Apre sa, nou pral wè ki sa Jezi te anseye sou repantans.

SA NOU KA APRANN NAN ISTWA WA AHAB

3. Ki kalite wa Ahab te ye?

3 Ahab se te setyèm wa nan wayòm dis tribi Izrayèl la. Li te marye ak Jezabèl, pitit fi yon wa peyi Sidon, yon nasyon ki te rich ki te nan zòn nò. Maryaj sa a te bay peyi Izrayèl plis posiblite pou l fè lajan. Men tou, sa te vin fè nasyon an peche kont Jewova plis toujou. Jezabèl t ap adore Baal, e l te pouse Ahab gaye relijyon repiyan sa a ki te gen ladan l yon seri tanp kote yo te konn fè pwostitisyon e yo te konn menm sakrifye timoun. Pa gen okenn pwofèt Jewova ki te an sekirite lè Jezabèl te rèn. Li te fè touye anpil nan yo (1 Wa 18:13). “Nan je Jewova, Ahab [...] te pi mal pase tout wa ki te anvan l yo.” (1 Wa 16:30). Jewova pa t fèmen je sou sa Ahab ak Jezabèl t ap fè yo. Li te konn tout sa yo t ap fè. Men, piske Jewova gen mizèrikòd, li te voye pwofèt Eli al avèti pèp Li a pou yo chanje fason yo t ap aji anvan l twò ta. Men, Ahab ak Jezabèl te refize koute.

4. Ki jan Jewova te di li t ap pini Ahab, e ki jan Ahab te reyaji?

4 Finalman, pasyans Jewova te rive nan bout li. Li te voye Eli al fè Ahab ak Jezabèl konnen ki jan li pral pini yo. Yo t ap gen pou yo touye tout kòt fanmi yo. Pawòl Eli te di yo te boulvèse Ahab anpil! Mesye awogan sa a te fè yon bagay moun pa t ap atann, li te “imilye tèt li”. — 1 Wa 21:19-29.

Wa Ahab te montre li pa t repanti toutbon lefètke l te fè met pwofèt Bondye a nan prizon. (Gade paragraf 5-6.) *

5-6. Ki sa k montre Ahab pa t repanti toutbon?

5 Byenke Ahab te imilye tèt li lè sa a, fason l te aji apre sa te montre li pa t repanti toutbon. Li pa t eseye fè anyen pou fè moun yo sispann adore Baal nan wayòm li an. E li pa t ankouraje moun yo adore Jewova nonplis. Ahab te fè lòt bagay ankò ki montre li pa t repanti.

6 Annapre, lè Ahab te envite Jozafa, wa Jida a, ki te yon bon wa, pou al avè l nan lagè li t apral fè ak moun peyi Siri yo, Jozafa te konseye l pou l al pale ak yon pwofèt Jewova anvan. Okòmansman, Ahab pa t dakò. Men sa l te di: “Gen yon lòt moun ankò nou kapab pale avè l pou n konn sa Jewova panse, men, mwen pa vle wè misye, paske li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di.” Aktout sa, yo t al pale ak pwofèt Mikaya. Ahab te konn sa l t ap di. Pwofèt Bondye a te anonse l yon move nouvèl! Olye Ahab te repanti pou l te ka chèche jwenn padon Jewova, wa mechan sa a te fè met pwofèt la nan prizon (1 Wa 22:7-9, 23, 27). Malgre wa a te fè met pwofèt Jewova a nan prizon, li pa t ka anpeche pwofesi a reyalize. Ahab te mouri nan batay ki te vin fèt la. — 1 Wa 22:34-38.

7. Ki sa Jewova te fè konnen konsènan Ahab apre lanmò l?

7 Apre lanmò Ahab, Jewova te fè konnen sa l te panse de mesye sa a. Lè Jozafa ki te yon bon wa te retounen lakay li sennesòf Jewova te voye pwofèt Jeyi al blame l poutèt li t al ede Ahab. Men sa pwofèt Jewova a te di: “Èske se moun ki mechan ou ta dwe ede? Èske se moun ki rayi Jewova ou ta dwe renmen?” (2 Kwo. 19:1, 2). Kounye a, fè yon ti reflechi: Si Ahab te repanti toutbon, se sèten pwofèt la pa t ap pale de li kòm yon moun ki mechan ki rayi Jewova. Li klè, Ahab pa t janm repanti toutbon, byenke li te montre l yon jan regrèt.

8. Ki sa nou ka aprann sou repantans nan istwa Ahab?

8 Ki sa nou ka aprann nan istwa Ahab? Lè Ahab te tande mesaj Eli te bay konsènan malè ki t apral frape tout kòt fanmi l, okòmansman, li te imilye tèt li. Se yon bon bagay li te fè. Men, sa l te vin fè annapre yo te montre li pa t repanti toutbon. Donk, repanti se pa annik di nou regrèt yon bagay nou te fè, nou dwe fè plis pase sa. Ann wè yon lòt egzanp k ap ede nou konprann ki lè yon moun repanti toutbon.

SA NOU KA APRANN NAN ISTWA WA MANASE

9. Ki kalite wa Manase te ye?

9 Anviwon de syèk annapre, Manase te vin wa peyi Jida. Sanble li te menm aji pi mal pase Ahab! Men sa nou li: “Li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova pou l fè l fache.” (2 Kwo. 33:1-9). Manase te fè lotèl pou plizyè dye payen e li te menm met yon zidòl anndan tanp Jewova a ki sakre! Se te yon poto sakre ki te fèt an bwa, petèt yon senbòl ki te reprezante adorasyon sèks. Li te konn pratike maji e l te yon divinò. Epi, li te fè “san anpil moun ki inosan koule”. Pami moun li te asasinen yo, “li te boule pwòp pitit gason l nan dife” kòm sakrifis bay fo dye. — 2 Wa 21:6, 7, 10, 11, 16.

10. Ki jan Jewova te disipline Manase, e ki jan wa a te reyaji?

10 Menm jan ak Ahab, Manase te refize koute avètisman Jewova te ba l pa mwayen pwofèt Li yo. Finalman, “Jewova te fè chèf nan lame wa Asiri a vin atake [Jida]. Yo te pran Manase ak kwòk, yo mete de sèp an kuiv nan pye l epi yo mennen l Babilòn”. Pandan Manase te nan prizon Babilòn, yon peyi etranje, sanble li te reflechi anpil sou sa l te fè yo. Li “te kontinye imilye tèt li anpil devan Bondye zansèt li yo”. Li te menm fè plis pase sa. “Li te sipliye Jewova, Bondye l la, pou l gen pitye pou li.” Manase te “kontinye priye Bondye”. Mesye sa a ki te mechan te vin chanje. Li te kòmanse wè Jewova kòm “Bondye l”, e l te priye l anpil. — 2 Kwo. 33:10-13.

Wa Manase te montre li repanti toutbon lefètke l te konbat fo adorasyon. (Gade paragraf 11.) *

11. Selon 2 Kwonik 33:15, 16, ki jan Manase te montre li repanti toutbon?

11 Rive yon lè, Jewova te reponn priyè Manase. Li te wè kè mesye sa a chanje, jan sa te parèt nan priyè l te fè yo. Jewova te tande Manase lè l te mande padon, e Li te fè l vin wa ankò. Manase te fè tout sa l kapab pou l montre li te repanti toutbon. Li te fè yon seri bagay Ahab pa t janm fè. Li te chanje fason l te konn aji. Li te konbat fo adorasyon e li te ankouraje vrè adorasyon an. (Li 2 Kwonik 33:15, 16.) Se sèten sa te mande kouraj ak lafwa, paske Manase te yon move egzanp pou fanmi l, pou gwo potanta nan wayòm li an e pou pèp li a pandan plizyè dizèn ane. Men, nan dènye ane l te fè ap viv yo, li te fè efò pou l korije kèk nan bagay mal li te fè yo. Pa gen dout, li te bay Jozyas, pitit pitit li, bèl egzanp. E Jozyas te vin yon bon wa annapre. — 2 Wa 22:1, 2.

12. Ki sa istwa Manase a aprann nou sou repantans?

12 Ki sa nou ka aprann nan istwa Manase? Nonsèlman li te imilye tèt li, li te fè lòt bagay ankò. Li te priye Bondye, li te sipliye l pou l fè l mizèrikòd. Epi, li te chanje fason l t ap viv. Li te fè anpil efò pou l repare mal li te fè yo, e li te fè tout sa l kapab pou l adore Jewova e pou l ede lòt moun fè menm jan an. Istwa Manase a bay menm moun ki fè sa k pi mal la espwa. Sa se bonjan prèv ki montre Jewova Dye “bon e [li] dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Jewova ap padone moun ki repanti toutbon.

13. Bay yon egzanp k ap ede nou konprann yon bagay enpòtan sou repantans.

13 Manase pa t annik regrèt peche l yo. Sa aprann nou yon leson enpòtan sou repantans. Ann pran yon egzanp. Imajine w al nan yon patisri e w mande achte yon gato. Men, olye moun k ap vann nan pot yon gato ba ou, se yon ze li pote. Èske w t ap satisfè? Se sèten w pa t ap satisfè! Men, e si l ta di w ze a se engredyan ki pi enpòtan nan gato a? Ou t ap toujou pa satisfè. Menm jan an tou, Jewova mande moun ki peche a pou l repanti. Si moun ki peche a regrèt peche l te fè a se byen. Santiman konsa se yon bagay ki enpòtan pou yon moun repanti, men, sa pa sifi. Ki sa moun ki peche a bezwen fè apre sa? Nou aprann anpil leson nan yon parabòl Jezi te bay ki vrèman touchan.

FASON POU N KONNEN LÈ YON MOUN REPANTI TOUTBON

Apre tigason gaspiyè a te retounen nan bon sans li, li te mache anpil pou l retounen lakay li. (Gade paragraf 14-15.) *

14. Nan parabòl Jezi te bay la, ki jan tigason gaspiyè a te kòmanse montre li repanti?

14 Nan Lik 15:11-32, nou jwenn yon istwa ki vrèman ankourajan Jezi te rakonte konsènan yon tigason gaspiyè. Tigason sa a te fè rebèl ak papa l, li te kite kay la e li t ale “nan yon peyi byen lwen”. Pandan l te nan peyi sa a, li te lage kò l nan banbòch. Men, lè bagay yo te vin rèd pou li, li te kòmanse reflechi sou sa l te fè a. Li te rann li kont jan l te byen lè l te lakay papa l. Jezi di tigason an te “retounen nan bonsans li”. Li te deside retounen lakay papa l pou l mande l padon. Se yon bon bagay lefètke tigason an te rann li kont li te fè anpil bagay ki pa t bon. Men, èske sa te sifi? Non, li te bezwen aji!

15. Ki jan tigason gaspiyè ki nan parabòl Jezi te bay la te montre li repanti toutbon?

15 Tigason gaspiyè a te montre l repanti toutbon pou sa l te fè yo. Li te fè yon vwayaj byen long pou l retounen lakay li. Lè l rive kot papa l, li di l: “Papa, mwen peche ni kont Bondye ni kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò.” (Lik 15:21). Pawòl sensè tigason an te di a montre li te vle vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Epitou, li te rekonèt sa l te fè yo te fè papa l mal. Li te dispoze fè anpil efò pou l rejwenn favè papa l e li te menm vle pou yo konsidere l kòm youn nan travayè papa l yo (Lik 15:19)! Parabòl sa a se pa jis yon istwa pou touche kè moun. Istwa sa a kapab ede ansyen yo nan kongregasyon an lè y ap chèche wè si yon kwayan parèy nou ki te fè yon peche grav repanti toutbon.

16. Sa k fè li ka difisil pou ansyen yo rive wè si yon moun repanti toutbon?

16 Li pa fasil pou ansyen yo rive wè si yon moun ki te fè yon peche grav repanti toutbon. Sa k fè sa? Ansyen yo pa ka li kè moun. Se sa k fè yo dwe chèche jwenn prèv ki montre frè yo a oswa sè yo a vrèman rayi sa l te fè a. Nan kèk ka, yon moun ka fè yon peche ki tèlman grav, ansyen ki reyini avè l yo ka pa rive wè si l repanti toutbon.

17. a) Ki egzanp ki montre lefètke yon moun annik di li regrèt sa ka pa sifi pou montre li repanti toutbon? b) Jan sa parèt nan 2 Korentyen 7:11, ki sa yo atann pou yon moun ki repanti toutbon fè?

17 Ann pran yon egzanp. Yon frè fè plizyè ane ap fè adiltè. Olye l chèche èd, li kache sa pou ni madanm li, ni zanmi l, ni ansyen yo pa konnen. Finalman, ansyen yo vin aprann sa. Lè yo pale sou sa avè l, li admèt sa l fè a e l menm sanble regrèt sa anpil. Èske sa sifi? Se sèten, ansyen k ap egzamine yon ka konsa ka bezwen chèche wè èske se sèlman regrèt moun nan regrèt. Frè sa a pa t peche yon sèl fwa sèlman akoz li te pran yon move desizyon, men li te fè plizyè ane ap peche grav. Se pa li ki te deside al konfese peche li te fè a, se yon lòt moun ki te fè ansyen yo konn sa. Donk, ansyen yo ap bezwen wè prèv ki montre moun ki peche a fè bonjan chanjman nan fason l panse, nan santiman l ak nan fason l aji. (Li 2 Korentyen 7:11.) Sa ka pran anpil tan pou moun sa a fè chanjman ki nesesè yo. Gen anpil posiblite pou yo retire l nan kongregasyon an jiskaske l montre l repanti toutbon. — 1 Kor. 5:11-13; 6:9, 10.

18. Ki jan yon moun ki eskominye ka montre li repanti toutbon, e ki sa k ap rive lè sa a?

18 Yon moun ki eskominye ap montre li repanti toutbon si l asiste reyinyon yo regilyèman e li suiv konsèy ansyen yo ba li pou l priye e pou l etidye regilyèman. Epitou, l ap fè anpil efò pou l evite sitiyasyon ki te fè l tonbe nan peche a. Si l fè tout sa l kapab pou l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò, l ap ka gen asirans Jewova ap padone l nèt e ansyen yo ap ede l pou l vin fè pati kongregasyon an ankò. Nòmalman, ansyen yo konnen tout ka pa menm, se sa k fè yo pa kouri pran yon desizyon lè y ap chèche wè si yon moun ki te fè yon peche grav repanti toutbon.

19. Ki sa repanti toutbon vle di? (Ezekyèl 33:14-16).

19 Jan nou sot aprann sa, se pa lè nou annik di nou regrèt nou te fè yon peche grav ki montre nou repanti toutbon. Sa mande tou pou n fè bonjan chanjman nan panse nou ak nan kè n, sa k ap pouse n aji yon fason ki montre nou repanti toutbon. Sa gen ladan l, kite move bagay nou te konn fè yo, epi fè sa Jewova mande. (Li Ezekyèl 33:14-16.) Sa k ta dwe pi enpòtan pou yon moun ki peche se chèche gen bon relasyon ak Jewova ankò.

EDE MOUN KI PECHE YO POU YO REPANTI

20-21. Ki jan nou ta ka ede yon moun ki fè yon peche grav?

20 Jezi te esplike yon aspè enpòtan nan sèvis li lè l te di: “Se moun k ap pratike peche mwen vin rele pou yo repanti.” (Lik 5:32). Se sa nou ta dwe vle tou. Ann sipoze nou aprann gen yon bon zanmi nou ki fè yon peche grav. Ki sa n ta dwe fè?

21 Si nou ta eseye kache peche zanmi nou an fè a, sa pa t ap bon pou li. Sa pa t ap janm mache paske Jewova ap gade tout bagay (Pwo. 5:21, 22; 28:13). Ou ka ede zanmi w lan lè w fè l sonje ansyen yo vle ede l. Si zanmi w lan pa vle al di ansyen yo sa, ou dwe fè ansyen yo konnen sa k pase a. Konsa, w ap montre ou vle ede l toutbon. Relasyon l ak Jewova vrèman an danje!

22. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

22 Bon, e si moun nan ta gen lontan depi l ap fè yon peche ki grav anpil, e ansyen yo ta deside eskominye l? Èske sa t ap vle di yo pa aji avè l avèk mizèrikòd? Nan atik ki vin apre a, nou pral wè fason Jewova montre l gen mizèrikòd lè l ap disipline moun ki peche, e ki jan nou ka imite l.

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

^ § 5 Se pa lè nou annik di nou regrèt yon peche nou te fè ki vle di nou repanti toutbon. Atik sa a pral ede nou konprann ki lè yon moun repanti toutbon. Li pral pale sou egzanp wa Ahab, wa Manase ak tigason gaspiyè ki nan parabòl Jezi te bay la. Li pral pale tou sou sa ansyen yo dwe fè lè y ap chèche wè si yon frè oswa yon sè ki te fè yon peche grav repanti toutbon.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Wa Ahab ki byen move k ap bay gad li yo lòd pou yo pran Mikaya, pwofèt Jewova a, pou yo mete l nan prizon.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Wa Manase k ap bay yon seri travayè lòd pou yo kraze zidòl li te met nan tanp lan.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Tigason gaspiyè a ki fatige anpil apre l fin fè anpil tan ap mache, e li soulaje lè l resi wè kay li nan yon distans.