Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 41

N ap sèvi Bondye ki gen “anpil mizèrikòd”

N ap sèvi Bondye ki gen “anpil mizèrikòd”

“Jewova bon ak tout moun, mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè.” — SÒM 145:9.

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka vin nan lespri nou lè n ap panse ak yon moun ki gen mizèrikòd?

LÈ N AP panse ak yon moun ki gen mizèrikòd, nou ka wè yon moun ki janti, ki gen kè sansib, ki gen konpasyon e ki renmen bay. Istwa Jezi te rakonte konsènan bon Samariten an ka vin nan lespri nou. Mesye sa a ki te yon moun lòt nasyon “te montre l gen pitye” pou yon Juif ki te tonbe anba men yon bann vòlè. “Kè [Samariten an te] fè l mal” pou Juif ki te blese a e li te pran swen l ak tout kè l (Lik 10:29-37). Egzanp sa a montre yon bèl kalite Bondye nou an genyen, anpalan de mizèrikòd. Kalite sa a se yon aspè nan lanmou Bondye, e li demontre l chak jou nan fason li aji avè n.

2. Bay yon lòt fason yon moun ka montre li gen mizèrikòd.

2 Gen yon lòt fason yon moun ka montre li gen mizèrikòd. Li ka deside pa pini yon moun ki merite pinisyon. Nan sans sa a, Jewova montre l gen anpil mizèrikòd pou nou. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo di: “Li pa trete nou dapre peche nou fè.” ​(Sòm 103:10). Men, gende lè Jewova ka bay yon moun ki peche yon disiplin ki fèm.

3. Ki kesyon nou pral reponn?

3 Nan atik sa a, nou pral reponn twa kesyon: Poukisa Jewova fè moun mizèrikòd? Èske sa posib pou yo bay yon moun yon disiplin ki fèm, toutpandan yo fè l mizèrikòd? E ki sa k ka ede n demontre mizèrikòd? Ann wè ki jan Pawòl Bondye a reponn kesyon sa yo.

REZON KI FÈ JEWOVA DEMONTRE MIZÈRIKÒD

4. Poukisa Jewova fè moun mizèrikòd?

4 Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Nan youn nan lèt apot Pòl te ekri, li te di Bondye “gen anpil mizèrikòd”. Nan kontèks la, Pòl t ap esplike ki jan Bondye gen mizèrikòd, paske li bay moun enpafè k ap sèvi l esperans pou y al viv nan syèl (Efe. 2:4-7). Men, se pa moun sa yo sèlman Jewova fè mizèrikòd. Men sa David youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Jewova bon ak tout moun, mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè.” ​(Sòm 145:9). Piske Jewova renmen moun, li fè yo mizèrikòd chak fwa l jwenn yon rezon pou l fè sa.

5. Ki jan Jezi te vin konnen Jewova gen mizèrikòd?

5 Se Jezi ki pi byen konnen jis nan ki pwen Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezi, te gen anpil tan ansanm nan syèl la anvan Jezi te vin sou tè a (Pwo. 8:30, 31). Pandan plizyè fwa, Jezi te wè ki jan Papa l te fè moun ki peche mizèrikòd (Sòm 78:37-42). Lè Jezi t ap anseye, byen souvan li te konn pale konsènan bèl kalite sa a Papa l genyen an.

Papa tigason gaspiyè a pa t imilye pitit li a, li te akeyi l lè l te retounen lakay. (Gade paragraf 6.) *

6. Ki jan Jezi te montre Papa l gen mizèrikòd?

6 Jan nou te wè sa nan atik anvan an, Jezi te bay parabòl tigason gaspiyè a pou l montre jis nan ki pwen Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Tigason sa a te kite lakay li epi li t al “banboche kote l [t] ale a, li [te] gaspiye tout byen l”. (Lik 15:13.) Annapre, li te montre li vrèman regrèt vi imoral li t ap mennen an, li te imilye tèt li e li te retounen lakay li. Ki jan papa l te reyaji? Tigason an pa t pran tan pou l konnen. Jezi te di: “Pandan [tigason an te] nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès.” Papa a pa t imilye pitit gason l lan, okontrè, li te fè l mizèrikòd, li te padone l e li te akeyi l nan fanmi an ankò. Tigason an te fè anpil peche, men, piske l te repanti, papa a te padone l. Papa ki gen mizèrikòd yo pale de li nan egzanp lan reprezante Jewova. Jezi te sèvi ak egzanp touchan sa a pou l montre jan Papa l dispoze padone moun ki peche e ki repanti toutbon. — Lik 15:17-24.

7. Ki jan fason Jewova fè moun mizèrikòd montre sajès li genyen?

7 Jewova fè moun mizèrikòd paske sajès li genyen an san parèy. Jewova toujou pran desizyon k ap bon pou kreyasyon l lan. Labib di “sajès ki sot anwo a” se yon sajès “ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi”. (Jak 3:17.) Menm jan ak yon paran ki renmen pitit li, Jewova konnen lè l fè pitit li mizèrikòd, sa bon pou yo (Sòm 103:13; Eza. 49:15). Mizèrikòd Bondye genyen an bay lèzòm espwa malgre yo enpafè. Donk, piske Jewova gen anpil sajès, li toujou fè moun mizèrikòd lè l wè gen yon rezon pou sa. Anmenmtan, Jewova konnen ki lè pou l pa fè moun mizèrikòd. Piske li se yon Bondye ki gen sajès, li fè moun mizèrikòd, men, li pa janm sitire moun k ap fè sa k mal.

8. Ki desizyon ki nesesè pafwa, e poukisa?

8 Ann sipoze yon sèvitè Bondye ta deside mennen yon vi ki imoral. Ki sa n ta dwe fè? Men sa Jewova te pouse Pòl ekri: “Sispann frekante [l].” ​(1 Kor. 5:11). Lè yon moun fè yon peche grav e li pa repanti, yo eskominye l nan kongregasyon an. Desizyon sa a enpòtan anpil pou pwoteje frè n ak sè n ki fidèl yo e pou soutni prensip Jewova yo ki sakre. Sepandan, gen kèk moun ki ka twouve l difisil pou yo wè dispozisyon pou eskominye moun nan kòm yon fason Bondye fè moun mizèrikòd. Èske yo gen rezon? Ann gade.

ÈSKE SE MIZÈRIKÒD LÈ YO DISIPLINE YON MOUN YON FASON KI FÈM?

Yo ka mete yon timouton apa si l malad, men, bèje a kontinye pran swen l. (Gade paragraf 9-11.)

9-10. Jan sa parèt nan Ebre 12:5, 6, sa k fè nou ka di dispozisyon pou eskominye moun nan montre Bondye gen mizèrikòd? Bay yon egzanp.

9 Lè nou tande yon anons nan reyinyon ki fè konnen yon moun nou konnen e nou renmen “pa Temwen Jewova ankò”, sa fè nou mal anpil. Nou ka ap mande tèt nou èske yo te oblije eskominye moun sa a nou renmen an? Lè yo eskominye yon moun, èske sa se mizèrikòd toutbon? Wi! Lè yon moun merite pou yo disipline l e yo pa fè sa, sa pa montre sajès, mizèrikòd oswa lanmou (Pwo. 13:24). Lè yo eskominye yon moun ki peche e ki pa repanti, èske sa kapab ede moun nan pou l chanje? Wi, sa kapab ede l. Anpil nan moun ki t ap pratike peche grav te di, lefètke yo te eskominye, sa te ede yo rann yo kont jis nan ki pwen peche yo te fè a te grav. Sa te ede yo pou yo repanti, pou yo chanje fason yo t ap viv e pou yo retounen vin jwenn Jewova. — Li Ebre 12:5, 6.

10 Ann pran yon egzanp. Yon bèje gendwa remake youn nan mouton l yo malad. Li konnen pou l trete maladi mouton l lan genyen an li oblije mete l yon kote poukont li pou lòt mouton yo pa pran maladi a. Men, mouton se bèt ki renmen ret ansanm. Si yo separe yo, yo ka panike. Men, lefètke bèje a te met mouton an apa, èske sa vle di li se yon moun ki di e ki mechan? Non. Li konnen si l kite mouton ki malad la ansanm avèk lòt yo, y ap malad tou. Lefètke li met mouton ki malad la apa, li pwoteje tout twoupo a. — Konpare ak Levitik 13:3, 4.

11. a) Nan ki sans yon moun ki eskominye sanble ak yon mouton ki malad? b) Ki sa moun ki eskominye yo kapab fè e ki èd yo kapab jwenn?

11 Nou ka konpare yon kretyen ki eskominye ak mouton ki malad la. Piske kretyen sa a pèdi bon relasyon l te gen ak Jewova a, li sanble ak yon moun ki malad (Jak 5:14). Menm jan yon moun ki gen yon maladi ka kontamine lòt moun, se konsa tou, yon moun ki pa gen bon relasyon ak Bondye ka gen move enfliyans sou lòt moun. Se sa k fè, pafwa, li konn nesesè pou yo retire yon moun ki pa gen bon relasyon ak Jewova nan kongregasyon an. Disiplin sa a montre jan Jewova renmen moun ki fidèl ki fè pati twoupo l la. Sa ka touche kè moun ki peche a e sa ka pouse l repanti. Pandan l eskominye a, li ka kontinye asiste reyinyon yo, sa k ap pèmèt li resevwa enstriksyon ki nan Bib la pou lafwa l ka vin djanm ankò. Epitou, li ka kontinye resevwa piblikasyon yo pou l li e pou l etidye, e li ka gade pwogram tele JW yo. Lè ansyen yo wè chanjman l ap fè, detanzantan yo ka ba l konsèy pou ede l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Konsa, l ap ka reyentegre antanke Temwen Jewova *.

12. Ki sa lanmou ak mizèrikòd ka mande pou ansyen yo fè pou yon moun ki peche e ki pa repanti?

12 Li enpòtan pou n sonje se sèlman lè yon moun peche e li pa repanti yo eskominye l. Ansyen yo konnen se yon bagay ki serye e yo bay sa anpil enpòtans. Yo konnen Jewova disipline yon moun “nan degre [li] merite a”. (Jer. 30:11.) Ansyen yo renmen frè ak sè yo, e yo pa vle fè anyen k ap gen move efè sou relasyon yo ak Jewova. Men, pafwa, lanmou ak mizèrikòd konn mande pou yo retire moun ki fè sa ki mal la nan kongregasyon an.

13. Poukisa yon kretyen nan vil Korent te merite pou yo eskominye l?

13 Ann wè ki sa apot Pòl te fè lè te gen yon moun nan premye syèk la ki te peche e ki pa t repanti. Te gen yon kretyen nan vil Korent ki t ap fè imoralite ak madanm papa l. Se pa ti lèd sa te lèd! Nan sans sa a, men sa Jewova te di Izrayelit nan tan lontan yo: “Yon gason ki kouche ak madanm papa l lage lawont sou papa l. San mank, se pou yo touye ni li ni fi a.” ​(Lev. 20:11). Nòmalman, Pòl pa t ka bay lòd pou touye mesye a. Men, li te mande frè ki te nan vil Korent yo pou yo eskominye l. Konduit imoral mesye a te genyen an te gen move efè sou lòt moun nan kongregasyon an. Gen nan yo ki pa t menm wont pou bagay grav sa a mesye a te fè a! — 1 Kor. 5:1, 2, 13.

14. Ki jan Pòl te montre li gen mizèrikòd pou mesye ki te eskominye ki t ap viv nan vil Korent lan, e poukisa? (2 Korentyen 2:5-8, 11).

14 Kèk tan annapre, Pòl te aprann mesye ki te peche a te fè gwo chanjman nan lavi l. Li te repanti toutbon! Byenke l te lage lawont sou kongregasyon an, Pòl te di ansyen yo li pa vle “montre [l] twò di”. Li te di yo pou yo “dispoze padone l [e pou yo] konsole l”. Men rezon Pòl te bay: “Dekwa pou gwo tristès pa fini avè l.” Pòl te santi l gen pitye pou mesye a ki te repanti. Apot la pa t vle pou gwo tristès tèlman fini ak mesye a, pou l ta santi l tèlman kraze akoz sa l te fè a, pou l pa ta chèche jwenn padon. — Li 2 Korentyen 2:5-8, 11.

15. Ki jan ansyen yo ka montre yo fèm toutpandan yo montre yo gen mizèrikòd?

15 Menm jan ak Jewova, ansyen yo renmen fè moun mizèrikòd. Yo montre yo fèm lè sa nesesè, men, yo demontre mizèrikòd lè sa posib, si gen bonjan rezon pou sa. Si yo pa ta aji konsa, yo pa t ap montre yo gen mizèrikòd, men, yo t ap montre yo sitirè. Men, èske se ansyen yo sèlman ki bezwen fè moun mizèrikòd?

KI SA K KA EDE NOU TOUT DEMONTRE MIZÈRIKÒD?

16. Selon Pwovèb 21:13, ki jan Jewova aji ak moun ki pa fè lòt moun mizèrikòd?

16 Tout kretyen bezwen montre yo gen mizèrikòd menm jan ak Jewova. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske Jewova pap koute moun ki refize fè moun mizèrikòd. (Li Pwovèb 21:13.) Pa gen youn nan nou ki ta renmen Jewova pa koute priyè nou. Se sa k fè nou veye pou kè nou pa vin di. Nou pap bouche zòrèy nou pou n pa tande yon kretyen parèy nou k ap soufri. Okontrè, nou dwe toujou dispoze koute “rèl malere yo”. Menm jan an tou, nou fè tout sa n kapab pou n aplike konsèy ki vin annapre a nou jwenn nan Bib la. Men sa l di: “Moun ki pa abitye fè moun mizèrikòd, se san mizèrikòd y ap jije l.” ​(Jak 2:13). Si nou sonje jis nan ki pwen nou bezwen yo fè nou mizèrikòd n ap pi anvi lòt moun mizèrikòd. Nou sitou bezwen demontre mizèrikòd lè yon moun ki te peche ki repanti retounen nan kongregasyon an.

17. Ki jan wa David te montre l gen mizèrikòd toutbon?

17 Gen egzanp nan Bib la ki ka ede n demontre mizèrikòd epi evite gen kè di. Ann pran egzanp wa David. Byen souvan, David te montre li gen kè sansib. Aktout Sayil t ap chèche touye David, David te fè wa Bondye te chwazi a mizèrikòd. Li pa t janm chèche tire revanj sou Sayil oswa chèche fè l mal. — 1 Sam. 24:9-12, 18, 19.

18-19. Bay de okazyon kote David pa t montre li gen mizèrikòd.

18 Sepandan, David pa t toujou montre l gen mizèrikòd. Pa egzanp, lè Nabal, yon mesye ki te di anpil, te manke David ak mesye l yo dega e l te refize ba yo manje, David te fache anpil e l te deside touye misye ak tout gason ki te lakay li. Erezman, Abigayil, madan Nabal, yon dam ki te janti e ki te gen pasyans, te kouri pot manje bay David. Konsa, li te anpeche David touye Nabal ak mesye l yo. — 1 Sam. 25:9-22, 32-35.

19 Yon lòt lè, pwofèt Natan te fè David konnen gen yon mesye rich ki vòlè yon timouton yon mesye pòv te genyen li te renmen anpil. David te tèlman fache, li te di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman mesye ki fè bagay sa a merite mouri!” ​(2 Sam. 12:1-6). David te konnen Lwa Moyiz la. Yon vòlè ki te vòlè yon mouton te dwe peye kat fwa lavalè pou li (Egz. 22:1). Men, pou yo te touye l menm? Jijman sa a te twò di. Natan te sèvi ak egzanp sa a pou l montre David jan sa l te fè yo te grav anpil. Jewova te montre l gen anpil mizèrikòd pou David, alòske David pa t montre l gen mizèrikòd ditou pou mesye ki te vòlè timouton nan egzanp Natan te bay la. — 2 Sam. 12:7-13.

Wa David pa t montre l gen mizèrikòd pou mesye ki nan istwa Natan te rakonte l la. (Gade paragraf 19-20.) *

20. Ki sa nou ka aprann nan egzanp David?

20 N ap remake lè David te fache anpil la, li te wè Nabal ak tout mesye l yo te merite mouri. Annapre, David te di mesye ki nan istwa Natan te rakonte l la te merite mouri. Nan dezyèm egzanp sa a, nou ta ka mande tèt nou ki jan yon moun nòmalman ki gen bon kè te ka jije yon lòt moun yon fason ki rèd konsa? Reflechi ak sa k te fèk fin pase nan lavi David. Nan moman sa a, konsyans David t ap kale l. Lè yon moun jije yon fason ki di se yon siy ki montre li pa fin gen bon relasyon ak Bondye. Men avètisman fèm Jezi te bay disip li yo: “Sispann jije pou yo pa jije nou. Paske, jan nou jije a, se konsa y ap jije nou.” ​(Mat. 7:1, 2). Kidonk, ann kontinye veye pou n pa aji yon fason ki di e ann kontinye fè efò pou n gen “anpil mizèrikòd” menm jan ak Bondye nou an.

21-22. Bay kèk fason nou ka demontre mizèrikòd.

21 Mizèrikòd se pa annik santi nou gen pitye pou lòt moun. Anfèt, lè yon moun gen mizèrikòd li aji pou l ede lòt moun. Donk, nou tout ka chèche wè ki moun nan fanmi nou, nan kongregasyon nou ak nan zòn kote n ap viv la ki bezwen èd nou. Se sèten n ap jwenn anpil okazyon pou n montre nou gen mizèrikòd! Èske w konn yon moun ki bezwen konsolasyon? Èske w ka fè yon bagay pou w ede l? Petèt ou ka fè l jwenn yon bagay pou l manje oswa ou ka fè kèk bagay ki montre ou panse avè l. Èske gen yon kretyen ki reyentegre ki bezwen yon bon zanmi pou konsole l e pou ankouraje l? Èske n ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun pou konsole yo? Se youn nan pi bon fason nou ka montre nou gen mizèrikòd pou chak moun nou rankontre. — Jòb 29:12, 13; Wom. 10:14, 15; Jak 1:27.

22 Si nou chèche konnen ki moun ki bezwen èd nan sans sa a, n ap jwenn anpil okazyon pou n demontre mizèrikòd. Lè nou fè lòt moun mizèrikòd, se pa ti kontan Papa nou ki nan syèl la dwe kontan, paske li gen “anpil mizèrikòd”!

KANTIK 43 Yon priyè remèsiman

^ § 5 Mizèrikòd se youn nan pi bèl kalite Jewova gen lakay li, e se yon kalite nou chak bezwen chèche genyen. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa Jewova montre li gen mizèrikòd, poukisa nou ka di Jewova toujou demontre mizèrikòd lè l ap bay disiplin e ki jan nou ka montre nou gen bèl kalite sa a.

^ § 11 Pou n konnen ki sa moun ki reyentegre yo kapab fè pou yo vin gen bon relasyon ak Bondye ankò ak fason ansyen yo kapab ede yo, gade atik ki gen tit “Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò” ki nan peryodik sa a.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan papa tigason gaspiyè a sou tèt kay li, li wè pitit li a k ap retounen e li kouri al pran l nan bra l.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Konsyans wa David te tèlman ap kale l e li te tèlman boulvèse, lè Natan te vin rakonte l istwa a, li te fache anpil e li te di mesye rich la merite mouri.