Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 42

Se pou w gen konviksyon ou nan laverite

Se pou w gen konviksyon ou nan laverite

“Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm.” — 1 TES. 5:21.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa anpil moun nan konfizyon?

GEN anpil relijyon jodi a ki di se kretyen yo ye e ki fè konnen y ap adore Bondye fason ki fè l plezi a. Se sa k fè anpil moun pa konn sa pou yo fè. Y ap mande: “Èske gen yon sèl vrè relijyon, oswa èske tout relijyon fè Bondye plezi?” E nou menm, èske nou kwè toutbonvre sa n ap anseye yo se laverite e fason Temwen Jewova yo ap adore Jewova jodi a se sèl fason sa a ki fè l plezi? Èske l vrèman posib pou n konnen? Ann wè prèv ki montre sa.

2. Selon 1 Tesalonisyen 1:5, poukisa apot Pòl te gen konviksyon sa l kwè yo se laverite?

2 Apot Pòl te gen konviksyon li nan laverite. (Li 1 Tesalonisyen 1:5.) Se pa paske sa te fè l santi l byen ki fè l te gen konviksyon sa a. Pòl te konn pran tan pou l byen etidye Pawòl Bondye a. Li te kwè “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Tim. 3:16.) Ki sa l te aprann? Lè Pòl te fouye nan Ekriti yo, li te jwenn bonjan prèv ki montre Jezi se Mesi yo te pwomèt la, yon seri prèv chèf relijye juif yo pa t bay enpòtans. Chèf relijye ipokrit sa yo te fè konnen yo reprezante Bondye, men aksyon yo te montre yo te nye l (Tit 1:16). Kontrèman ak mesye sa yo, Pòl pa t chwazi kwè yon pati nan Pawòl Bondye a epi l rejte lòt pati yo. Li te pare pou l anseye e pou l aplike “tout sa Bondye deside”. — Tra. 20:27.

3. Èske nou bezwen gen repons pou tout kesyon nou yo pou n ka gen konviksyon nou nan laverite? (Gade kare ki gen tit “ Aksyon Jewova fè yo ak objektif li genyen yo ‘tèlman anpil’, nou pa ka rakonte yo”.)

3 Gen moun ki panse vrè relijyon an dwe gen repons pou tout kesyon, menm kesyon Bib la pa di anyen sou yo. Èske li rezonab pou yo panse konsa? Ann pran egzanp Pòl. Li te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo “verifye tout bagay”, men tou, li te admèt gen anpil bagay li pa t konprann (1 Tes. 5:21). Men sa l te ekri: “Nou gen yon konesans ki pa konplè.” Apre sa li te di: “Nou pa wè klè, se kòmsi se nan yon glas an metal n ap gade.” ​(1 Kor. 13:9, 12). Pòl pa t konprann tout bagay, ni nou menm tou. Men, li te gen yon ide jeneral sou objektif Jewova genyen yo. Sa l te konnen yo te sifi pou l te gen konviksyon li nan laverite!

4. Ki jan nou kapab vin gen plis konviksyon nou nan laverite, e ki sa nou pral wè konsènan vrè kretyen yo?

4 Youn nan fason nou kapab vin gen plis konviksyon nou nan laverite se lè nou konpare egzanp Jezi te bay sou fason pou nou adore Jewova ak fason Temwen Jewova yo ap fè sa jodi a. Nan atik sa a, nou pral wè vrè kretyen yo 1) vire do bay idolatri, 2) respekte non Jewova, 3) renmen laverite, e 4) renmen youn lòt ak tout kè yo.

NOU VIRE DO BAY IDOLATRI

5. Ki sa Jezi aprann nou konsènan bon fason pou nou adore Bondye, e ki jan nou ka aplike sa l te anseye yo?

5 Piske Jezi renmen Jewova anpil, se Li menm sèl li te adore, ni nan syèl la ni lè l te vin sou tè a (Lik 4:8). Jezi te anseye disip li yo pou yo fè menm jan an. Ni Jezi ni disip fidèl li yo pa t janm sèvi ak imaj oswa estati pou yo adore Jewova. Piske Bondye se yon Espri, pa gen anyen lèzòm ka fè ki kapab reprezante menm yon yota nan glwa Jewova genyen (Eza. 46:5)! Men, ki sa nou ka di konsènan imaj oswa estati moun fè yo rele sen yo e yo menm konn priye yo? Nan Dis Kòmandman yo, nan dezyèm kòmandman an Jewova di: “Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a [...]. Nou pa dwe pwostène devan yo.” ​(Egz. 20:4, 5). Pawòl sa yo klè pou moun ki vle fè Bondye plezi.

6. Ki egzanp Temwen Jewova yo suiv jodi a nan fason y ap adore Bondye?

6 Gen istoryen ki fè konnen se sèl Bondye premye kretyen yo te konn adore. Pa egzanp, gen yon liv ki fè konnen premye kretyen yo “t ap gen repiyans” si yo ta mande yo pou yo sèvi ak imaj oswa estati kote y ap adore yo. (History of the Christian Church.) Jodi a, Temwen Jewova yo suiv egzanp premye kretyen yo nan fason yo adore Bondye. Nou pa priye imaj oswa estati “sen” yo oswa zanj yo. Menm Jezi nou pa priye. Epitou, nou pa salye drapo oswa kèlkeswa bagay ki ta ka fè nou bay gouvènman yo adorasyon. Kèlkeswa sa k ta rive, nou detèmine pou n obeyi pawòl Jezi te di yo: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore.” — Mat. 4:10.

7. Ki diferans klè ki gen ant Temwen Jewova ak lòt relijyon yo?

7 Jodi a, anpil moun suiv lidè legliz karismatik yo. Yo tèlman renmen moun sa yo, yo prèske adore yo. Legliz moun sa yo chaje ak moun, yo achte liv y ap vann e yo bay anpil lajan pou òganizasyon lidè sa yo ap soutni. Gen kèk moun ki kwè tout sa lidè sa yo di. Moun k al nan legliz sa yo tèlman kontan lè yo wè lidè sa yo, se kòmsi se Jezi yo te wè! Yon lòt bò, moun k ap adore Jewova jan l vle a pa suiv moun. Menm lè nou respekte moun ki alatèt yo, nou aksepte ansèyman klè Jezi te bay la ki di: “Nou tout se frè.” ​(Mat. 23:8-10). Nou pa adore moun, kit se chèf relijye oswa lidè politik. E nou pa soutni objektif yo genyen yo. Nou pa mele nan zafè monn nan. Nan domèn sa yo, nou pa sanble ditou ak anpil lòt relijyon ki di yo se kretyen. — Jan 18:36.

NOU RESPEKTE NON JEWOVA

Vrè kretyen yo fyè pou yo fè lòt moun konnen Jewova. (Gade paragraf 8-10.) *

8. Ki jan nou fè konnen Jewova vle nou fè non l jwenn glwa e l vle nou fè tout moun konn non sa a?

8 Yon lè, Jezi te priye Jewova, li te di l: “Papa, fè non w jwenn glwa.” Jewova te reponn priyè sa a byen fò detan l nan syèl la, li te pwomèt li t ap fè non l jwenn glwa (Jan 12:28). Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te fè non Papa l jwenn glwa (Jan 17:26). Se sa k fè vrè kretyen yo santi se yon onè pou yo itilize non Bondye e pou yo fè lòt moun konn non sa a.

9. Ki jan kretyen premye syèk yo te montre yo respekte non Bondye?

9 Nan premye syèk epòk nou an, yon ti tan apre kongregasyon kretyen an te fin tabli, Jewova te “dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo”. (Tra. 15:14.) Kretyen premye syèk yo te santi yo fyè pou yo itilize non Bondye e pou yo fè lòt moun konnen non sa a. Yo te konn itilize non Bondye lè yo t ap preche, e yo te mete l nan liv yo te ekri yo *. Konsa, yo te montre yo se yon pèp ki t ap fè konnen non Bondye. — Tra. 2:14, 21.

10. Ki prèv ki montre se sèl Temwen Jewova yo k ap fè konnen non Jewova?

10 Èske Temwen Jewova yo se yon pèp k ap fè konn non Bondye? Ann egzamine prèv ki vin annapre yo. Jodi a, anpil chèf relijye fè tout sa yo kapab pou yo anpeche moun konnen Bondye gen yon non. Yo retire non sa a nan tradiksyon Labib yo genyen yo, e gende lè, yo entèdi moun sèvi ak non sa a nan legliz yo *. Li klè, se sèl Temwen Jewova yo ki montre respè pou non sa a e ki ba l onè li merite. Nou fè plis efò pase nenpòt lòt relijyon pou n ede moun yo konnen non Bondye. Konsa, nou fè tout sa nou kapab pou n viv ann amoni ak non nou pote a: Temwen Jewova (Eza. 43:10-12). Nou pwodui plis pase 240 milyon Labib — Tradiksyon monn nouvo a, ki mete non Jewova kote lòt tradiktè Labib yo retire non sa a. Epitou nou pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la ki itilize non Jewova. Piblikasyon sa yo disponib nan plis pase 1 000 lang!

NOU RENMEN LAVERITE

11. Ki jan premye kretyen yo te montre yo renmen laverite?

11 Jezi te renmen laverite, anpalan de laverite sou Bondye ak objektif Li yo. Jezi te viv ann amoni ak verite sa a, e l te fè lòt moun konn verite sa a (Jan 18:37). Vrè disip Jezi yo te renmen laverite anpil tou (Jan 4:23, 24). Anfèt, apot Pyè te pale de relijyon kretyen an kòm “chemen laverite a”. (2 Pyè 2:2.) Piske premye kretyen yo te renmen laverite anpil, yo te rejte tout ide relijyon te bay ansanm ak tout tradisyon ak opinyon lòt moun ki te depaman ak laverite (Kol. 2:8). Menm jan an tou jodi a, vrè kretyen yo fè anpil efò pou yo “kontinye [...] mache nan laverite” lè yo baze tout kwayans yo ak fason y ap viv sou Pawòl Jewova a nèt. — 3 Jan 3, 4.

12. Ki sa k rive lè frè ki alatèt yo rann yo kont nou bezwen fè chanjman nan fason nou te konprann yon verite ki nan Bib la, e poukisa yo fè chanjman sa yo?

12 Jodi a, pèp Bondye a pa fè konnen yo toujou byen konprann tout sa ki nan Bib la. Pafwa, yo konn fè erè nan fason yo esplike yon ansèyman ki nan Bib la oswa nan fason kongregasyon an ta dwe òganize. Nou pa ta dwe sezi pou sa. Ekriti yo fè konnen aklè se pa yon sèl kou n ap vin gen konesans egzak la (Kol. 1:9, 10). Jewova ede nou konprann laverite tikras pa tikras, e nou dwe dispoze tann avèk pasyans pou limyè verite a vin pi klere (Pwo. 4:18). Lè frè ki alatèt yo rann yo kont nou bezwen fè chanjman nan fason nou te konprann yon verite nan Bib la, yo fè chanjman an tousuit. Anpil legliz nan lakretyente chanje sa y ap anseye yo pou yo ka fè fidèl yo plezi oswa paske y ap chèche vin pwòch ak monn nan. Sepandan, lè òganizasyon Jewova a fè chanjman se pou nou ka vin pi pwòch ak Bondye e pou nou ka adore l fason Jezi te montre a (Jak 4:4). Nou pa fè chanjman sa yo pou n fè moun plezi, men nou fè yo paske nou vin konprann Bib la pi byen. Nou renmen laverite! — 1 Tes. 2:3, 4.

NOU RENMEN YOUN LÒT AK TOUT KÈ N

13. Ki kalite vrè kretyen yo genyen ki pi enpòtan, e ki jan sa parèt klè nan mitan Temwen Jewova yo jodi a?

13 Nan premye syèk la, yo te konnen kretyen yo kòm moun ki gen anpil bèl kalite. Men, kalite ki pi enpòtan yo te genyen an se lanmou. Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:34, 35). Jodi a, toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo renmen youn lòt toutbon e yo gen tèt ansanm nan mitan yo. Nou diferan nèt ak lòt relijyon yo paske nou tankou yon fanmi, menmsi nou pa sot nan menm peyi e nou pa gen menm kilti. Nou wè vrè lanmou an nan reyinyon nou yo, nan asanble ak nan kongrè nou yo. Sa fè n gen plis konviksyon toujou se fason n ap adore Jewova a ki fè l plezi.

14. Selon Kolosyen 3:12-14, ki bon fason nou kapab montre nou gen anpil lanmou youn pou lòt?

14 Ekriti yo ankouraje nou pou nou “gen anpil lanmou youn pou lòt”. (1 Pyè 4:8.) Youn nan fason n ap montre nou gen lanmou sa a se lè nou padone youn lòt ak lè nou pa ret konsantre sou enpèfeksyon youn lòt. Nou chèche okazyon tou pou nou montre nou donan e pou nou akeyi tout moun nan kongregasyon an, menm moun ki ta fè n yon bagay ki pa fè n plezi. (Li Kolosyen 3:12-14.) Lè nou renmen youn lòt fason sa a, nou montre aklè nou se vrè kretyen.

“YON SÈL LAFWA”

15. Bay kèk lòt fason nou suiv egzanp kretyen premye syèk yo nan fason yo te konn adore Bondye.

15 Gen lòt fason ankò nou suiv egzanp kongregasyon kretyen premye syèk la nan fason yo te konn adore Bondye. Pa egzanp, nou imite fason apot yo te konn òganize aktivite yo nan premye syèk la. Nou gen siveyan sikonskripsyon, ansyen ak sèvitè ministeryèl menm jan ak yo (Flp. 1:1; Tit 1:5). Epitou, nou suiv egzanp kretyen premye syèk yo nan fason nou konsidere relasyon seksyèl ak maryaj, fason nou respekte san ki sakre, e nou pwoteje kongregasyon an kont moun ki fè peche grav e ki pa repanti. — Tra. 15:28, 29; 1 Kor. 5:11-13; 6:9, 10; Ebre 13:4.

16. Ki sa pawòl nou jwenn nan Efezyen 4:4-6 la aprann nou?

16 Jezi te di anpil moun t ap fè konnen yo se disip li, men se pa yo tout ki t ap disip li vre (Mat. 7:21-23). Ekriti yo te gentan fè nou konnen, nan dènye jou yo, anpil moun t ap “parèt gen atachman pou Bondye”. (2 Tim. 3:1, 5.) Men, Labib te gentan fè nou konnen aklè se “yon sèl lafwa” Bondye aksepte. — Li Efezyen 4:4-6.

17. Jodi a, kiyès k ap suiv Jezi e ki gen sèl vrè lafwa a?

17 Kiyès ki gen sèl vrè lafwa a jodi a? Nou sot egzamine prèv yo. Nou te wè ki fason Jezi te montre nou pou n adore Bondye e ki jan kretyen premye syèk yo te suiv modèl sa a. Pa gen okenn dout nan sa, se Temwen Jewova yo. Se yon gwo onè pou n fè pati pèp Jewova a, pou nou konnen laverite sou Jewova ak objektif li yo! Ann kontinye gen konviksyon nou nan laverite.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

^ § 5 Nan atik sa a, nou pral wè ki egzanp Jezi kite pou nou anrapò ak vrè adorasyon an, e ki jan disip li yo nan premye syèk la te suiv egzanp sa a. Nou pral montre aklè tou, jodi a, Temwen Jewova yo ap suiv egzanp Jezi kite anrapò ak vrè adorasyon an.

^ § 9 Gade kare ki gen tit “Les premiers chrétiens employaient-ils le nom divin?” ki parèt nan Toudegad 1ye jiyè 2010, paj 6.

^ § 10 Pa egzanp, an 2008, pap Benwa XVI te bay lòd pou yo pa ‘ni itilize ni pwononse’ non Bondye nan sèvis y ap fè nan Legliz katolik yo, nan chante yo oswa nan priyè yo.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Òganizasyon Jewova a pibliye Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 200 lang yon fason pou moun yo ka li l nan pwòp lang pa yo, e yo mete non Bondye nan tradiksyon sa a.