ATIK ETID 42
“Byennere moun ki kenbe fidelite” yo devan Jewova
“Byennere moun ki kenbe fidelite [yo], moun ki mache selon lwa Jewova yo.” — SÒM 119:1, nòt.
KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl
SA NOU PRAL WÈ a
1-2. a) Ki jan kèk gouvènman opoze ak pèp Jewova a, e ki jan pèp li a reyaji? b) Poukisa n ka gen kè kontan menm lè yo pèsekite n? (Fè yon ti pale sou foto ki sou paj kouvèti a tou.)
NAN moman n ap pale la a, yo met restriksyon sou travay nou an oswa yo entèdi l nan plis pase 30 peyi. Gen frè n ak sè n nan kèk nan peyi sa yo otorite yo met nan prizon. Ki mal yo te fè? Pou Jewova, yo pa fè anyen ki mal. Yo senpleman li Bib la e yo etidye l, yo pataje kwayans yo ak lòt moun, epi yo asiste reyinyon ansanm ak frè ak sè yo. Epitou, yo pa mele nan politik. Sèvitè fidèl Bondye sa yo kontinye kenbe fidelite yo b, malgre yo jwenn gwo opozisyon. Konsa, yo montre se ak Jewova sèlman yo atache. E sa fè yo kontan!
2 Petèt ou te wè foto kèk nan Temwen sa yo ki gen anpil kouraj e w te wè jan yo t ap souri. Yo kontan, paske yo konnen yo fè Jewova plezi lefètke yo ret fidèl avè l (1 Kwo. 29:17a). Jezi te di: “Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis [...]. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans.” — Mat. 5:10-12.
YO SE YON EGZANP POU NOU
3. Selon Travay 4:19, 20, ki sa apot yo te fè lè yo te jwenn pèsekisyon nan premye syèk la, e sa k fè se konsa yo te aji?
3 Frè n ak sè n yo ap andire pèsekisyon menm jan ak apot yo nan premye syèk la lè yo t ap pèsekite yo poutèt yo t ap pale de Jezi. Pandan plizyè fwa, jij yo nan pi gwo tribinal juif la te “ba yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi”. (Tra. 4:18; 5:27, 28, 40.) Ki sa apot yo te fè? (Li Travay 4:19, 20.) Yo te konnen gen yon pi gwo otorite ki ‘te ba yo lòd pou yo preche pèp la e pou yo bay yon temwayaj konplè’ sou Kris (Tra. 10:42). Se sa k fè Pyè ak Jan, antanke pòt pawòl yo, te di avèk kran se Bondye yo dwe obeyi olye yo obeyi jij sa yo, e yo te fè konnen yo pap sispann pale konsènan Jezi. Se kòmsi yo ta di jij sa yo: ‘Ki dwa n genyen pou n di kòmandman nou yo pi bon pase kòmandman Bondye yo?’
4. Selon Travay 5:27-29, ki egzanp apot yo kite pou tout vrè kretyen, e ki jan nou ka imite yo?
4 Apot yo kite yon bèl egzanp tout vrè kretyen yo ap suiv depi lè sa a, sa vle di yo ‘obeyi Bondye antanke chèf olye yo obeyi lèzòm’. (Li Travay 5:27-29.) Apre yo te fin bat apot yo poutèt yo te ret fidèl, yo te sot devan pi gwo tribinal juif la, yo te “kontan dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”, e yo te kontinye preche! — Travay 5:40-42.
5. Ki kesyon nou bezwen reponn?
5 Egzanp apot yo te bay la fè n poze kèk kesyon. Pa egzanp, ki jan desizyon yo te pran pou yo obeyi Bondye olye yo obeyi lèzòm nan ale nan menm sans ak kòmandman ki nan Ekriti yo ki di pou n “soumèt devan otorite yo”? (Wom. 13:1.) Ki jan nou ka obeyi “gouvènman yo ak otorite yo”, jan apot Pòl te di a, epi pou n kontinye kenbe fidelite nou devan Bondye antanke pi gwo Chèf nou? — Tit 3:1.
“OTORITE YO”
6. a) Kiyès ki “otorite” yo pale de yo nan Women 13:1 an, e ki sa nou dwe yo? b) Ki sa nou bezwen rekonèt anrapò ak tout dirijan yo?
6 Li Women 13:1. Nan vèsè sa a, ekspresyon “otorite yo” gen rapò ak dirijan yo ki gen pouvwa e ki gen kontwòl sou lòt moun. Kretyen yo soumèt devan otorite sa yo. Dirijan sa yo met lòd, yo fè moun obeyi lalwa, e pafwa yo konn menm defann pèp Jewova a (Rev. 12:16). Se sa k fè nou dwe peye yo enpo ak taks, e nou dwe gen lakrentif pou yo epi ba yo onè yo mande (Wom. 13:7). Sepandan, gouvènman sa yo gen otorite paske Jewova pèmèt sa. Jezi te montre sa aklè lè Pons Pilat, gouvènè women an, t ap poze l kesyon. Lè Pilat te fè Jezi konnen li gen otorite pou l sove lavi l, oswa pou l fè yo touye l, Jezi te di l: “Ou pa t ap gen okenn pouvwa sou mwen si Bondye nan syèl la pa t pèmèt sa.” (Jan 19:11). Menm jan ak Pilat, otorite tout dirijan yo ak politisyen yo genyen jodi a gen limit.
7. Nan ki sitiyasyon nou pa dwe soumèt devan dirijan yo, e ki sa yo dwe konnen?
7 Kretyen yo dwe soumèt devan gouvènman yo, depi lwa yo bay yo pa opoze ak lwa Bondye yo. Men, nou pa ka obeyi lèzòm lè yo mande n fè yon bagay Bondye entèdi oswa lè yo entèdi n fè sa Bondye mande. Pa egzanp, yo ka mande pou jèn gason yo antre nan lame c. Oubyen, yo ka entèdi Bib nou an ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, epi yo ka entèdi nou preche oswa adore Jewova ansanm. Lè dirijan yo mal sèvi ak otorite yo genyen, pa egzanp lè yo pèsekite disip Kris yo, yo dwe rann Bondye kont. Jewova ap gade yo! — Ekl. 5:8.
8. Ki diferans ki genyen ant mo “otorite” a ak ekspresyon “pi gwo pozisyon” an, e poukisa sa enpòtan?
8 Mo “otorite” a vle di “nan bon pozisyon, nan gwo pozisyon, nan pozisyon ki wo”. Men, li pa vle di “nan pi bon pozisyon an, nan pi gwo pozisyon an, nan pozisyon ki pi wo a”. Se yon lòt mo ki gen sans sa a, li vle di “nan pi gwo pozisyon an”. Menm lè yo rele gouvènman yo “otorite”, gen yon lòt otorite ki nan pi gwo pozisyon an. Plizyè fwa nan Bib la, yo pale de Jewova Dye antanke “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”. — Dàn. 7:18, 22, 25, 27.
“SILA A KI NAN PI GWO POZISYON AN”
9. Ki sa pwofèt Dànyèl te wè nan yon seri vizyon?
9 Pwofèt Dànyèl te fè yon seri vizyon ki montre aklè Jewova gen plis otorite pase tout lòt otorite yo. Toudabò, Dànyèl te wè kat gwo bèt ki reprezante pisans mondyal nan tan lontan ak nan epòk nou an, nou vle pale de Babilòn, Medi ak Pès, Grès, Wòm ak pisans mondyal k ap dirije kounye a, anpalan de Pisans mondyal anglo-ameriken an (Dàn. 7:1-3, 17). Annapre, Dànyèl te wè Jewova Dye ki chita sou twòn li nan tribinal nan syèl la (Dàn. 7:9, 10). Sa pwofèt fidèl sa a te wè annapre ta dwe sèvi kòm yon avètisman pou dirijan yo jodi a.
10. Selon Dànyèl 7:13, 14, 27, kiyès Jewova bay otorite sou tè a, e ki sa sa montre konsènan Jewova?
10 Li Dànyèl 7:13, 14, 27. Bondye retire tout otorite nan men gouvènman yo, e li bay moun ki plis merite e ki gen plis pouvwa otorite sa a. Kiyès sa yo? Se “yon moun ki sanble ak yon pitit lòm”, anpalan de Jezi Kris, ak moun ki “sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, anpalan de 144 000 moun yo ki pral dirije pou “tout tan gen tan”. (Dàn. 7:18.) Vrèmanvre, Jewova se “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, paske se li menm sèl ki gen otorite pou l fè sa.
11. Ki bagay ankò Dànyèl te ekri ki montre se Jewova ki nan pi gwo pozisyon parapò ak nasyon yo?
11 Sa Dànyèl te wè nan vizyon li te fè a ann amoni ak yon bagay li te di anvan sa. Men sa l te di: “Bondye nan syèl la [...] retire wa e li met wa.” Epitou, men sa l te ekri: “Se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle l.” (Dàn. 2:19-21; 4:17). Èske sa te deja rive Jewova te retire dirijan oswa li te mete dirijan? Wi li te fè sa!
12. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova te retire wa sou twòn yo nan tan lontan. (Gade foto a.)
12 Jewova te montre aklè li nan pi gwo pozisyon parapò ak “otorite yo”. Ann pran twa egzanp. Farawon, wa peyi Ejip la, te fè pèp Jewova a tounen esklav, e pandan plizyè fwa li te refize kite yo ale. Men, Bondye te libere yo e li te neye Farawon nan Lanmè Wouj (Egz. 14:26-28; Sòm 136:15). Bèlchaza, wa peyi Babilòn nan, te fè yon resepsyon e li “te fè rebèl ak Seyè k ap dirije nan syèl la” epi, li “te fè louwanj pou dye ki fèt ak ajan ak lò” olye l te fè louwanj pou Jewova (Dàn. 5:22, 23). Men, Bondye te imilye mesye sa a ki te awogan. “Nan menm nuit lan”, yo te touye Bèlchaza e yo te bay moun peyi Medi ak peyi Pès yo wayòm li an (Dàn. 5:28, 30, 31). Wa Ewòd Agripa 1ye ki t ap dirije nan peyi Palestin te fè touye apot Jak, epi li te met apot Pyè nan prizon, e l te vle fè l menm bagay. Men, Jewova te anpeche Ewòd fè sa l te vle fè a. “Yon zanj Jewova [te] frape l”, epi li mouri. — Tra. 12:1-5, 21-23.
13. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova te pot laviktwa sou yon seri dirijan ki te met tèt yo ansanm.
13 Jewova te montre tou li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an parapò ak yon seri dirijan ki te met tèt yo ansanm. Jewova te goumen pou pèp Izrayèl la, pou yo te ka pot laviktwa sou 31 wa kananeyen ki te met ansanm e pou yo te ka pran yon bon valè tèritwa nan Peyi li te pwomèt la (Joz. 11:4-6, 20; 12:1, 7, 24). Epitou, Jewova te ede Izrayelit yo pou yo te pot yon kokenn viktwa sou wa Bennadad ak 32 lòt dirijan peyi Siri ki te vin fè lagè ak pèp Izrayèl la. — 1 Wa 20:1, 26-29.
14-15. a) Ki sa wa Nebikadneza ak wa Dariyis te di konsènan dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an? b) Ki sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di konsènan Jewova ak nasyon L lan?
14 Se pa ni de ni twa fwa Jewova te montre li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an! Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn nan, t ap vante tèt li parapò ‘ak fòs li, pouvwa l, glwa l genyen ak grandè l’ olye li te mete l toupiti pou l te rekonèt Jewova se Sila a ki merite louwanj, Jewova te fè tèt li pati. Apre Nebikadneza te vin retounen nan bon sans li, li “te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, e li te rekonèt “[Jewova] ap dirije pou tout tan gen tan”. Epi li te di: “Pèsonn pa ka [...] bloke l.” (Dàn. 4:30, 33-35). Apre fidelite Dànyèl te fin pase anba eprèv, e Jewova te delivre l nan twou lyon an, men lòd wa Dariyis te bay: “Moun [dwe] gen lakrentif pou Bondye Dànyèl la. Paske, se li ki Bondye vivan an e li la pou toutan. Yo pap janm detwi wayòm li an e li se Souvren pou toutan.” — Dàn. 6:7-10, 19-22, 26, 27, nòt.
15 Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te fè konnen: “Jewova dejwe konplo nasyon yo. Li kontrarye plan pèp yo.” Apre sa li te di: “Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la.” (Sòm 33:10, 12). Sa montre nou gen bonjan rezon pou n ret fidèl ak Jewova!
DÈNYE GÈ A
16. Ki asirans nou kapab genyen anrapò ak “gwo tribilasyon an”, e poukisa? (Gade foto a.)
16 Nou sot wè sa Jewova te fè nan tan lontan. Donk, ki sa nou ka atann ki pral rive talè konsa? Nou ka gen konfyans Jewova pral delivre sèvitè fidèl li yo pandan “gwo tribilasyon” an k ap pwoche (Mat. 24:21; Dàn. 12:1). L ap fè sa lè Gòg ki soti nan peyi Magòg, anpalan de yon gwoup nasyon ki pral met tèt yo ansanm, pral atake sèvitè fidèl Jewova yo avèk raj toupatou sou tè a. Menmsi gwoup nasyon sa a ta gen ladan l tout 193 manm Nasyonzini yo, yo pa t ap ka kenbe tèt ak Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ansanm ak lame l la ki nan syèl la! Men pwomès Jewova fè: “Se sèten, m ap bay tèt mwen glwa. M ap fè yo wè mwen se yon Dye ki sen, e m ap fè nasyon yo konnen m. Wi, y ap konnen mwen se Jewova.” — Eze. 38:14-16, 23; Sòm 46:10.
17. Ki sa Labib anonse ki pral rive wa yo sou tè a e ki sa l anonse konsènan moun ki ret fidèl ak Jewova yo?
17 Atak Gòg pral fè a pral mennen nan Amagedon, nan dènye lagè Jewova pral fè a lè l pral detwi “wa ki sou tout tè a”. (Rev. 16:14, 16; 19:19-21.) Yon lòt bò, “se sèl moun k ap fè sa ki dwat yo k ap abite sou tè a, e se sèl moun ki ret fidèl yo k ap rete sou li”. — Pwo. 2:21, nòt.
NOU DWE KENBE FIDELITE NOU
18. Ki sa anpil vrè kretyen te dispoze fè, e poukisa? (Dànyèl 3:28).
18 Depi plizyè syèk, anpil vrè kretyen riske libète yo e yo menm riske lavi yo paske yo renmen Jewova, Sila a ki gen dwa pou l dirije yo antanke Souvren an. Yo pran detèminasyon pou yo ret fidèl ak Jewova. Yo aji menm jan ak twa Ebre yo ki te ret fidèl ak Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki te sove yo nan founèz dife a. — Li Dànyèl 3:28.
19. Sou ki sa Jewova pral baze pou l jije pèp li a, e ki sa sa mande pou n fè kounye a?
19 Men sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te ekri pou montre jan l enpòtan pou n ret fidèl ak Bondye: “Jewova ap bay pèp yo santans yo. Fè m jistis, o Jewova, paske mwen mache dwat devan w e mwen fidèl.” (Sòm 7:8). Men sa David te ekri ankò: “Se pou fidelite m ak jistis mwen pwoteje m.” (Sòm 25:21). Pi bon fason pou n viv, se ret fidèl ak Jewova, kèlkeswa sa k rive! Konsa, n ap santi nou menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te di: “Byennere moun ki kenbe fidelite yo [...], moun ki mache selon lwa Jewova yo.” — Sòm 119:1, nòt.
KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!
a Labib mande kretyen yo pou yo obeyi otorite yo, anpalan de gouvènman yo ki nan monn sa a. Men, gen kèk gouvènman ki montre aklè yo opoze ak Jewova e ak sèvitè l yo. Ki jan n ka obeyi dirijan yo e anmenmtan pou n kontinye ret fidèl ak Jewova?
b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Kenbe fidelite nou devan Jewova mande pou n pa janm sispann ret fidèl ak Jewova e pou n kontinye soutni dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an, menm lè n jwenn eprèv.
c Gade atik ki gen tit “Izrayelit tan lontan yo te konn fè lagè: Poukisa nou menm nou pa fè lagè?” ki parèt nan Toudegad sa a.