Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Izrayelit tan lontan yo te konn fè lagè: Poukisa nou menm nou pa fè lagè?

Izrayelit tan lontan yo te konn fè lagè: Poukisa nou menm nou pa fè lagè?

“SI YOUN nan nou refize goumen ak Lafrans oswa Angletè, nou tout dwe mouri!” Se konsa yon ofisye Nazi te pale byen rèd ak yon gwoup Temwen Jewova pandan Dezyèm Gè mondyal la. Aktout te gen sòlda Nazi ki te kanpe toupre frè nou yo ak gwo zam sou yo, pa gen youn nan frè nou yo ki te dakò al nan lagè. Se pa ti kouraj yo te genyen! Egzanp sa a montre byen klè fason Temwen Jewova yo konsidere lagè: Nou refize patisipe nan gè k ap fèt nan monn sa a. Menmsi yo ta menase n y ap touye n, nou pa vle mele nan gè k ap fèt nan monn nan.

Sepandan, se pa tout moun ki di yo se kretyen ki wè bagay yo konsa. Anpil moun kwè yon kretyen kapab defann peyi l e yo kwè l ta dwe fè sa. Yo ka di: ‘Izrayelit tan lontan yo se te pèp Bondye e yo te konn al nan lagè, poukisa kretyen yo pa ka al nan lagè jodi a tou?’ Ki jan w t ap reponn? Ou ka fè yo konnen sitiyasyon Izrayelit tan lontan yo pa t menm ditou ak sitiyasyon pèp Bondye a jodi a. Ann wè senk diferans ki genyen.

1. PÈP BONDYE A TE FÈ PATI YON SÈL NASYON

Nan tan lontan, Jewova te chwazi yon sèl nasyon pou vin pèp li, anpalan de Izrayèl. Li te rele Izrayelit yo “byen espesyal pa [l] nan mitan tout pèp yo”. (Egz. 19:5.) Anplis de sa, Bondye te ba yo yon peyi pou yo te abite. Donk, lè Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo t al fè lagè ak lòt nasyon, yo pa t konn al goumen ak moun ki t ap adore Jewova menm jan ak yo, ni yo pa t konn touye yo. a

Jodi a, vrè adoratè Jewova yo soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. (Rev. 7:9.) Si pèp Bondye a ta patisipe nan lagè, yo te ka goumen ak adoratè Jewova parèy yo, oswa menm touye yo.

2. SE JEWOVA KI TE BAY IZRAYELIT YO LÒD POU YO T AL NAN LAGÈ

Nan tan lontan, se Jewova ki te deside ki lè pou Izrayelit yo t al nan lagè e pou ki rezon yo te bezwen fè sa. Pa egzanp, Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo egzekite jijman l sou moun Kanaran yo tout moun te konnen ki t ap adore demon, ki t ap benyen nan imoralite seksyèl e ki te konn ofri timoun kòm sakrifis. Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo elimine moun sa yo ki t ap pratike vye bagay sa yo nan peyi li te pwomèt yo a, pou yo pa t detenn sou Izrayelit yo (Lev. 18:24, 25). Apre Izrayelit yo te fin tabli nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, pafwa Bondye te konn pèmèt yo fè lagè pou defann pèp Izrayèl la kont yon seri ènmi ki t ap toupizi yo (2 Sam. 5:17-25). Sepandan, Jewova pa t janm kite Izrayelit yo deside poukont yo ki lè pou yo t al nan lagè. Lè yo te fè sa, byen souvan, sa te konn mal pase pou yo. — Nonb 14:41-45; 2 Kwo. 35:20-24.

Jodi a, Jewova pa mande moun al nan lagè. Nasyon yo fè lagè pou yo ka defann enterè pa yo, men se pa pou yo defann enterè Bondye. Yo ka al nan lagè paske yo vle vin gen plis tèritwa, yo vle gen plis lajan oswa paske y ap defann yon kòz politik. Men, ki sa n ka di konsènan moun ki fè konnen y ap fè lagè nan non Bondye pou yo ka defann relijyon yo oswa pou yo ka touye ènmi Bondye yo? Jewova ap pwoteje vrè adoratè l yo e l ap detwi ènmi l yo nan yon gè ki gen pou fèt alavni, anpalan de lagè Amagedon (Rev. 16:14, 16). Nan gè sa a, se zanj sèlman k ap gen nan lame Bondye a, adoratè l yo sou tè a pap ladan l. — Rev. 19:11-15.

3. IZRAYELIT YO PA T KONN TOUYE MOUN KI TE MONTRE YO GEN LAFWA

Nan lagè k ap fèt jodi a, èske yo epaye moun ki fidèl yo, menm jan Izrayelit yo pa t touye Rahab ak fanmi l nan lagè Jewova te fè kont Jeriko a?

Nan tan lontan, byen souvan, lame peyi Izrayèl la te konn gen pitye pou moun ki te montre yo gen lafwa nan Bondye e se sèlman moun Jewova te di ki merite mouri yo te konn touye. Ann pran de egzanp. Byenke Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo detwi Jeriko, yo pa t touye Rahab ak fanmi l paske Rahab te gen lafwa (Joz. 2:9-16; 6:16, 17). Annapre, yo pa t touye okenn moun nan vil Gabawon paske moun Gabawon yo te montre yo te gen bonjan lakrentif pou Bondye. — Joz. 9:3-9, 17-19.

Jodi a, nasyon k ap fè lagè yo pa epaye moun ki gen lafwa yo. E pafwa, pandan y ap fè gè sa yo, yo konn touye sivil ki inosan.

4. IZRAYELIT YO TE DWE SUIV ENSTRIKSYON BONDYE BAY SOU FASON POU YO TE FÈ LAGÈ

Nan tan lontan, Jewova te mande sòlda izrayelit yo pou yo suiv enstriksyon li ba yo sou fason pou yo fè lagè. Pafwa, Bondye te konn mande Izrayelit yo pou yo fè moun nan yon vil y al goumen ak yo konnen “sa yo dwe fè si yo vle fè lapè avèk” yo (Det. 20:10). Epitou, Jewova te atann pou ni sòlda izrayelit yo ni kan kote yo te ye a rete pwòp e pou yo te respekte prensip moral Li yo (Det. 23:9-14). Byenke, byen souvan, lame nan nasyon ki te ozalantou pèp Izrayèl la te konn vyole medam yo apre yo te fin pran yon seri tèritwa, Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa aji konsa. Anfèt, se sou yon mwa apre yo te fin pran yon vil yo te ka marye ak yon fi yo pran kòm prizonye. — Det. 21:10-13.

Jodi a, pifò peyi siyen akò sou fason lagè dwe fèt. Byenke yo fè sa nan objektif pou yo pwoteje sivil yo, malerezman, souvan yo konn pa respekte règ sa yo.

5. BONDYE TE BATAY POU NASYON L LAN

Èske Bondye goumen pou yon nasyon jodi a, menm jan l te goumen pou Izrayèl nan Jeriko?

Nan tan lontan, Jewova te batay pou Izrayelit yo, e byen souvan li te konn fè mirak pou yo te ka pot laviktwa. Pa egzanp, ki jan Jewova te ede Izrayelit yo pot laviktwa sou vil Jeriko? Sou lòd Jewova, Izrayelit yo te “fè yon gwo rèl tankou bri moun ki nan lagè, epi miray vil la [te] tonbe plat atè”. Konsa, li te vin pi fasil pou yo te pran vil la (Joz. 6:20). E ki jan yo te pot laviktwa nan yon gè yo te fè ak Amorit yo? “Jewova [te] fè gwo grenn lagrèl sot nan syèl la tonbe sou yo [...]. An reyalite, kantite moun lagrèl la te touye te plis pase sa Izrayelit yo te touye ak kout epe.” — Joz. 10:6-11.

Jodi a, Jewova pa goumen pou okenn nasyon sou tè a. Wayòm li an, ki gen Jezi alatèt li kòm Wa, “pa fè pati monn sa a”. (Jan 18:36.) Yon lòt bò, se Satan ki gen otorite sou tout gouvènman lèzòm yo. Gè sanginè moun yo ap fè nan monn nan jodi a montre yo mechan menm jan ak Satan. — Lik 4:5, 6; 1 Jan 5:19.

VRÈ KRETYEN YO RENMEN FÈ LAPÈ

Jan nou sot wè sa, sitiyasyon nou jodi a pa menm ditou ak sitiyasyon pèp Izrayèl tan lontan an. Sepandan, se pa pou rezon sa yo sèlman ki fè nou pa fè lagè. Gen lòt rezon ankò. Pa egzanp, Bondye te gentan fè konnen, nan dènye jou yo, moun li anseye yo pa t ap “aprann fè lagè ankò”, alewè pou yo ta patisipe ladan yo (Eza. 2:2-4) Anplis de sa, Kris te di disip li yo pa t ap “fè pati monn nan”. Donk, yo pa t ap mele nan gè k ap fèt nan monn nan. — Jan 15:19.

Epitou, Kris te mande disip li yo pou yo fè plis pase sa. Li te ba yo lòd pou yo evite gen yon seri atitid ki ta ka fè yo kenbe moun sou kè, fè kòlè, epi pouse yo fè lagè (Mat. 5:21, 22). Anplis de sa, li te bay disip li yo lòd pou yo “renmen fè lapè” e pou yo renmen ènmi yo. — Mat. 5:9, 44.

Ki jan nou chak kapab suiv konsèy sa yo? Se sèten nou pa ta renmen patisipe nan okenn gè, men èske n gen tandans kenbe moun sou kè, sa ki ta ka lakòz gen mezantant oswa divizyon nan kongregasyon an? Ann kontinye fè efò pou n elimine nenpòt santiman konsa nan kè nou. — Jak 4:1, 11.

Nou pa patisipe nan gè nasyon yo ap fè, okontrè, nou travay pou gen lapè ak lanmou nan mitan nou (Jan 13:34, 35). Ann pran detèminasyon pou n pa mele nan zafè monn nan, annatandan jou a rive kote Jewova pral elimine tout gè pou tout tan. — Sòm 46:9.

a Pafwa, tribi izrayelit yo te konn goumen youn ak lòt, byenke gè sa yo pa t fè Jewova plezi (1 Wa 12:24). Sepandan, kèk fwa, li te konn dakò ak batay sa yo paske gen kèk tribi, swa ki te vire do ba li, oswa ki te fè lòt peche ki grav. — Jij 20:3-35; 2 Kwo. 13:3-18; 25:14-22; 28:1-8.