1923: Sa gen san ane
MEN sa Toudegad 1ye janvye 1923 te di: “Nou atann ane 1923 a ap ankourajan anpil. Donk, se yon gwo privilèj nou genyen pou n bay [...] moun y ap toupizi yo temwayaj, e pou n montre moun yo gen yon pi bèl avni k ap tann yo.” Vrèmanvre, ane sa a t ap ankourajan pou Etidyan Labib yo piske adorasyon yo t ap bay Bondye a ak travay predikasyon yo t ap fè a te kòmanse montre tèt ansanm ki gen nan vrè adorasyon an jodi a.
REYINYON YO TE EDE FRÈ YO GEN PLIS TÈT ANSANM
Pandan ane a, òganizasyon an te fè kèk chanjman ki te ede Etidyan Labib yo pou yo adore Jewova nan tèt ansanm. Toudegad te kòmanse pibliye kèk kòmantè pou esplike vèsè yo te konn egzamine chak semèn lè yo te konn reyini pou yo priye Jewova, pou yo fè louwanj pou li e pou yo bay temwayaj. Mete sou sa, Etidyan Labib yo te fè yon kalandriye ki te gen ladan l vèsè yo t ap gen pou egzamine chak semèn ansanm ak yon kantik yo te kapab chante lè yo t ap fè etid pèsonèl oswa adorasyon an fanmi.
Nan reyinyon Etidyan Labib yo te konn fè, yo te konn bay temwayaj ki te gen ladan l yon eksperyans yo te fè nan predikasyon, yo te konn di poukisa yo gen Jewova rekonesans, yo te konn chante yon kantik oswa yo te konn menm priye. Men sa Eva Barney ki te batize nan ane 1923 lè l te gen 15 an sonje: “Si w te vle bay yon temwayaj ou t ap kanpe epi w t ap kòmanse di yon pawòl tankou: ‘M ta renmen di Seyè a mèsi pou tout bon bagay li fè pou mwen.’” Gen kèk frè ki te renmen bay temwayaj. Men sa sè Barney di ankò: “Frè Godwin ki te granmoun te konn gen anpil bagay pou l di Seyè a mèsi pou yo. Men, lè madanm li te konn wè frè ki t ap kondui reyinyon an te kòmanse yon ti jan strese, li te konn rale ke vès mari l, e lè konsa mari l te konn chita.”
Yon fwa chak mwa, chak kongregasyon te konn fè yon priyè espesyal, yo te konn fè louwanj e yo te konn bay temwayaj nan reyinyon yo te fè. Men sa Toudegad 1ye avril 1923 te di konsènan reyinyon sa a: “Yo ta dwe rezève yon pati nan reyinyon an pou bay temwayaj oswa pou rakonte eksperyans sou travay ki gen rapò ak sèvis la e pou ankouraje ouvriye yo. […] Nou kwè reyinyon sa yo ap fè n vin pi pwòch youn ak lòt antanke zanmi.”
Reyinyon sa yo te vrèman ede Charles Martin, yon ouvriye nan klas la (pwoklamatè nan kongregasyon an) ki te gen 19 an, ki te soti Vankouvè, nan peyi Kanada. Men sa l te vin sonje: “Se la mwen te premye aprann sa pou m di lè m al preche kay an kay. Byen souvan, yon moun te konn rakonte yon eksperyans li te fè lè l t al preche kay an kay. Sa te konn ban m kèk ide sou sa m te ka di e sou fason pou m te reponn lè m te konn jwenn moun ki pa t dakò avè n.”
TRAVAY PREDIKASYON AN TE EDE FRÈ YO GEN PLIS TÈT ANSANM
Frè ak sè yo te vin gen plis tèt ansanm tou lefètke te gen jou pou tout moun al preche. Men sa Toudegad 1ye avril 1923 te anonse: “Pou n kapab fè travay la nan tèt ansanm [...], nou chwazi jou madi 1ye me 1923 a kòm yon jou pou tout moun al preche. Konsa, chak premye madi nan mwa a se jou pou n al preche [...]. Chak moun nan chak kongregasyon ta dwe patisipe nan travay la.”
Menm Etidyan Labib ki te pi jèn yo te patisipe nan travay sa a. Men sa Hazel Burford ki te gen sèlman 16 an nan epòk la sonje: “Nan Bilten an te gen yon seri sijè (ki sanble ak modèl konvèsasyon) pou n te aprann pa kè a. Mwen te konn patisipe anpil nan tout aktivite sa yo ansanm ak granpapa m.” Sepandan, sè Burford te sezi wè jan yon frè te reyaji lefètke l t ap preche. Men sa sè Burford di: “Gen yon frè ki granmoun ki pa t dakò ditou pou m t al pale ak moun yo. Nan epòk la, te gen kèk moun ki pa t konprann se tout Etidyan Labib yo, san wete ‘jèn gason ak jèn fi’ yo, ki ta dwe patisipe nan bay Gran Kreyatè nou an louwanj.” (Sòm 148:12, 13, Labib Wa Jak, anglè). Men, sè Burford te kontinye preche. Li te menm youn nan elèv nan dezyèm klas Lekòl Galaad e li te sèvi kòm misyonè nan peyi Panama. Rive yon lè, frè sa yo te vin konprann jèn yo ka patisipe nan travay predikasyon an.
KONGRÈ YO TE EDE FRÈ YO GEN PLIS TÈT ANSANM
Kongrè yo te ede frè yo gen plis tèt ansanm tou. Anpil nan kongrè sa yo te konn gen jou pou moun preche, menm jan ak kongrè ki te fèt nan Winipèg, nan peyi Kanada. Jou ki te 31 mas la, yo te envite tout moun ki te asiste kongrè a al preche nan vil sa a. Yo te rive preche plis moun nan jou predikasyon espesyal sa yo, e sa te bay bon rezilta. Jou ki te 5 out la, te gen anviwon 7000 moun ki te asiste yon lòt kongrè ki t ap fèt nan Winipèg. Se te premye fwa te gen tout moun sa yo ki te asiste yon kongrè nan peyi Kanada.
Pi gwo kongrè pèp Jewova a te fè nan ane 1923 te fèt Lòs Annjelès, Kalifòni,
nan dat 18 rive 26 out. Plizyè semèn anvan kongrè a, gen jounal ki te fè piblisite pou evènman sa a. Epitou, Etidyan Labib yo te distribye plis pase 500000 fich envitasyon. Yo te kole afich sou transpò piblik ak machin prive pou fè piblisite pou kongrè a.Jou samdi ki te 25 out la, frè Rutherford te bay diskou ki te gen tèm “Mouton ak kabrit”, kote l te fè konnen aklè “mouton” yo se moun ki nan bon dispozisyon k ap gen pou yo viv nan Paradi a sou tè a. Epitou, li te li yon rezolisyon ki te gen tit “Yon avètisman”. Rezolisyon sa a te denonse legliz ki di yo se kretyen yo e l te ankouraje moun ki gen kè sensè yo pou yo soti nan “Gran Babilòn nan”. (Rev. 18:2, 4.) Annapre, Etidyan Labib toupatou sou tè a te kontan distribye plizyè milyon feyè ki te gen rezolisyon sa a.
“Reyinyon sa yo ap fè n vin pi pwòch youn ak lòt antanke zanmi.”
Nan dènye jou kongrè a, te gen plis pase 30000 moun ki te tande diskou piblik frè Rutherford te bay la ki te gen tèm “Tout nasyon yo ap mache nan direksyon Amagedon, men plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”. Etandone Etidyan Labib yo te atann t ap gen anpil moun, yo te lwe gwo stad Lòs Annjelès la ki te fèk konstwi. Pou frè yo te ka sèten tout moun t ap ka tande, yo te itilize sistèm son stad la ki te yon nouvo teknoloji nan epòk sa a. Te gen plis moun toujou ki te tande pwogram nan nan radyo.
TE VIN GEN AKWASMAN TOUPATOU SOU TÈ A
Nan ane 1923, te gen yon gwo akwasman nan travay predikasyon an ann Afrik, ann Ewòp, ann End ak ann Amerik disid. Nan peyi End, toutpandan frè Joseph t ap pran swen madanm li ak sis pitit yo te genyen, li te konn bay kout men nan pwodui piblikasyon nan lang indi, tamil, telougou ak oudou.
Nan peyi Syera Leyòn, frè Alfred Joseph ak frè Leonard Blackman, de Etidyan Labib, te ekri syèj mondyal la nan Bwouklin, Nouyòk, pou yo te mande voye moun vin ede yo. Jou ki te 14 avril 1923 a, yo te jwenn yon repons. Men sa Alfred fè konnen: “Yon jou samdi byen ta nan aswè, mwen te resevwa yon apèl mwen pa t atann.” Li te tande yon gwo vwa ki te mande l: “Èske se ou menm ki te ekri sosyete Watch Tower pou mande pou yo voye moun vin preche a?” Alfred te reponn li: “Wi.” “Ebyen se mwen menm yo voye.” Se te vwa William Brown. Jou sa a, li te sot nan yon vwayaj nan zòn Karayib la ansanm ak madanm li, Antonia, ak de pitit fi yo te genyen yo, Louise ak Lucy. Sa pa t pran tan pou frè yo te rankontre frè Brown ak fanmi l.
Men sa Alfred di ankò: “Nan demen maten, pandan mwen menm ak Leonard t ap etidye Bib la, jan nou te konn fè sa chak semèn, gen yon mesye men wotè ki te parèt nan papòt la. Se te frè Brown. Li te tèlman chofe pou laverite, li te vle bay yon diskou piblik nan demen.” Nan mwens pase yon mwa, frè Brown te distribye tout piblikasyon li te pote yo. Sa pa t pran tan pou l te resevwa 5000 liv ankò, e nan yon ti tan, nou te vin bezwen plis liv toujou. Men, yo pa t konnen frè Brown kòm yon machann liv. Pandan tout tan l te fè ap sèvi Jewova a, li te fè sa ak tout kè l, e li te toujou fè referans ak Bib la nan diskou l te konn fè yo, se sa k fè moun yo te konn rele l Brown Labib.
Pandan tan sa a, frè yo nan peyi Almay te deside kite biwo filyal ki nan Barmen nan paske l te twò piti. Epitou, yo te tande lame peyi Lafrans t apral anvayi vil la. Etidyan Labib yo te jwenn plizyè bilding nan Magdebou ki te sanble yon bon kote pou enprime piblikasyon. Jou ki te 19 jen an, frè yo te fin ranmase tout ekipman pou yo enprime yo ak lòt materyèl yo e yo t al nan nouvo Betèl la nan Magdebou. Nan demen, lè yo te fè frè nan syèj mondyal la konnen yo fin bwote, gen jounal ki te fè konnen peyi Lafrans pran vil Barmen. Frè yo te wè demenajman sa a se prèv klè ki montre Jewova te beni yo e l te pwoteje yo.
Nan peyi Brezil, George Young ki te vwayaje anpil pou gaye bon nouvèl la te tabli yon nouvo filyal e l te kòmanse pibliye Toudegad nan lang pòtigè. Nan kèk mwa sèlman li te plase plis pase 7000 peryodik ak bwochi. Lefètke l te vin Brezil, sa te bay Sarah Ferguson yon bèl okazyon. Sarah t ap li Toudegad depi 1899, men, li pa t janm jwenn posiblite pou l batize nan dlo pou l montre li vwe Jewova lavi l. Kèk mwa annapre, sè Ferguson ak kat pitit li yo te batize finalman.
‘ANN KONTINYE SÈVI BONDYE AK KÈ KONTAN’
Nan fen ane a, Toudegad 15 desanm 1923 te pale konsènan rezilta sa te bay lefètke Etidyan Labib yo te met tèt yo ansanm pou yo adore Bondye. Men sa l te di: “Li fasil pou n wè jan kongregasyon an [...] gen yon lafwa ki djanm [...]. Ann prepare n pou n travay plis e ann kontinye sèvi Bondye avèk devouman e ak kè kontan nan ane k ap vini an.”
Ane ki te vin apre a te yon bèl ane tou pou Etidyan Labib yo. Frè yo nan Betèl la te fè plizyè mwa ap travay sou yon teren nan Estetenn Aylenn, ki pa t twò lwen syèj mondyal la nan Bwouklin. Yo te konstwi yon seri lokal sou nouvo teren sa a, e travay konstriksyon an te fini nan kòmansman ane 1924. Lokal sa yo te ede frè ak sè yo toupatou sou tè a pou yo gen tèt ansanm e pou yo gaye bon nouvèl la fason yo pa t janm fè anvan sa.
a Kounye a yo rele l Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri.