Kesyon lektè yo poze
Èske Izrayelit yo te gen lòt bagay pou yo manje nan dezè a apa lamàn ak zwazo ki rele kay la?
Se sitou lamàn Izrayelit yo te konn manje pandan 40 an yo te fè nan dezè a (Egz. 16:35). Epitou, Jewova te fè yo jwenn yon zwazo ki rele kay pandan de fwa (Egz. 16:12, 13; Nonb 11:31). Sepandan, Izrayelit yo te gen lòt manje pou yo manje, menmsi se pa t anpil.
Pa egzanp, pafwa Jewova te konn mennen pèp li a “yon kote pou yo poze”, yon kote ki te gen dlo pou yo bwè ak manje pou yo manje (Nonb 10:33). Youn nan kote sa yo se te yon bèl zòn nan Elim, yon “kote ki te gen 12 sous dlo ak 70 palmye”, sandout se te pye dat (Egz. 15:27). Gen yon liv ki fè konnen pye dat, “yon plant yo jwenn anpil kote sou tè a, [...] se prensipal plant ki bay manje pou moun manje nan dezè. Li bay manje, luil, e plizyè milyon moun konn repoze anba yo”. — Plants of the Bible.
Li posib pou Izrayelit yo te kanpe kote nan dezè a ki te gen plis pyebwa ak dlo, yon kote yo rele jodi a Feiran, ki fè pati Vale Feiran a. Selon sa yon liv fè konnen, vale sa a “mezire 130 kilomèt longè, e se youn nan vale ki pi long, ki pi bèl e moun plis konnen pami vale ki nan zòn Sinayi yo”. (Discovering the World of the Bible.) Liv la kontinye pou l di: “Si yon moun vwayaje anviwon 45 kilomèt sot nan zòn kote vale a rankontre ak lanmè a, l ap rive Feiran. Zòn sa a anviwon 610 mèt pi wo pase lanmè a e li mezire anviwon 5 kilomèt longè. Li chaje ak pye palmye, e l tèlman bèl, yo konpare l ak jaden Edenn. Depi plizyè milye ane, anpil moun renmen vin nan zòn sa a paske l gen plizyè milye pye dat.”
Lè Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip, yo te pote pat pou fè pen ansanm ak veso yo te konn prepare pat pou fè pen yo, e petèt kèk manje angren ak luil. Nòmalman, bagay sa yo pa t ap pran anpil tan pou yo te fini. Epitou, moun yo te ale ak “yon pakèt mouton, kabrit ak bèf. Te gen anpil bèt”. (Egz. 12:34-39.) Lefètke dezè a se pa yon kote ki fasil pou moun viv, li posib pou anpil nan bèt yo te mouri. Petèt Izrayelit yo te manje kèk nan bèt sa yo. E petèt gen lòt bèt yo te ofri kòm sakrifis, menm bay fo dye b (Tra. 7:39-43). Men, Izrayelit yo te gade kèk bèt, jan sa parèt nan pawòl Jewova te di pèp la lè yo te manke lafwa. Men sa l te di: “Pitit gason nou yo ap vin gadò mouton nan dezè a pandan 40 an.” (Nonb 14:33). Donk, lefètke yo te gade bèt, li posib pou yo te jwenn lèt pou yo bwè, e pafwa yo te konn jwenn vyann pou yo manje. Men, se sèten sa pa t sifi pou bay anviwon twa milyon moun manje pandan 40 an. c
Ki kote bèt yo te jwenn manje ak dlo d? Nan epòk sa a, petèt lapli te konn tonbe pi souvan e sa te fè gen plis plant nan dezè a. Selon liv Étude perspicace des Écritures, volim 1, sa gen 3500 ane, “te gen plis dlo nan zòn Arabi pase kounye a. Lefètke yo jwenn plizyè ravin oswa vale ki te gen dlo nan tan lontan, se prèv ki montre yon lè te tèlman gen lapli nan zòn sa yo, te menm gen sous dlo”. Aktout sa, dezè a te yon kote ki te sèk anpil e ki te bay kè kase (Det. 8:14-16). Si Jewova pa t fè mirak pou l te bay Izrayelit yo ak bèt yo dlo, se sèten yo t ap mouri. — Egz. 15:22-25; 17:1-6; Nonb 20:2, 11.
Moyiz te di Izrayelit yo Jewova te ba yo lamàn pou yo manje “pou l te ka fè [yo] konnen se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova yo tou”. — Det. 8:3.
a Gade Toudegad 1ye me 1992, paj 24-25 (fransè).
b Labib pale konsènan de okazyon kote Izrayelit yo te ofri Jewova bèt kòm sakrifis nan dezè a. Premye fwa a, se lè yo te kòmanse met moun pou sèvi antanke prèt. Dezyèm fwa a, se te nan moman fèt Pak la. Toule de evènman sa yo te fèt nan ane 1512 anvan epòk nou an, nan dezyèm ane Izrayelit yo te kite peyi Ejip. — Lev. 8:14–9:24; Nonb 9:1-5.
c Lè 40 an Izrayelit yo te gen pou yo fè nan dezè a te prèske rive nan bout yo, yo te pran plizyè santèn milye bèt nan gè yo te fè yo (Nonb 31:32-34). Aktout sa, yo te kontinye manje lamàn jiskaske yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. — Joz. 5:10-12.
d Pa gen anyen ki di bèt yo te konn manje lamàn, paske Jewova te di pèp la pou yo ranmase lamàn selon sa chak moun ka manje, men li pa t di anyen pou bèt yo. — Egz. 16:15, 16.