Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1924: Sa gen san ane

1924: Sa gen san ane

“SE YON bon moman nan kòmansman ane a pou chak kretyen ki batize chèche okazyon pou yo fè plis nan sèvis Jewova.” Se sa Bilten a pou mwa janvye ane 1924 la te di. Pandan ane sa a, Etidyan Labib yo te aplike konsèy sa a de fason: yo te met kran sou yo e yo te chèche lòt fason pou yo preche.

YO TE FÈ YON ESTASYON RADYO

Frè yo nan Betèl la t ap travay pandan plis pase yon ane pou yo te fè estasyon radyo WBBR la nan Estetenn Aylenn, nan vil Nouyòk. Apre yo te fin prepare teren an, yo te konstwi yon gwo lokal pou travayè yo ak yon lòt lokal pou ekipman an. Lè travay sa a te fini, frè yo te kòmanse chèche gen ekipman ki te nesesè pou yo te ka fè radyo a fonksyone. Men, yo te gen yon seri pwoblèm pou yo rezoud.

Li te vrèman difisil pou frè yo te enstale prensipal antèn estasyon an. Antèn nan, ki te mezire 91 mèt longè, te bezwen ret kouche tou long anlè tèt de gwo poto bwa, yo chak te mezire 61 mèt wotè. Premye fwa yo te eseye enstale antèn nan, sa pa t mache. Frè yo te met konfyans yo nan Jewova pou ede yo, e finalman sa te mache. Men sa Calvin Prosser ki t ap travay sou pwojè a te di: “Si nou te reyisi premye fwa n te eseye a, nou te ka santi n fyè, epi n te ka di: ‘Gade sa n rive fè!’” Frè yo te fè louwanj pou Jewova lefètke l te ede yo, men, yo t apral jwenn yon lòt pwoblèm.

Y ap met youn nan poto pou antèn radyo WBBR la kanpe.

Estasyon radyo se yon bagay ki te fèk kòmanse parèt nan epòk la, e li pa t fasil pou n te jwenn ekipman pou n achte. Donk, frè yo te achte yon transmetè dezyèm men ki te gen kapasite anviwon 500 wat. Olye yo te achte yon mikwo, yo te sèvi ak yon mikwo telefòn. Yon jou swa, nan mwa fevriye, frè yo te deside fè yon tès ak ekipman sa a ki te tou senp. Yo te bezwen yon pwogram pou yo te pase nan radyo a, donk, frè yo te chante kantik Wayòm. Ernest Lowe sonje yon bagay komik ki te rive jou swa sa a. Li di pandan frè yo t ap chante, Jij Rutherford b ki te tande chante yo t ap chante a nan radyo l nan Bwouklin, nan yon distans anviwon 25 kilomèt, te rele frè yo nan telefòn.

Men sa frè Rutherford te di: “Kanpe vye son sa a. Nou tankou yon bann chat k ap fè bri!” Frè yo te yon ti jan jennen, e yo te kanpe pwogram nan tousuit. Men, yo te konnen radyo a te mache, e yo te pare pou yo te kòmanse sèvi avè l.

Jou ki te 24 fevriye ane 1924 la, nan premye emisyon ki te fèt la, frè Rutherford te di yo t apral itilize radyo a “pou fè travay Kris, Wa yo a, ba yo fè”. Li te di objektif radyo a se “sèvi ak Bib la pou ede moun yo konprann enpòtans epòk n ap viv la”.

Agoch: Frè Rutherford nan premye stidyo a.

Adwat: Ekipman yo te itilize nan estasyon radyo a. 

Premye emisyon an te pase trè byen. Òganizasyon an te fè 33 an ap sèvi ak estasyon radyo WBBR pou fè emisyon pou pèp Jewova a.

YO TE KONDANE CHÈF RELIJYE YO AVÈK KOURAJ

Nan mwa jiyè 1924, Etidyan Labib yo te rasanble nan yon kongrè ki te fèt Kolonmbous, nan Owayo. Te gen delege ki te soti toupatou sou tè a, e yo te tande diskou ann anglè, alman, arab, nan lang eskandinav, an fransè, grèk, ikrényen, italyen, lityànyen, ongwa, polonè ak ris. Yo te pase yon pati pwogram nan sou radyo e yo te mande yon jounal nan zòn nan pou l ekri yon atik sou chak jou kongrè a. 

Kongrè ki te fèt Kolonmbous, nan Owayo, an 1924 la.

Jou ki te jedi 24 jiyè a, te gen plis pase 5000 frè ak sè ki te preche nan vil kote kongrè a te fèt la. Yo te plase anviwon 30000 liv e yo te kòmanse plizyè milye etid biblik. Toudegad te rele jou sa a “pi bèl moman nan kongrè a”.

Jou ki te vandredi 25 jiyè a, pandan frè Rutherford t ap bay yon diskou, avèk kouraj li te li yon dokiman ki te kondane chèf relijye yo. Li te di lidè politik yo, chèf relijye yo ak biznismann yo “ap anpeche moun yo aprann laverite sou Wayòm Bondye a ki pral pote benediksyon pou lèzòm.” Epi, li te fè konnen mesye sa yo mal aji lefètke y ap “soutni Sosyete Nasyon yo e lefètke yo fè konnen òganizasyon sa a se ‘mwayen Bondye ap itilize pou dirije sou tè a’”. Etidyan Labib yo t ap bezwen met kouraj sou yo pou yo preche moun yo mesaj sa a.

Toudegad te fè yon rezime sou enpak kongrè a te genyen. Men sa l te di: “Ti gwoup frè ak sè sa yo ki te chofe nan travay Seyè a ki te asiste kongrè ki te fèt nan Kolonmbous la te vin gen plis lafwa. [...] Kongrè sa a te ba yo kouraj pou yo preche malgre opozisyon.” Men sa Leo Claus ki te asiste kongrè sa a sonje: “Apre asanble a nou te kontan bay mesaj kondanasyon sa a nan tèritwa nou.”

Yon feyè ki gen mesaj kondanasyon kont klèje a.

Nan mwa oktòb, Etidyan Labib yo te kòmanse distribye plizyè milyon feyè ki te gen ladan l mesaj kondanasyon frè Rutherford te li kont klèje a. Nan yon ti vil ki rele Klivlann, nan Oklawoma, Frank Johnson te fin distribye feyè nan zòn nan, e l te oblije tann 20 minit pou lòt frè ak sè yo te vin chèche l. Li pa t ka rete nan lari a paske te gen mesye nan vil la ki te fache anpil paske li t ap preche e yo t ap chèche l. Frè Johnson te deside al kache nan yon legliz toupre a. Lè l te wè legliz la te vid, li te kite feyè ki gen mesaj kondanasyon kont klèje a nan Bib predikatè a e nan chak plas kote pou moun chita. Li te soti kite legliz la byen vit. Kòm li te ret tan devan l toujou, li t al nan de lòt legliz, e l te fè menm bagay la.

Frank te kouri tounen nan zòn kote frè yo te sipoze vin chèche l la. Li te kache dèyè yon ponp gaz e li t ap gade pou l wè si mesye ki t ap chèche l yo te nan zòn nan. Mesye yo te pase nan yon machin, men yo pa t wè l. Kou yo ale, frè ak sè yo ki t ap preche toupre a te vin chèche Frank epi yo tout t ale.

Men sa youn nan frè yo sonje: “Pandan nou t ap kite vil la, nou pase devan twa legliz yo. Te gen anviwon 50 moun ki te kanpe devan chak legliz. Gen nan yo ki t ap li feyè a, gen lòt ki t ap montre predikatè a feyè a. Nou t ale nan bon moman pou n te evite pwoblèm! Men, nou te di Jewova, Bondye nou an, mèsi lefètke li te pwoteje nou e l te ede n konn sa pou n fè pou n bay mesaj la san yo pa t kenbe nou.”

ETIDYAN LABIB YO TE PRECHE NAN LÒT PEYI AVÈK KOURAJ

Józef Krett

Nan kèk lòt peyi, Etidyan Labib yo te preche avèk kouraj tou. Nan nò peyi Lafrans, Józef Krett te preche moun ki te soti nan peyi Polòy ki te konn vin travay nan min. Li te prepare pou l bay yon diskou ki te gen tit: “Rezirèksyon mò yo pral fèt talè konsa.” Lè frè ak sè yo te envite moun nan vil la vin tande diskou a, gen yon prèt ki te mande fidèl li yo pou yo pa ale. Men, yo pa t okipe l. Plis pase 5000 moun te vin asiste diskou a e prèt la te vini tou! Frè Krett te envite prèt la vin defann kwayans li yo, men li pa t dakò. Frè Krett te plase tout piblikasyon li te genyen yo. Li te wè moun yo te vrèman swaf pou yo konnen Pawòl Bondye a. — Amòs 8:11.

Claude Brown

Ann Afrik, Claude Brown te pote bon nouvèl la nan Kotdelò, peyi ki rele Gana kounye a. Anpil moun te tande laverite paske frè a te bay plizyè diskou e l te kite anpil piblikasyon pou yo. John Blankson, ki t ap etidye pou l vin yon famasyen, te asiste youn nan diskou frè Brown te bay yo. Tousuit li te rann li kont li jwenn laverite. Men sa l te di: “Laverite te fè m santi m kontan, e m te fè anpil moun nan lekòl la konnen sa m t ap aprann yo.”

John Blankson

Yon jou, John t al nan yon legliz Anglikan pou l te poze prèt la kesyon sou Trinite paske l te vin byen konprann Bib la pa anseye sa. Prèt la te mete l deyò, li te di l: “Ou pa yon kretyen. Se pitit Dyab la ou ye. Deplase la a!”

Lè John te rive lakay li, li te ekri prèt la yon lèt pou l te envite l vin defann Trinite a devan moun. Prèt la te di John pou l te vin nan biwo direktè lekòl famasi a, e direktè a te mande l si l te ekri prèt la.

John te reponn: “Wi Mesye.”

Direktè a te mande John pou l ekri prèt la yon lèt pou l mande l eskiz. Donk, men sa John te ekri:

“Mesye, direktè m nan mande m pou m ekri yon lèt pou m mande w eskiz, e m pare pou m fè sa depi w dakò w ap anseye fo doktrin.”

Direktè a te sezi, e l te di: “Blankson, se sa w vle ekri?”

“Wi mesye, se sa m ka ekri.”

“N ap mete w deyò nan lekòl la. Ou pap ka ret nan lekòl sa a si w kontinye pale prèt nan legliz gouvènman an ap soutni an mal.”

“Men, mesye, [...] lè w ap fè kou pou nou e gen bagay nou pa konprann, èske nou pa poze w kesyon?”

“Wi, nou gen dwa poze m kesyon.”

“Ebyen, mesye, se sa k rive. Mesye a ap anseye nou Labib e m poze l yon kesyon. Si l pa ka reponn kesyon an, poukisa m dwe ekri l pou m mande l eskiz?”

Yo pa t mete Blankson deyò nan lekòl la. Li pa t mande pyès eskiz.

ETIDYAN LABIB YO TE CHOFE POU YO TRAVAY PLIS

Men sa Toudegad te di pou rezime tout travay ki te fèt nan ane sa a: “Menm jan ak David, nou kapab vrèman di: ‘W ap ban m fòs pou m batay.’ (Sòm 18:39). Nou te jwenn anpil ankourajman ane sa a, paske nou te wè fason Jewova te ede n nan travay li a. [...] Sèvitè fidèl li yo [...] te gen kè kontan pandan yo t ap preche bon nouvèl la.”

Pi devan nan ane a, frè yo te gen pwojè pou yo te vin gen yon lòt estasyon radyo. Yo te kòmanse travay sou yon lòt estasyon toupre Chikago. Yo te rele estasyon sa a PAWÒL. Fwa sa a, yo te sèvi ak yon transmetè ki te gen kapasite 5000 wat ki t ap pèmèt moun tande mesaj Wayòm nan pi lwen toujou, rive nan zòn nò, jis nan peyi Kanada.

Nan ane 1925, Jewova te ede Etidyan Labib yo pi byen konprann Revelasyon chapit 12, e frè yo te kontan anpil. Akoz nouvo konpreyansyon sa a, gen kèk moun ki pa t kontinye sèvi Jewova. Men, anpil lòt te kontan pi byen konprann evènman ki te pase nan syèl la ak efè konpreyansyon sa a t ap genyen sou pèp Bondye a sou tè a.

a Kounye a yo rele l Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri.

b Yo te konn rele Joseph Rutherford, ki te alatèt Etidyan Labib yo nan epòk sa a, “Jij” Rutherford. Anvan li t al nan Betèl, pafwa li te sèvi kòm jij espesyal nan tribinal ki nan uityèm jiridiksyon Misouri a.