Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 43

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

Sa n ka fè pou n elimine dout nou genyen

Sa n ka fè pou n elimine dout nou genyen

“Verifye tout bagay.”1 TES. 5:21.

PWEN KLE

Sa w ka fè si w ta gen yon seri dout ki ta ka gen efè sou sèvis w ap bay Jewova a.

1-2. a) Ki kesyon konsa kèk sèvitè Jewova ka poze tèt yo? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?

 PAFWA nou tout konn gen dout a, jèn kou granmoun. Pa egzanp, imajine yon jèn pwoklamatè k ap mande tèt li si Jewova vrèman enterese nan li. Li ka pa fin sèten si l ta dwe batize. Oswa imajine yon frè lè l te jèn gason li te chwazi mete Wayòm nan an premye olye l te chwazi fè anpil lajan. Kounye a, li vin pi gran li pa gen ase kòb pou l pran swen fanmi l epi l ap mande tèt li si l te fè yon bon chwa. Eseye panse ak yon sè ki granmoun ki pa gen anpil fòs. Petèt li ka santi l dekouraje paske li pa kapab fè sa l te konn fè lontan. Èske w jan m poze tèt ou kesyon tankou: ‘Èske Jewova wè m toutbon? Èske sakrifis mwen fè pou Jewova yo gen valè? Èske m toujou itil Jewova?’

2 Si n pa chèche jwenn repons kesyon sa yo, yo kapab fè nou pèdi lafwa nan Jewova e nou ka menm sispann adore l. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan prensip nan Bib la ka ede n si n panse 1) Jewova pa enterese nan nou, 2) desizyon nou te pran nan tan lontan yo pa t bon, oswa 3) nou pa itil Jewova ankò.

FASON N KA ELIMINE DOUT NOU GENYEN

3. Bay youn nan fason nou kapab elimine dout nou genyen.

3 Youn nan fason nou ka elimine dout nou genyen se lè n chèche jwenn repons kesyon nou yo nan Pawòl Bondye a. Si n fè sa, lafwa n ap vin pi solid, n ap vin gen pi bon relasyon ak Jewova, e n ap kapab “kenbe fèm nan lafwa”. — 1 Kor. 16:13.

4. Ki jan n ka “verifye tout bagay”? (1 Tesalonisyen 5:21).

4 Li 1 Tesalonisyen 5:21. Remake Bib la mande nou pou n “verifye tout bagay”. Ki jan n kapab fè sa? Nou kapab verifye si sa nou kwè yo se laverite lè n konpare yo ak sa Bib la di. Pa egzanp, sonje jèn pwoklamatè a ki t ap mande tèt li si Bondye vrèman enterese nan li. Èske l ta dwe panse, lefètke l ap poze tèt li kesyon sa a, Jewova pa enterese nan li? Non, li dwe “verifye tout bagay” lè l etidye Bib la pou l konnen ki jan Jewova wè l.

5. Ki jan n ka jwenn repons Jewova bay pou kesyon nou yo?

5 Pandan n ap li Pawòl Bondye a, se kòmsi Jewova ap pale avè n. Men, nou bezwen fè plis pase annik li Bib la si n vle jwenn repons Jewova bay pou yon kesyon nou genyen. Nou bezwen egzamine vèsè k ap ede n jwenn repons kesyon an. Nou ka fè rechèch sou sijè sa a lè n sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a ban nou (Pwo. 2:​3-6). Nou kapab priye Jewova pou l gide nou nan rechèch n ap fè a e pou l ede nou konn sa l panse sou kesyon an. Apre sa, nou kapab chèche prensip ki nan Bib la ak enfòmasyon ki gen rapò ak sitiyasyon pa nou an. Nou ka jwenn byenfè tou lè n li istwa nan Bib la ki pale konsènan moun ki te nan menm sitiyasyon avè n.

6. Ki jan reyinyon yo ede n elimine dout nou genyen yo?

6 Lè n ap egzamine Labib nan reyinyon yo tou, se kòmsi Jewova ap pale avè n. Si n toujou asiste reyinyon yo, nou ka tande yon bagay nan yon diskou oswa nan kòmantè yon moun fè epi se egzakteman sa n te bezwen pou n elimine dout nou genyen yo (Pwo. 27:17). Kounye a, ann wè ki sa k ka ede n jwenn repons kèk kesyon nou genyen.

LÈ W PA FIN KWÈ JEWOVA ENTERESE NAN OU

7. Ki kesyon kèk moun ka poze?

7 Èske w janm mande tèt ou: ‘Èske Jewova vrèman wè m?’ Si w santi w pa gen valè, ou kapab panse li enposib pou w ta vin zanmi Kreyatè linivè a. Petèt se sa wa David te panse tou. Li te menm sezi wè Jewova enterese nan lèzòm. Men sa l te di: “O Jewova, ki sa lòm ye pou w wè l? Ki sa lòm ye pou w pran ka l konsa?” (Sòm 144:3). Ki kote n ap jwenn repons kesyon sa a?

8. Selon 1 Samyèl 16:​6, 7, 10-12, ki sa Jewova wè nan moun?

8 Nan Bib la, nou aprann Jewova wè moun lòt moun sanble pa bay valè. Pa egzanp, Jewova te voye Samyèl lakay Jese pou l chwazi youn nan pitit gason l yo pou vin wa Izrayèl. Jese te rele sèt nan uit pitit gason l yo vin jwenn Samyèl, men li pa t rele David, pi jèn nan b. Epoutan, se David Jewova te chwazi. (Li 1 Samyèl 16:​6, 7, 10-12.) Jewova te wè kiyès David te ye toutbon. Li te konnen jèn tigason sa a te renmen l anpil.

9. Poukisa ou kapab sèten Jewova enterese nan ou? (Gade foto a tou.)

9 Reflechi sou fason Jewova deja montre li wè w. Li vle ba w konsèy k ap bon pou ou (Sòm 32:8). Sa montre Jewova byen konnen w (Sòm 139:1). Lè w aplike konsèy Jewova bay yo e w wè jan sa ede w, w ap vin gen plis konviksyon Jewova enterese nan ou (1 Kwo. 28:9; Tra. 17:​26, 27). Jewova wè efò w fè. Li wè bèl kalite ou genyen yo e li vle vin Zanmi w (Jer. 17:10). Li t ap kontan si w vle vin zanmi l. — 1 Jan 4:19.

“Si w chèche [Jewova], l ap kite w jwenn li.” — 1 Kwo. 28:9. (Gade paragraf 9.) c


SA W KA FÈ SI W PA FIN SÈTEN OU TE PRAN BON DESIZYON

10. Lè n ap panse ak desizyon nou te pran yo, ki kesyon nou ka ap poze tèt nou?

10 Rive yon lè, gen moun ki ka ap mande tèt yo si yo te pran bon desizyon nan lavi yo. Petèt yo te deside abandone yon bèl karyè oswa yon biznis yon fason pou yo te kapab sèvi Jewova pi plis. Sa ka gen plizyè dizèn ane depi yo te pran desizyon sa a. Yo ka wè moun yo te konnen ki te chwazi yon karyè e kounye a sanble yo gen anpil kòb e y ap mennen yon bèl vi. Se sa k fè yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske m te oblije fè sakrifis sa yo pou Jewova? Oswa èske m te dwe travay plis pou m te ka gen plis kòb kounye a?’

11. Ki sa k te toumante moun ki te ekri Sòm 73 la?

11 Si w konn poze tèt ou menm kesyon sa yo, gade ki jan moun ki te ekri Sòm 73 la te santi l. Li te wè moun ki pap sèvi Jewova, men ki te gen sante ak richès, e ki te sanble pa t gen pwoblèm (Sòm 73:​3-5, 12). Lè l te wè moun sa yo sanble t ap byen mennen, sa te fè l panse efò li t ap fè pou l sèvi Jewova yo pa t itil. Panse dekourajan sa a “te toumante [l] tout lajounen”. (Sòm 73:​13, 14.) Ki sa k te ede l konbat santiman negatif li te genyen yo?

12. Selon Sòm 73:​16-18, ki sa k te ede moun ki te ekri sòm nan fè fas ak santiman negatif li te genyen yo?

12 Li Sòm 73:​16-18. Moun ki te ekri sòm nan t al nan tanp Jewova a. Pandan l te la, li te kapab byen reflechi. Li te rive konprann, menm lè moun sa yo sanble t ap mennen yon bèl vi, yo pa t gen okenn espwa pou lavni. Donk, li pa t dekouraje ankò e l te rive konprann sèvi Jewova se pi bon desizyon an. Se sa k fè li te pran detèminasyon pou l kontinye sèvi Jewova. — Sòm 73:​23-28.

13. Ki sa w kapab fè si w regrèt yon seri desizyon w te pran? (Gade foto a tou.)

13 Ou ka santi w anpè menm jan an grasa Pawòl Bondye a. Ki jan? Sonje bon bagay ou genyen, sa gen ladan l benediksyon Jewova, epi sonje moun ki pap sèvi Jewova yo pa gen bagay sa yo. Petèt, yo konte nèt sou sa yo reyalize nan lavi yo paske yo pa gen okenn espwa pou lavni. Men, ou menm, nonsèlman Jewova ba w anpil bon bagay kounye a, men li pwomèt ou l ap ba w pi bèl bagay toujou alavni (Sòm 145:16). Epitou, fè yon ti reflechi: Ou pa ka vrèman konnen ki jan lavi w t ap ye jodi a si w te pran lòt desizyon. Gen yon bagay ki sèten: Moun ki pran desizyon ki baze sou lanmou yo gen pou Bondye ak lanmou pou pwochen yo pa janm manke anyen ki bon.

Panse ak kantite benediksyon Jewova pwomèt l ap ba w alavni. (Gade paragraf 13.) d


LÈ W PA FIN KWÈ OU ITIL JEWOVA

14. Nan ki sitiyasyon kèk sèvitè Jewova ye, e ki kesyon yo ka ap poze tèt yo?

14 Gen kèk nan sèvitè Jewova yo ki pa ka fè sa yo ta renmen fè paske yo vin granmoun, yo pa gen bon sante oswa yo enfim. Sa ka fè yo panse yo pa gen valè pou Jewova. Yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske m toujou itil Jewova?’

15. Ki konviksyon moun ki te ekri Sòm 71 lan te genyen?

15 Moun ki te ekri Sòm 71 lan te santi l menm jan an. Men sa l te di nan yon priyè: “Pa lage m lè m fin pèdi fòs mwen.” (Sòm 71:​9, 18). Sepandan, moun ki te ekri sòm nan te gen konviksyon si l ret fidèl nan sèvis Jewova, Bondye l la, Li t ap ede l. Moun ki te ekri sòm nan te aprann sa fè Jewova plezi lè l wè moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo sèvi l malgre yo gen limit. — Sòm 37:​23-25.

16. Ki fason frè n ak sè n ki granmoun yo itil Jewova? (Sòm 92:​12-15).

16 Frè n ak sè n ki granmoun yo, panse ak fason Jewova wè nou. Li kapab ede n pou n kontinye sèvi l fidèlman malgre gen bagay nou pa kapab fè. (Li Sòm 92:​12-15.) Olye n ret konsantre sou sa n pa ka fè ankò, konsantre pito sou sa n ka fè. Pa egzanp, nou ka fòtifye lòt moun grasa bèl egzanp fidèl nou bay e lè n montre n enterese nan yo. Nou kapab di lòt moun fason Jewova te ede n pandan tout ane sa yo e ki pwomès nan Bib la n ap tann pou reyalize alavni. E pa janm bliye priyè nou fè ak tout kè n pou lòt moun gen anpil fòs (1 Pyè 3:12). Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou tout gen yon bagay nou kapab fè pou Jewova e gen yon bagay nou kapab fè pou lòt moun.

17. Poukisa nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun?

17 Si w santi w gen pwoblèm lefètke w pa ka fè plis nan sèvis Jewova a, ou mèt gen asirans li bay kèlkeswa sa w ka fè pou li anpil valè. Petèt, w ap eseye konpare sa w fè ak sa lòt moun ka fè. Pa fè sa! Poukisa? Paske Jewova pa fè konparezon konsa (Gal. 6:4). Pa egzanp, Mari te fè Jezi kado yon luil santi bon ki te chè anpil (Jan 12:​3-5). Yon lòt bò, vèv malerèz la te bay de ti pyès monnen ki te prèske pa vo anyen kòm kontribisyon nan tanp lan (Lik 21:​1-4). Sepandan, Jezi te wè de moun sa yo te montre yo gen lafwa. Jezi te suiv egzanp Papa l yon fason ki pafè. Donk, nou kapab gen asirans Jewova wè tout sa nou fè paske nou gen lafwa nan li e nou renmen l, e sa gen anpil valè pou li, menmsi nou wè sa n fè a piti anpil.

18. Ki sa k ap ede n elimine dout nou genyen yo? (Gade kare ki gen tit “ Pawòl Jewova a kapab ede w elimine dout ou genyen”.)

18 Pafwa nou tout konn gen dout. Men, jan nou sot wè sa, Bib la, Pawòl Bondye a, ka ede n elimine yo. Donk fè efò pou w elimine dout ou genyen yo, konsa w ap vin santi w byen olye w santi w dekouraje. Jewova konnen w pèsonèlman. Li apresye sakrifis ou fè e l ap kenbe pwomès li fè pou l rekonpanse w. Ou mèt gen asirans Jewova renmen tout sèvitè fidèl li yo e li gen sousi pou yo.

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a, n ap pale konsènan dout nou ka genyen paske nou pa fin sèten nou gen valè pou Jewova oswa nou pa fin sèten nou te pran bon desizyon. Se pa menm bagay ak dout Bib la fè konnen ki kapab montre nou manke lafwa nan Jewova ak nan pwomès li fè yo.

b Byenke Bib la pa di egzakteman ki laj David te genyen lè Jewova te chwazi l, petèt li te toujou nan adolesans li. — Gade Toudegad piblik 2016, no 5, paj 9, paragraf 4.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn pwoklamatè k ap chèche konsèy nan Bib la pou l ka konnen sa Jewova panse sou sitiyasyon l.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap travay ak men l pou l pran swen fanmi l, sepandan, l ap panse ak Paradi ki pral genyen an.