Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò

Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò

Èske pafwa ou konn twouve l difisil pou w sonje sa w fèk sot etidye? Sa konn rive nou tout. Ki sa k ka ede w? Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò.

Pandan w ap etidye, fè yon ti kanpe tanzantan pou w reflechi sou sa w sot aprann yo. Se sa apot Pòl te ankouraje frè ak sè yo fè pandan yo t ap etidye lèt li yo. Men sa l te di: “Kounye a, men sa ki pi enpòtan.” (Ebre 8:1). Se fason sa a li te ede yo konprann sa l te vle di e l te ede yo wè kòman chak sa l te di te konekte youn ak lòt.

Ou ka rezève tan, petèt ou ka pran dis minit apre w fin etidye pou w reflechi sou pwen enpòtan nan sa w sot etidye a. Si w pa ka sonje yo, ou ka gade soutit yo oswa li premye fraz nan chak paragraf, e sa ap ede w sonje yo. Si w aprann yon bagay ou pa t konnen, eseye esplike l nan pwòp mo pa w. Pandan w ap reflechi sou pwen enpòtan yo, nonsèlman w ap sonje yo, men tou, w ap pi byen wè kòman w ka aplike yo nan lavi w.