Kesyon lektè yo poze
Ki wotè pati ki te devan tanp Salomon an te ye?
Pati ki te devan tanp lan se te la moun te ka pase pou al Kote ki sen nan tanp lan. Selon edisyon Labib — Tradiksyon monn nouvo a ki te pibliye anvan ane 2023, “pati ki te devan kay la te mezire 20 koude longè, sa vle di longè l te egal ak lajè kay la, e wotè l se te 120”. (2 Kwo. 3:4.) Gen lòt tradiksyon Labib ki fè konnen pati ki te devan kay la te mezire “120 koude” wotè, sa ki t ap vle di li te mezire 53 mèt wotè!
Sepandan, men sa Tradiksyon monn nouvo edisyon 2023 a (anglè) di konsènan pati ki te devan tanp Salomon an: “Wotè l se te 20 koude”, oswa anviwon 9 mèt wotè a. Ann wè kèk rezon ki fè nou fè ajisteman sa a.
Yo pa pale konsènan wotè pati ki te devan kay la nan 1 Wa 6:3. Nan vèsè sa a, Jeremi, moun ki te ekri l la, te pale konsènan longè ak pwonfondè pati ki te devan kay la, men l pa t di anyen sou wotè l. Epitou, nan chapit ki vin apre a, li bay anpil detay enteresan sou lòt pati enpòtan nan tanp lan, sa gen ladan l gwo basen an, dis charyo yo ak de poto kuiv ki te kanpe deyò pati ki te devan kay la (1 Wa 7:15-37). Si pati ki te devan kay la te vrèman pi wo pase 50 mèt e l te pi wo pase rès tanp lan, poukisa Jeremi pat bay wotè l? Menm plizyè syèk annapre, gen ekriven juif ki te fè konnen pati ki te devan tanp Salomon an pa t pi wo pase rès tanp lan.
Gen biblis ki pa fin kwè mi tanp lan t ap ka kenbe pati ki te devan kay la si l ta mezire 120 koude wotè. Konstriksyon ki te wo anpil ki te fèt ak wòch ak brik nan tan lontan yo, tankou pòtay tanp ki te gen ann Ejip yo, te gen baz yo ki te vrèman laj e toutotan yo t ap monte, yo te pi piti. Men, tanp Salomon an pa t konsa. Gen biblis ki panse mi tanp lan pa t mezire plis pase 6 koude oswa 2,7 mèt epesè. Finalman, men sa Theodor Busink, yon istoryen ki te achitèk, te di: “Lè nou konsidere epesè mi [ki te nan antre tanp lan], pati ki te devan tanp lan pa t ka gen 120 koude [wotè].”
Petèt yo te fè yon erè lè yo t ap kopye 2 Kwonik 3:4 la. Byenke gen kèk ansyen maniskri ki di “120” nan vèsè sa a, gen lòt tèks nou ka fè konfyans, tankou Kodèks Aleksandrinis nan senkyèm syèk la ak Kodèks Anbwosyanis nan sizyèm syèk la, ki di “20 koude”. Sa k te ka fè youn nan moun ki t ap kopye tèks yo mete “120” pa erè? Ann ebre, mo “san” an ak mo “koude” a sanble. Se sa k fè youn nan moun ki t ap kopye tèks yo te ka ekri “san” olye l te ekri “koude”.
Nòmalman, toutpandan n ap fè efò pou n konprann detay sa yo e pou n esplike fason tanp Salomon an te ye egzakteman, nou plis konsantre sou sa tanp sa a te reprezante, anpalan de gran tanp espirityèl la. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova envite tout sèvitè l yo vin adore l nan tanp sa a! — Ebre 9:11-14; Rev. 3:12; 7:9-17.
a Gen yon nòt anba paj ki fè konnen aklè gen “kèk ansyen maniskri ki di ‘120’, alòske gen lòt maniskri ak kèk tradiksyon ki di ‘20 koude’”.