Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Andirans anba eprèv pote benediksyon

Andirans anba eprèv pote benediksyon

OFISYE KGB a * te di byen fò: “Ou se yon papa ki mechan. Ou abandone madanm ou tou ansent ansanm ak tipitit fi w la. Kiyès k ap ba yo manje e k ap pran swen yo? Sispann aktivite w yo epi retounen lakay ou!” M te reponn: “Non, m pa abandone fanmi m. Se ou menm ki arete m! E poukisa menm?” Ofisye a te reponn: “Lefètke w Temwen se pi gwo krim ou te ka fè.”

Konvèsasyon sa a te fèt an 1959 nan yon prizon nan vil Ikoutsk, nan peyi Larisi. Kite m rakonte n rezon ki fè mwen menm ak madanm mwen, Maria, te prepare n pou n “soufri pou sa ki jis” ak fason nou te jwenn benediksyon lefètke n te ret fidèl. — 1 Pyè 3:13, 14.

Mwen fèt nan peyi Ikrèn an 1933, nan yon vilaj ki rele Zolotniki. An 1937, matant mwen ak mari l, ki te Temwen, te sot an Frans pou vin vizite nou e yo te ban nou liv Gouvènman an ak liv Delivrans lan, de liv Sosyete Watch Tower a te pibliye. Lè papa m te li liv sa yo, li te vin gen lafwa nan Bondye. Malerezman, li te vin malad anpil nan ane 1939, men, anvan l mouri, li te di manman m: “Se laverite. Anseye timoun yo l.”

SIBERI: YON NOUVO TÈRITWA POU PREDIKASYON

Ann avril 1951, otorite yo te kòmanse voye Temwen ki te nan lwès Inyon Sovyetik yo ann egzil nan peyi Siberi. Otorite yo te fè mwen menm ak manman m ansanm ak pi jèn frè m nan, Grigory, kite lwès peyi Ikrèn. Apre n te fin fè yon vwayaj sou yon distans 6 000 kilomèt nan tren, nou te rive nan vil Touloun, nan peyi Siberi. De semèn annapre, gran frè m nan, Bogdan, te rive nan yon kan ki toupre vil Angask. Yo te kondane l pou l fè 25 an travo fòse.

Manman m avè m ansanm ak Grigory te konn preche nan zòn ki toupre Touloun yo, men, nou te dwe fè tèt nou travay. Pa egzanp, nou te konn mande: “Èske gen moun isit la ki gen yon bèf pou vann?” Lè n jwenn yon moun ki gen yon bèf pou vann, nou te konn di moun sa a jan bèf li a bèl. Annapre, nou te konn pale de Kreyatè a. Nan epòk sa a, gen yon jounal ki te fè konnen Temwen yo t ap mande pou bèf, men, se mouton yo t ap chèche! E nou te jwenn moun ki tankou mouton vre! M te renmen etidye Ekriti yo ak moun ki renmen akeyi moun e ki gen imilite ki t ap viv nan tèritwa sa a ki pa t gen kongregasyon pou preche l. Jodi a, gen yon kongregasyon ki gen plis pase 100 pwoklamatè nan Touloun.

FASON LAFWA MARIA TE PASE ANBA EPRÈV

Madanm mwen, Maria, te aprann laverite nan peyi Ikrèn pandan Dezyèm Gè mondyal la. Lè l te gen 18 an, gen yon ofisye KGB ki te kòmanse ba l pwoblèm e l te eseye fòse l fè imoralite avè l, men, Maria te rejte tout avans li yo avèk fòs. Yon jou, pandan l te antre lakay li, li te jwenn mesye a kouche sou kabann li. Maria te kouri ale. Ofisye a te tèlman fache, li te menase Maria l ap fè yo mete l nan prizon paske l se Temwen, e vrèmanvre, an 1952, yo te kondane Maria pou l fè dizan nan prizon. Li te santi l menm jan ak Jozèf ki te nan prizon lefètke l te kenbe entegrite l (Jen. 39:12, 20). Men sa chofè ki te mennen Maria sot nan tribinal la pou l al nan prizon an te di l: “Ou pa bezwen pè. Gen anpil moun k al nan prizon, men, ki retounen ak diyite yo entak.” Pawòl sa yo te ba l fòs.

Soti ane 1952 rive ane 1956, yo te voye Maria al travay nan yon kan toupre vil Gòkiy (kounye a ki se Nizhniy Novgorod), nan peyi Larisi. Yo te ba l lòd pou l derasinen pyebwa, menm lè l te fè frèt anpil. Li te vin gen pwoblèm sante, men, an 1956, yo te libere l e l t al viv Touloun.

MWEN TE LWEN MADANM MWEN AK PITIT MWEN

Lè yon frè nan Touloun te di m gen yon sè k ap vini, m te pran bisiklèt mwen pou m t al nan estasyon bis la pou m al rankontre sè a pou m te ka ede l pote chay li yo. Kou m wè Maria, m te tonbe damou l menm kote a. M te fè anpil efò pou m te ka renmen avè l, men, m te reyisi. Nou te marye an 1957. Ennan annapre, Irina, pitit fi nou an, te fèt, men, m pa t gentan pase anpil tan avè l. An 1959, yo te arete m paske m t ap enprime piblikasyon ki baze sou Bib la. M te pase sis mwa nan yon kacho poukont mwen. Pou kè m te ka anpè lè sa a, m te konn priye toutan, m te konn chante kantik Wayòm yo e m te konn imajine fason m t ap preche si m ta lib ankò.

Pandan m t ap viv nan yon kan travo fòse, an 1962.

Nan prizon an, pandan moun ki t ap fè ankèt la t ap poze m kesyon, li te di byen fò: “Talè konsa, nou pral kraze nou atè a tankou sourit!” M te reponn: “Jezi te di yo PRAL preche bon nouvèl Wayòm nan nan tout nasyon, e pèsonn pa ka anpeche sa fèt.” Annapre, moun ki t ap fè ankèt la te chanje taktik e l te eseye fè m renonse ak kwayans mwen, jan m te di sa nan entwodiksyon an. Piske okenn menas ak okenn pawòl pa t mache, yo te kondane m pou m pase setan ap fè travo fòse nan yon kan toupre vil Saransk. Pandan m sou wout pou m al nan kan an, m te aprann dezyèm pitit fi nou an, Olga, te fèt. Malgre madanm mwen ak pitit fi m yo te lwen m, m te santi m rekonfòte dèske m te konnen mwen menm ak Maria te ret fidèl ak Jewova.

Maria ak pitit fi n yo, Olga ak Irina, an 1965.

Yon fwa chak ane, Maria te konn vin vizite m nan Saransk aktout vwayaj ale retou sot Touloun al Saransk lan te pran 12 jou nan tren. Chak ane, li te konn pot yon bòt tounèf pou mwen. Li te konn kache Toudegad ki fèk soti yo nan semèl bòt la. Gen yon ane vizit Maria a te vrèman espesyal paske l te vin ak de tifi nou yo. Imajine jan m te kontan wè yo ak jan m te kontan ansanm ak yo!

NOUVO ZÒN AK NOUVO DIFIKILTE

An 1966, yo te libere m nan kan an e nou toule kat te deplase al viv nan vil Amavi ki toupre Lanmè Nwa. Se nan zòn sa a, pitit gason nou yo, Yaroslav ak Pavel, te fèt.

Sa pa t pran tan pou ofisye KGB yo te kòmanse fouye kay nou pou yo chèche piblikasyon ki baze sou Bib la. Yo te chèche tout kote, menm nan manje bèf yo. Gen yon lè, ofisye yo t ap swe akoz li te fè cho, e kostim yo te chaje ak pousyè. Maria te pran pitye pou yo paske se lòd yo te ba yo yo t ap obeyi. Li te ba yo ji pou yo bwè, yon bwòs pou yo netwaye rad yo, yon kivèt dlo ak kèk sèvyèt. Annapre, lè chèf KGB a te vini, ofisye yo te fè l konnen jan yo te byen trete yo. Lè yo t aprale, chèf la te souri ban nou e l te souke tèt li. Nou te kontan wè bèl rezilta sa ka bay lè n eseye “kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè [n] fè sa ki byen”. — Wom. 12:21.

Malgre yo te konn vin fouye kay nou, nou te kontinye preche nan Amavi. Anplis de sa, nou te ede yon ti gwoup pwoklamatè ki te nan yon zòn toupre a ki rele Kouganinsk pou yo vin djanm. Sa fè m kontan anpil pou m aprann jodi a gen sis kongregasyon nan Amavi e gen kat nan Kouganinsk.

Tank ane t ap pase, gen kèk moman kote nou te vin fèb nan domèn espirityèl. Men, nou gen Jewova rekonesans dèske l te sèvi ak frè yo ki fidèl pou l korije nou e pou l fè nou vin djanm nan domèn espirityèl (Sòm 130:3). Mete sou sa, se te yon gwo eprèv sa te ye pou n te ansanm ak ajan KGB yo ki te fofile kò yo nan kongregasyon an san n pa t menm rann nou kont. Yo te parèt zele anpil e yo te aktif nan travay predikasyon an. Gen kèk nan yo ki te menm vin responsab nan òganizasyon an. Men, rive yon lè, nou te vin dekouvri kiyès yo te ye toutbon.

An 1978, lè Maria te gen 45 an, li te vin ansent ankò. Piske l te gen pwoblèm kè depi yon bon bout tan, doktè yo te pè pou l pa mouri e yo te eseye konvenk li pou l retire pitit la. Maria te refize. Se sa k fè gen kèk doktè ki te suiv li tout kote nan lopital la ak yon sereng pou yo te ka eseye ba l yon piki pou fè pitit la fèt anvan lè. Maria te oblije kouri kite lopital la pou l te ka pwoteje tibebe a ki potko fèt.

Ajan KGB yo te ban nou lòd pou n kite vil la. Nou t al viv nan yon bouk ki toupre vil Talin, nan peyi Estoni, ki te fè pati Inyon Sovyetik. Kontrèman ak sa doktè yo te fè konnen, pandan nou te nan vil Talin, Maria te akouche yon tigason ki an sante ki rele Vitaly.

Annapre, nou te kite peyi Estoni pou n al viv nan zòn Nezlobnaya nan sid Larisi. Nou te konn pran prekosyon lè n t ap preche nan vil touristik ki te toupre yo, yon seri vil moun ki sot toupatou nan peyi a te konn vin vizite. Yo te konn vini pou pwoblèm sante, men, gen kèk nan yo ki te retounen lakay yo ak espwa y ap gen lavi ki pap janm fini an!

NOU TE BAY PITIT NOU YO FÒMASYON POU YO RENMEN JEWOVA

Nou te fè efò pou n aprann pitit gason n yo ak pitit fi n yo renmen Jewova e pou yo gen dezi pou yo sèvi l. Byen souvan, nou te konn envite kèk frè ki te gen bon enfliyans sou timoun nou yo lakay nou. Youn nan moun ki te konn abitye vizite nou se te frè m nan, Grigory, ki te siveyan itineran soti ane 1970 rive ane 1995. Tout fanmi an te renmen lè l vin vizite nou paske l te toujou kontan e l te renmen fè blag. Lè n te gen vizitè, nou te konn fè jwèt ki baze sou Bib la, e timoun nou yo te vin renmen istwa biblik yo.

Pitit gason m yo ak madanm yo.

Sot agoch al adwat, pa dèyè: Yaroslav, Pavel, Jr., Vitaly.

Devan: Alyona, Raya, Svetlana.

An 1987, pitit gason nou an, Yaroslav, t al viv nan vil Riga, nan peyi Letoni, kote l te ka pi alèz pou l preche. Men, piske l te refize fè sèvis militè, yo te kondane l pou l pase ennan edmi nan prizon e l te pase nan nèf prizon. Sa m te di l konsènan eksperyans mwen te fè pandan m te nan prizon te ede l andire. Annapre, li te pran sèvis pyonye. An 1990, Pavel, pitit gason nou an, ki te gen 19 an lè sa a, te vle al sèvi kòm pyonye nan Sakalin, yon zile ki nan nò peyi Japon. Okòmansman, nou pa t vle l ale. Te gen sèlman 20 pwoklamatè nan tout zile a e n t ap viv nan yon distans 9 000 kilomèt parapò ak zile a. Men, rive yon lè, nou te vin dakò pou l ale, e se te yon bon desizyon. Moun nan zòn nan te byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Nan kèk ane sèlman, te vin gen uit kongregasyon. Pavel te kontinye sèvi nan Sakalin jis an 1995. Pandan tan sa a, se sèlman Vitaly, pi jèn pitit gason nou an, ki te ret ansanm avè n nan kay la. Li te renmen li Labib depi lè l toupiti. Li te vin pyonye lè l te gen 14 an e m te fè dezan pyonye ansanm avè l. Se te yon bèl moman. Lè Vitaly te gen 19 an, li te kite kay la pou l al sèvi kòm pyonye espesyal.

An 1952, te gen yon ofisye KGB ki te di Maria: “Swa w renonse ak kwayans ou oubyen w fè dizan prizon. Lè w tounen, w ap vin granmoun e w ap poukont ou.” Men, se pa t konsa ditou bagay yo te pase. Nou te santi lanmou Jewova, Bondye nou an ki fidèl, nou te santi lanmou pitit nou yo ansanm ak lanmou anpil moun nou te gen privilèj ede jwenn laverite. Mwen menm ak Maria te kontan vizite zòn kote pitit nou yo t ap sèvi yo. Nou te wè jan moun pitit nou yo te ede aprann konn Jewova yo te gen rekonesans.

MWEN GEN REKONESANS POU BONTE JEWOVA

An 1991, otorite yo te rekonèt aktivite Temwen Jewova yo. Desizyon sa a te fè frè ak sè yo vin pi chofe nan travay predikasyon an. Kongregasyon n nan te menm achte yon bis pou n te ka al nan zòn ak nan bouk ki toupre yo chak wikenn.

Mwen menm ak madanm mwen nan ane 2011.

Mwen kontan dèske Yaroslav ak madanm li, Alyona, Pavel ak madanm li, Raya, ap sèvi nan Betèl, tandiske Vitaly ak madanm li, Svetlana, ap sèvi nan sikonskripsyon. Irina, pi gran pitit fi nou an, ansanm ak fanmi l ap viv ann Almay. Vladimir, mari l, ansanm ak twa pitit gason yo genyen yo ap sèvi kòm ansyen. Olga, pitit fi nou an, ap viv nan peyi Estoni, e li telefone m regilyèman. Malerezman, Maria, madanm mwen te renmen anpil la, mouri an 2014. M pa ka tann pou m wè l ankò nan moman rezirèksyon an! Kounye a, m ap viv nan vil Bèlgowod, e frè yo nan vil sa a ede m anpil.

Pakèt ane m pase nan sèvis Jewova a aprann mwen sa mande anpil efò pou yon moun kenbe entegrite l, men, lapè Jewova bay la se yon trezò ki gen anpil valè. Benediksyon mwen menm ak Maria te jwenn lefètke n te ret fèm pi plis lontan pase sa m te ka imajine. Anvan Inyon Sovyetik te tonbe nan ane 1991, te gen anviwon 40 000 pwoklamatè sèlman. Jodi a, gen plis pase 400 000 pwoklamatè nan peyi sa yo ki te fè pati Inyon Sovyetik! Kounye a, mwen gen 83 an e m toujou ap sèvi kòm ansyen. Grasa èd Jewova, mwen te toujou jwenn fòs pou m andire. Wi, Jewova ban m anpil benediksyon. — Sòm 13:5, 6.

^ § 4 KGB se yon fòm abreje nan lang ris pou pale de Komite pou sekirite Leta sovyetik.