Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Ki lè n ap gen yon lòt asanble?”

“Ki lè n ap gen yon lòt asanble?”

SE TE nan fen mwa novanm 1932, nan vil Meksiko. Sèlman yon semèn anvan, yo te enstale premye limyè sikilasyon nan vil sa a ki chaje aktivite ki gen plis pase yon milyon moun k ap viv ladan l. Men, nan moman sa a, pano sikilasyon yo te pase mòd. Gen yon evènman pandan semèn sa a ki te atire atansyon jounalis yo nan vil sa a. Yo te ak tout kamera yo nan men yo, yo t ap tann yon envite espesyal nan stasyon tren an, anpalan de Joseph F. Rutherford ki te prezidan Sosyete Watch Tower a nan epòk la. Temwen yo nan zòn nan te la tou pou yo vin akeyi frè Rutherford ak tout kè yo ki te vin asiste yon kongrè twa jou yo t ap fè nan peyi a.

Men sa Epòk annò a (anglè) te fè konnen: “Pa gen dout, kongrè sa a ap ret nan listwa kòm yon evènman ki gen yon enpòtans estrawòdinè nan pwogrè laverite ap fè nan Repiblik Meksik.” Men, ki sa k fè kongrè sa a ki te gen anviwon 150 moun sèlman te estrawòdinè?

Anvan kongrè sa a, mesaj Wayòm nan pa t bay anpil rezilta nan peyi Meksik. Depi ane 1919, yo te konn fè kèk ti asanble, men, kantite kongregasyon ki te genyen an te vin diminye nan ane ki te vin apre yo. Lè yo te ouvri yon biwo filyal nan vil Meksiko nan ane 1929, sanble sa t apral bay bon rezilta. Men, te gen kèk anpechman. Lè yo te mande yon kòlpòtè pou l sispann melanje kesyon biznis ak travay predikasyon an, li te vin fache, li te kite laverite e l t al fè pwòp gwoup etid Labib pa l. Anmenmtan, siveyan filyal la te vin gen yon konduit ki pa t ann amoni ak Ekriti yo, e yo te oblije ranplase l. Temwen ki te fidèl nan peyi Meksik yo te bezwen jwenn ankourajman nan domèn espirityèl.

Pandan frè Rutherford t ap vizite peyi a, li te bay moun ki fidèl yo anpil ankourajman, li te bay de diskou ki touchan nan kongrè ki t ap fèt la e l te bay senk gwo diskou nan radyo. Se premye fwa estasyon radyo nan peyi Meksik yo te simaye bon nouvèl la nan tout peyi a. Apre kongrè a, te gen yon nouvo siveyan filyal ki te òganize travay predikasyon an, e Temwen ki zele yo te kontinye nan travay la, yo te vin rejwenn fòs e yo te gen benediksyon Jewova.

Yon kongrè ki te fèt nan vil Meksiko an 1941.

Nan ane ki te vin apre a, se pa t yon sèl kongrè yo te fè nan peyi a, yo te fè de, youn nan Verakwouz, yon vil ki bò lanmè, e lòt la nan vil Meksiko. Gwo efò ki te fèt nan tèritwa a te kòmanse bay bon rezilta. An 1931, te vin gen 82 pwoklamatè. Dizan annapre, te vin gen dis fwa plis! Te gen anviwon 1 000 pwoklamatè ki te vin nan vil Meksiko pou asiste asanble ki te fèt an 1941 an.

“YO ANVAYI LARI YO”

An 1943, Temwen yo te gen pankat ki make ni devan ni dèyè sou yo pou anonse asanble ki gen tit “Nasyon ki lib la” ki t ap fèt nan 12 vil nan peyi Meksik *. De pankat yo te tache sou zepòl yo e yo te ret pandye, youn devan youn dèyè, yon metòd Temwen yo te konn itilize depi ane 1936.

Yon foto ki te parèt nan yon peryodik an 1944 ki montre yon defile ki te fèt ak pankat nan vil Meksiko.

Men sa yon jounal ki rele La Nación te di konsènan bon rezilta defile ki te fèt ak pankat yo te genyen nan vil Meksiko: “Nan premye jou [asanble a], yo te mande [Temwen yo] envite plis moun toujou. Nan demen, lokal la te vin twò piti.” Efè defile sa yo te gen sou moun yo pa t fè legliz katolik plezi, sa ki te lakòz yo lanse yon kanpay kont Temwen yo. Malgre opozisyon, frè ak sè yo pa t pè e yo te kontinye pran lari. Men sa jounal La Nación te fè konnen ankò: “Tout moun nan vil la te wè yo [...] gason, san wete fi, ki transfòme ‘an pankat ki ekri ni devan ni dèyè’ pou fè piblisite.” Nan atik la, te gen yon foto frè yo ki nan lari vil Meksiko. Men sa yo te ekri anba foto a: “Yo anvayi lari yo.”

“KABANN SA YO TE PI DOUS E YO TE PI CHO PASE SIMAN AN”

Nan ane sa yo, pifò Temwen yo te dwe fè gwo sakrifis pou yo te ka asiste kongrè yo te konn fè nan peyi Meksik. Anpil delege te konn soti nan yon seri bouk ki izole ki te lwen tren yo oswa menm wout yo. Men sa yon kongregasyon te fè konnen: “Sèl kab ki te pase toupre zòn sa a se te yon kab telegraf.” Konsa, delege yo te oblije monte milèt oswa yo te konn mache pandan plizyè jou pou yo te ka jwenn yon tren ki t ap mennen yo nan vil kote kongrè a t ap fèt la.

Pifò Temwen yo te malere, yo te prèske pa t ka peye vwayaj pou y al nan kongrè a. Lè yo rive, anpil nan yo te konn desann lakay Temwen ki nan zòn nan ki te konn akeyi yo lakay yo avèk anpil lanmou. Gen lòt ki te konn dòmi nan Sal Wayòm yo. Yon lè, te gen anviwon 90 delege ki te desann nan filyal la kote yo te gen “kòm kabann 20 bwat katon yo te ranje youn akote lòt”. Selon sa liv Aktivite a te fè konnen, envite sa yo ki te gen rekonesans te twouve “kabann sa yo te pi dous e yo te pi cho pase siman an”.

Pou Temwen sa yo ki gen rekonesans, reyini ansanm ak kretyen parèy yo pou asiste asanble yo ki bay kè kontan se yon bagay ki vo tout sakrifis yo te fè yo. Jodi a, toutpandan kantite pwoklamatè nan peyi Meksik kontinye ap ogmante e yo prèske rive yon milyon, frè ak sè yo toujou montre yo gen rekonesans *. Men sa yon rapò filyal peyi Meksik te bay nan ane 1949 te di konsènan frè yo: “Moman difisil yo jwenn yo pa diminye relasyon yo gen ak Bondye paske chak asanble yo vin genyen se youn nan prensipal sijè konvèsasyon yo pandan anpil tan annapre, e men kesyon frè ak sè yo kontinye ap poze: Ki lè n ap gen yon lòt asanble?” Rapò sa a toujou gen enpòtans jodi a menm jan sa te ye nan epòk yo te ekri l la. — Bagay ki nan achiv nou ann Amerik santral.

^ § 9 Selon liv Aktivite 1944 la (anglè), asanble sa a “te fè moun vin konn Temwen Jewova yo nan peyi Meksik”.

^ § 14 Nan peyi Meksik, te gen 2 262 646 moun ki te asiste Memoryal la an 2016.