Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jan ki te konn batize moun nan: Se yon egzanp k ap ede n kenbe jwa nou

Jan ki te konn batize moun nan: Se yon egzanp k ap ede n kenbe jwa nou

ÈSKE gen yon bagay ou ta renmen fè nan kongregasyon an men w pa ka fè kounye a? Petèt, se yon travay yon lòt moun genyen. Oubyen petèt se yon asiyasyon oswa yon privilèj ou te genyen anvan sa. Men, pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik oswa responsablite ou gen nan fanmi w kounye a ka limite sa w ka fè. Li posib tou, akoz chanjman ki gen nan òganizasyon an, ou oblije kite yon asiyasyon ou te genyen depi plizyè ane. Kèlkeswa rezon an, ou ka santi w pa fè tout sa w ta vle fè nan sèvis Bondye. Lè konsa, nou konprann pafwa w ka santi w dekouraje. Malgre sa, ki jan w ka evite santiman negatif, tankou dekourajman, kòlè oswa rankin, pran rasin lakay ou? Ki jan w ka kenbe jwa w?

Nou ka aprann yon leson sou fason nou ka toujou gen kè kontan lè nou egzamine egzanp Jan ki te konn batize moun nan. Jan te gen yon seri bèl privilèj. Men malgre sa, sanble Jan pa t atann lavi l t ap pase jan l te pase nan sèvis Jewova a. Li ka pa t imajine li t ap fè plis tan nan prizon pase kantite tan li te fè ap preche a. Men malgre sa, Jan te kontinye gen kè kontan, e li te kontinye gen atitid sa a pandan tout rès vi l. Ki sa k te ede l? E kòman nou ka kontinye gen kè kontan lè bagay yo pa pase jan nou te espere a?

YON TRAVAY KI BAY ANPIL KÈ KONTAN

Nan prentan ane 29 epòk nou an, Jan te kòmanse travay Jewova te ba l fè a, sa vle di prepare pèp la pou Mesi a. Men sa Jan t ap di: “Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre.” (Mat. 3:2; Lik 1:12-17). Anpil moun te byen reyaji. Anfèt, te gen foul moun ki te sot byen lwen pou yo vin tande mesaj li a, e anpil te repanti e yo te batize. Jan te fè chèf relijye yo ki te jis nan je pa yo konnen gen jijman k ap tann yo si yo pa chanje. Li te avèti yo avèk kran (Mat. 3:5-12). Bagay ki pi enpòtan Jan te fè nan sèvis li se lè l te batize Jezi nan otòn ane 29 epòk nou an. Depi lè sa a, Jan te ankouraje moun yo pou yo suiv Jezi, Mesi Bondye te pwomèt la. — Jan 1:32-37.

Anrapò ak wòl espesyal Jan te genyen an, Jezi te kapab di: “Pami moun ki sot nan vant fi, pa gen youn nan moun yo te voye yo ki gen plis enpòtans pase Jan ki konn batize moun nan.” (Mat. 11:11). Nou kapab sèten Jan te kontan pou benediksyon li te jwenn yo. Anpil moun jodi a jwenn anpil bèl benediksyon nan men Bondye menm jan ak Jan. Ann pran egzanp yon frè ki rele Terry. Li menm ak Sandra, madanm li, gen plis pase 50 an nan sèvis aplentan. Men sa Terry di: “Mwen te gen plizyè bèl privilèj. Mwen te sèvi kòm pyonye, Betelit, pyonye espesyal, siveyan sikonskripsyon e kounye a mwen pyonye espesyal ankò.” Se yon plezi pou nou gen responsablite nan òganizasyon Bondye a, men, jan nou pral wè sa nan egzanp Jan, nou bezwen fè efò pou nou kontinye gen kè kontan lè sitiyasyon nou chanje.

SE POU N TOUJOU GEN REKONESANS

Youn nan bagay ki te ede Jan ki te konn batize moun nan kontinye gen kè kontan se paske li pa t janm sispann gen rekonesans pou privilèj li te genyen yo. Ann pran yon egzanp. Yon ti tan apre Jezi te fin batize, kantite moun ki t ap suiv Jan yo te kòmanse diminye tandiske kantite moun ki t ap suiv Jezi yo te vin ogmante. Sa te bay disip Jan yo pwoblèm, se sa k fè y al kote l epi yo di l: “Men l ap batize moun e tout moun pral jwenn li.” (Jan 3:26). Men sa Jan te di yo: “Moun ki gen lamarye a se lemarye. Men, lè zanmi lemarye a kanpe bò kote l e li tande l k ap pale, li kontan anpil, paske l tande vwa lemarye a. Se sa k fè kè m kontan nèt.” (Jan 3:29). Jan pa t nan konpetisyon ak Jezi, e li pa t panse privilèj li te resevwa a te vin gen mwens valè paske travay Jezi t ap fè a te gen plis enpòtans. Okontrè, Jan te kontinye gen kè kontan paske li te bay wòl li te genyen antanke “zanmi lemarye a” anpil valè.

Fason Jan te ye a te ede l kontinye gen kè kontan menm lè travay li t ap fè a pa t fasil. Pa egzanp, depi lè Jan fèt, li te yon Nazireyen, sa vle di li pa t gen dwa bwè diven (Lik 1:15). Lè Jezi te di “Jan vini, li pa manje e li pa bwè menm bagay ak tout moun”, se pou l te ka montre Jan t ap viv yon fason ki senp anpil. Yon lòt bò, Jezi ak disip li yo pa t gen entèdiksyon sa yo e yo te viv yon fason ki pi nòmal (Mat. 11:18, 19). Epitou, Jan pa t fè okenn mirak, men li te konnen disip Jezi yo, e menm kèk nan ansyen disip pa l yo, te gen pouvwa sa a (Mat. 10:1; Jan 10:41). Olye Jan te kite diferans sa yo ba l pwoblèm, li te kontinye fè travay Jewova te konfye l la ak tout kè l.

Nou menm tou, si nou bay travay n ap fè nan sèvis Jewova kounye a anpil enpòtans, nou ka kontinye gen kè kontan. Men sa Terry nou te site pi wo a di: “Mwen te konsantre sou chak travay yo te ban m fè.” Men sa l di lè l ap reflechi sou lavi l nan sèvis aplentan: “Mwen pa regrèt anyen, se bèl souvni mwen genyen sèlman.”

Nou ka vin gen plis kè kontan nan sèvis Bondye lè nou medite sou sa k fè kèlkeswa responsablite nou gen nan sèvis li a enpòtan. Se yon privilèj sa ye pou nou “konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9.) Yon bagay ki gen anpil valè ap ret bèl si nou toujou pran swen l. Menm jan an tou, nou ka kontinye gen kè kontan si nou toujou ap reflechi sou fason sèvis n ap bay Bondye a se yon gwo onè. Nou pap konpare sakrifis nou fè yo ak sakrifis lòt moun fè. Nou pap di responsablite nou genyen yo gen mwens valè pase sa yo bay lòt moun. — Gal. 6:4.

KONSANTRE SOU SA JEWOVA BAY ANPIL VALÈ

Sandout Jan te konnen travay predikasyon li t ap fè a t ap kanpe yon jou, men li ka pa t konnen si l t ap kanpe bridsoukou konsa (Jan 3:30). Nan ane 30 epòk nou an, sis mwa apre Jan te fin batize Jezi, wa Ewòd te fè mete Jan nan prizon. Menm lè sa a, jan te fè sa l te kapab pou l kontinye bay temwayaj (Mak 6:17-20). Ki sa petèt ki te ede l kontinye gen kè kontan malgre chanjman sa yo? Li te ret konsantre sou sa Jewova bay anpil valè.

Pandan Jan te nan prizon, te gen moun ki te fè l konnen jan Jezi te vin gen anpil disip (Mat. 11:2; Lik 7:18). Jan te sèten Jezi se Mesi a, men li te gendwa ap mande tèt li ki jan Jezi t ap rive akonpli tout sa Ekriti yo te di Mesi a t apral fè yo. Kòm Mesi a t ap gen pou l vin wa, èske se talè konsa Jezi t apral kòmanse dirije? Èske Jan t ap tou libere nan prizon lè sa a? Jan te bezwen pi byen konprann wòl Jezi t apral jwe, se sa k fè li te voye de nan disip li yo al mande Jezi: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” (Lik 7:19). Lè disip Jan yo te retounen kote l, Jan dwe te koute yo avèk anpil atansyon pandan yo t ap esplike l mirak Jezi te fè pou l geri moun ak pawòl Jezi te voye di l yo: “Moun avèg wè, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve e yo preche pòv yo bon nouvèl la.” — Lik 7:20-22.

Pa gen dout nan sa, Jan te repran fòs lè l te tande sa yo te di l yo. Sa te ba l prèv Jezi t ap akonpli pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. Menm lè Jezi pa t libere Jan nan prizon, Jan te konnen li pa t travay pou granmesi. Malgre sitiyasyon l te ladan l lan, li te gen rezon pou l gen kè kontan.

Lè n konsantre sou bon rapò nou jwenn sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a, sa ka ede n kontinye gen kè kontan.

Si nou konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a, n ap rive andire ak kè kontan e ak pasyans, menm jan ak Jan (Kol. 1:9-11). Nou ka fè sa lè nou li Bib la ak lè nou medite sou li, yon fason pou nou ka sonje travay n ap fè nan sèvis Bondye a pa pou granmesi (1 Kor. 15:58). Men sa Sandra di: “Lefètke m li yon chapit nan Bib la chak jou, sa ede m vin pi pwòch ak Jewova. Sa ede m konsantre sou li, olye m konsantre sou tèt mwen.” Anplis de sa, nou ka konsantre sou sa nou tande konsènan travay frè ak sè nou yo ap fè pou Jewova. Sa ap ede nou konsantre sou sa Jewova ap fè olye nou konsantre sou sitiyasyon pa nou. Men sa Sandra di ankò: “Pwogram ki soti chak mwa sou Tele JW yo ede nou santi nou pi pwòch ak òganizasyon an e yo ede nou kontinye gen kè kontan pandan n ap fè travay yo konfye n yo.”

Nan ti tan Jan ki te konn batize moun nan te fè ap preche a, li te preche ak “menm lespri e avèk menm pisans Eli te genyen an”, e menm jan ak Eli, li “te yon moun menm jan avèk nou”. (Lik 1:17; Jak 5:17.) Si nou gen rekonesans e nou ret konsantre sou sèvis Jewova menm jan avè l, nou menm tou n ap kontinye gen kè kontan nan travay n ap fè pou Wayòm nan, kèlkeswa sa k ka rive.