Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 33

“Moun k ap koute w” ap sove

“Moun k ap koute w” ap sove

“Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 TIM. 4:16.

KANTIK 67 “Preche Pawòl la”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa nou tout ta renmen pou moun nan fanmi nou?

GEN yon sè ki rele Pauline ki di: “Lè m te fin aprann laverite, mwen te vle pou tout moun nan fanmi m nan Paradi a ansanm avè m *. Moun mwen te plis vle ki vin sèvi Jewova avèk mwen se te Wayne, mari m, ak pitit gason nou an, ki te piti toujou.” Èske w gen moun nan fanmi w ki poko aprann konnen Jewova, e ki poko aprann renmen l? Sandout ou santi w menm jan ak Pauline.

2. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Nou pa ka fòse moun nan fanmi nou aksepte bon nouvèl la. Men, nou ka ankouraje yo pou yo koute mesaj ki nan Bib la e pou yo byen reyaji devan mesaj la (2 Tim. 3:14, 15). Poukisa nou dwe preche moun nan fanmi nou? Poukisa nou bezwen mete nou nan plas yo? Ki sa n ka fè pou nou ede moun nan fanmi nou pou yo aprann renmen Jewova menm jan avè nou? E ki jan tout moun nan kongregasyon an ka ede nou?

REZON KI FÈ NOU DWE PRECHE MOUN NAN FANMI NOU

3. Selon 2 Pyè 3:9, pou ki rezon nou dwe preche moun nan fanmi nou?

3 Talè konsa, Jewova pral detwi sistèm sa a. Se sèl moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” k ap sove (Tra. 13:48). Nou pase anpil tan e nou fè anpil efò pou nou preche moun ki nan zòn bò lakay nou. Si nou ka fè sa pou moun nou pa menm konnen, se nòmal pou nou ta renmen pou moun nan fanmi nou vin sèvi Jewova avè n. Jewova, Papa nou an ki renmen nou, “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. — Li 2 Pyè 3:9.

4. Ki erè nou ka fè lè n ap preche moun nan fanmi nou?

4 Nou bezwen sonje gen yon bon fason pou nou bay mesaj delivrans lan e gen yon move fason pou nou fè sa. Nou gendwa fè efò pou nou janti lè n ap preche yon moun nou pa konnen, men nou ka twò di lè n ap pale ak moun ki nan fanmi nou.

5. Ki sa nou dwe sonje anvan nou chèche preche moun nan fanmi nou?

5 Gen anpil nan nou ki regrèt fason n te eseye bay moun nan fanmi nou temwayaj okòmansman, e ki t ap pi kontan si n te fè sa yon lòt jan. Men ki konsèy apot Pòl te bay kretyen yo: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” (Kol. 4:5, 6). Li bon pou nou sonje konsèy sa a lè n ap pale ak moun nan fanmi nou. Sinon, nou ka wè yo plis vle kouri pou nou pase nou rive konvenk yo.

SA NOU KA FÈ POU N EDE MOUN NAN FANMI NOU

Pi bon temwayaj ou ka bay se lè w mete w nan plas lòt moun e w gen yon bon konduit. (Gade paragraf 6-8.) *

6-7. Bay yon egzanp pou montre enpòtans pou nou mete nou nan plas moun nou marye avè l ki pa kwayan.

6 Mete nou nan plas yo. Men sa Pauline, nou te pale de li pi wo a, di: “Okòmansman, m te vle pale ak mari m sou bagay espirityèl sèlman. Nou pa t janm gen yon konvèsasyon ki nòmal.” Men, Wayne, mari Pauline nan, prèske pa t konn anyen sou Bib la, e li pa t konprann anyen nan sa Pauline t ap di l la. Pou li menm, se kòmsi sèl sa k te nan tèt madanm li se te pale sou kwayans li. Li te pè pou li, li te panse li t ap antre nan yon ti gwoup moun ki danjere e alafen yo t ap twonpe l.

7 Pauline admèt li te konn pase anpil tan leswa ak nan wikenn ansanm ak frè ak sè yo nan reyinyon, nan predikasyon ak nan ti fèt. Men sa Pauline di: “Pafwa, lè Wayne antre, kay la te vid e li te konn santi l poukò l.” Nòmalman, Wayne te swete pou madanm li ak pitit gason l ansanm avè l. Li pa t konnen nouvo zanmi madanm li yo e sanble madanm li te ba yo plis enpòtans pase l. Ki sa Wayne te fè? Li te di Pauline l ap divòse avè l. Èske w wè kèk domèn kote Pauline te dwe mete l nan plas mari l?

8. Selon 1 Pyè 3:1, 2 ki sa k ka gen pi gwo efè sou moun nan fanmi nou?

8 Kite konduit nou pale pou nou. Byen souvan, sa nou gen pi gwo efè sou fanmi nou pase sa nou di. (Li 1 Pyè 3:1, 2.) Finalman, Pauline te vin konprann sa. Men sa l di: “Mwen te konnen Wayne renmen nou e m te konnen li pa t vle divòse vre. Men, lè l te di m sa, mwen te rann mwen kont mwen te bezwen kòmanse aji fason Jewova vle a. Li te pi enpòtan pou m bay bon egzanp olye pou m ap plede preche l anpil konsa.” Pauline te sispann fòse Wayne pale sou Bib la, e li te kòmanse gen lòt kalite konvèsasyon avè l. Wayne te wè madanm li vin pi renmen fè lapè, e li wè pitit gason yo a vin gen pi bon konpòtman (Pwo. 31:18, 27, 28). Lè Wayne te wè bon efè mesaj ki nan Bib la genyen sou fanmi l, li te vin pi dispoze koute mesaj ki soti nan Pawòl Bondye a, e li te pi byen reyaji. — 1 Kor. 7:12-14, 16.

9. Poukisa nou pa dwe sispann eseye ede fanmi nou?

9 Pa sispann eseye ede moun nan fanmi nou. Jewova ban nou bon egzanp. Se “san rete” li te bay pèp li a posiblite pou yo koute bon nouvèl la e pou yo gen lavi (Jer. 44:4). Mete sou sa, apot Pòl te di Timote pou l kontinye ede lòt moun. Poukisa? Paske lè l fè sa, l ap sove ni tèt li ni moun k ap koute l (1 Tim. 4:16). Nou renmen fanmi nou, se sa k fè nou vle yo konnen verite ki nan Pawòl Bondye a. Finalman, sa Pauline te fè ak sa l te di te gen bon efè sou fanmi l. Kounye a, li kontan gen mari l bò kote l k ap sèvi Jewova. Yo toude pyonye, e Wayne se yon ansyen.

10. Poukisa nou bezwen gen pasyans?

10 Se pou nou gen pasyans. Lè nou te deside suiv prensip Bondye yo, nou te fè chanjman nan lavi nou ak nan kwayans nou yo. Sa ka fè li difisil pou fanmi nou aksepte chanjman sa yo. Byen souvan, premye bagay yo remake sèke nou sispann patisipe nan yon seri fèt relijye avè yo e nou pa mele nan politik ankò. Okòmansman, gen kèk moun nan fanmi nou ki gendwa fache avèk nou (Mat. 10:35, 36). Men nou pa dwe panse yo pap chanje. Si nou sispann ede yo konprann kwayans nou, nan yon sans, se kòmsi nou jije yo kòmkwa yo pa merite pou yo gen lavi ki pap janm fini an. Jewova pa ban nou jije moun, se Jezi li bay fè travay sa a (Jan 5:22). Si nou gen pasyans, alafen moun nan fanmi nou ka dakò koute mesaj nou an. — Gade kare ki gen tit “ Sèvi ak sit Entènèt nou an pou nou anseye”.

11-13. Ki sa w aprann nan fason Alice te boule ak paran l?

11 Se pou nou janti, men pa kite fanmi nou fè nou tounen sou desizyon nou (Pwo. 15:2). Ann pran egzanp Alice. Li te aprann konnen Jewova nan yon moman kote l t ap viv lwen paran l yo, ki te nan politik e ki pa t kwè nan Bondye. Li te rann li kont li te dwe fè paran l yo konnen bon bagay li t ap aprann yo san pèdi tan. Men sa l di: “Si w tann twò lontan pou w fè fanmi w konnen ou vin gen lòt kwayans e gen bagay ou pa pratike ankò, y ap pi fache.” Li te ekri paran l yo, li te mande yo sa yo panse sou sa Bib la anseye anrapò ak yon seri sijè li konnen ki t ap enterese yo, pa egzanp lanmou (1 Kor. 13:1-13). Li te di paran l mèsi paske yo te ba l edikasyon e yo te pran swen l, e li te voye kado pou yo. Lè li t al kay paran l, li te fè tout sa l kapab pou l ede manman l fè travay nan kay la. Lè Alice te fè paran l konnen nouvo kwayans li yo, okòmansman yo pa t kontan.

12 Pandan Alice te lakay paran l, li te kontinye li Bib la chak jou. Men sa Alice di: “Sa te ede manman m konprann jan m bay Bib la anpil enpòtans.” Tank tan t ap pase, papa Alice te deside aprann kèk bagay sou Bib la pou l te ka konprann rezon ki fè pitit fi l la chanje konsa. Mete sou sa, li t ap chèche jwenn fay nan Bib la. Men sa Alice di: “Mwen te ba l yon Bib, e m te ekri yon ti pawòl ladan l pou li.” Ki rezilta sa te bay? Papa Alice pa t jwenn fay nan Pawòl Bondye a, okontrè sa l te li yo te touche l anpil.

13 Se pou nou janti, men pa kite fanmi nou fè nou tounen sou desizyon nou, menmsi sa lakòz nou jwenn eprèv (1 Kor. 4:12b). Pa egzanp, manman Alice te opoze avè l. Men sa Alice di: “Lè m te batize, manman m te rele m ‘move pitit’.” Ki sa Alice te fè? Men sa l di: “Mwen pa t evite pale sou sijè a avè l, avèk respè, mwen te esplike l mwen deside vin Temwen Jewova e mwen pap chanje desizyon. Mwen te eseye fè manman m konprann mwen renmen l anpil. Nou toule de te kriye, apre sa mwen te fè yon bon ti manje pou li. Depi lè sa a, manman m te kòmanse rekonèt Bib la fè m vin yon pi bon moun.”

14. Poukisa nou pa dwe janm kite fanmi nou fè nou chanje desizyon nou pran pou n sèvi Jewova?

14 Sa ka pran tan anvan fanmi nou rive byen konprann jis nan ki pwen sèvi Jewova gen enpòtans pou nou. Pa egzanp, lè Alice te deside vin pyonye olye l fè karyè paran l te vle pou li a, manman l te tonbe kriye ankò. Men, Alice te ret fèm. Li di: “Si w kite fanmi w fè w chanje yon desizyon w gen pou w pran, li posib pou yo eseye fè w chanje lòt desizyon tou. Men, si pandan w janti ak fanmi w ou pa kite yo fè w tounen sou desizyon w, gen nan yo ki ka koute w.” Se sa k te rive nan ka Alice. Kounye a, ni manman l ni papa l pyonye, e papa l ansyen.

FASON TOUT MOUN NAN KONGREGASYON AN KA EDE

Ki jan kongregasyon an ka ede moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova? (Gade paragraf 15-16.) *

15. Selon Matye 5:14-16 ak 1 Pyè 2:12, ki jan “bèl aksyon” lòt moun fè ka ede moun nan fanmi nou?

15 Jewova atire moun vin jwenn li pa mwayen “bèl aksyon” sèvitè l yo fè. (Li Matye 5:14-16; 1 Pyè 2:12.) Si moun ou marye avè l la pa Temwen Jewova, èske w deja fè l fè konesans ak moun nan kongregasyon w lan? Pauline, nou te pale de li pi wo a, te envite frè ak sè yo lakay li pou Wayne, mari l, ka fè konesans avèk yo. Wayne sonje gen yon bagay yon frè te fè ki te ede l konprann ki moun Temwen Jewova yo ye vre. Men sa l te di: “Li te pran yon jou konje nan travay li jis pou l ka vin gade yon match avè m. E mwen te di: ‘Apa l tankou tout moun!’”

16. Poukisa nou dwe envite moun nan fanmi nou nan reyinyon?

16 Youn nan pi bon fason nou ka ede moun nan fanmi nou se lè nou envite yo vin asiste reyinyon avèk nou (1 Kor. 14:24, 25). Premye reyinyon Wayne te asiste se te Memoryal la, paske pwogram nan te apre lè travay e li te yon ti jan kout. Men sa l di: “Mwen pa t fin byen konprann diskou a, men, moun yo te vrèman gen gwo efè sou mwen. Yo te vin kote m pou yo di m yo kontan wè m e yo te ban m bèl lamen. M te ka wè yo se bon moun.” Gen yon mari ak madanm ki te deja montre yo janti anpil avèk Pauline. Yo te konn ede l ak pitit gason l lan pandan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an. Donk, lè Wayne te resi deside chèche konn plis sou nouvo kwayans Pauline yo, li te mande mari a pou l etidye Labib avè l.

17. Pou ki bagay nou pa dwe ap kondane tèt nou, men, pou ki rezon nou pa dwe janm sispann chèche ede moun nan fanmi nou?

17 Nou swete pou tout moun nan fanmi nou vin sèvi Jewova avè nou. Men, malgre nou ka fè tout sa n kapab pou n ede yo vin sèvi Bondye, yo ka pa pran laverite. Si sa rive, nou pa dwe ap kondane tèt nou poutèt se desizyon sa a yo pran. Dayè, nou pa ka fòse pyès moun aksepte kwayans nou. Men, pa panse si fanmi w wè jan w kontan paske w ap sèvi Jewova sa pap gen okenn efè sou yo. Priye pou yo. Pale avèk yo avèk jantiyès. Pa janm sispann chèche ede yo (Tra. 20:20)! Ou mèt gen konfyans Jewova ap beni efò w fè. E si moun nan fanmi w chwazi koute w, y ap sove!

KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun

^ § 5 Se pa ti kontan nou t ap kontan si moun nan fanmi nou yo ta aprann konnen Jewova! Men, se yo ki pou deside si y ap sèvi l oswa si yo pap sèvi l. Atik sa a pral pale sou fason nou ka pale ak moun nan fanmi nou pou yo pi dispoze koute nou.

^ § 1 Gen non moun yo chanje. Nan atik sa a, yo sèvi ak mo “fanmi” an pou pale de moun nan fanmi nou ki poko ap sèvi Jewova.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn frè k ap ede papa l ki pa Temwen ranje machin li. Lè l jwenn yon moman ki apwopriye, li montre l yon videyo sou jw.org®.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki pran tan pou l koute mari l ki pa Temwen k ap esplike l ki jan jounen l te chaje ak aktivite. Annapre, sè a pase yon bon moman ap detann li ak fanmi l.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Sè a te envite kèk moun nan kongregasyon an lakay li. Yo fè bonjan efò pou yo aprann konnen mari a. Annapre, mari a asiste Memoryal ak madanm li.